Ministè Jistis ak Sekirite Piblik
19 Avni Chal Simè
Minis : _____________________
Direktè jeneral 245-5856
Administrasyon 245-1646
Resepsyon 245-1626
Lakou Kasasyon 222-3212
Biwo pouswit piblik 222-3238, 222-3239
Dwayen tribinal 222-7473
Achiv Nasyonal 222-1077, 222-0227
Wòl:
Onzyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Lame ak Lapolis
Atik 263:
Gen de (2) gwoup separe ki gen dwa gen zam: se lame ak lapolis.
Atik 263-1:
Pa kapab gen okenn lòt gwoup ki gen dwa poute zam, nan tout peyi a.
Atik 263-2:
Lè yon moun anwole nan lame oubyen nan lapolis, li leve lamen pou li sèmante, li pap janm trayi ni konstitisyon an, ni drapo a, e l ap toujou respekte yo.
Chapit 1
Lame
Atik 264:
Gen plizyè branch nan lame d Ayiti: lame ki pou a tè, lame ki pou lanmè, lame ki pou anlè, ak sèvis teknisyen lame.
Atik 264-1:
Moun ki konmande lame d Ayiti tout bon, se yon ofisye ki gen grad jeneral, yo rele: konmandan an chèf lame d Ayiti.
Atik 264-2:<br>
Se nan pami ofisye ki an sèvis aktifd, e ki gen grad jeneral, konstitisyon an mande pou yo chwazi konmandan an chèf lame a.
Atik 264-3:
Tan sèvis li dire twa (3) zan. Li gen dwa double.
Atik 265:
Manm lame yo, pa nan fè politik, Ni yo pa gen dwa rantre nan yon gwoup politik oubyen nan yon pati politik. Yo pa janm dwe pran pou okenn nan yo.
Atik 265-1:
Manm lame vote selon konstitisyon an.
Atik 266:
Men wòl lame:
1) Defann peyi a, si gen lagè.
2) Pwoteje peyi a kont danje ki sot alwtranje.
3) Siveye tout fwontyè peyi a ni a tè, ni sou lanmè, ni anlè.
4) Bay lapolis konkou, sizanka lapolis pa kapab fè travay li, depi gouvènman an gen bonjan rezon pou sa.
5) Ede moun ki nan peyi a, nan tan malè ak devas.
6) Men nan ki travay ki pa pwòp travay lame, yo kab mete l toujou: ede pleyi a mache nan bon wout pwogrè.
Atik 267:
Yo pa kab nonmen militè ki an sèvis aktif, nan okenn plas Leta, sòf pandan dezoutwa jou, pou yon travay espesyal.
Atik 267-1:
Pou yon militè ki an sèvis aktif gen dwa kandida nan eleksyon, fòk li te fè yo mete l an vakans, enn (1) an anvan dekrè eleksyon an parèt, oubyen fòk yo te mete l a laretrèt menm lè sa a.
Atik 267-2:
Travay militè se yon metye. Gen divès grad ladan l. Se nan reglenman lame d Ayiti yo jwenn man ki kondisyon pou moun anwole, nan ki kondisyon pou manm lame vin gen grad, nan ki kondisyon pou yo moute grad, nan ki kondisyon pou yo revoke yo, nan ki kondisyon pou yo mete yo a laretrèt.
Atik 267-3:
Pou yo jije yon militè nan tribinal militè, fòk li fè krim osinon fòt grav pandan peyi a an lagè, oubyen fòk li fè kichoy kont regleman lame a.
Yo pa gen dwa revoke yon militè, san li pa dakò pou sa. Ni yo pa gen dwa mete l an vakans, ni yo pa gen dwa mete l sou kote komkwa li pa alawotè, ni yo pa gen dwa mete l a laretrèt anvan lè l, san li pa dakò pou sa. Nan ka sa a, miklitè a gen dwa mande pou yon tribinal ki lapou sa, jije kòz la.
Atik 267-4:
Militè toujou kenbe dènye grad yo te genyen nan lame a, jis yo mouri. Sèl lè yo vin pèdi grad sa a, se sizanka yon tribinal ki la pou sa, ta fè desizyon sa a, apre jijman fin fèt legal.
Atik 267-5:
Militè tout grad fèt pou yo touche regilyèman nan men Leta, yon jan pou yo viv san pwoblèm lajan.
Atik 268:
Lame dwe bay konkou l, pou l ede òganize pwogram sèvis peyi, ni fi, ni gason oblije suiv la, jan sa ekri nan nimewo 52-3. Konstitisyon an.
Tout Ayisyen ki deja gen dizuit (18) ane, oblije fè sèvis militè.
Lalwa deside ki jan enskripsyon dwe fèt pou pwogram sa yo, kouben tan yo dire, kouman pou yo mache.
Atik 268-1:
Tout sitwayen gen dwa defann tèt yo ak zam, anndan lakay yo. Men, pou moun gen zam sou yo, fòk se chèf lapolis la ki ba yo pèmisyon pou sa. Fòk pèmisyon an lè, e fòk yo esplike rezon ki fè yo bay pèmisyon sa a.
Atik 268-2:
Depi yon moun gen yon zam ki tire bal, lakay li fòk li avèti lapolis.
Atik 268-3:
Se lame d Ayiti sèlman ki gen dwa fè zam pou fè lagè, ansanm ak tout minisyon ki ale ak zam sa yo, ni tout materyèl pou fè lagè. Se lame sèlman ki gen dwa: voye chèche mòd zam sa yo aletranje, voye yo aletranje, sèvi avèk yo, kenbe yo nan depou.
Sous:Prophète Joseph, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal d Ayiti
Copyright© 2000/2001 Pwopriyete entèlektyèl pwoteje nan tout peyi