Se biwo Perspective ki prepare dokiman sa a pou Ministè a.
Se Edisyon Konbit ki mete li sou Entènèt
la.
|
Plan Nasyonal
Edikasyon ak Fòmasyon : Ekip k ap
travay nan plan an prezante l epi moun k ap Travay nan
sistèm edikasyon an bay opinyon yo1 |
|
Sa ki nan dokiman an |
|
Premye koze :
Minis la ak ti gwoup k ap dirije plan an
bay lide yo |
0. Minis la ak ti gwoup k ap dirije plan an
bay lide yo 7
0.1 Premye koze minis la 7
0.2
Premye
koze ti gwoup k ap dirije plan an 9
|
Premye pati travay la : Sa PNEF la ye |
1. Kout je sou pwoblèm edikasyon nan peyi a 11
1.1. Pa gen edikasyon pou tout moun nan peyi a 11
1.2. Sistèm lekòl peyi a pa bay bon edikasyon 12
1.3. Sistèm edikasyon an pa prepare moun pou yo patisipe toutbon vre nan
Lavi peyi ni pou yo jwenn travay 12
1.4. Ministè Edikasyon Nasyonal manke òganizasyon ak mwayen pou li
Fè travay li jan li dwe fè l 13
1.5. Rezon ki fè nou oblije rezoud pwoblèm sa yo 13
2.
Pwoblèm yo soti yon sèl kote : Leta pa gen ni ladrès ni volonte pou l
fè chanjman 14
2.1. Ministè pa gen òganizasyon pou l kontwole sa k ap fèt epi li pa di sa li vle aklè 14
2.2. Sistèm
edikasyon an chita sou travay prese san metòd 15
2.3. Metòd yo suiv nan travay yo pa bon 15
2.4. Premye kòz ki esplike tout lòt yo : leta
te vle sosyete a rete san jistis 16
3. Prensip politik edikasyon peyi a dwe suiv 16
3.1
Dwe
gen yon sistèm edikasyon ki bay demokrasi, ki pou fè moun renmen peyi a
epi
ki fè moun respekte l 16
3.1.1.
Sistèm edikasyon ki bay demokrasi 17
3.1.2.
Sistèm
edikasyon ki pou fè moun renmen peyi a epi ki pou montre yo pran
responsablite yo 17
3.2.
Yon
sistèm edikasyon ki respekte kilti peyi a epi ki pou fè peyi a epi ki pou
Fè
peyi a devlope 18
4. Solisyon pwoblèm nan : yon
repons byen kalile leta ap kontwole 18
4.1. Sa
ki genyen nan solisyon yo pwopoze a: pwojè ak rezilta pwojè 19
4.2. Divès kalite pwojè : ti pwojè, pwojè,
pwogram, plan misyon 20
4.3. Jan pwojè yo mache 20
5. Plan nasyonal edikasyon ak
fòmasyon 23
5.1. Kòman PNEF te kòmanse 23
5.1.1. Refòm Bèna a 24
5.1.2. Plan ki la jodi a 25
5.2. Sa ki nan PNEF la : pwogram ak pwojè 25
5.2.1 Pwogram : kat gwo travay ki gen pou fèt 25
5.2.2 Kèk pwojè 27
6. Jan pou yo egzekite plan an
epi pou yo kontwole l 28
6.1. Jan pou Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon
an reyalize travay la 28
6.1.1. Travay la ap fèt ti pa ti pa epi y ap pase men ladan l tanzantan 29
6.1.2. Nan chita pale ak tout sektè 29
6.1.3. Mete biwo pou kontwole afè edikasyon nan tout peyi a 29
6.1.4 Lekòl kominotè 29
6.2. Sa ki prevwa pou yo reyalize plan an 30
6.2.1. Gran konsèy Edikasyon an 30
6.2.2. Ti gwoup k ap dirije plan an 30
6.2.3. Ekip teknisyen k ap travay nan divès
pwogram plan an 31
6.2.4. Dat yo prevwa pou yo reyalize divès pwogram
plan an 31
7. Lajan pou egzekite plan an :
leta ap chache la jan tout kote epi l ap evite gaspiyaj 31
7.1. Lajan leta 32
7.2. Lajan fanmi ak antrepriz prive 32
7.3. Lajan etidyan 33
7.4. Lajan ONG 33
7.5. Lajan k ap sòti aletranje 33
7.6. Posiblite pou asosyasyon ak antrepriz
prive jwenn kredi pou edikasyon 34
8. Sa moun k ap travay nan sistèm edikasyon an
panse 36
8.1 Sa direktè teknik nasyonal yo panse 36
8.2. Sa direktè depatmantal yo panse 36
8.3. Sa enspektè yo panse 38
8.4. Sa direktè lekòl yo panse 40
8.5. Sa pwofesè ak asosyasyon yo panse 42
8.6. Sa elèv ak etidyan panse 44
8.7 Sa paran elèv yo panse 46
8.8 Sa moun k ap travay nan enstitisyon prive yo panse 49
|
Pou n fini |
9. Pou n fini 53
9.1. Yon
travay nan tèt ansanm san mache prese 53
9.2. Sa nou konstate ak sa analiz montre : sa moun konnen sou PNEF, ki volonte yo
Genyen pou yo ede l mache epi rapò ki genyen ant 2 bagay sa yo 53
9.2.1 Sa nou konstate : sa moun konnen sou PNEF 54
9.2.2. Sa nou konstate : sa tout moun k ap travay nan sistèm edikasyon an deside fè
pou yo ede l mache 54
9.2.3. Sa analiz la montre : rapò ki genyen ant sa moun konnen sou PNEF ak
sa yo deside fè pou yo ede l mache 54
9.3 Sa ki rete k pou fèt : fè tout moun konnen sa PNEF ye, sa l ap fè; sèvi ak plan
an vit epi sèvi avè l byen 55
9.3.1 Fè tout moun konnen sa PNEF ye, sa l ap fè 55
9.3.2 Sèvi ak plan an vit epi sèvi avè l byen 56
|
Anèks |
Anèks - Objektif dis (10) pwojè PNEF 58
A.1. Objektif
(4) Pwojè ki gen rapò ak pwogram pou chanje kalite edikasyon an nan
Peyi
a (Q) 60
A.2. Objektif de (2) pwojè ki gen rapò ak pwogram pou ogmante kantite lekòl ki
Genyen nan peyi a (X) 60
A.3. Objektif de (2) pwojè ki gen rapò ak pwogram pou fè sistèm edikasyon an rive bay
Moun ki pase ladan l yo bon jan zouti pou yo ka jwenn travay epi pou yo fè travay
Yo pi byen (E) 61
A.4 Objektif de (2) pwojè ki gen rapò ak pwogram
pou bay leta plis mwayen poul kontwole
Sa
k ap pase nan sistèm edikasyon an (G) 61
Premye koze
|
0. Minis la ak ti
gwoup k ap dirije plan an bay lide yo |
0.1
Premye koze minis la
Sa nou wè pi plis nan afè edikasyon kounye
a se kriz sou kriz. Se echèk nan bakaloreya
ak manifestasyon pwofesè lekòl leta. Se de nan prensipal kriz sistèm edikasyon
an. Men, pi souvan, sa kriz yo montre aklè se pwoblèm ki te la deja. Nou
rankontre pwoblèm sa yo anpil nan sistèm edikasyon peyi a. E dokiman sa a ba yo
anpil enpòtans.
Jodi a, Ayiti rive nan yon sitiyasyon kote
gen de kalite sosyete. Li dwe chwazi youn ladan yo. Kalite sosyete ki la kounye
a vle konsève tout kalite enjistis ki genyen yo. Dezyèm kalite sosyete a se yon
sosyete kote tout moun ta dwe gen menm dwa. Kon sa, li ta mennen peyi a nan yon
nouvo sosyete. Nan nouvo sosyete sa a, se enterè popilasyon an pou leta ta
chache pwoteje an premye.
Plan Nasyonal
Edikasyon ak Fòmasyon an se yon pati nan rèv nouvo sosyete a ta renmen
reyalize. Li
montre li pa dakò ak sa ki te konn fèt lontan aklè. Se lekòl ki ta dwe prepare
nou pou nouvo sosyete sa a. Wi, nouvo sistèm edikasyon an gen anpil enpòtans
nan kore demokrasi nan peyi a.
Pou mwen, men kèk
bagay ki enpòtan anpil nan plan an :
Ø mete plis lekòl nan peyi a pou tout
timoun ka al lekòl,
Ø fè sistèm edikasyon an bay pi bon
ranman,
Ø bay pwofesè yo mwayen pou yo travay
nan pi bon kondisyon,
Ø fè bon jan refòm nan Inivèsite leta
a ak nan tout lekòl siperyè yo,
Ø ankouraje fòmasyon pwofesyonèl,
Ø bay ministè Edikasyon nasyonal mwayen
pou l kontwole sa k ap pase nan sistèm edikasyon an
Men, yon gwo chanjman kon sa bezwen patisipasyon tout moun nan
peyi a. Pou plan an vin yon reyalite toutbon vre, fòk
tout moun pran reskonsablite yo. Se pou sa, se divès kalite moun ki te met tèt yo ansanm
pou yo prepare plan an. E se plizyè gouvènman ki te travay minis ki te
la anvan m yo te kòmanse : Viktò Benwa (Ki te fè premye pa a, Emanyèl Bito,
Mito Selesten).
Dokiman sa a, se yon rezime pi
gwo dokiman an Gwo dokiman yo se rezilta ankèt, egzamen, brase lide ki te
kòmanse sou Chal Tadye. Se espesyalis sa a ki te reskonsab pou li prepare
plan an, Se pou m ka kontinye menm travay la ki fè m bay ekri plan an.
Kòm nou nan yon lòt epòk, leta dwe planifye
sistèm edikasyon an, li dwe sispann aji nenpòt jan. Mwen envite tout sektè afè edikasyon konsène pou yo mete men pou nou
reyalize plan an. Se pa leta ak gouvènman an sèlman ki dwe travay pou yo
reyalize plan an. Se sosyete sivil la sitou ki gen enterè travay pou
l rive genyen yon bon sistèm edikasyon modèn. Lè sosyete sivil la fè plan an
tounen plan pa l, lè sa a l ap kapab rive reyalize toutbon vre. Plan an se yon dokiman tout moun ka jwenn :
etidyan, paran, pwofesè, moun ki pase nan inivèsite, moun k ap travay nan
ministè a, ONG, sektè prive, dyaspora, kominote entènasyonal la, eksetera.
Plan an va ede peyi a
prepare moun ki gen gwo konesans. Pèp la konprann sa.
Se sa ki fè li fè anpil efò ak renmen nan kè l pou l voye pitit li lekòl. Sa va
ede nou kontwole jan gen pou n viv nan tan k ap vini yo.
Jak Edwa Aleksi
Minis
Pòtoprens,
novanm 1997
|
0.2 Premye koze ti
gwoup k ap dirije plan an |
Ti gwoup k ap dirije plan nasyonal
edikasyon ak fòmasyon (PNEF) an kontan pou li prezante Plan Nasyonal Edikasyon ak
Fòmasyon an bay popilasyon an. Se yon rezime. Nou jwenn lide moun k ap
travay nan koze edikasyon nan peyi an nan rezime a. Moun sa yo se divès
direksyon nasyonal, direksyon depatmantal, patnè ki nan edikasyon prive, elèv,
etidyan ak paran. Se biwo etid ''Pespektiv'' ki ede nou prepare
dokiman an Premye wòl dokiman sa a se fè moun konnen plan an.
Se yon bagay tout moun konnen : sistèm
edikasyon peyi a pa bon ditou. Lè a rive pou nou di sa nou vle fè epi pou nou
fè sa nou di n ap fè a pou nou amelyore l selon chwa nou. Premye koze a se: ''
di sa nou vle fè'' epi dezyèm koze a menm se : ''fè sa nou di n ap fè ''. Tout
moun k ap travay nan sistèm edikasyon an dwe pran reskonsablite yo toutbon vre
pou plan an ka bay bon rezilta. Ki sa plan an vle di pou gwoup sa yo?
Nou jwenn repons yo nan dezyèm pati dokiman an. Se lide gwoup yo, sa yo ta
renmen wè ki fèt pou plan an ka bay bon rezilta.
Nou swete dokiman sa a - anplis enfòmasyon
espesyal li bay yo - ka ede moun ki li
l pou yo konprann objektif li. Nou swete y a bay konkou pa yo pou fè plan an
mache byen.
Jan Mwasè
Direktè
Ti
gwoup k ap dirije PNEF la
Premye pati travay
la
|
|
|
1. Kout je sou pwoblèm edikasyon nan peyi a |
Sitiyasyon jeneral
edikasyon peyi a se yon katastwòf. Lè yo konpare tout peyi ki nan pati nò tè a,
nan afè edikasyon, se Ayiti ki dèyè nèt. Kèlkeswa jan ou fè konparezon an,
Ayiti dèyè. Lè nou egzamine sistèm edikasyon peyi a, moun rive wè pwoblèm
sistèm nan genyen byen klè. Men kèk nan
pwoblèm yo : 1) kantite moun ki ka
al lekòl nan peyi a twò piti 2)
edikasyuon yo bay la pa yon bon kalite edikasyon, 3) sistèm edikasyon an pa kapab bay moun ki pase la.dan l yo kont
konpetans pou yo jwenn travay epi pou yo fè travay yo byen, 4) ministè edikasyon an pa gen
mwayen pou l kontwole sa k ap pase nan
sistèm edikasyon an byen.
Pwen sa yo devlope depi nan
paragraf 1.1 jouk nan 1.4 Kanta paragraf 1.5, li montre n pou ki sa nou dwe
rezoud pwoblèm sa yo.
|
1.1 Pa gen edikasyon pou tout moun nan peyi
a |
Se pami moun ki gen laj pou travay yo nou
jwenn plis moun ki pa konn li ak ekri. Plis pase mwatye moun ki nan laj pou al lekòl,
56 sou chak 100, pa la lekòl. Pa gen lòt peyi nan pati nò tè a ki gen pwoblèm
sa a. Jan popilasyon an ogmante a (2 sou chak 100 chak ane) p ap bay leta okenn
souf nan lajan l ap depanse nan afè edikasyon.
Paske chak fwa rantre lekòl ap fèt nan mwa d oktòb, gen twòp timoun ki
bezwen al lekòl. Nan dis ane k ap vini yo, ap gen prèske 60 mil nouvo timoun ki
nan laj pou yo al lekòl. Nan dis ane k
ap vini yo, ap gen prèke 60 mil nouvo timoun ki nan laj pou yo al lekòl chak
ane. Poutan pandan senk lane ki sòt pase yo, lekòl leta pa t kapab resevwa plis
pase 20 mil nouvo timoun chak ane. Lè n ap gade pwoblèm timoun ki pa ka al
lekòl la, fòk nou gade jan yo pataje kantite lekòl yo ant zòn ki andeyò ak zòn
ki lavil tou. Gen yuon gwo gwo diferans ant kantite timoun
andeyò ki al lekòl ak kantite timoun lavil ki al lekòl. Andeyò, se sèlman 23
timoun sou chak 100 timoun, ki nan laj pou al lekòl, ki ale lekòl.
|
1.2 Sistèm
lekòl peyi a pa bay bon edikasyon |
Kalite ansèyman an pa bon nan tout
nivo ki gen nan sistèm edikasyon an.
Sistèm nan gaspiye mwayen peyi a epi li fè diplòm ki soti nan peyi a
pèdi valè. Sa fè jèn yo pèdi konfyans nan tèt yo. Yon bon kalite edikasyon se pa
yon bagay ki soti nan syèl. Okontrè,
rezon ki ka fè nou jwenn rezilta sa a klè. Annou egzamine kèk kondisyon ki pou
bay yon bon kalite edikasyon : 1)
materyèl pou pwofesè fè travay yo, 2)
konesans pwofesè yo, 3) kondisyon
travay pwofesè yo, 4) valè tan yo
pran pou yo montre timoun yo sa yo dwe konnen, 5) lòt kondisyon ki gen rapò ak timoun k ap aprann yo2. Kèlkeswa kondisyon ou chwazi a, ou
jwenn sistèm edikasyon peyi a ba anpil. Rezilta
tout bagay sa yo : nivo konesans elèv nou yo pi ba lontan pase sa yo asepte nan
lòt peyi. Nan kondisyon sa a, nou pa
gen mwayen pou n lite kont sa yo rele mondyalizasyon an k ap vanse pou pi devan
chak jou. Yon lòt fwa ankò, nou pa ka separe pwoblèm kalite edikasyon an ak
jan yo pataje kantite lekòl yo ant zòn ki andeyò ak zòn ki lavil. Nivo a pa mem
lè ou konpare divès zòn nan peyi a. Natirèlman, nivo edikasyon yo bay andeyò pi
ba lontan pase nivo edikasyon lavil.
|
1.3
Sistèm
edikasyon an pa prepare moun pou yo Patisipe
toutbon vre nan lavi peyi ni pou yo jwenn travay |
Sistèm edikasyon an pa prepare moun pou yo patisipe
toutbon vre nan lavi peyi a. Moun li prepare yo pa gen kont konpetans. Moun yo
pa aprann konesans teknik pou yo travay. Sa timoun yo aprann lekò pa alamòd
depi lontan. Sa yo montre moun k ap aprann metye anreta devan sa ekonomi peyi a
bezwen. Nou vin depann pi plis de etranje. Konpetans etranje sa yo vin pi chè
chak jou. Tout pwoblèm sa yo fè nou anreta pou nou konprann nouvo teknoloji ki
parèt nan lemonn epi pou nou itilize yo. Kòm peyi ki nan zòn nan. Sa yo rele
mondyalizasyon an ap mache byen vit. An verite, sistèm edikasyon an pa mache ni
ak reyalite peyi a ni ak lide devlopman.
|
1.4
Ministè
edikasyon Nasyonal manke òganizasyon ak
mwayen pou li fè travay li jan li dwe fè l |
Ministè Edikasyon nasyonal manke mwayen pou
li kontwole sa k ap pase nan tout branch edikasyon nan peyi a. Pawòl sa a se
vre prou kèlkeswa branch ou pran an : administrasyon lekòl, jan yo mete lòd nan
tout sa ki genyen nan afè edikasyon, eksetera. Pwoblèm sa a gra anpil. Nou ka
wè anpil nan lekòl ki nan peyi a se lekòl prive. Lè yon moun gen antrepriz
prive, youn nan sa l ap chèche se fè benefis. Tout moun konnen benefis pa
toujou mache ak kalite. Anfen, biwo santral ministè
a ak lòt biwo yo pa travay nan tèt ansanm.
|
1.5 Rezon ki fè nou oblije rezoud pwoblèm sa
yo |
Feblès ki gen nan sistèm edikasyon an bloke devlopman ekonomik peyi a ak
devlopman sosyal peyi a. Peyi a pa gen mwayen
pou l leve defi li gen devan li. Paske devlopman yon peyi depann dirèk
de nivo edikasyon peyi a. Sa vle di, lè nivo edikasyon an wo li bay gwo
devlopman, yon nivo edikasyon an wo li bay yon gwo devlopman, yon nivo
edikasyon ki bay yon ti devlopman. Si nou konpare peyi a ak lòt peyi ki nan
Karayib la, sitiyasyon nou grav anpil. Depans Jamayik ak Trinadad fè nan afè
edikasyon twa fwa pi gwo pase depans peyi pa nou fè. Depi an 1980, Repiblik
Domikèn rekonèt jan nivo sistèm edikasyon primè ak sistèm edikasyon segondè li
desann nèt. Li deside pran tout dispozisyon pou li amelyore kalite edikasyon li
depi 1990. Tout sektè nan Repiblik Dominikèn patisipe nan efò k ap fèt pou yo
amelyore edikasyon nan peyi yo. Li lè li tan pou nou menm Ayisyen nou mete yon
pwogram edikasyon sou pye pou nou ka gen yon pi bon edikasyon nan peyi nou an.
Lòt peyi nan Karayib la fè efò pa yo deja. Jou a rive pou nou fè efò pa nou.
|
2. Pwoblèm yo soti yon sèl kote : Leta pa
gen ni ladrès ni volonté pou l fè chanjman |
Men yon moun pa ka rezoud pwoblèm yo
toutbon vre si li pakonnen kòz yo anvan. Ki
sa ki lakòz tout feblès ki gen nan sistèm edikasyon peyi a ? Kòz yo anpil
epi youn mare ak lòt. Men kòz ki pi grav yo: 1) pa gen bon jan mwayen pou yo sipèvize travay k ap fèt yo, 2) travay yo fèt prese prese epi san
metòd, 3) metòd yo suiv nan travay
yo pa bon, 4) leta te vle yon
sosyete ki chita sou enjistis.
|
2.1
Ministè a pa gen òganizasyon pou l
kontwole sa k ap fèt epi li pa di sa li vle
aklè |
Analiz ki fèt sou sistèm peyi a fè nou wè klè
enstitisyon k ap dirije yo pa konpetan. Paske pa t gen yon politik edikasyon ak
planifikasyon, administrasyon sistèm nan
mache nenpòt ki jan. Tanzantan yo chanje mòd òganizasyon ministè a.
Chanjman sa yo fè anpil inite (sitou direksyon ansèyman yo) pa gen yon travay
klè. Gen inite yo bay fè travay ki pa mache ak misyon
ofisyèl yo (DDE yo). Gen lòt ki gen pwoblèm youn ak lòt. Menm nan INFP, wòl
inite yo pa klè. INFP jwe plizyè wòl depaman. Chanjman iligal k ap fèt
tanzantan nan ministè edikasyon an fè li vin pa gen pozisyon egzat sou anyen. E sa fè anplwaye yo
demisyone. Nou jwenn menm konfizyon sa a nan rektora Inivèsite d Eta d Ayiti.
Relasyon enstitisyon sa a gen avèk ministè a epi ak fakilte prive yo, se yon
bagay ki pa klè ditou.
Anplis biwo santral
ak biwo depatmantal yo pa gen anpil enfliyans sou lekòl yo. Yo pa gen ni kont
lajan ni kont moun ki gen bon jan konesans. Travay kontwòl, travay
administrasyon, travay sipèvizyon ak afè suiv travay enstitisyon yo pa byen
fèt. Nan fen ane 1994, sou 100 lekòl primè prive, se 10 sèlman ki te gen lisans
pou yo travay. Sou 100 kolèj, se 30 ki te gen lisans. Nan afè pedagoji, INFP pa
suiv travay lekòl teknik yo menm. Rektora pa suiv travay enstitisyon yo ak
fakilte yo. Wi, ansèyman siperyè a pa gen yon enstitisyon ki fè travay fakilte
ak lekòl siperyè yo tonbe daplon vre.
|
2.2
Sistèm
edikasyon an chita sou travay prese san metòd |
Dezyèm pwoblèm ki parèt klè se
jan travay yo fèt prese prese epi san metòd. Anpil fwa yo pran desizyon ki pou ede yo rezoud pwoblèm yo gen nan
moman yo prese prese. Kon sa, yo pa sèvi ni ak sèvis teknik ki la pou sa, ni ak regleman ki
ekri pou sa. Anplis, moun k ap dirije enstitisyon an antre an gwo ponyèt nan
administrasyon an san yo pa kite sèvis ki la pou sa fè travay yo. E menm moun sa yo pa fè travay pa
yo. Yo neglije :
Ø prepare politik edikasyon peyi a epi
egzekite l
Ø oganize mwayen yo genyen yo epi
Ø fè travay sèvis teknik yo tonbe
daplon
Menm nan direksyon depatmantal
yo, nan INFP ak nan rektora asèvis yo mal òganize.
Epitou, pa genyen kont dokiman
ekri ni yon sistèm enfòmasyon k ap mache. Sa fè gen plis reyinyon ki fèt prese
prese.
|
2.3 Metòd
yo suiv nan travay yo pa bon |
Lòt pwoblèm ki gen nan administrasyon sistèm
edikasyon peyi a, metòd yo suiv nan travay yo pa bon. Direksyon pèsonèl ministè
a dakò li pa gen metòd nan jan li sèvi ak anplwaye yo. Nan sektè piblik la, yo
anplwaye pwofesè san yo pa suiv regleman ki la pou sa3.
Se menm bagasy pou sipèvizyon, pou evaliyasyon ak pou lè y ap bay moun
pwomosyon. Kanta metòd yo suiv pou depanse lajan leta, yo plis fèt pou frennen
depans yo pase pou yo ede yo egzekite pwogram
nan.
Plizè sèvis nan ministè
Edikasyon nasyonal ap fonksyone ak metòd yo fè pou pwòp tèt yo. Sa bay desizyon
yo pran nan bouch plis valè pase desizyon yo pran sou papye. Epitou, sa fè moun
pi fasil pran desizyon ki pa suiv prensip ki la pou sa lè y ap chèche solisyon
yo bezwen.
|
2.4
Premiye kòz ki esplike tout lòt yo :
leta te vle sosyete a rete san jistis
|
Nou wè gen plizyè rezon ki
lakòz echèk sistèm edikasyon ayisyen an depi prèske 200 zan. Men,
pi gwo rezon an se yon rezon politik. Sosyete ayisyen an òganize yon fason ki
fè tout moun pa genyen menm chans. Se sèl yon ti gwoup moun ki benefisye sistèm
nan. Ni
mas abitan yo ni moun ki nan bidonvil yo pa ladan. Pi gwo mwayen leta genyen se
nan lagrikilti li jwenn li.
|
3.
Prensip politik edikasyon peyi a dwe suiv |
Prensip politik edikasyon peyi
a dwe suiv yo soti nan pwoblèm ak kòz nou sot pale yo. Men prensip yo. Nouvo
sistèm edikasyon an dwe :
Ø
yon
chemen ki mennen nan demokrasi
Ø
ankouraje
moun renmen peyi yo, renmen pran reskonsablite yo
respekte kilti peyi a
Ø mennen peyi a nan devlopman
|
3.1
Dwe gen yon sistèm edikasyon ki bay
demokrasi, ki
pou fè moun renmen peyi a epi ki fè moun
respekte l |
Objektif prensipal edikasyon
pa kapab bay konesans ak teknik pou
ogmante sa pleyi a ap pwodui. Sèlman, lekòl fèt pou bay Ayisyen ki gen bon
kalifikasyon pou travay. Pa gen diskisyon sou sa. Men se pa afè ekonomi sèlman
ki ka di sa yon moun ak yon sitwayen ye. Nouvo sistèm edikasyon an fèt pou mennen moun nan demokrasi. Li dwe fè moun renmen peyi a tou.
|
3.1.1 Sistèm
edikasyon ki bay demokrasi |
Peyi a poko gen yon rejim
demokrasi toutbon vre. Manman lwa peyi a rekonèt dwa ki pi enpòtan tout Ayisyen
genyen. Men demokrasi a poko byen chita. Li ankò frajil toujou, li frajil anpil. Li
poko genyen enstitisyon ki pou mache avè li, enstitisyon ki djanm, ki la pou
lontan, ki ta ka fè l tounen yon reyalite nan sosyete a. Youn nan enstitisyon
ki kapab fè sa rive se edikasyon. Dwa prensipal ki di ''edikasyon
pou tout moun'' poko tounen verite.
Konferans mondyal sou edikasyon ki te fèt
an 1990. Jomsyen, nan peyi Taylann lan
di : ''Tout timoun, tout jwenn moun ak
tout granmoun ta fèt pou jwen edikasyon fondamantal''.
Lekòl pou tout moun fèt pou fòme chak Ayisyen pou l vin yon sitwayen. Yon moun
ki pa konn li ak ekri tounen maryonèt nan men lòt moun, sa vle di, yo ka fè l
kwè oubyen yo ka fè l fè sa yuo vle. Yon moun kon sa pa kapab patisipe nan lavi
sosyete a san konkou lòt moun. Lekòl montre moun konprann lavi yo epi pou yo
sèvi ak entèlijans lè y ap chwazi yo pou yo kritike sa ki merite kritike. Natirèlnan, lekòl pou tout moun se poko
demokrasi. Men se youn nan kote moun aprann demokrasi pi
byen
|
3.1.2
Sistèm edikasyon ki pou fè moun renmen
peyi a
epi ki pou montre yo pran responsablite yo |
Sa nesesè poun yo bay timoun
yo fòmasyon sou sa ki konsènen afè peyi yo ak sou libète. Sistèm lekòl la dwe fè
travay sa a an premye. Fòk nou mete yon
sistèm lekòl k ap fè moun gen plis respè pou lajan leta ak byen leta kanpe. Sa
dwe fèt pi byen pase jan sa fèt nan fanmi, nan legliz. Fòk nou fè leta a tounen
yon leta ki la pou pwoteje peyi a toutbon vre.
|
3.2 Yon sistèm
edikasyon ki respekte kilti peyi a
epi ki
pou fè peyi a devlope |
Move kalite edikasyon nan
peyi d Ayiti se rezilta feblès peyi a nan afè devlopman. Jis jodi a, 62 moun
sou chak 100 ap travay tè. Men zouti yo sèvi pou fè travay sa a twò ansyen. Se
ak kalite zouti sa yo yo te konn sèvi anvan diznevyèm syèk oubyen nan kòmansman
diznevyèm syèk. 80 moun sou 100 ap viv nan gwo mizè, y ap soufri anba
malnitrisyon epi yo manke lijyènl. Kantite moun k ap ogmante nan peyi a tout tan lakòz
kantite lajan peyi a fè kontinye bese.
Yon
sistèm edikasyon ki pa ta chèche devlope peyi a pa ta gen okenn valè. Jodi a, premye
richès peyi a se moun ki rete ladan l. Sistèm edikasyon peyi a dwe mache
toutbon vre ak nouvo teknik yo fèk met sou pye yo.
Si lekòl meprize kilti peyi a, li p ap rive mete peyi a sou chemen devlopman toutbon vre. Nou rekonèt lekòl retire moun nan anviwònman pa yo pou l makònen yo ak lòt moun sou latè. Men plis lekòl makònen Ayisyen ak lòt moun ki sou latè, se plis li dwe fè yo vin pi pre pwòp kilti peyi pa yo. Lekòl ede moun renmen kilti peyi yo pi byen paske li ede yo konpare kilti pa yo ak kilti lòt peyi. Konsa, yo ka wè sa ki bon ladan l.
|
4
Solisyon problèm nan : yon repons byen kalkile leta
kontwole |
Tout sa nou sot di la yo enpòtan. Men nou fèt pou n egzamine ki sa ki pi enpòptan. Sa ki pi enpòtan ladan yo e ki mennen tout lòt yo
se chèche yon repons nan tèt ansanm.
Solisyon degrennen p ap kont. Epi bon repons nou ka jwenn
nan tèt ansanm se lè nou prepare yon plan
jeneral.
Se
leta ki dwe jwe pi gwo wòl nan plan sa a. Gen anpil rezon ki esplike
pou ki sa sistèm edikasyon peyi a pa bay bon rezilta. Men
pi gwo rezon an se yon rezon politik. Yo te fè ansyen sistèm nan pou de twa grenn
moun. Yo te meprize mas pèp la ki kapab ranje sitiryasyon an. Anplis, se sèl leta ki gen pouvwa, ki gen
fòs politik ak fòs nan afè administrasyon ki nesesè pou chanje bagay yo. Se
leta sèlman ki gen pouvwa pou l prqan yon gwo moso nan richès peyi a pou fè
plan an reyisi.
O dènye rezime, nou bezwen yo Plan
Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon leta ap dirije tankou yon mayestwo. Se vre, si
leta ekri mizik la epi li dirije djaz la, li pa kapab jwe tout enstriman yo ni
li pa dwe jwe yo. Yon gwo aktivite kon sa pa ka reyisi si li pa chita toutbon
vre sou tèt ansanm.
|
4.1 Sa ki genyen nan solisyon yo pwopoze a;
pwojè ak rezilta pwojè |
|
Pou youn moun konprann sa yon plan ye byen, li
merite konnen sa yon pwojè ye anvan. Kon sa, ki sa yon pwojè ye ? Nan travay n
ap fè a, yon pwojè se yon seri aktivite oubyen yon seri travay ki bay yon
rezilta. Fòk gen yon moun ki kapab mezire rezilta a. Rezilta yo kapab mezire
a, se ''pwodui'' pwojè a. Yo gen yon sèl pwodui si lè yo jwenn pwodui sa a,
epi yo jwenn ni nèt. Paregzamp, aktivite yon otobis k ap mennen timoun lekòl
chak jou pa yon pwojè. Paske si sa fèt byen yon jou, sa kpa vle di ou pa gen
anyen pou fè nan demen. Okontrè, òganize kèk aktivite pou y9 rive met travay
mennen timoun lekòl la sou pye se yon pwojè paske, depi afè mennen timoun
lekòl la mache yon fwa, ou jwenn rezilta pwojè a. Yo mezire yon pwodui pou yo konnen si yo jwenn
rezilta y ap chèche a oubyen si yo pa jwenn li. Paregzanp, fè moun wè
enpòtans Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon an pa yon pwojè. Men, fè 10 moun
sou chak 100 moun nan popilasyon an konnen plan an egziste, fè yo konnen l,
se yon pwojè li ye. |
|
Yon pwodui pa yon pwojè. Yon pwodui se rezilta yon
pwojè. Se pwodui yon pwojè ki fè yo rekonèt valè pwojè a. Youn nan pi gwo
rezon ki fè yon pwojè pa bay bon
rezilta se lè pwodui pwojè a pa klè. |
|
4.2 Divès kalite pwojè : ti pwojè, pwojè,
pwogram, plan misyon |
|
Gen yon
sèl pwodui pou yon pwojè. Men, yo ka
separe rezilta a an plizyè moso, plizyè ''moso rezilta''. Chak moso rezilta
sa yo soti nan yon '' moso pwojè''. Yon pwogram se plizyè pwojè ki gen rapò youn ak lòt. Yon plan se plizyè pwogram ki gen rapò youn ak lòt. Yon misyon se plizyè plan ki gen rapò youn ak lòt.
Se kon sa Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon an antre nan misyon jeneral
ministè Edikasyon Nasyonal la. |
De desen nou pral jwenn yo
montre gen pwojè ki pi gwo pase lòt.
Men, gen yon bagay nou dwe
konnen. Sa yo rele ''pwojè'', ''moso pwojè'', oubyen ''plan'' se yon keksyon
gwosè. Reyalite
fòm tout ''pwojè'' toujou menm jan. Men se enstitisyon yo ak antepriz ki dakò
pou yuo di sa ki yon pwojè, sa ki yon moso pwojè, sa ki yon pwogrqm dapre gwosè
yo.
|
4.3 Jan
pwojè yo mache |
Dirije yon pwojè se fè tout
sa yo dwe fè pou pwojè a rive bay pwodui li, sa vle di pou pwojè a rive
reyalize. Li dwe reyalize nan tan yo te prevwa a, ak lajan yo te prevwa epitou
jan yo te prevwa a. Yo ka konpare dirije yon pwojè ak kondui yon machin. Yo bay yon moun oubyen yon gwoup moun fè yon
travay. Moun ki reskonsab dirije pwojè a sèvi ak de syans ak de kalite konesans
: jesyon pwojè ak jesyon kalite. (Gade 6.2.2. ''Ti gwoup k ap dirije plan
an'').
GEN PWOJÈ
KI PI GWO PASE LÒT

Gen pwojè ki pi gwo pase lòt


|
|
5. Plan Nasyonal
Edikasyon ak Fòmasyon |
Se ministè Edikasyon Nasyonal ki
mete Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon an (PNEF) sou pye. Nan plan sa a nou
jwenn tout sa ki nesesè pou rezoud pwoblèm nou sot pale yo. Rès dokiman n ap li
a fè n konnen sa ki gen nan plan an. Men, anvan n ale pi lwen, li bon pou nou
gade annaryè pou nou wè kote plan an sòti. E n a wè chemen an te long.
|
5.1. Kòman PNEF te kòmanse |
|
5.1.1. Refòm Bèna a |
Se an
1982 yo te kòmanse premye gwo travay pou fè yon refòm nan sistèm
edikasyon peyi a. Yo te rele li refòm Bèna, paske minis edikasyon nasyonal ki
te la lè sa a te rele Bèna. Dapre refòm
nan, chanje sistèm edikasyon an ta bon. Refòm nan te chita sou òganizasyon yon
ansèyman fondamantal ki dire 10 ane. Peryòd tan sa a divize an 3 moso : 4 ane,
3 ane ak 3 ane ankò. Apre 10 an sa a, elèv la rive nan yon nouvo lekòl segondè
ki dire 3 ane. Apre sa elèv rive nan bakaloreya jeneral oubyen bakaloreya
(bakaloreya teknik oubyen bakaloreya pedagojik). Lide sa a te pote anpil bon bagay nan edikasyon. Li te ankouraje anpil
pwofesyonèl ayisyen ki te rete aletranje vin travay nan peyi a nan sektè
edikasyon Anpil moun te patisipe nan brase lide sou afè edikasyon. Ekriven
ayisyen te pibliye nouvo liv lekòl Yo te mete yon komite nasyonal sou pye pou
prepare pwogram edikasyon. Yo te kreye Enstiti Pedagojik Nasyonal. Yo te kreye
direksyon planifikasyon tou. Te gen anpil lòt lide ankò.
Yo te mete yon òganizasyon sou pye pou
prepare konrikoulòm ak liv lekòl ki chita sou reyalite peyi a. Te gen lòt lide
enpòtan ankò tankou :
Ø sevi ak lang kreyòl nan lekòl,
Ø chanje pwogram lekòl yo,
Ø sèvi ak nouvo metòd pedagojik,
Ø fè aktivite bay pwofesè fòmasyon
tout tan vin yon aktivite ofisyèl,
Ø vin ak lòt metòd evaliyasyon
Men yon kesyon ki enpòtan anpil yo te poze pou premye fwa nan peyi a :
ki kantite lajan branch edikasyon peyi a bezwen epi ki moso nan bidjè leta yo ta
dwe bay pou afè edikasyon.
Pèsonn pa ka di pa t gen
volonte pou yo kreye yon systèm ki bay pi bon rannman epi k ap pi itil peyi a
Men fòk nou rekonèt gen kèk mank nan refòm sa a. Te gen anpil reta nan
preparasyon pwogram yo ak nan fè liv ak lòt materyèl yo bezwen pou fè lekòl. Sa tevinfè te genyen
de kalite lekòl : lekòl tradisyonèl ak lekòl ki te suiv refòm nan. Se gwo
anplwaye ki gen gwo lekòl tradisyonèl ak lekòl ki te suiv refòm nan. Se gwo
amplwaye ki gen gwo otorite ki te fè chanjman yo, san yo pa t mande lòt moun sa
yo panse sou sa. Kon sa, paran pa t kwè nan sa k t ap fèt epi pwofesè te vin
pè. Sa te vin fasil pou sektè ki pa renmen pwogrè yo konbat refòm nan.Yo te
sèvi ak pouvwa politik epi ak kèk vye lide ki te pi fò nan sosyete a pou yo konbat
li. Sa klè refòm Bèna a pa t ap bay ankenn rezilta. E li pat bay ankenn rezilta
vre.
|
5.1.2. Plan ki la jodi a |
Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon (PNEF)
nou gen konye a se rezilta yon travay ki long. Yo kòmanse fè reyinyon sou sa nan
tèt ansanm an desanm 1993. Gouvènman konstitisyonèl la te rive met yon komite
sou pye ki te la pou l prepare yon seminè. Seminè a te fè moun wè nesesite pou
gen yon Plan Nasyonal Edikasyon. Premye seri reyinyon yo te rive fè yo met Biwo
Egzekitif PNEF 2004 sou pye an 1994. Biwo a te jwenn konkou UNESCO, UNICEF ak
USAID. Biwo a te gen pou l kontwole yon travay yo t ap fè nan tèt ansanm. Li te
gen pou l rive bay premye Plan Nasyonal Edikasyon pou Ayiti.
Mou sou ki travay
dokiman n ap li a chita :
Ø ti jounal gwoup refleksyon estratejik (GRS);
Ø egzamen Biwo Egzekitif Plan an te fè nan nèf depatman peyi a;
Ø egzamen teknik yo te reyalize sou sistèm edikasyon Ayiti ak èd
(asistance technique) Reserach Triangle Institute;
Ø dènye pawòl ak rekòmandasyon ki te sòti nan ''Etats généraux de
l'Education'' ki te fèt an janvye 1996.
Kon sa, Plan Nasyonal la se
travay plizyè moun. Se travay yon gwoup moun, PNEF se rezilta travay ankèt ak
reyinyon ki te fèt nan tout peyi a ak moun ki pi enterese nan afè edikasyon
tankou : pwofesè, anplwaye ministè a, sektè prive a, eksetera.
|
5.2 Sa ki mam PNEF la : pwogram ak pwojè |
|
5.2 .1 Pwogram : kat gwo travay ki gen pou fèt |
PNEF
genyen kat gwo pwogram ak plizyè pwojè. Men sa ki nan pwogram yo : 1) fè sistèm
edikasyon peyi a bay plis rannman, 2) mete plis lekòl nan peyi a 3) fè sistèm edikasyon an kapab bay moun ki pase lekòl
konpetans pou yo ka jwenn travay epi pou yo jwenn nan pi byen, 4) ede leta
ogmante mwayen l genyen pou l kontwole sa k ap pase nan sistèm edikasyon an.
|
A. Pwogram pou fè sistèm edikasyon an bay plis rannman |
Pwogram sa a fè sèvis yo bay
nan afè edikasyon bay pi bon rannman epi l ap ede elèv ak etidyan aprann etan y
ap suiv travay yo pi byen. Se pa an favè sektè piblik la ase pwogram sa a ap
fèt. L ap nan avantaj sektè prive a tou. Y ap ka kontwole lekòl fondamantal la
pi byen.
Men pi gwo objektif
plan an genyen ki gen rapò ak pwogram nan.:
·
Bay moun
k ap travay nan sistèm edikasyon an pi bon fòmasyon, espesyalman pwofesè
yo;
·
Ankouraje
efò k ap fèt pou gen plis lekòl segondè nan peyi a epi mete lòt mòd òganizasyon
sou pye;
·
Bay
timoun yo plis èd pou yo kapab aprann pi byen;
·
Bay
elèv lekòl leta ak elèv lekòl prive liv;
·
Fè
moun k ap fè lekòl yo santi yo gen plis enpòtans
|
B. Pwogram pou mete plis
lekòl nan peyi a |
Pwogram sa a ap mete plis lekòl leta pou
timoun lavil ak timoun andeyò fè etid primè.
Men pi
gwo objektif plan an genyen ki gen rapò ak pwogram nan :
·
Mete plis lekòl, espesyalman lekòl
fondamantal ak lekòl segondè;
·
Mete lòd ak disiplin nan pwogram
alfabetizasyon ak nan tout lòt aktivite ki gen rapò ak
edikasyon pou gramoun
|
C.
Pwogram pou fè sistèm edikasyon an kapab
bay moun ki pase lekòl konpetans pou yo ka jwenn travay epi pou yo fè travay yo
jwenn nan pi byen |
Pwogram nan vle devlope sistèm fòmasyon
teknik ak fòmasyon pwofesyonèl. Li vle devlope ansèyman siperyè tou.
Men pi gwo objektif plan an genyen ki gen
rapò ak pwogram nan :
|
·
Rekòmanse fè fòmasyon pwofesyonel ak fòmasyon teknik pou apiye efò pou
yo mete lòt eknoloji epi pou fè fòmasyon yo bay nan peyi a vin pi
itil moun toutbon vre nan travay y ap fè. ·
Oganize Inivèsite d eta d Ayiti pi byen epi bal mwayen pou l ka
resevwa plis etidyan. ·
Mete yon sistèm Inivèsite ki gen plizè branch sou pye, yon inivèsite
ki enterese nan afè rechèch pou peyi a avanse nan afè ekonomi |
|
D. Pwogram
pou ede leta gen plis mwayen pou l kontwole sa k ap pase nan sistèm
edikasyon an |
Men pi gwo objektif plan an genyen ki gen
rapò ak pwogram nan :
·
Bay
ministè a plis mwayen pou l ka kontwole
sa kap pase nan tout nivo sistèm edikasyon an
kit se nan jesyon travay administrasyon, kit se nan jesyon
afè pedagojik.
|
5.2.2. Kèk pwojè |
Gen anpil efò ki kòmanse fèt
poun reyalize kèk pwojè tankou : 1) bay metye pwofesè lekòl plis valè; 2) distribiye liv ak lòt materyèl; 3) ede leta gouvènen sistèm nan epi
kontwole l byen. Annou nonmen twa nan pwojè sa yo : Pwojè
EXENP II;`Pwojè '' Apui à l'Éducation en Haïti''; ak Pwojè '' Renforcement Institutionnel''. Men òganizasyon ki bay kòb
pou pwojè sa yo : Bank Entèamerikèn pou Devlopman, pou premye pwojè a;
Koperasyon peyi Lafrans, pou dezyèm pwojè a; ak PNUD, pou twazyèm pwojè a.
Men, yo poko fin
prepare kèk nan pwojè ki gen pou reyalize nan pwogram sa yo. Tablo ki nan lòt
paj la (Pwogram ak pwojè) ap montre 16 lide pwojè yo chwazi deja. Pwojè sa yo
antre nan tou le kat pwogram yo Anèks ki mache ak dokiman sa a ap prezante
objektif 10 pwojè yo.
Pwogram ak pwojè
|
Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon |
Pwojè |
|
PWOGRAM POU RENFÒSE (AMELYORE)
KALITE EDIKASYON NAN PEYI YA ·
Pwojè pou bay pwofesyon pwofesè plis valè ak pou bay pwofesè yo
fòmasyon (Projet Q1) ·
Pwojè pou met sou
pye yon sistèm pou fè liv lekòl ak distribye yo (Projet Q2) ·
Pwojè pou met sou
pye yon sistèm pou prete etidyan yo lajan (Projet Q3) ·
Pwojè pou met pye
lekòl fondamantal aplikasyon yo (''EFACAP'') (Projet QF1) ·
Pwojè pou prepare
lekòl nòmal pou pwofesè yo ak pou ba yo plis valè (Projet QF2) ·
Pwojè pou reòganize
ansèyman nan inivèsite et pou devlope rechèch nan lasyans (Projet QU1) ·
Pwojè pou reòganize
Inivèsite Deta Dayiti (Projet QU2) |
|
|
PWOGRAM POU OGMANTE QUANTITE LEKÒL KI GENYEN NAN PEYI A ·
Pwojè pou konstwui
lekòl nèf pou de (2) premye nivo (''deux premiers cycles'') ansèyman
fondamantal la nan seksyon kominal ki pòv yo (Projet XF1) ·
Pwojè pou kreye
nouvo klas twazyèm nivo ('' 3e cycle'') nan EFACAP yo (Projet
CXF2) ·
Pwojè pou
desantralize ansèyman siperyè piblik la ak pou kreye nouvo pwofesyon ladan li (Projet XU1) |
|
|
PWOGRAM POU FÈ SISTÈM EDIKASYON AN KAPAB BAY MOUN KI PASE
LADAN L KONPETANS POU YO KA JWENN TRAVAY AK FÈ TRAVAY YO JWENN NAN PI BYEN ·
Pwojè pou modènize
sistèm nasyonal fòmasyon pwofesyonèl ak pou reòganize INFP
(Projet ET1) ·
Pwojè pou chèche
moun ki gen konpetans pou devlope ansèyman siperyè ak rechèch nan
lasyans (Projet UE1) ·
Pwojè pou met sou
pye yon pwogram pou fòme moun kap travay nan sektè enfòmel la
(Projet ENF1) |
|
|
PWOGRAM POU EDE LETA OGMANTE KAPASITE L POU L KONTWOLE SA
KAP PASE NAN SISTÈM EDIKASYON AN ·
Pwojè pou ede leta
ogmante kapasite l pou kontwole sa kap pase nan sistèm edikasyon an nan
branch administrasyon (Projet G1) ·
Pwojè pou ede leta
ogmante kapasite l pou l kontwole sa kap pase nan sistèm edikasyon an nan branch pedagoji
(Projet G2) |

![]()
![]()
![]()
![]()
![]()
![]()
![]()
![]()
![]()

|
6.1.2 Nan chita pale ak tout sektè |
MENJS ap travay men nan men ak kèk moun afè
edikasyon an enterese an permye tankou : 1) Moun ki rete nan zòn kote lekòl yo
ye a ; 2) Asosyasyon lekòl prive; 3) Asosiyasyon paran; 4) Asosiyasyon moun k
ap travay nan sistèm edikasyon an; 5) ONG k ap travay nan afè edikasyon; 6)
Ministè k ap òganize fòmasyon (Afè `Sosyal, Sante, Agrikilti, Jistis, Travo
piblik); 7) Sektè ekonomi an; 8) Zanmi peyi a genyen nan kominote entènasyonal
la.
|
6.1.3 Mete biwo pou kontwole afè edikasyon nan
tout peyi a |
Ministè a pral fè direksyon depatmantal yo
vin pi maton nan koze pedagoji ak administrasyon. Sa va fè gen pi bon rapò ant
otorite ki reskonsab administrasyon ak reskonsab lekòl. Sa va fè administrasyon
sistèm edikasyon an fonksyone pi byen. Desantralizasyon an ap fè direksyon
depatmantal yo vin gen plis mwayen pou yo kontwole sa k ap pase nan sistèm nan
etan y ap vin reskonsab yon seri koze ki te sou kont biwo santral. E sa va ede
direksyon depatmantal yo jwe wòl yo ki vin pi plis.
|
6.1.4. Lekòl kominotè |
Sa enpòtan anpil pou asosiyasyon paran ak
kominote lokal yo patisipe toutbon vre nan administrasyon lekòl yo. Sa nòmal
pou paran patisipe epi se yon bagay ki chita sou prensip jistis. Vrèmanvre,
paran depanse anpil lajan pou edikasyon pitit yo. Sase yon verite ni nan lekòl
leta ni nan lekòl prive. Patisipasyon sa a nesesè pou lekòl yo fonksyone. Sa ap
fè direktè lekòl ak pwofesè pran reskonsablite yo devan kominote a Ministè a ap
ankouraje plis moun patisipe gras ak liv l ap ekri sou sa.
|
6.2 Sa ki
prevwa pou yo reyalize plan an |
Men òganizasyon ki pral fè
plan an mache
Ø Gran konsèy Edikasyon an
Ø Ti gwoup k ap dirije plan an
Ø Ekip teknisyen k ap patisipe nan plizyè program plan an
Nou pral wè sa enstitisyon
sa yo ye epi ki wòl yo.
|
6.2.1 Gran
Konsèy Edikasyon an |
Se ministè Edikasyon nasyonal
k ap dirije Gran Konsèy Edikasyon an.Man enstitisyon k ap ladan :
Ø
Ministè
Sante, ministè Agrikilti, ministè Finans ak ministè Afè sosyal;
Ø
Reprezantan
patwon ak asosiyasyon pwofesyonèl;
Ø
Reprezantan pwofesè ak asosiyasyon lekòl prive;
Ø reprezantan paran.
Se Gran Konsèy Edikasyon an ak Konseye ministè Edikasyon Nasyonal
k ap di wout politik jeneral Edikasyon peyi a dwe pran. Gran Konsèy Edikasyon
an ap fè reyinyon de fwa nan yon ane pou l egzamine rapò k ap ede li suiv ki
jan plan an ap mache epi pou l bay konsèy pou fè plan an mache pi byen.
|
6.2.2 Ti
gwoup k ap dirije plan an |
Ap gen yon ti gwoup k ap
dirije plan an. Ti gwoup sa a nan Direksyon jeneral ministè a oubyen nan Biwo minis la. Wòl li se : mete lòd nan plan, ede
responsab yo suiv jan l ap mache. Li p ap la pou l pran direksyon teknik yo nan plan an. L ap
ede yo kòmanse travay ki nesesè pou plan an mache. Men li vle ede sèvis teknik ministè a
ki gen pou yo kontwole fason plan an ap mache.
Se ti gwoup k ap dirije plan an k ap ede ministè a wè rezilta plan an
bay. Se yon kòdonatè ki dirije gwoup
la Gen teknisyen, fonksyonè ak konsiltan wo nivo k ap ede kòdonatè a.
|
6.2.3
Ekip teknisyen k ap travay nan divès
pwogram plan an |
Y ap monte ekip sa yo
firanmezi yo mete divès pwogram ki nan plan an sou pye. Chak ekip ap gen pou l suiv sa k ap fèt. Travay sa a ap ede li jwenn
youn nan rezilta espesyal l ap chache yo.
|
6.2.4. Dat yo prevwa pou yo reyalize divès pwogram plan an |
Y ap pran 10 an pou egzekite plan an (1997-2007).
|
7.
Lajan pou ekzekite plan an : leta ap chache lajan
tout Kote epi l ap evite gaspiyaj |
PNEF la ap koute anpil kòb
paske travay ki gen pou fèt yo anpil.
Se yon prèv ki montre leta bay Edikasyon priyorite pou l devlope peyi a.
Estrateji pou jwenn lajan pou egzekite plan an montre se yon gwo mouvman ki san
parèy leta peyi a ap fè. Leta ap reskonsab yon pòsyon nan depans Edikasyon. L
ap depanse sitou nan edikasyon fondamantal ak nan ansèyman segondè. Men pi gwo estrateji
a chita sou chache lajan tout kote pou finanse plan an. Plan a va sèvi pou fè
tout lajan k ap soti divès kote suiv yon sèl wout. Se pou sa tèt ansanm ant
asosiyasyon, leta ak sektè prive a enpòtan. Sa
ap ede leta evite gaspiye lajan k ap depanse nan sektè edikasyon an.
|
7.1.
Lajan leta |
Nan ane ki sot pase yo, leta
te depanse anpil lajan nan afè Edikasyon. Nan bidjè leta, pòsyon k al nan
Edikasyon 2 fwa pi plis pase sa kat dènye ane anvan yo. An menm tan, gen yon
efò ki fèt pou amelyore kapasite ministè a pou l kontwole sistèm edikasyon an.
Men pou ane k ap vini yo, nou p ap bay tèt nou manti sou kantite kòb leta ap
kapab depanse. Gen de pwoblèm. Premye a se konsekans aktivite refòm nan administrasyon
leta a. Nenpòt ki lè, sa ap fè depans
leta nan afè edikasyon diminye oubyen ralanti. Mete sou sa, gen lòt sektè ki
gen priyorite tou : sante, agrikilti, popilasyon, devlopman zòn adeyò. Sektè sa
yo ap bay leta presyon pou l ba yo anpil lajan.
|
7.2. Lajan fanmi ak antrepriz prive |
Anpil paran depanse lajan pou edikasyon
pitit yo. Genyen ki depanse kòb yo mande nan lekòl leta. Gen lòt ki peye gwo kòb yo mande nan kelòl prive. Moun pa fèt pou sezi
lè yo tande paran depanse anpil anpil kòb pou edikasyon timoun yo. Paske anpil
nan timoun ki nan lekòl primè ak nan lekòl segondè se nan lekòl prive yo ye. An 1994/95, yon
milyon paran depanse 3,4 milya goud antou pou pitit yo ki nan lekòl prive.
Mete sou sa, plizyè ONG ak enstitisyon
prive k ap travay gras ak lajan paran ak lajan divès antrepriz ede kèk aktivite
nan plizyè nivo nan branch edikasyonl Paregzanp, Educa S.A. te jwe yon gwo wòl
nan devlopman Inivèsite Kiskeya. PNEF
bay elèv ki sot nan fanmi ki pa gen mwayen bous d etid.
Ministè a ap sèvi ak PNEF pou l kontinye
ankouraje sektè prive a bay èd nan ekikasyon. Se vre, lajan leta genyen p ap
kont pou li reyalize objektif yo chwazi nan plan an : ''lekòl pou tout moun ''.
Sa se yon verite kèlkeswa jan yon moun wè kesyon an.
|
7.3
Lajan etidiyan |
Nan ansèyman siperyè - menm
nan Inivèsite d Eta d Ayiti - etidyan yo peye lajan enskripsyon (150 goud) pou
yo patisipe nan konkou pou yo antre nan inivèsite a. Yo peye frè pou tout ane a
e chak fakilte fikse pri a fason pa yo. Kanta enstitisyon prive ki nan ansèyman
siperyè yo, anpil ladan yo fonksyone san yo pa jwenn okenn èd. Nan enstitisyon sa
yo, chak etidyan depanse 5,000 goud kon sa pou pipiti chak ane. Lajan sa a se
lajan depans jeneral ak lajan yo peye pou tout ane a. Mete sou sa, gen ant 2
000 3 000 etidyan ayisiyen k ap etidye nan inivèsite Etazini san rezidans. Chak ane yo depanse ant 30 a 40 milyon dola ameriken. Si sistèm inivèsie
peyi nou rive bay paran yo kont garanti pitit yo ap jwenn bon fòmasyon, yo ta
depanse mwens lajan.
|
7.4. Lajan
ONG |
ONG yo jwe anpil wòl nan bay lajan pou
edikasyon. Yo fonksyone plizyè fason. Sa fè kòb yo bay la depanse plizyè fason tou.
Lè yo mete yo ansanm, ONG entènasyonal ki okipe afè parenaj timoun bay pliziyè
dizèn milyon dola ameriken chak ane nan Edikasyon peyi d Aiyiti. Yo pa byen separe lajan sa a.
Plan an ka fè gen tèt ansanm, bon kolaborasyon ant ministè a ak ONG yo. Sa ta
kapab mennen nou nan chemen rezilta n ap chache.
|
7.5. Lajan k ap sòti aletranje |
Kominote
entènasyonal la k ap bay peyi a èd, fè anpil pwojè nan koze edikasyon. Pwojè sa
yo ap koute apeprè 100 milyon dola ameriken pou 3 a 4 lane k ap vini yo. Plan
an fè bon jan preparasyon pou pwogram divès ajans koperasyon yo tonbe daplon. Kon
sa, ya byen sèvi ak lajan yo pou
evite gaspiyaj. Yo p ap
fè yon bagay plizyè fwa.
|
7.6 Posiblite
pou asosyasyon ak entrepriz prive jwenn kredi pou edikasyon |
Gen posiblite pou n
ta travay ansanm ak entrepriz prive yo. Modèl
kolaborasyon Educat-Inivèsite Kiskeya sanble trase yon chemen ki bay lespwa.
Asosiyasyon anomin pou yo jwenn lajan an. Mete sou sa, li ka ede yo jwenn kòb
prete kpou inivèsite a ka pran plis etidiyan epi pou l ka vin pi bon. Sektè prive ayisiyen
an prete pou l travay ansanm ak leta nan sans sa a. Leta ta k ede yo peye
enterè dèt yo oubyen sèvi yo garanti. Patisipasyon Leta se yon kondisyon nesesè
pou sektè prive a ta antre nan branch sa a.
Dezyèm
pati travay la
|
8. Sa moun
k ap travay nan sistèm edikasyon an panse |
|
8.1 Sa direktè teknik nasyonal panse |
|
Plan an pa ta dwe bay tout fòs li nan fomasyon bay lekòl e
pou l ta neglije lòt kalite fòmasyon yo |
¨
Yon patisipan : Plan rele jounen jodi ya '' Plan Nasyonal
Ekikasyon ak fomasyon'' […]. Sa ki ekri nan dokiman plan an montre aklè
edikasyon yo bay lekòl. Men kote branch ''fòmasyon'' an nan tou sa ? Fòmasyon
granmoun yo gen anpil enpòtans. PNEF la ta dwe ba li yon
plas ki pi gran, yon pi gran atansyon.
¨ Yon patisipan : Fakilte yo, inivèsite fòmasyon pou moun ki deja ap travay, tout domèn sa yo dwe jwe tou yon gran wòl nan plan an. Yo fèt pou ba yo yon gwo atansyon.
|
Jounen
jodi ya, òdinatè yo konekte youn ak lòt pou fome sa yo rele rezo enfomatik.
Koneksyon yo sòti nan yon biwo, yon vil, yon peyi, pou rive nan lòt biwo, lòt
vil, lòt peyi, nan lemond antye. Fòk plan an pa neglije tout bagay sa yo. |
¨
Yon patisipan : Fòk plan an pa blye nap viv nan epòk
rezo enfòmatik (Internet ak lòt rezo). Tout bagay sa yo merite jwenn plas yo
nan plan an.
|
PNEF dwe gen yon plas pou fomasyon moun ki andikape
yo |
¨ Yon patisipan : Pou yon pi bon lekòl ayisyen, fòmasyon andikape yo gen anpil enpòtans. PNEF la ta dwe gen yon plas pou kesyon sa a.
|
8.2. Sa direktè depatmantal yo panse |
|
Plan an fèt kpou aplike prese prese. Fòk li pa kanpe
nan wout. Eske nou gen lajan pou fè l mache ? |
¨ Yon patisipan : Yo tann twòp pou aplike plan an. Poutan se yon kannòt pou sove peyi kap neye. Nou tout fèt pou kenbe kannòt sa a. […] Men mwen gen lakrentif pou plan an. Map mande si se pa lajan etranje sèlman ki pral fè plan an mache. Ki kote lajan pou fè plan an mache ap sòti ?
|
Plan
dwe fè anpil efò pou bay metye pwofesè plis valè |
¨ Yon patisipan
: Youn nan pwen ki pi enpòtan nan plan an se desizyon pou bay pwofesyon pwoesè
plis valè. Vrèmanvre, si pwofesè yo pa rive viv ak travay yap fè ya, si yo kontinye
ap kouri sòt nan yon lekòl al nan yon lòt pou yo ka jwenn dekwa pou yo viv,
plan an pap reyisi. […] Bezwen ki pi nesesè yo pa satisfè.
|
Plan ta fèt pou antre nan yon gwo pwojè sosyete4 |
¨ Yon patisipan : Yon plan nasyonal edikasyon ak fòmasyon ta fèt pou antre nan yon gwo pwojè sosyete. Chak moso nan pwojè sosyete sa a ta montre chemen pou devlope peyi a, […] Si, apre kèk lane, nou rive gen yon pwojè sosyete, èske plan nou gen la a pap depaman ak li ?
|
Fòk nou
mete palmantè yo nan brase lide kap fèt sou plan an |
¨ Yon patisipan : Se palmantè yo ki la pou aksepte plan an. Kidonk fòk nou ankouraje yo pou yo apresye plan
an. […] Sètadi, fòk yo mete palmantè yo
nan brase lide kap fèt sou plan an.
|
Fòk yo fè tout moun konnen sa ki nan dokiman plan
an. Fòk yo fè tout moun enterese nan plan an. |
¨ Yon patisipan : Tout moun fèt pou konnen sa ki nan dokiman plan an. Pwofesè yo, elèv yo, direktè nasyonal yo, direktè depatman yo, tout moun fèt pou li sa ki gen nan plan an. Kanta direktè depatman yo, se yo ki reprezante pi bon chemen pou fè pase tout pwojè ki gen rapò ak edikasyon. […] Enspektè yo tou dwe jwe yon gran wòl. Poutan, souvan, lè ou wè yon enspektè, ou pale ak li de plan an e ou dekouvri li prèske pa konn anyen sou sa.
|
PNEF la
fèt pou prevwa bay direksyon depatman yo ankadreman |
¨ Yon patisipan : Se direksyon depatman yo ki reprezante kè sistèm nan. […] Plan an fèt pou prevwa bay direktè depatman yo ankadreman ak ekipman
yo bezwen.
|
Nan plan an fèt pou gen plas pou zafè oryante moun
al nan pwofesyoj ki ale ak karaktè yo |
¨ Yon patisipan
: Plan an pa pale de yon sèvis enpòtan ki ta fèt pou genyen. Sèvis sa ta gen
sikològ jeneral ak sikològ espesyalize nan zafè lekòl. Poutan, apati nevyèm
ane, leta ta fèt pou bay sèvis sa a. Yo ta fèt pou ka bay elèv yo egzamen
(''tes'') ki chita sou sikoloji, lè elèv yo vle chwazi yon pwofesyon.
|
Kesyon lang |
¨ Yon patisipan
: Plan an pa eksplike ki politik lap suiv nan zafè lang.
|
Fèt pou gen yon ekilib ant
edikasyon yo bay lekol e fòmasyon teknik ak pwofesyonèl |
¨ Yon patisipan : Yo pa montre ase ekilib ki fèt pou genyen ant edikasyon yo bay lekòl ('' éducation formelle) e fòmasyon teknik ak pwofesyonèl. Lè yo pale de rejim pedagoji (''regime pédagogique''); sistèm nan fèt pou gen ekilib : yon lòt bò fèt pou gen edikasyon yo bay lekòl (''éducation formelle); yon lòt bò fèt pou gen fomasyon teknik ak pwofesyonèl. Poutan, jounen jodi ya, INFP poko fè tout sa yap tann nan men li.
|
Nesesite
pou yo egzamine plan an pandan l ap mache ak pou gen lòt plan pi kout, ki
dire 5 lane |
¨ Yon patisipan : Nou gen yon plan k ap dire 10 lane. Fòk yo egzamine plan an pandan l ap mache. […] Puiske plan an dire 10 lane, se yon plan jeneral. Kidond gen posiblite pou ta genyen, anndan li, plan ki pi kout, plan ki dire 5 lane.
|
8.3 Sa enspektè yo panse |
|
Enpektè yo ap fè pa kanpe nan wout. Fòk yo aplike
plan an, reyalize li toutsuit |
¨ Yon patisipan : Eske yo pap tann twòp tan pou
reyalize plan an ?
¨ Yon patisipan (ansèyman katolik) : Se yon bagay ki rive
anpil nan peyi nou an : prepare plan pou mete yo nan tiwa.
|
Enspektè yo mande pou yo respekte yo ak pou mande yo
dizon yo nan sa kap fèt |
¨ Yon patisipan : Yo fèt pou respekte enspektè yo. […] premye fwa yo te vle òganize yon bagay sou zafè plan an, yo pa t mande nou dizon nou. […] Fwa sa a, nou koutan we ministè ya pran konsyans de sa. Li wè nou gen mo pa nou pou nou mete plan an tou.
¨ Yon patisipan
: Leta dwe bay enspektè l yo plis valè.
|
Enspektè yo mande ke MENJS egzèse
pouvwa li. Yo swete pou otorite l tounen. |
¨ Yon patisipan : Yo fèt pou respekte enspektè yo. […] Maten an mwen tap vizite lekòl. Gen pwofesè ki travay lè yo vle, jan yo vle. Gen youn ki gen kouray di Ministè ya paka ba l pinisyon. Alò genyen yon pwoblèm pouvwa toutbon vre [. ..]
¨ Yon patisipan : Gen enfòmasyon, nou menm enspektè, nou ta dwe gfenyen an premye.
Poutan, lè nou rive nan lekòl yo se direktè yo ki anonse nou yo. Gen yon pwoblèm otorite.
|
Plan dwe mete jadendanfan nan ensèyman piblik |
¨ Yon patisipan
: Yon timoun ki gen 6 lane paka ale nan jadendanfan; li al tou dwat nan lekòl
piblik, sètadi nan lekòl primè.Pafwa li
pa konn ni li ni ekri. Okontrè, timoun ki sòti nan jadendanfan yo - yo gen anpil chans - konn li ak ekri. Yo konn koulè, etc. Kidonk yap fòme 2 kalite sytwayen.
|
Tout lekòl fèt pou louvri menm dat |
¨ Yon patisipan : Leta mande pou yo louvri tout lekòl nan kapital la an oktòb. Poutan anpil lekòl louvri poukont yo nan mwa septanm . Sa montre vre gen de lekòl nan peyi a : youn pou moun ki gen lajan, yon lòt pou moun ki pa gen lajan.
|
Li
enpòtan pou yo ale nan mòn, lè yap òganize fòmasyon |
¨ Yon patisipan : Li enpòtan pou yo ale nan mòn, lè yap òganize fòmasyon. Sa nakourage pwofesè ki resevwa fòmasyon yo lè yo vin jwenn yo.
|
Enspektè
sektè katolik yo ap tann ankourajman bò kote ministè ya |
¨ Yon patisipan
: Depi kèk jou nap suiv yon fòmasyon. Nap tann ankourajman bò kot MENJS. […]
Nou menn nan sektè katolik, nou manke kolaborasyon nan men leta.
|
Leta ta dwe ankouraje pwofesè ki nan sektè legliz yo |
¨ Yon patisipan : Gen pwofesè ki pa gen anyen pou wè ak lajan leta peye pwofesè lekòl piblik yo. Mwen te byen sezi lè m te wè kòman yo te kontan lè leta te pwomèt yon ogmantasyon 82%. Yo te kwè yo te konsène tou. Leta ta dwe ankouraje pwofesè pa nou yo.
|
Enspektè
yo mande MENJS pou l ba yo ankadreman |
¨ Yon patisipan : Pafwa, malgre volonte ki genyen pou ede edikasyon an mache, gen baryè,
gen difikilte : manke moun ki gen konpetans, ak materyèl.
¨ Yon patisipan : […] Kòman ou kapab imajine yon enspektè ki sòt labay li a pye. […] Chak
distri gen apepre douz enspektè. Nou ta dwe genyen menm yon machin nan chak distri.
Konsa chak ekip ta òganize yo.
¨ Yon patisipan : Nou pa gen biwo ni bifèt pou mete papye nap sèvi. Lè nou pran enfòmasyon
yo, nou pote yo lakay nou. Enfòmasyon sa yo pa ansekirite. Si gen yon dife, tout ap pèdi.
¨ Yon patisipan : Nou pa ka resevwa yon direktè lekòl. Nou pa menm gen yon chèz, ni yon
kay. Poutan, nan lekòl yo, direktè yo resevwa nou kòmansadwa. Kouman ou ta vle pou yo
respekte nou ?
|
8.4 Sa direktè lekòl yo panse |
|
Bagay mache
twò dousman; yo kanpe nan wout; manke tèt ansanm |
¨ Yon patisipan : Te gen on reyinyon nan zòn Monwi (''Côte des Arcadins''). Yo te rele
li ''états généraux'' edikasyon. Reprezantan chak depatman te la. Men, apre tout
brase lide sa yo, nou pa gen oken nouvèl sou sa ki pase apre. Sagen tan gen kat an.
|
Fòk genyen yo edikasyon nasyonal toutbon vre |
¨ Yon patisipan
: Nou paka pale jounen jodi ya de yon edikasyon nasyonal, paske edikasyon peyi a
pa nasyonal toutbon vre. Premye objektif nou fòk pou ta fè
li vin nasyonal, toutbon vre. Jounen jodi ya, ekikasyon nou an ap prepare moun ki rayi peyi a.
|
Inivèsite nan peyi a manke plas pou resevwa moun ki bezwen
antre ladan l, e li bay fòmasyon ki manke kalite |
¨ Yon patisipan : Inivèsite yo manke
plas pou resevwa moun ki gen papye bakaloreya yo. […] INAGHEI ak lòt fakilte yo
paka resevwa plis ke twa ou kat san elèv. […] Se yon gwo gaspiyay. Menm moun ki
rive fè inivèsite, gen pi fò ladan yo ki pa byen konn li ni byen konn ekri.
|
Fòmasyon pou moun ka jwen travay - Nesesite pou
fòmasyon Pwofesyonèl kap bay nan peyi a ofri anpil metye -
Fòk li pa depaman tou ak sa peyi a bezwen toutbon vre |
Yon patisipan : Yo pa dwe neglije metye teknik yo : kosmetoloji, plonbri, penti, kizin. Etranje enpoze nou tout bagay, menm jan pou nou fè cheve nou. Bannan, kokoye, pòm, prin, tout sa nap manje sòt nan peyi Dominikani. Poutan nou gen Forè Dèpen, Mòn Lasèl ki kab pwodi pòm, pwar, prin, elatrye. Men pa gen lekòl pou montre moun plante nan mòn, pou montre jèn yo bay mòn nou yo valè. […] Peyi a gen 1537 kilomèt tè bò lanmè (''côte''). Poukisa nou pa gen yon lekòl pou montre moun lapèch ? Sadin nou manje sòt nan peyi espay, Nòvèj, Suèd. […] Nou dwe gen espesyalis lapèch, pou anseye matyè sa a lekòl.
|
Fòk bagay yo pa kanpé nan wout. |
¨ Yon patisipan
: Yo dwe ranfòse kapasite ministè ya. Mwen vle plan an, paske si l deja kanpe, yon lòt gouvènman pap
ka vin kraze l. […] Fòk yo aplke plan an prese prese. Fòk li pa kanpe nan wout.
|
Fòk tètansanm nan aksyon gouvènman an bay rezilta
nan domèn. Edikasyon. Fòk tout ministè yo patisipe |
¨ Yon patisipan : Fòk tout branch nan gouvènman an gen volonte politik pou fè plan edkasyon an avanse. Zafè edikasyon pa fèt pou konsène yon sèl enstitisyon . […] Si, apre klas, elèv yo
pa gen elektrisite lè yo antre lakay yo pou yo etidye, plan an pap mache. Ministè responsab
enèji ya dwe met tètansanm ak Ministè Edikasyon.
|
Bay
metye pwofesè ak metye enspektè plis valès : fòk gen yon plan pou yo avanse
nan pwofesyon yo … Jere moun kap
travay nan branch sa yo |
¨ Yon patisipan : Yo pa mete yon plan pou pwofesè yo fè karyè nan metye ya : kòman yap avanse nan sistèm nan, fason yo anplwaye yo, fason yo ba yo pwomosyon. […] Yo mal jere moun yo. Lè yap anplwaye enspektè, yo pran moun ki poko gen senk lane nan branch la. […] Yo fèt pou bay fonksyon enspektè plis valè. Fonksyon sa a fèt pou chita sou eksperyans enspektè yo. Fonksyon sa a fèt pou vin yon karyè : ou paka sipèvize san w pa konnen sa wap sipevize ya.
¨ Yon patisipan
: Ministè ya dwe bay pwofesè yo plis valè. Si Ministè ya pa repekte nou, si,
nan radyo ak televizyon, li akize nou kòm vòlè, kouman ou vle pou elèv yo obeyi
nou ak respekte nou ?
|
Pouvwa, otorite : leta dwe egzamine konpetans
direktè yo anvan li anplwaye yo |
¨ Yon patisipan
: Leta dwe egzamine konpetans direktè yo anvan li anplwaye yo. Fòk moun yo pran
yo gen konpetans ki nesesè pou travay sa a. Yon direktè dwe kapab jere adiministre, òganize, kreye ak òganize.
|
Empotans
envirwoman kote elèv yo ap apran nan … kantin nan lekòl |
¨ Yon patisipan : […] Si timoun grangou, li paka aprann. Konesans la pap antre nan tèt
li. Leta dwe gen yon
pwogram kantin nan lekòl yo.
|
Enpòtans
pou yo egzamine lespri timoun yo
(''tests psychologiques'') |
¨ Yon patisipan : Gen yon bagay yo rele etid
sikoloji, pou etidye elèv yo, kòman yo aprann, nan ki etap devlopman lespri l ap kapab resevwa konesans la ? Leta dwe gen lekòl nan chak zòn.
|
Empòtans pou desantralize lekòl yo : lekòl nan chak
zòn |
¨ Yon patisipan:Eske
yon elèv ki abite kafou kapab vin lekòl jis Lise Fimen?
Gen twòp blokis. Apre tout longè chemen sa a, eske lespri
l ap kapab resevwa konesans la ? Leta dwe gen lekòl nan chak zòn.
|
Enpòtans
pou anseye lekòl renmen ak respekte
peyi a, ak moral tou |
¨ Yon patisipan : Ayisyen toujou gen tandans pale sèlman de konesans, de metye. Men moun fèt pou konn viv, konn kondui tèt yo tou ? Ki kalite sitwayen yo vle fòme ? Konn viv, konn kondui tèt ou, se yon bagay ki enpòtan tou. Edikasyon se pa fèt sèlman pou ba moun konesans.
|
Amizman
(patikilyèman espò) se yon bagay ki ampòtan : plan an dwe gen sa ladann |
¨ Yon patisipan : Li enpòtan pou leta sonje mete teren espò pou elèv ak etidyan yo. Sa empòtan pou devlopman yon peyi. Espò ede moun pa rayi lòt moun, pa gen jalouzi, mechanste kont lòt moun. Gen twòp moun mechan ('' frustrés'') nan peyi a. Ta ka gen yon teren pou chak 10-15 lekòl.
|
Direktè
vle pou ta genyen radio, televisyon ak jounal ki sèvi pou edikasyon sèlman |
¨ Yon patisipan : Lekòl dwe genyen pwòp radyo pa l, pwòp televisyon pa l. Chak emisyon fèt pou rete nan domèn edikasyon.
|
Li
nesesè pou nou genyen materyèl pou fè lekòl, pou yo ancadre nou tou |
¨ Yon patisipan : Nou pa genyen materyèl pou lekòl yo. Pa gen mwayen pou nou kominike tankou : telefònn, machin. Pa gen sekirite tou. Alòske nou travay pou jiska 8tè. Gen de fwa pa menm gen kouran. Nou pa menm gen kote pou nou achte medikaman. Lòt jou mwen te genyen elèv ki blese. Mwen tann yon taksi pandan yon pakèt tan. Paske pat gen kouran, chofè a pat menm vle mennen m ale. Li te pè, Wi, nou dwe jwenn ankadreman, ak ekipman…
|
Fòk nou
gen yon sèl edikasyon pou tout moun e fòk li sèvi peyi a |
¨ Yon patisipant : Ministè ya pa dwe ankouraje diskiriminasyon. Li pa dwe imilye enpe lekòl pou fè lòt plezi. Li dwe frennen tousa : nou deja gen twòp moun ki gen gwo kè (''frustrés'') nan peyi a.
|
Gen bezwen anpil mawyen, gen bezwen ankadreman |
¨ Yon patisipan
: Pa ekzanp, gen lontan ke mwen mande ministè a yon pwofèsè teknoloji, kilti ak espò. Mwen pa janm gen rezilta.
|
8.5 Sa
pwofesè ak asosyasyon pwofesè yo panse |
|
Fòk gen yon gwo tèt ansanm fòk yo fè tout moun komen
kisa plan ye |
¨ Yon reprezantan asosyasyon : San kominikasyon menm lè yon enstitisyon travay jan li dew pyès moun pa konnen sa. Konsa, dout anvayi lespri moun. E sa fè moun ap kritike san rezon. […] M ta prenmen konseye ministè a pou l kopye rezime sa a epi pou l voye bay pwofesè yo. […]Mwen pa ta renmen plan an echwe poutèt pa gen ase moun ki konnen li.
¨ Yon reprezantan asosyasyon : Fòk gen yon pi gwo chita pale. Sitou ke kesyon sa a gwo e li delika…
|
Plan
fèt pou pran anpil swen nan prepare egzamen leta yo |
¨
Yon
reprezantan asosyasyon : Nan egzamen bakaloreya,
toujou gen fot òtograf nan tèks yo. Anpil fwa yo konn mal ekri. Nou dwe rezoud
pwoblèm sa yo. Fò yo
respekte moun kap pran egzamen yo.
|
Ministè
dwe egzamine pwòp tèt li pou li wè sa ki pa bon lakay li tou. |
¨ Yon pwofesè : Ministè ya dwe egzamine pwòp tèt li tou.
¨ Yon reprezantan asosyasyon : […] Egzamen pwoblèm yo ki fèt nan dokiman plan an byen entèresan e li konvenk moun ki li li. Men ministè ya pa egzamine pwòp tèt li pou li wè sa ki pa bon labay li.
|
Kalite
anvirònman kote lekòl yo ye ya |
¨ Yon pwofesè : Yon konsèy : kay lekòl yo fèt la e anvirònman kote lekòl yo ye ya dwe pwòp, nòmal, gen plas, sètadi yo fèt pou sanble kote moun ka viv. Poutèt sa, moun ki konsène yo dew vizite espas lekòl yo pou wè si yo kòrèk.
|
Plan an dwe konbat diskriminasyon |
¨ Yon reprezantan asosyasyon : […] Ansèyman an depaman. Li
gen diskriminasyon : gen youn pou lavil
yo, gen yon lòt pou pwovens yo. Nan tout nivo ki gen nan sistèm nou an, toujou
gen moun ki defavorize, moun ki pa jwenn sa yo ta merite. Se
poutèt sa m mande pou gen fòmasyon pou moun ki deja kite lekòl. Chak pwofesè dwe montre elèv yo menm
bagay.
|
Yo dwe esplike aklè kalite edikasyon yo vle pou peyi
a |
¨ Yon pwofesè : Kalite edikasyon yap chèche pa eksplike aklè. Kesyon pou nou poze nou se : ''Ki lekòl ? Ki kalite ou ap chèche ?'' Mwen menm, mwen enkyete pou kalite lekòl ki genyen jodi a.
|
Ministè
ya fèt pou l ranfòse otorite l, pouvwa l, pou l ka garanti kalite edikasyon
an |
¨ Yon pwofesè : Ministè ya dwe pran konsyans de eta kalite edikasyon an nan peyi a, kijan lekòl yo bati, epi tou kijan yo ap fonksyone, pou l ka frennen medyokrite a. Mwen swete kpou yo met lòd nan tousa.
¨ Yon pwofesè : Leta gen pou devwa pou l fè fòmasyon pou moun ki deja kite lekòl, resiklaj, fòmasyon pou mèt yo. Apre fòmasyon pou mèt yo, yo fèt pou suiv pou wè si yo fè pwogrè toutbon vre.
|
Kesyon
lang |
¨ Yon pwofesè : Kijan plan an wè pwoblèm lang nan edikasyon an (konkirans kreyòl ak franse) ? Li ta bon pou plan ta anvizage sa.
¨ Yon pwofesè : Konsènan Lekòl fondamantal la, genyen kontradiksyon. Dirijan yo kwè
ke kreyòl la enpòtan e ke se avèk li yo dwe fè kou yo. Men noun pa gen liv kreyòl.
|
Plan fèt pou aplike reyelman |
¨ Yon pwofesè :
Lè mapl gade bèl bagay enteresan sa yo nap li la a, mwen wè yo ta ka chanje
figi peyi a. Men se bagay ki rete sou
papye. […] Plan an fèt pou aplike.
|
Nesesite poun bay fòmasyon pwofesyonèl plis valè |
¨ Yon patisipan : Nou dwe gen lekòl teknik. Nou dwe tou retire nan tèt popilasyon an move lide. Lontan, lè yon timoun te manke entelijans lekòl, pwofesè te konn di l : ''Pou ki ou pa la aprann kòdonye ?'' Sa dwe sispann.
¨ Yon reprezantan asosyasyon : Di nou kijan gwo moun ki gen endistri nan peyi a patisipe nan plan
an. Ki sa yo bay, ki sa yo di ? Eske kalite teknisyen ke nou vle prepare yo
reponn ak sa endistriyèl peyi a ap chèche ?
|
8.6 Sa elèv ak etidyan panse |
|
Ministè
ya pou l egzèse otorite l, pouvwa l, pou l ka garanti kalite edikasyon an |
¨ Yon elèv : Mwen ta renmen ke yo kontinye ak plis fòs amelyorasyon kalite lekòl yo. Koulyeya, depi yon moun gen yon pyès kay, li ouvri yon lekòl ladan li. Ministè a dwe gen yon kontwòl sou sa.
¨ Yon etidyan : Leta dwe fèm. Si direktè lekòl prive yo wè li pa fèm, yap fè sa yo vle.
¨ Yon elèv : Gen yon tradisyon leseale anndan ministè a. Ki jan n ap fè pou n rezoud pwoblèm sa a ? Se pa lekòl yo sèlman ki manke kalite. Se tout sistèm nan.
|
Plan an
dwe gen plas pou rezo enfòmatik yo5
: internet ak lòt rezo yo |
¨ Yon etidyan : Kòman fè yon inivèsite pa ka konekte nan ''Internet'' ? Li pa konn kouman Internet fonksyone. Nou ta dwe gen tousa pou nou sèvi.
|
Eske egzamen yo pa depaman ak pwogram yo ? |
¨ Yon etidyan : Konsèman kalite anseyman an, pwogram nan enpòtan. Gen liv ki mal fèt […] Jan yo chwazi egzamen yo gen yon gwo enpòtans. Nou pa kapab chwazi nenpòt bagay. Nou pa kapab di, lavèy yon egzamen leta : ''Bon, vini : ou pral chawazi egzamen yo !'' elatrye. Sa dwe pi serye. Anpil fwa egzamen yo depaman ak pwogram yo Nou dwe rezoud pwoblèm sa a.
¨ Yon etidyan : Yo pa mete nan plan an yon pwojè sou egzamen leta yo, egzamen yo bay nan tout peyi a. Nan nenpòt lekòl ke ou sòti, ou tadwe pase egzamen sa a.
|
Elèv yo swete
ke plan an reponn ak pwoblèm ki gen kounye a. |
¨ Yon elèv :
Eske yo ka asire m ke plan sa a pa sòti nan plan ansyen, e ke li reponn ak
pwoblèm ki gen kounye a ?
|
Enpòtans edikasyon sivik ak moral |
¨ Yon etidyan : Nou pagen modèl nan peyi a. […] Kouman m pral fè pou m di elèv mwen pa jete fatra nan lari a lè lap pase nan machin li, si papa l fè sa ? Nou pa gen modèl. Plan an fèt pou rezoud pwoblèm sa a.
|
Fòk yo
jwenn mwayen ki nesesè pou fè plan an manche : lajan, moun ki gen konpetans,
eksetera |
¨ Yon elèv : Plan an vle reyalize anpil bagay : Fòk yo jwenn kantite lajan ki nesesè. Fòk yo jwenn tou moun ki gen konpetans. Dezièm pwen sa a pi difisil.
¨ Yon elèv : Ayisyen yo al etidye lò bò dlo. Apre sa, yo pa retounen. Epi moun konpetan sa yo pèdi. Yo pa ankouraje yo pou yo rete oubyen pou yo tounen.
¨ Yon elèv : M
panse ke plan sa a vle reyalize twòp bagay nan peryòd 10 an an . Napl bay tèt
nou manti.
|
Plan dwe eksplike byen klè wòl inivèsite gen pou l
jwe ladann |
¨ Yon etidyan :
Yo dwe eksplike byen klè wòl ke inivèsite yo dwe jwe nan plan sa a. Rechèch,
pwodiksyon, envansyon dwe antre ladan l tou.
|
Esplike
byen klè sa lekòl fondamantal ye |
¨ Yon etidyan : Yo dwe mete nan plan an konbyen tan lekòl fondamantal la ap dire.
|
Edikasyon
nan vil yo ak edikasyon andeyò dwe menm bagay |
¨ Yon etidyan : Kòman plan sa a ap rive fè edikasyon andeyò vin jwenn menm nivo ak edikasyon nan vil yo ?
|
Plan pa dwe blye anizman yo |
¨ Yon etidyan : Yo dwe ajoute espò, jwèt, eksetera … Espò se bagay ki enpòtan.
|
Yo dwe
byen jere, byen konsève enstalasyon ki la deja yo |
¨ Yon elèv : Yon gran lekòl piblik te resevwa nou. Te gen nan lekòl sa a anpil gwo tablo, men yo te chire; mi yo te sal; teren pou jwe (foutbòl, volebòl, tenis) pat netwaye; pisin nan te sal, eksetera. Nou dwe sispann gaspiye enstalasyon sa yo.
|
Plan an pa dwe antre nan zafè politik. Li dwe
kontinye mache san li pa kanpe |
¨ Yon etidyan
: Plan pa dwe antre nan zafè politik
.
¨ Yon elèv : Mwen
pa ta renmen yon lòt gouvènman vini chanje tout bagay ladann.
¨ Yon elèv :
Mwen ta konseye yo nonmen yon dwayen pou yon sèten tan, pou yo kapab bal dirije plan sa a, epi pou yo kapab suiv
plan an.
|
8.7 Sa paran elèv yo panse |
|
Nesesite
pou yo ta fè moun konen sa plan ye |
¨ Yon patisipan : Mwen te panse ke plan sa a pat la ankò. Sa fè lontan mwen pat janm tande pale de li ankò. Men sa fè mwen kontan lè mwen wè gen moun toujou kap panse sou sa ki bon po