AYITI AN CHIF

Grandè Ayiti: 27 750 kilomèt kare. Ayiti gen preske menm lajè avèk Labèljik (30 513 kilomèt kare), avèk Leta Marilend, Ozetazini (27 394 km2) e avèk Izrayèl (20 700 kilomèt kare)
Sitiyasyon jewografik : Ayiti se 2e peyi Grann Zantiy. Li gen yon distans 200 km avèk peyi Kiba. Ayiti tabli kò li ant 71º20’ e 74º30’ lonjitid Lwès e ant 18º0’ e 20º6’ latitid Nò. Li layite kò l sou yon tyè zile a, Repiblik Dominikèn sou 2 lòt tyè yo.
Tanperati : ant 25 ak 30ºC (degre santigrad) nan plenn, 15 a 25ºC nan montay
Kantite lapli : 1400 milimèt anyèlman
Sezon lapli : ant mwa novanm ak mas (zòn Nò), ant mwa me ak oktòb (zòn Sid)
Sezon sèch : desanm a mas epi jiyè
Peryòd kolonyal : 5 desanm 1492 rive 1803
Endepandans : 1e janvye 1804
Kapital nasyonal: Pòtoprens, fonde an 1706, kapital d Ayiti depi 1749, fete 250 anivèsè li an out 1999
Drapo nasyonl: ble ak wouj
Deviz nasyonal : Men anpil chay pa lou
Relijyon prensipal : Katolik, Protestan, Vodou
Vil kapital depatman yo : Pòtoprens (Lwès), Ench (Sant), Gonayiv (Latibonit), Kap Ayisyen (Nò), Fòlibète (Nòdès), Pòdpè (Nòdwès), Okay (Sid), Jakmèl (Sidès), Jeremi (Grandans)
Popilasyon total ann Ayiti: 8 milyon kretyen vivan + 2 milyon aletranje
Pousantaj popilasyon kanpay : 70%
Pousantay popilasyon lavil : 30%
Dansite popilasyon : 281 kretyen vivan pou chak kilomèt kare
Pousantay moun ki nan chomaj : 50%
Pousantaj moun ki analfabèt: 60%
Premye lang nasyonal epi ofisyèl : ayisyen (kreyòl), lang 10 milyon Ayisyen lakay ak Ayisyen lòtbò dlo.
Dezyèm lang etranje ofisyèl : Franse, lang 15% Ayisyen pale
Lang ansèyman sistèm edikatif la adopte pou fòmasyon elèv ak etidyan apre 1804 e ofisyalize an 1918: lang franse, men ilegal avèk Konstitisyon 1987 la (atik 5.)
Lajan nasyonal: Goud
Telefòn: kòd dasè pou moun deyò: (509)
Elektrisite : 110 vòlt
Ayewopò Entènasyonal: 2 (Pòtoprens ak Okap)
Prensipal Pò Maritim: Pòtoprens, Okap, Miragwàn, Gonayiv, Sen Mak, Jakmèl.
Resèt Leta pou ane fiskal ki fini 30 septanm 2000 : 6,1 milya goud
Bidjè Leta ayisyen pou lane fiskal 2000/2001 : 10 milya 600 milyon goud
Dèt Leta ayisyen dwe etranje : 1, 048 milliards dola ameriken
Pousantay moun afè pa bon : 70%
PIB : 1383 $ US/kretyen vivan
Ekspòtasyon (sa nou vann lòtbò dlo) : 5 milyon dola ameriken chak ane
Enpòtasyon (Sa nou achte lòtbò dlo) : 1 milya 5 san milyon dola ameriken
Èd Ayisyen lòtbò dlo voye chak ane : 6 milyon $ US chak ane
Potansyèl ekonomik: Sektè touristik, sektè kiltirèl, agrikilti, envestisman nan devlopman lang ayisyen (10 milyon ayisyanofòn, 4èm lang kominikasyon an Amerik)

Pi gran espwa peyi d Ayiti, se lajenès


























Sous:Prophète Joseph, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal d Ayiti
Copyright© 2000/2001 Pwopriyete entèlektyèl pwoteje nan tout peyi