PLAN NASYONNAL EDIKASYON AK FÒMASYON 2004
PWOJÈ YO AKS 1: PWOGRAM RANFÒSEMAN KALITE EDIKASYON NASYONNAL

             -Amelyore kondisyon travay anseyan yo ak  premye fòmasyon epi pèfeksyonnman pwofesè yo

             -Mete kanpe yon sistèm pwodiksyon ak distribisyon materyel pou lekòl yo 

             -Mete kanpe yon sistèm pou prete etidyan lajan

             -Mete kanpe lekòl fondamantal pratik ak aplikasyon

             -Repare e valorize Lekòl Nasyonnal Enstititè yo

             -Resikle elèv ki depase laj pou etidye nan klas regilye

             -Repanse striti ansèyman Inivèsite yo e devlope rechèch syantifik nan peyi a

             -Fè refòm nan Inivèsite Leta Ayisyen (ILA)

 

AKS 2: PWOGRAM  LEKÒL POU TOUT MOUN

            -Konstwi yon lekòl premye ak dezyèm sik fondamantal nan chak seksyon kominal ki pi pòv yo

            -Kreye nouvèl klas 3èm sik Lekòl Fondamantal Aplikasyon ak Sant Apwi Pedagojik

            -Desantralize ansèyman siperyè piblik la e mete plis pwogram inivèsite sou pye

 

AKS 3: PWOGRAM OGMANTASYON VIZIB EFIKASITE SISTÈM EDIKASYON AYISYEN AN

            -Amelyore sistèm nasyonnal fòmasyon pwofesyonnèl e repanse strikti Enstiti Nasyonnal Fòmasyon Pwofesyonnèl

            -Mete kanpe yon sistèm rekritman pwofesè ak chèchè konpetan pou devlopman ansèyman siperyè ak rechèch syantifik

            -Mete kanpe yon pwogram devlopman kapasite pwofesyonnèl pou granmoun ki nan sektè fòmasyon non fòmèl.

AKS 4: PWOGRAM RANFÒSEMAN GOUVÈNANS SISTÈM EDIKASYON AYISYEN AN

           -Ranfòse Ministè Edikasyon Nasyonnal, Jenès ak Espò kòm enstitisyon solid nan nivo jesyon ak administrasyon

           -Ranfòse Ministè Edikasyon Nasyonnal, Jenès ak Espò kòm enstitisyon solid nan nivo jesyon pedagojik