Dekouvri Pòtapiman
Komin Pòtapiman chita kò li nan Depatman Sid, awondisman Koto. 52 kilomèt, se distans ki separe li ak vil Okay. Pòtapiman tounen komin an 1875. Li genyen 2 seksyon kominal: Bale ak Pariko. Vil Pòtapiman posede yon ventèn ri. Prensipal danre kiltive se kafe, mayi, gwo pwa, pwa kongo, yanm, elatriye. Ou jwenn nan zòn nan anpil bèl plaj, plizyè mòn bwaze pou pwonmennad ak jounen piknik, yon gwo manman gròt ak 14 chanm ki atire chak ane Bondye mete yon dividal touris lokal ou etranje. Nòtredam di Wozè se Sen patron Pòtapiman, yo fete li 7 oktòb chak ane avèk anpil anbyans ak chalè.