DWA MOUN REYINYON AK ASOSYASYON NAN KONSTITISYON AN

Paragraf 5
Moun gen dwa reyini lib. Moun lib fè assosiyasyon yo vle


Atik 31:
Moun gen dwa reyini lib depi zam pa ladan. Moun lib fè asosiyasyon yo vle, pou tout kòz. Ni pou politik. Ni sou koze lajan. Ni la vi peyi a. Ni sou richès ki nan sèvo ak nan lide pèp la. Ni pou tout lòt mouvman ki dèyè la pè.

Atik 31-1:
Pati politik ak gwoup politik kapab pèmèt wè volonte pèp la pi klè. Yo gen dwa fèt, lib. Yo gen dwa travay lib . Yo dwe dakò, ni ak tout prensip demokrasi, ni ak tout prensip ki fè, peyi d Ayiti, se yon peyi ki mèt tèt li. Se lalwa ki va di, ni nan ki kondisyon pou yon pati oubyen yon gwoup politik fèt e pou li mache, ni ki avantaj li kapab jwenn ak ki avantaj li dwe jwenn nan men Leta.

Atik 31-2:
Anvan pou yon reyinyon fèt nan lari oubyen nan wout ki sou kont Leta, se pou yo avèti lapolis depi davans.

Atik 31-3:
Yo pa kapab fòse pèsonn moun rantre nan okenn kalite asosiyasyon.




























Sous:Prophète Joseph, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal d Ayiti
Copyright© 2000/2001 Pwopriyete entèlektyèl pwoteje nan tout peyi