Ministè Anviwonnman
Wo Tijo, Pòtoprens
Minis :______________
Direktè jeneral 245-7585
Sekretarya 245-7572
Sèvis Metwopoliten pou ranmase fatra 249-2737
Organis siveyans ak Amelyorasyon Mòn lopital 222-8231, 222-2234
Federasyon zanmi lanati 223-8407
Wòl:
Chapit 2
Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a
Atik 253:
Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a, se la tout moun viv, nòmal. Yo pa janm gen dwa fè okenn zak ki ta detwi tè a ak tou sa ki alantou tè a.
Atik 254:
Leta fèt pou li okipe ranje tout bèl kote nan peyi a, pou yo pi an fòm. Li dwe fè yon jan pou tout moun kapab rive la fasil.
Atik 255:
Leta fèt pou li pwoteje tout forè ki rete nan peyi a. Li dwe fè plante pyebwa pou pyebwa kouvri peyi a nèt. Se pou sa, li va ankouraje moun sèvi ak tout bon teknik ki pa detwi tè a, ni ki pa sal tou sa ki alantou tè a, tankou teknik ki sèvi ak solèy, oubyen ak van,oubyen ak lòt mwayen, pou bay kouran electrik.
Atik 256:
Leta fèt pou li fè tout moun jwenn bon fòmasyon pou yo rive pwoteje tè peyi a, ak tou sa ki alantou tè a. Se pou sa, Leta va mete pak kote yo okipe tout kalite bèt, ak teren kote yo fè tout kalite plant ak pyebwa pouse, nan divès zòn peyi a.
Atik 257:
Lalwa regle nan ki kondisyon yo dwe pwoteje tout kalite bèt ki nan peyi a, ak tout kalite plant ak pyebwa ki pouse nan peyi a, pou yo pa disparèt. Lalwa gen dwa pini moun ki pa respekte regleman sa yo.
Atik 258:
Pèsonn moun pa gen dwa fè peyi d Ayiti tounen yon poubèl, pou peyi etranje ta vin jete fatra ak nenpòt vye rèsrestan ki soti lakay yo.
Sous:Prophète Joseph, Zouti Referans pou Jesyon Kolektivite Nasyonal d Ayiti
Copyright© 2000/2001 Pwopriyete entèlektyèl pwoteje nan tout peyi