Ministè Enteryè ak Kolektivite tèritoryal
Palè Ministè yo, Pòtoprens
Minis :_________________________
Biwo : 222-3347, 222-8057, 228-2539
Direktè jeneral 222-6490
Direktè anplwaye 222-5353
Sekretarya
Kolektivite teritoryal 222-8603
Biwo majistra Pòtoprens 223-1617, 223-1640
Biwo Imigrasyon ak Emigrasyon 222-9309
Amenajman teritwa
Sèvis Dezas
Direktè jeneral 245-0379
Sekretarya 245-3222
Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon
Telefòn : 245-6340, 245-8343
Adrès : Avni Djonn Bwonn/Lali
Ofis Nasyonal Migrasyon
Telefòn : 246-0719
Adrès : Dèlma 33
Wòl:
Chapit 2
Lapolis
Atik 269:
Lapolis, se yon gwoup ki gen dwa gen zam. Li mache sou zòd ministè lajistis.
Atik 269-1:
Yo mete lapolis pou li pwoteje dwa tout moun genyen pou yo viv anpè. Lapolis dwe pwoteje lavi tout sitwayen, ansanm ak tout byen yo. Lalwa deside kouman lapolis òganize ak kouman li dwe mache.
Atik 270:
Kontitisyon an mande pou yo nonmen konmandan lapolis pou yon tan sèvis twa (3) ane, Li gen dwa double.
Atik 271:
Yo mete yon akademi ak yon lekòl lapolis. Lalwa deside kouman yo òganize ak kouman yo dwe mache.
Atik 272:
Lapolis gen divès branch, youn pou chak sèvis espesyal:
1) Gen sèvis administrasyon prizon.
2) Gen sèvis ponpye.
3) Gen sèvis sikilasyon.
4) Gen sèvis gran wout.
5) Gen sèvis rechèch kriminèl.
6) Gen sèvis kont dwòg.
7) Gen sèvis kont kontrebann.
Lwa ki regle tout sèvis sa yo, se li ki regle kouman tout sèvis lapolis òganize, kouman yo mache, epi kote yo chita.
Sous:Prophète Joseph, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal d Ayiti
Copyright© 2000/2001 Pwopriyete entèlektyèl pwoteje nan tout peyi