Wòl ak responsabilite palmantè yo
Chapit 2:
Tè peyi d Ayiti
Atik 8:
Men ki tè ki pou peyi d Ayti e ki fòme Repiblik d Ayiti:
Tout pati il d Ayiti ki a Lwès fwontyè a, ansanm ak tout ti il ak tout zile ki
tout pre pati sa a, kidonk: Lagonav Latòti, Lilavach, Gwo Kayimit, Ti Kayimit,
Lanavaz, Gwòskay, ak tout lòt zile yo jwenn nan lanmè ki pou peyi d Ayiti
Tè peyi d Ayiti fini sou fwontyè Dominikani, kote solèy leve. Nan Nò, tè
peyi rive jis nan Oseyan Atlantik,. Nan Sid ak nan Lwès, li rive jis nan lanmè
yo rele: lanmè Karayib.
Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa lontwole tut dlo lanmè ki nan zòn tè ki
pou peyi d Ayiti.
Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa kontwole bout syèl anlè tè ki pou li, ak
bout syèl anlè lamè ki pou li.
Atik 8-1:
Okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib, kote ki pou peyi d Ayiti. Yo pa gen dwa
vann okenn peyi etranje, pa yon ti moso tè peyi d Ayiti. Ni yo pa gen dwa fè,
okenn peyi etranje, kado pi piti moso nan tè peyi d Ayiti. Tout papye, tout
kontra, tout deklarasyon, tout regleman ki ta fè sa, pa vo anyen.
Atik 9:
Peyi d Ayiti divize an depatman. Depatman divize ann awondisman. Awondisman
divize an komin. Komin divize an katye ak an seksyon kominal.
Atik 9-1:
Se lalwa ki va di konben depatman, konben awondisman, konben komin, konben katye
ak seksyon kominal, ki va nesesè pou peyi a mache kòrèk.
Chapit 2:
Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a
Atik 88:
Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, se lachanm. Se nan men lachanm pèp
la mete pouvwa fè lwa pou peyi a. Gen lachanm depite ak lachanm senatè, ki fòme
lacham.
Paragraf 1:
Depite
Atik 89:
Lachanm depite, se yon gwoup moun tout sitwayen yo nonmen nan eleksyon Pèp la
bay gwoup moun sa yo, pouvwa fè lwa, o non pèp la, ansanm ak lachanm senatè.
Atik 90:
Chak kote k gen yon konsèy minisipal, fòme yon zòn ki kapab nonmen yon depite
nan eleksyon.
Lalwa deside konben depite ki dwe genyen kote k gen anpil anpil moun. Men, kote
sa yo pa gen dwa gen plis pase twa (3) depite. Ann atandan yo fin mete regleman
eleksyon yo dakò ak nimewo sa a, pi piti depite pou lachanm genyen se
swasanndis (70).
Atik 90-1:
Eleksyon depite dwe fèt nan kondisyon ak na fason lwa elektoral la di sa dwe fèt.
Pou eleksyon an bon fòk moun ki pase depite jwenn mwatye vòt yo, plis yon lòt
vòt, pou pi piti.
Atik 91:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin depite lachanm:
1) Fòk li Ayisyen natif natal (*5, gade paj 100). Epi fòk li pa te janm pa
Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen vennsenk (25) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li pa janm
jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont, nan men jij ki
jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li te rete omwen de (2) ane, youn dèyè lòt, anvan eleksyon an, nan zòn
kote li vle depite a.
5) Fòk li gen omwen yon kay nan zòn sa a, oubyen fòk li travay la, nan yon
metye ousinon nan yon endistri.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te reskonsab
lajan Leta.
Atik 92:<br> Yo nonmen depite yo nan eleksyon
chak 4 an. Yo toujou gen dwa double:
Atik 92-1:
Depite yo rantre lachanm dezyèm lendi mwa d janvye. Lachanm depite travay
pandan 2 peryòd, chak ane. Tan sèvis depite a, konte pou yon epòk sèvis
lachanm.
Atik 92-2:<br> Premye peryòd lachanm travay,
konmanse dezyèm lendi mwa d janvye, jis dezyèm lendi mwa d me. Dezyèm peryòd
la konmanse dezyèm lendi mwa d jen, jis dezyèm lendi mwa sektanm.
Atik 92-3:
Se pou yo chanje tout depite lachanm chak 4 an.
Atik 93:
Anwetan travay fè lwa, konstitisyon an bay lachanm depite fè, tankou lachanm
senatè, men ki sa lachanm depite gen dwa fè toujou: depi sou chak twa (3)
depite gen de (2) ki dakò pou sa, lachanm depite gen dwa al lajistis ni pou
prezidan, ni pou premye minis, ni pou minis ni pou sekretè deta,. Jijman an ap
fèt devan yon gwo tribinal espesyal, ki la pou sa dirèk. Konsitilisyon an ak
lalwa regle tout lòt travay depite yo ta gen pou yo fè.
Paragraf 2
Senatè
Atik 94:
Lachanm senatè, se yon gwoup moun tout sitwayen yo nonmen nan eleksyon. Pèp la
bay gwoup moun sa oy pouvwa fè lwa, o non pèp la, ansanm ak lachanm depite.
Atik 94-1:
Gen twa (3) senatè pou chak depatman.
Atik 94-2:
Eleksyon senatè dwe fèt nan kondisyon ak nan fason lwa elektoral la di sa dwe
fèt. Pou eleksyon an bon, fòk moun ki pase senatè jwenn mwatye vòt yo, plis
yon lòt vòt, pou pi piti, nan eleksyon ki fèt nan chak depatman yo.
Atik 95:
Yo nonmen senatè yo nan eleksyon chak siz (6) an. Yo toujou gen dwa double.
Atik 95-1:
Lachanm senatè toujou sou travay.
Atik 95-2:
Men, li kapab fè yon kanpe sòf pandan 2 peryòd travay lachanm depite yo. Lè
lachanm senatè fè yon kanpe, fò l genyen yon komite ki toujou la, pou li
regle detay tou le jou yo. Komite sa a pa gen dwa fè okenn desizyon, sòf pou l
ta mande yon reyinyon lachanm senatè. Si gen sikonstans, gouvènman an tou, gen
dwa mande yon reyinyon lachanm senatè, ata pandan yo fè yon kanpe.
Atik 95-3:
Tou le dezan (2 an), yo chanje yon (1) senatè sou chak twa (3) senatè lachanm.
Atik 96:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin senatè:
1) Fòk li Ayisyen natif natal. Epi, fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen trant (30) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li pa janm
jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont, nan men jij ki
jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li te rete omwen kat (4) ane youn dèyè lòt, anvan eleksyon an,
nandepatman li vle senatè ladan l nan.
5) Fòk li gen omwen yon kay nan depatman an, oubyen fòk li travay la, nan yon
metye ousinon nan yon endistri.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te reskonsab
lajan Leta.
Atik 97:
Anwetan travay fè lwa, konstitisyon an bay lachanm senatè fè, tankou lachanm
depite, men ki sa lachanm senatè gen dwa fè toujou:
1) Li prezante gouvènman an lis jij pou tribinal kasasyon selon sa konstitisyon
an mande.
2) Li tounen yon gwo tribinal espesyal (*6, Gade paj 100).
3) Li fè tout lòt travay konstitisyon sa a ak lalwa ba l fè.
Paragraf 3:
Asanble nasyonal
Atik 98:
Lè de (2) gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a vin fè yon sèl gwoup,
yo rele sa: ''asanble nasyonal''.
Atik 98-1:
Reyinyon asanble nasyonal la dwe fèt nan konmansman ak nan finisman chak peryòd
travay lachanm. Li fèt tou, chak fwa konstitisyon an mande sa.
Atik 98-2:
Sèl pouvwa asanble nasyonal la genyen, se pouvwa fè travay konstitisyon an ba
l fè ase. Ni li pa gen dwa okipe lòt koze.
Atik 98-3:
Men ki wòl asanble nasyonal la genyen:
1) Se devan l, prezidan an leve lamen pou l sèmante l ap respekte konstitisyon
an.
2) Asanble nasyonal la dwe di, si l dakò poupeyi a deklare lagè, apre tout
demachpou l agè pa deklare, kaba.
3) Li dwe di si li dakò oubyen si li pa dakò pou yo siyen antant ak kontra ak
lòt peyi.
4) Se li ki dwe mete konstitisyon an pi anfòm, selon jan yo prevwa sa, nan
konstitisyon an.
5) Li dwe di si li dakò lè gouvènman an ta fè desizyon l pou l al chita yon
lòt kote, selon sa yo jwenn nan premye nimewo konstitisyon an.
6) Li dwe deside si wi ou non, gouvènman an gen dwa deklare eta d syèj. Li dwe
deside, ansanm ak gouvènman an, ki minewo yo gen dwa pa aplike, nan
konstitisyon an, epi pandan konben tan sa gen dwa fèt.
Li dwe bay konkou l, pou yo fòme konsèy elektoral ki la nèt la, jan sa ekri
nan nimewo 192 konstitisyon an.
8) Se devan l, gouvènman an dwe vin bay kontrandi sou tou sa li fè, nan
konmansman chak peryòd travay lachanm.
Atik 99:
Se prezidan lachanm senatè ki dirije asanble nasyonal la, nan travay li.
Prezidan lachanm depite ede l kòm vis-prezidan,. Sekretè lachanm senatè ak
sekretè lachanm depite, se yo ki sekretè asanble nasyonal la.
Atik 99-1:
A sipouzisyon prezidan lachnm senatè vin gen yon lekontrè, se prezidan lachanm
depite depite ki ranplase l, alatèt asanble nasyonal la. Se vispreziean lacham
senatè atò, ki vin visprezidan asanble nasyonal la.
Atik 99-2:
Sizanka tou le de (2) prezidan yo ta vin gen yon lekontrè, se de (2)
visprezidan yo, ki va ranplase yo chak.
Atik 100:
Tout moun gen dwa asiste reyinyon asanble nasyonal la. Men, yo gen dwa pa fè yo
an piblik, depi senk (5) manm asanble a mande sa. Apre sa, pi fò manm nan
asanble a va deside si yo dwe rekonmanse reyinyon an devan tout moun.
Atik 101:
Si gen ka sikonstans, gouvènman an gendwa mande pou asanble nasyonal la fè yon
reyinyon espesya, lè se pa pandan peryòd travay lachanm.
Atik 102:
Asanble nasyonal la pa gen dwa fè okenn reyinyon ni li pa gen dwa fè okenn
desizyon, san pi fò manm lachanm depite ak pi fò manm lachanm senatè pa la.
Atik 103:
Se Pòtoprens lachanm chita. Men yo kapab tabli l menm kote ak gouvènman an,
lemoman yo ta vin tabli gouvènman an yon lòt kote.
Paragraf 4
Kouman gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa nan peyi a dwe travay
Atik 104:
Peryòd travay lachanm konmanse menm jou lachanm depite ak lachanm senatè vin fè
yon sèl, pou yo fòme asanble nasyonal la.
Atik 105:
Lè se pa nan peryòd travay lachanm, prezidan Repiblik la gen dwa mande lachanm
yon reyinyon espesyal, si gen ka sikonstans.
Atik 106:
Se yon mesaj chèf gouvènman an ki esplike pou ki rezon yo mande reyinyon sa a.
Atik 107:
Lè yo mande lachanmn yon reyinyon espesyal, lachanm pa gen dwa fè okenn
desizyon pou okenn lòt kòz, pase pou kòz ki fè, yo te mande reyinyon an.
Atik 107-1:
Sa pa vle di yon senatè oubyen yon depite, pa gen dwa fè lachanm depite oubyen
lachanm senatè tande sa li panse sou nenpòt lòt kòz ki enterese tout moun.
Atik 108:
Lachanm depite kontwole si yon depite gen dwa fè travay depite l. Se apre kontwòl
sa a, yon depite vin gen dwa fè travay depite l. Lachanm senatè dwe fè menm
jan tou, pou chak senatè, anvan pou gen dwa fè travay senatè yo. Se sèl
lachanm depite ak lachanm senatè ki gen dwa regle diskisyon ki ta leve sou sa.
Atik 109:<br> Men ki pawòl, ni manm lachanm
senatè, ni manm lachanm depite pale, lè yo leve lamen: ''Mwen sèmante m ap fè
travay pwoteje dwa pèp la ak travay obeyi kontitisyon an, jan mwen dwe fè l
la''.
Atik 110:
Tout moun gen dwa asiste reyinyon ni lachanm senatè ni lachanm depite. Men, ni
lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa pa fè reyinyon yo an piblik, depi
senk (5) senatè oubyen senk (5) depite mande sa. Apre sa, pi fò manm ni
lachanm senatè, ni lachanm depite va deside si yo dwe rekonmanse reyinyuon an
devan tout moun.
Atik 111:<br> Lachanm gen dwa fè lwa pou
tout kòz ki enterese tout moun.
Atik 111-1:
Ni lachanm senatè ni lachanm depite, ni gouvènman an gen dwa mande fè lwa pou
yon kòz.
Atik 111-2:
Men, se gouvènman an tou sèl, ki gen dwa mande fè lwa pou kòz sa yo :
1) Lwa pou fikse lajan Leta gen pou l resevwa, ak lajan Leta gen pou l depanse.
Yo rele lwa sa a, lwa sou bidjè Leta.
2) Lwa pou fiske lajan chak moun dwe peye kòm enpou ak lwa pou fikse kouman
Leta dwe touche lajan enpou sa a, ak lòt lajan kontribisyon.
3) Lwa pou mete dwa sou machandiz oubyen pou ogmante dwa sa yo.
4) Lwa pou ogmante depans Leta.
Apre gouvènman an prezante demann pou fè lwa sa yo, lachanm depite gen pou l
vote yo an premye.
Atik 111-3:
Sizanka lachanm senatè pa antann li ak lachanm depite sou lwa yo fèk pale de
yo, nan nimewo 11-2a, yo va prezante yon lis manm ni pou lachanm senatè, ni pou
lachanm depite. Y a pran menm valè senatè ak menm valè depite nan non ki sou
lis la, pou yo fòme yon komite lachanm, ki gen pou l regle keksyon sa a nèt.
Atik 111-4:
Sizanka se sou kèk lòt lwa, lachanm senatè pa antann li ak lachanm depite, yo
a ranvwaye vòt lwa sa a, pou lòt peryòd travay lachanm nan. Si, ata apre manm
lachanm yo ta vin chanje, lachanm senatè ak lachanm depite pa antann yo sou lwa
sa a toujou, yo va prezante yon lis manm ni pou lachanm senatè, ni pou lachanm
depite. Y a pran menm valè senatè ak jenm valè depite nan non ki sou lis la,
pou yo fòme yon komite lachanm. Travay komite sa a, se tounen ekri lwa sa ak,
anvan yo mande ni lachanm senatè, ni lachanm depite, vote li. Y a konmanse ak
lachanm ki te deja premye vote lwa a, anvan, Si sa pa bay anyen., y a kite afè
lwa sa a.
Atik 111-5:
A sipouzisyon gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, ak gwoup moun ki gen
pouvwa dirije peyi a, pa antann yo, youn nan gwoup yo, va poute kòz la devan
yon komite ki la pou l ranje sa, jan yo ekri l, nan nimewo 206 la.
Atik 111-6:
Sizanka komite a pa reyisi fè de (2) gwoup yo antan yo, l a drese yon pwosèvèbal,
kòmkwa pa gen antant. La remèt de (2) gwoup yo, pwosèvèbal sa a. Lè fini, l
a avèti tribinal kasasyon an.
Atik 111-7:
Anvan ui (8) jou pase, apre tribinal kasasyon an resevwa pwosèvèbal la,
tribinal kasasyon an pran kòz la sou kont li. Tout manm tibinal kasasyon an va
mete ansanm, pou yo fè yon desizyon, san tribinal kasasyon an va mete ansanm,
pou yo fè yon deesizyon, san yo pa chita sou okenn lòt kòz. Tou le de (2)
gwoup yo, oblije dakò ak desizyon tribinal kasasyon an.
Atik 111-8:
Yo pa janm gen dwa kraze, ni lachanm depite, ni lacham senatè pou okenn rezon,
Ni yo pa gen dwa fòse yo sispann reyinyon yo. Ni yio pa gen dwa fè, ni yon
senatè, ni yon depite depase tan sèvis li.
Atik 112:
Ni lachanm senatè ni lachanm depite gen pwòp^regleman pa yo. Se dapre
regleman sa yo, yo ninmen pèsonèl ki va ede manm lachanm yo fè travay yo. Se
nan regleman sa yo, yo jwenn ki jan, ni lachanm senatè ni lachanm depite fèt
pou yo travay an òd.
Atik 112-1:
Depi yon senatè oubyen yon depite pa kondui tèt li byen, lachanm senatè
oubyen lachanm depite gen dwa ba l yon pinisyon. Men, fòk sou chak twa (3)
senatè oubyen sou chak twa (3) depite gen de (2) ki dakò pou sa. Sèl sa yo pa
gen dwa fè se kase l, kòm senatè oubyen kòm depite.
Atik 113:<br> Yon manm lachanm, kit li depite,
kit li senatè, kapab vin pèdi dwa depite l ousinon dwa senatè l, anvan tan sèvis
li fini. Sa rive lè yon jij tribinal dwa komen fin jije manm lachanm sa a,
pendan tan sèvis li epi lè li reve kondane l, pou yon kòz ki ta fè, yo pa ta
gen dwa chwazi moun sa a nan eleksyon.
Atik 114:
Anwetan sa ki ekri pi ba, nan nimewo 115 la, yo pa gen dwa manyen manm lachanm,
depi jouyo te leve lamen, kòm manm lachanm, jis jou tan sèvis yo fini.
Atik 114-1:
Yo pa janm gen dwa, ni mennen yo lajistis, ni atake yo devan tribinal pou sa yo
di oubye pou jan yo vote, etan y ap fè travay manm lachanm yo.
Atik 114-2:
Pandan tan sèvis yon manm lachanm, yo pa gen dwa arete l pou dèt.
Atik 115:
Pendan tan sèvis yon senatè oubyen yon depite, se sèl ak pèmisyon lachanm
senatè oubyen lachanm depite, yo kapab arete l pou yon krim, pou yon fòt,
oubyen pou yon kontravansyon ki sou kont jij tribinal dwa komen, lè se pa nan
men, yo bare manm lachanm sa a, pou yon kòz ki mande yon pinisyon grav oubyen
yon pinisyon pou l ta wont. Si sa rive pandan peryòd travay lachamn, yo mennen
senatè a oubyen depite a devan lachanm senatè ousinon lacchanm depite, san pèdi
tan. Si se pa peryòld travay lachanm, y a tann konmansman pwochenn peryòd
travay lachanm anan oubyen pwochenn reynyon espesyal li.
Atik 116:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa gen dwa fè okenn reyinyon ni yo pa gen
dwa fè okenn desizyon san pi fò manm lachanm yo pa la.
Atik 117:
Pou yon desizyon lachanm vo kichòy, fòk se pi fò manm ki la, nan reyinyon an,
ki fè desizyon sa a, sòf si konstitisyon sa a ta prevwa yon lòt bagay.
Atik 118:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa fè yon ankèt sou tout kòz yo
mete devan yo.
Atik 119:
Anvan pou yon pwojè-lwa tounen yon lwa, fòk yo vote chak nimewo ki ladan l,
youn dèyè lòt.
Atik 120:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa fè chanjman pou yo ranje pwojè-lwa
yo mande yo vote. Yo gen dwa mete plis minewo tou. Pou chanjman sa yo rantre nan
yon pwojè-lwa, aprè lachanm depite fin asepte yo, fòk lachanm senatè asepte
menm chanjman sa yo, menm jan, oubyen okontrè, si lachanm senatè te asepte
chanjman sa yo anvan, fòk lachanm depite vin asepte yo pou yo sa rantre nan
pwojè-lwa. Anvan pou pwojè-lwa tounen yon lwa, fòk ni pwojè lachanm senatè
vote a, ni pwojè lachanm depite vote ak menm parèy.
Atik 120-1:
Toutotan yo pankò fin vote yon pwojè-lwa, yo toujou kapab kite sa.
Atik 121:
Depi lachanm fin vote yon lwa, yo dwe voye l bay perzidan Repiblik la, anvan yo
mete lwa sa a deyò. Prezidan an gen dwa pa dakò ni ak tout lwa a, ni ak yon
pati nan lwa a.
Atik 121-1:
Lè sa rive, prezidan Repiblik la voye lwa a tonen lachanm senatè si se lachanm
senatè ki te vote lwa a an premye, oubyen lachanm depite, si se lachanm depite
ki te vote lwa a an permye. Li fè yo konnen sou ki pwen li pa dakò ak lwa a.
Si se lachanm senatè ki korije lwa a, li voye l bva lachanm depite ansanm ak
pwen Prezidan an pa te dakò avèk yo a. Men jan tou, si se lachanm depite ki
korije lwa a, li voye l ba lachanm senatè.
Atik 121-2:
Sizanka ni lachanm senatè, ni lachanm depite vote lwa a, apre yo korije yo
tounen voye lwa a bay prezidan Repiblik la, pou li mete lwa a deyò.
Atik 121-3:<br> Sizanka lachanm senatè ki te
vote lwa a an premye, pa vle chanjman prezidan an mande, li voye l va lachanm
depite, ak pwen prezidan an pa te dakò avèk yo a. Menm jan tou, si se lachanmn
depite ki te vote lwa a an premye, li voye l ba lachanm senatè.
Atik 121-4:
Sizanka ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa vle chanjman prezidan an mande
a, yo voye lwa a tounen bay prezidan an. Lè sa a, prezidan an oblije mete lwa a
deyò.
Atik 121-5:
Pou lachanm senatè ak lachanm depite pa asepte chanjman prezidan an mande, fòk
pi fò manm lachanm yo vote menm jan, selon sa ki ekri nan Atik 117 la. Lè sa
am, se yon vòt sekrè ki dwe fèt ni lachanmn senatè ni lachanm depite.
Atik 121-6:
Si pi fò senatè yo oubyen pi fò depite yo, pa vote kont chanjman prezidan an
mande, jan sa pale nan nimewo 121-5 lan, chanjman yo pase.
Atik 122:
Di jou prezidan Repiblik la resevwa yon lwa, nan men lachanm, li gen ui (8) jou
antye, pounl fè lachanm konnen, li pa dakò ak lwa sa a.
Atik 123:
Si prezidan Repiblik la pa mande okenn chanjman nan lwa a, anvan dèle ki
make a, fini, se pou yo pibliye lwa a, sòf si peryòd travay lachanm nan fini
anvan dèle a bout. Nan ka sa a yo ranvwaye lwa a pou pi ta. Lè pwochenn peryòd
travay lachanm nan konmanse, yo voye lwa a bay prezidan Repiblik la, pou li
kapab di si li pa dakò.
Atik 124:
Lè ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa asepte yon pwojè-lwa, yo pa gen
dwa tonen prezante l pandan menm peryòd travay lachanm nan.
Atik 125:
Apre lachanm oubyen asanble nasyonal fin vote nenpòt lwa oubyen nenpòt
desizyon, fòk yo obeyi yo, yon fwa prezidan peyi a, fè yo parèt nan jouanl
ofisyèl Repiblik la.
Atik 125-1:
Yo bay lwa a yon nimewo. Yo enprime l nan yon bilten ki gen nimewo. Non bilten
an, se: ''Bilten lwa ak desizyon lachanm vote''.
Atik 126:
Yon lwa vin lwa tout bon jou ni lachanm senatè ni lachanm depite fin
vote l nèt.
Atik 127:
Pèsonn moun pa kapab monte sou tribin lachanmn pou l prezante demann.
Atik 128:
Se sèl gwoup moun pèp la bay pouvwa fè lwa, ki gen pouvwa esplike sans lwa yo,
yon jan pou tout moun konnen se sa oubyen se pa sa. Yo bay esplikasyon sa yo an
fòm yon lwa.
Atik 129:
Apre yo manm lachanm fin leve lamen kòm senatè ousinon kòm depite, li gen dwa
touche chak mwa nan men Leta, pou travay li.
Atik 129-1:
Yon manm lachanm pa gen dwa touche, nan okenn lòt plas sòf plas pwofesè.
Atik 129-2:
Nenpòt manm lachanm gen dwa rele yon manm govènman an oubyen tout gouvènman
an pou yo parèt devan lachanm. Lè sa a, manm lachanm nan ge dwa mande keksyon
sou jan administrasyon peyi a mache ak sou sa yo fè ladan.
Atik 129-3:
Pou yon manm lachanm gen dwa mande keksyon, nan kondisyon sa a, fòk gen senk
(5) lòt manm lachanm senatè oubyen lachanm depite ki dakò avè l pou sa. Apre
yo mande keksyon yo, fòk lachanm senatè oubyen lacham depite vote pou yo di si
yo fè gouvènman an konfyans ousinon si yo blame l. Pou vòt la bon, fòk pi fò
manm lachanm yo, vote menm jan.
Atik 129-4:
Lè lachanm blame gouvènman an pou yon pwen ki nan pwogram gouvvènman an
oubyen pou jan govènman an di l ap mennnen bak Leta a, fòk premye minis la remèt
prezidan Repiblik la demisyon gouvènman l nan.
Atik 129-5:
Lè sa a, prezidan an oblije asepte demisyon an. Li nonmen yon lòt premye minis
atò, jan sa make nan konstitisyon an.
Atik 129-6:
Lachanm pa gen dwa fè plis pase yon vòt kon sa, nan yon ane, pou l
blame gouvènman an pou yon pwen ki nan pwogram gouvènman san oubyen pou jan
gouvènman an di l ap mennen ak Leta a.
Atik 130:
Si yon manm lachanm mouri anvan tan sèvis li fini, oubyen si l bay demisyon
l, oubyen si li vin pèdi dwa manm lachanm li, oubyen si l antrave ak lajistis,
oubyen si l asepte yon plas ki pa ale ak travay manm lachanm li, fòk yo
ranplase l, pou rès tan sèvis li. Si se yon depite, konsèy elektoral ki la nèt
la, va konvoke moun ki gen dwa vote pou eleksyon fèt nan zòn li depite a,
anvan yon mwa gen tan pase. Si se yon senatè, se menm jan tou, nan depatman l.
Atik 130-1:
Eleksyon an dwe fèt anvan trant (30) jou pase, apre yo konvoke moun ki gen dwa
vote pou eleksyon fèt nan kote a, jan sa make nan konstitisyon an.
Atik 130-2:
Se menm bagay tou, si eleksyon pa te fèt oubyen si konsèy elektoral ki la nèt
la te deklare eleksyon ki te fèt nan yon zòn oubyen nan plizyè zòn pa bon.
Atik 130-3:
Men, si plas yon manm lachanm vin vid, pandan dènye peryòd travay lachanm oubyen apre dènye peryòd sa a, pa gen nesesite pou eleksyon fèt pou ranplase manm lachanm sa.
Paragraf 5:
Plas ki pa ale ak travay yon manm lachanm
Atik 131:
Men moun yo pa gen dwa chwazi nan eleksyon pou manm lachanm:
1) Manadjè antrepriz ki okipe sèvis Leta oubyen moun ki gen kontra ak Leta pou
okipe sèvis Leta.
2) Reprezantan oubyen fonde d pouvwa moun sa yo ou sinon konpayi ak sosyete ki fè
menm mòd travay avèk moun sa yo.
3) Delege, adjwen delege, jij, konmisè gouvènman, sòf si tout moun sa yo ta
kite plas yo si (6) mwa anvan dat eleksyon an.
4) Tout lòt moun, konstitisyon sa a oubyen lalwa deklare sitiyasyon yo pa ale
ak travay yon manm lachanm.
Atik 132:
Manm gouvènman ak direktè jeneral administrasyon piblik ki ta vle yo chwazi yo
nan eleksyon pou manm lachanm, fèt pou yo bay demisyon yo, nan plas yo, enn (1)
an pou pi piti anvan dat eleksyon.
Rechèch
ak Premye kreyatè vèsyon elektronik pou entènèt: Prophète Joseph /Edisyon
Konbit