Lang manman se premye zouti devlopman ak solidarite.

Annou pale ayisyen pou youn kapab rive konprann lòt tout bon vre sou tout kolektivite nasyonal peyi d Ayiti. Se kon sa n a rive mete chita yon devlopman total kapital kote tout kretyen vivan ka rive bay kontribisyon pa yo jan yo konnen pou n kore Ayiti. Lang ayisyen granmoun tout bon. Paske ayisyen pale, ayisyen tande, ayisyen li, ayisyen ekri, ayisyen konprann.

Lang manman se premye zam yon sitwayen genyen pou defann tèt ak dwa li demokratikman. Lè tout moun nan yon kolektivite pale menm lang tout pòt konpreyansyon ak solidarite rete gran louvri. 

Ann Ayiti zafè devlopman ak dwa demokratik la bloke depi 1804. Paske dwa 85% sitwayen ki pale senpman lang ayisyen pa respekte. Sektè prive kou piblik bay sèvis ofisyel yo an franse senpman. Kidonk se 15% moun sèlman ki kapab fonksyonne ofisyèlman nan strikti fonksyonnman peyi a. 85% kretyen vivan rete bloke. Yo pa ka patisipe nan devlopman peyi yo, paske lang franse a ba yo yon bra long kenbe. Konbe tan n ap kite 85% moun sou kont 15% lot?

Poutan, se pa dwa  85% sila yo pa genyen. Konstitisyon 1987 la di nan atik 5 kreyòl se premye lang fonksyonnman peyi d Ayiti, piske se li 100% moun pale, se li ki makonnen tout Ayisyen nan yon sèl kòtfanmi. Men depi 1987, Leta ayisyen pa janm pran inisyativ pou kreye yon Enstitisyon pou fè pwomosyon e defann dwa lengwistik pèp ayisyen an.

San pèp pa gen lang, san lang pa gen pèp. Annou defann diyite nou, n ap egzije sèvis ak afichaj an Kreyòl tou sou tout tèritwa d Ayiti. Se dwa Manman lwa peyi d Ayiti bay tout sitwayen ayisyen.