WÒL BIWO PWOTEKTÈ SITWAYEN

 

 

Biwo Pwotektè Sitwayen se yon òganis otonòm ki kreye dapre egzijans Konstitisyon 1987 la. Li gen pou misyon ak manda defans tout sitwayen ayisyen san distenksyon kont tout abi ak enjistis ki ta sòti nan Biwo ak Administrasyon Leta.

 

Si ou gen pwoblèm avèk yon biwo Leta oswa yon Ministè, si ou ta viktim abi ak enjistis administrasyon   piblik, ale wè pote plent prese prese nan Biwo Pwotektè Sitwayen pou jwenn jistis. Pwotektè Sitwayen bay sèvis li gratis pou tout viktim abi ak enjistis anba men anplwaye administrasyon Leta. 

 

Men pou ki òganis ou ka pote plent bay Pwotektè Sitwayen :

  1. Tout Ministè;
  2. Tout Biwo ki depann Ministè yo;
  3. Tout Antrepriz Leta;
  4. Lapolis;
  5. Legliz

 

Men pou ki òganis ou pa ka pote plent bay Pwotektè Sitwayen :

  1. Biwo Prezidans Repiblik la
  2. Chanm depite ak chanm senate yo
  3. Lakou Siperyè Dèkont
  4. Konsèy Elektoral Pwovizwa /Konsèy Elektoral Manchlong

 

Men adrès ak nimewo telefòn Biwo Pwotektè Sitwayen:

 

PWOTEKTÈ SITWAYEN

Adrès: Ri Bwa Patat Pwolonje  # 80, Bwa Vèna, Pòtoprens

Telefòn : 244-3064, 244-3065, 244-3066

 

 

Referans :

Konstitisyon 1987, Chapit 4, Atik 207, 207-1, 207-2, 207-3

 

Biwo pou pwoteje sitwayen

 

Atik 207:

 

Yo mete yon biwo ki rele: Biwo pou pwoteje sitwayen. Biwo sa a la, pou li pwoteje tout moun, kont tout kalite abi yo ta fè yo, nan sèvis Leta yo.

 

Atik. 207-1:

 

Sitwayen ki alatèt biwo sa a, pote non: moun ki pwoteje sitwayen. Prezidan Repiblik la antann li ak prezidan lachanm depite, pou yo chwazi l. Tan sèvis li, se sèt (7) ane. Pa gen double.

 

Atik 207-2:

 

Li mèt nan nenpòt tribinal, al defann yon moun ki poute plent nan biwo a, sa toujou fèt gratis.

 

Atik 207-3:

 

Yon lwa regle nan ki kondisyon biwo pou pouwoteje sitwayen an mache, epi ak ki regleman.