Men yon ti lòsyè nan istwa peyi d Ayiti 

Ayiti siyifi peyi montay. Se non endyen yo te bali li. Avan Kristof Kolon te  dekouvri Ayiti an 1492  e avan kolonizasyon panyòl la, se te tribi Amerendyen Arawaks ki te abite Zile a. Apati 1697, blan franse yo vin layite kò yo nan pati lwès zile Ispanyola. Pita, kolon franse yomenm te change non Ispanyola pou Sen Domeng. Nan menm epòk sila, kolon yo te bezwen nèg kòdjòm pou travaye tout lajounen nan plantasyon yo, e ki te kapab bay anpil rannman. 

Yo te fè deplasman pou kontinan afriken an, kote yo te ale chèche nèg dyanm, fò e rezistan pou plantasyon kann, kafe, kakawo, koton, elatriye. Yo te pote nèg vanyan sa yo nan zantiy pou ranplase Amerendyen yo ki te fin desime anba move tretman kolon malfini aloufa sila yo. Asèt epòk, Sen Domeng te reprezante anpil richès pou peyi Lafrans.

An 1791, esklav yo di sètase e fè yon gwo leve kanpe kont kolon atoufè toupizis yo. Alatèt rebelyon esklav yo ou te jwenn Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin, Anri Kristòf e Aleksann Petyon. Vanyan gason sila yo lite jouk yo rive konbat kolon yo e libere Ayisyen ak Ayiti nan jou 1e janvye 1804. Sen Domeng vin tounen Ayiti: Premye Repiblik nwa nan lemonn. Deziyèm peyi endepandan nan Nouvo Monn lan apre Etazini.

De 1804 a 1991, Ayiti pase anba vennsèt kou Deta. Kou Deta, piyajè Leta ak mantalite kolonize kèk grenn ayisyen ki gen pouvwa dappiyanpe anba men yo rive fè baskile Ayiti nan bouda bato devlopman. Apre 196 lane de lit, dwa fondalmantal pèp ayisyen an poko janm rive respekte tout bon vre. Yo menm anpeche l reflechi, panse e aprann nan lang manman l sou ban lekòl.

Li ta sanble Ayisyen fè potanta ak ti kolon lakay yo pè. Yo anpeche l reflechi e panse tout bon. Lè li kòmanse  reflechi sou sitiyasyon ni la dekouvri laverite, la fè yon lòt revolisyon. La mete yon vrè demokrasi sou pye. La bay 1804 yon vrè sans. Se petèt pousa yo enpoze li yon lang etranje pou li panse etranje pou benefis etranje ak kòb sòyèt.

Desalin te batay pou retire chenn nan pye Ayisyen. Depi 196 lane gwo konplo dèyè kay ap fèt pou dekiltire, asimile e okipe lespri chak grenn Ayisyen pou fè plezi ak onè ansyen kolon tòsyonè gran gran papa nou yo.

Sistèm edikasyon yon peyi se zouti chanjman ak transfòmasyon sosyal e ekonomik nasyon an. Ann Ayiti, sistèm edikatif la gen 196 lane depi lap travay pou fè vanse lafrankofoni odetriman pèp ayisyen ak linite nasyonal peyi a. Sistèm edikatif frankofoni  a izole mantalman non sèlman pèp Ayisyen d Ayiti, men li ekate anmenmtan Ayiti de lòt peyi ki nan karayib ak nan Amerik la.

Listwa a gen pou l jije sevèman tout entèlektyèl ki te ki ap kontinye kolabare avèk lafrankofoni ayisyen pou fè pèp la fè bak sou pwojè sosyete l ap chache enstale depi digdantan pou menmen peyi a sou chimen devlopman.

Ann kontinye batay pou n libere lespri ak panse chak grenn Ayisyen. Se konsa Ayisyen va rive panse pou limenm ak pou peyi l. Viv Ayisyen lib mantalman, viv lademokrasi, viv Ayiti jis e endepandan sosyalman, kiltirèlman, ekonomikman.

 

Sous: Joseph, Prophète, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal Dayiti, Ed. 2000, Paj 6, 7, 8