Wòl ak responsabilite eli KASEK ak ASEK yo
LALWA 4 AVRIL 1996 LA SOU ÒGANIZASYON KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO RELE SEKSYON KOMINAL LA
REMYE PATI : Dipozisyon jeneral lalwa sou seksyon kominal yo.
Kisa lalwa-a di, ki regleman li mete?
Atik 1
Ki jan yon seksyon kominal dwe òganize.
Atik 2
Yon seksyon kominal se yon Kolektivite Tèritoryal, men se piti moso nan peyi a ki genyen administrasyon Leta. Chak Seksyon Kominal genyen yon nimewo ak yon non li te genyen depi lontan oubyen yon non lalwa ba li.
Atik 2-1
Nan zafè administrasyon ak zafè jere lajan, Seksyon Kominal pa depann de ankenn lòt Pouvwa jan Konstitisyon lalwa di sa.
Atik 3
Se lalwa ki di kijan yon Seksyon Kominal fèt, ki gwosè l, kote l kòmanse ak kote l fini.
Atik 3-1
Chak Seksyon Kominal genyen yon valè bitasyon ak yon valè bitasyon yo mete ansanm (gwoup bitasyon). Se lalwa sou fason pou òganize tout tè peyi a (amenajman tèritwa) ki di ki kantite bitasyon ak ki kantite gwoup bitasyon ki genyen.
Atik 4
Yon seksyon kominal ka genyen :
- Byen prive yon seri moun
- Byen piblik Leta ak byen prive Leta
- Byen prive lakomin
- Byen prive Seksyon Kominal la
Atik 5
Chak Seksyon Kominal genyen nan tèt li pou dirije l, yon Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASEK) ak yon Asanble Seksyon Kominal (ASEK) kap soutni l. Asanble a ap pran desizyon, Konsèy la ap egzekite yo.
DEZYÈM PATI: Kolektivite yo rele Seksyon Kominal la
Premye Chapit: Jan Seksyon Kominal la òganize
Atik 6
Asanble Seksyon Kominal la analize epi di sa ki dwe fèt sou tout koze ki genyen arevwa ak Seksyon Kominal la. Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal la fè sa Asanble Seksyon Kominal la di li fè, anmenmtan lap respekte enterè tout moun, epi jan lalwa sa a mande pou sa fèt.
Atik 7
Popilasyon Seksyon yo eli manm KASEK yo manm ASEK yo pou 4 lane. Yo gen dwa double nèt al kole, san rete jan lalwa prevwa pou sa fèt.
Atik 8
KASEK la gen 3 manm : yon prezidan ak 2 asistan
Atik 9
Aktik 33 lalwa sa a di ki kantite manm ASEK la dwe genyen.
Premye Moso : Wòl Ansanble Seksyon Kominal la (ASEK)
Atik 10
Asanble Seksyon Kominal la analize epi pran desizyon sèlman sou koze ki genyen arevwa ak Seksyon Kominal la. KASEK la prepare bidjè Seksyon Kominal la. Nan premye reyinyon òdinè li, ASEK la vote bidjè KASEK la te prezante ba li.
Atik 11
An plis lòt travay, men ki sa Asanble Sèksyon Kominal la dwe fèt :
1. Gade byen epi bay dizon li sou
pwogram devlopman KASEK la
prepare pou Seksyon Kominal la
2. Veye pou moun obeyi tout desizyon ki nan enterè Seksyon Kominal yo , yo te pran nan Asanble ak Konsèy Minisipal yo , nan Ansanble ak Konsèy Depatmantal yo , depi desizyon sa yo pa depaman ak sa lalwa di.
3. Resevwa rapò sou jan KASEK la ap mache, bay dizon sou rapò a, epi kontwole si lale jwenn sipevize yo.
4-Regle nan ki kondisyon Seksyon Kominal yo kapab resevwa kado yo fe yo ak byen yo bay yo kòm eritay.
5. Chache wè kote yo ka plante plis pye bwa nan Seksyon Kominal la epi ankouraje sa. Fè respekte kote sa yo. Veye pou tout sous dlo, ti kouran dlo ak rivyè yo pwòp epi pou yo pa maltrete yo. Veye pou yo pwoteje « basen vèsan » yo epi plante pye bwa nan tè ki pa genyen anyen sou yo, sitou nan ren mòn ak nan tèt mòn.
6. Renmèt KASEK la yon kopi pwosè vèbal chak reyinyon.
7. Nonmen reprezantan an (si se yon sèl ki genyen) oubyen tout reprezantan Seksyon Kominal la nan Asanble Minisipal la.
8. Kontwole si yo anrejistre batistè , ak desè , maladi atrapan epi epidemi nan Seksyon an.
9. Resevwa epi voye bay KASEK la revandikasyon sou tout sa ki genyen arevwa ak Seksyon Kominal la , sitou sou kesyon respekte dwa moun.
10. Fè tout lòt travay Konstitisyon an ak lalwa anchaje l fè.
Atik 12
Manm Asanble yo fe reyiyon òdinè kat (4) fwa nan yon lane. Reyiyon yo fet twazyèm dimanch mwa janvye, twazyèm dimanch mwa d avril , twazyèm dimanch mwa jiyè, twazyèm dimanch mwa d oktòb. Reyinyon òdine yo dire 8 jou epi yo pa dwe fet an menmtan ak reyinyon Asanble Minisipal yo , ni ak reyinyon Ansanble Depatmantal yo. Reyinyon sa yo dwe fèt an piblik. Men, Asanble a kapab pa travay nan piblik si 2 tyè nan manm li yo mande sa. Li ka deside refè reyinyon an nan piblik tou , si genyen yon majorite nan manm li yo ki dakò pou sa fèt :
1. Touswit apre manm Asanble Seksyon Kominal la fin prete sèman , yo reyini pou yo nonmen yon prezidan , yon vis-prezidan ak yon sekretè alatèt Asanble a . Nan menm reyinyon sa a, Asanble a ap mete kanpe divès komisyon pou travay sou dosye yo voye ba li yo.
2. Nan kòmansman chak lane , Asanble a genyen pou li nonmen yon prezidan, yon vis-prezidan ak yon sekretè pou dirije travay yo.
3. Prezidan Asanble a kapab mande Asanble a yon reyinyon espesyal lè li genyen pou li pale sou kèk kesyon espesyal. Lè pou sa fet, fok :
- Se prezidan KASEK la ansanm ak yon lòt manm KASEK la ki mande sa.
- Se antou, youn sou chak twa manm Asanble a, pou pi piti, ki genyen bon jan rezon pou sa.
- Se Konsèy Minisipal la oubyen Konsèy Depatmantal la ki mande sa.
Atik 13
Genyen kèk moun ki gen dwa pran la pawol nan reyinyon Asanble Seksyon Kominal la, lè l ap pran desizyon. Men moun sa yo se vwa konsiltatif yo genyen. Moun sa yo se :
- Youn nan manm Konsèy Minisipal la
- Depite komin nan
- Senatè depatman an
- Manm Konsèy Depatmantal la
- Genyen kèk moun yo kapab rele pou yo vin bay mo pa yo tou epi bay enfomasyon sou kèk pwen espesyal men ki genyen arevwa ak Seksyon Kominal la. Se :
- Vis-delege awondisman an
- Delege depatmantal la
- Anplwaye k ap travay pou yon ministè nan komin nan.
Atik 14
Pou Asanble Seksyon Kominal la egzaminen pwoblèm, fòk genyen kowòm. Pou li pran yon desizyon, fok majorite moun ki la yo dakò. Yo va pibliye desizyon sa yo epi yo va fè tou sa ki ladan yo depi yo respekte lalwa.
Atik 15
Sizoka Asanble Seksyon Kominal la pa kapab antann li ak Asanble Minisipal la oubyen ak Konsèy Minisipal la, youn nan gwoup yo, ap pote kòz la devan yon « komite antant ».
Men ki moun ki nan komite sa a :
- vis-delege awondisman kòm prezidan
- yon reprezantan Asanble Seksyon Kominal la
- yon reprezantan Asanble Minisipal la
- yon reprezantan Konsèy Seksyon Kominal la
yon reprezantan Seksyon Minisipal la
Atik 15-1
Komite antant lan ap renmèt gwoup ki genyen pwoblèm sou rapò ak sou desizyon li pran an, yon mwa apre yo te fin pote kòz la devan l, si yo te ba li tout dosye sou pwoblèm nan.Lè pou komite a pran desizion pou l rezoud yon pwolèm, se mwatye moun nan komite a plis youn (majorite absoli) ki pou dakò. Si gen menm kantite moun ki dakò ak moun ki pa dakò, vòt prezidan an ap konte pou 2.
Atik 15-2
Gwoup yo ki te nan chirepit la, dwe obeyi desizyon komite antant lan. Men, si youn nan gwoup yo, pa satisfè, akòz li ta santi gen prensip lalwa yo pa respekte, li gen dwa pote kòz la devan yon tribinal lalwa bay dwa regle sa.
Atik 16
Lè yon manm Asanble Seksyon Kominal la, pa la ankò; kit li mouri, kit se demisyon li li bay, kit se pou nenpòt lòt rezon, depi genyen bon papye lalwa ki montre sa, Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal la ap mete Konsèy Elektoral Pèmanan an okouran. Kòmanse konte jou yo te mete li okouran pou rive 60 jou, Konsèy Elektoral Pèmanan an, ap òganize li pou ranplase moun nan oubyen moun yo, jan lalwa mande pou sa fèt.
Atik 17
Manm Asanble Seksyon Kominal yo pa touche. Yo resevwa yon ti tchotcho sèlman lè yale nan reyinyon ak lè yo ale reprezante Asanble a nan yon reyinyon espesyal. Kòb sa a sòti nan bidjè Seksyon Kominal la.
Atik 18
Asanble Seksyon Kominal la gen dwa mande Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal la nenpòt dokiman, pou l chache enfomasyon li bezwen oswa pou l kontwole si enfomasyon li genyen kòrèt. Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal la pa gen dwa refize l sa. Lè Asanble Seksyon Kominal la ap fe reyinyon, li gen dwa envite manm Konsèy Administrasyon Seksyon yo vini pale nan reyinyon yo.
Dezyem moso: Wòl KASEK la
Atik 19
KASEK la la pou li respekte tout desizyon ki nan enterè Seksyon Kominal la. Travay li se :
1. Okipe tou sa ki nan enterè Seksyon Kominal la.
2. Bay konkou li epi veye sou tout bagay Leta, lakomin oubyen komite a òganize mache byen epi rete anfom.Bagay sa yo la pou popilasyon Seksyon Kominal la viv alèz epi tou pèmèt yo jwenn bon jan fomasyon ki mennen pwogrè nan deplòtonnen lespri, nan metye, nan ekonomi, nan edikasyon sivil, nan aktivite kiltirèl. Zouti pou mete anplas pou sa se : lekòl, sant sante, biwo eta sivil, tribinal de pè, pòs polis, mache, plas piblik, plaj, labatwa, simityè, latrin piblik, biwo refòm agrè, wout, kote pou jete fatra, teren pou jwe, sant pou pran plezi ak repo, sèvis sosyal, baraj ak kannal pou lawozaj, enstalasyon dlo potab, enstalasyon kouran elektrik, ankadreman pou lagrikilti ak koperativ mache byen, wout ak chemen ki mennen nan lòt seksyon, gwoupman kominotè, koperativ, gage, fèt chanpèt, forè, bèl kote pou moun vizite (gwòt, kaskad, lakou…) epi moniman istorik.
3. Prepare plan devlòpman Seksyon Kominal la nan tèt ansanm ak tout enstitisyon ki la pou sa yo. L ap prepare plan sa a daprè divès revandikasyon pi fo moun nan popilasyon an genyen pandan lap veye ki pwoblèm ak ki avantaj li ka jwenn nan reyalize sa ki nan plan devlòpman sa a.
4. Resevwa tout lide ak pwopozisyon ki ka bay plan devlòpman Seksyon Kominal la jarèt, kit li soti bò kote gouvènman an, kit se bò kote lakomin, kit se bò kote òganis devlòpman, kit se bò ONG, kit se bò kote òganizasyon oswa lòt moun. KASEK la ap fe sa ansanm avèk ASEK la. Yap ankouraje espesyalman pwojè k ap kreye djòb epi k ap sèvi sitou ak byen, ak mwayen Seksyon Kominal la menm.
5-Prepare lis jire yo
6. Kenbe Seksyon Kominal la pwòp
7. Veye pou pa gen dezòd nan Seksyon Kominal la
8. Bay tout sètifika lalwa mande
9. Kontwole si yon kopi pwosè vèbal chak apantaj ki fet nan Seksyon Kominal la byen sere nan achiv pou lakomin ak bon jan nimewo sou yo.
10. Gade si yo swiv sa rejis ki regle afe tè peyi a di epi voye je sou jan yo bati kay ak sou jan yo fe wout, nan tèt ansanm ak biwo Leta ki la pou sa.
11. Mete men nan kanpay ki fet pou devlòpman gadinaj bèt ak kilti latè, nan kanpay alfabetizasyon, nan kanpay pou fouye latrin, nan kanpay pou swen sante nan kominote a, epi nan tout kalte kanpay nasyonal ki nan enterè kominote a.
12. Prepare yon bidjè sou fason Seksyon an ap mache ak pou devlòpman Seksyon kominal la. Asanble Seksyon Kominal la dwe vote bidjè sa a. Epi Konsèy Minisipal la dwe dakò avè l tou, pou li ka mete l nan bidjè komin nan.
13. Gade pou moun repekte lalwa, dekrè, regleman, desizyon, kominike, avi swa gouvènman an, Konsèy Depatmantal la, oubyen Konsèy Minispal la pibliye.
14. Ankouraje devlòpman atizana, travay atis ak aktivite touris nan Seksyon an.
15. Oganize seminè sou fòmasyon sivik ak sou edikasyon kominotè pou moun k ap jwenn avantaj nan sèvis piblik ak pwojè Seksyon Kominal la. L ap fe sa nan tèt ansanm avèk biwo Leta ki la pou sa.
16. Ede popilasyon an jwenn pwoteksyon lè gen malè tankou; siklòn, tranbleman de tè, elatriye epi pran tout dispozisyon espesyal ki nesesè.
17. Kontwole si lè yo arete moun nan Seksyon an, oubyen lè yo mete yon moun nan prizon, sa fet selon lalwa. Veye si yo respekte dwa moun epi voye rapò bay otorite ki genyen arevwa ak kesyon sa yo.
18. Resevwa gratis ti cheri deklarasyon pwovizwa batistè avèk ak desè. Fè mwayen posib pou ofisye eta sivil ki la pou sa ekri yo kòm sadwa nan achiv li.
19. Voye, chak si (6) mwa, yon rapò, sou jan li fe travay li, bay Konsèy Minispal la ak Asanble Seksyon Kominal la.
20. Fè tout lòt travay lalwa mande l fè.
21. Veye si pwojè gouvènman an ak pwojè òganizasyon prive yo (òganizasyon ki pa sou kont gouvenman an) genyen menm aliman ak plan devlòpman pou zòn nan. Kontwole jan y ap reyalize pwojè yo. Bay ASEK la ak sipèvizè li rapò sou jan tout bagay fet.
Atik 20
Prezidan an, ak lòt manm KASEK yo fe travay administrasyon Seksyon Kominal la nan jou ak nan lè Leta di pou biwo louvri.
Atik 21
KASEK la dwe reyini chak 8 jou pou li diskite zafe Seksyon Kominal la ak sou dewoulman pwojè devlòpman Seksyon an. KASEK la ka reyini lè sipèvizè yo mande l sa tou.
Atik 22
Gen yon kaye ki la espesyalman pou yo ekri pwosè vèbal tout reyinyon KASEK yo youn apre lòt, selon dat yo fet la.
Atik 23
Lajan manm KASEK yo touche soti nan bidjè Seksyon Kominal la. Yo peye yo nomalteman.
Atik 24
Se KASEK la k ap okipe tout byen prive Leta genyen nan Seksyon Kominal la epilap fe sa anba kontwòl Konsèy Minisipal la.
Twazyem Moso :
Wòl Prezidan KASEK la
Atik 25
Prezidan KASEK la genyen pou li :
1. Dirije tout reyinyon Konsèy Seksyon Kominal la
2. Egzekite tout desizyon KASEK la pran ak tout dezisyon Asanble Kominal la pran
3. Kontwole si yo byen ekri batistè avèk ak desè epi si ofisye eta sivil la anrejistre yo
regilyèman kòmsadwa
4. Sipèvizè tout travay ki pou itil tout moun kap fet sou seksyon an
5. Kontwole si yo byen fèt epi konsève tout achiv Seksyon Kominal la epi veye si yo pwoteje yo byen
6. Siyen ansanm ak yon lòt manm, tout sètifika ak papye administratif ki sou kont li, jan lalwa mande pou sa fet.
7. Defann devan Asanble a pwojè bidjè Seksyon an ak tout lòt pwojè Konsèy la mande Asanble Seksyon Kominal la asepte
8. Travay pou tout pwojè ak tout aktivite ki la pou Seksyon Kominal la, rive fet epi ankouraje tou moun ki reskonsab pou fe yo mache a
9. Ranmase epi analize tout revandikasyon komite a. Lè administrasyon w lan pa kapab fe anyen pou yo, w ap voye yo bay Konsèy Minispal la.
Atik 25-1
Prezidan KASEK l a kapab ekri yon lèt pou li bay youn nan 2 lòt manm Konsèy Administrasyon an okipe yon moso nan travay li. Men si li pa la oubyen si li pa kapab travay pou yon ti tan, se manm ki gen plis laj la ki dwe ranplase li otomatikman.
Atik 26
Se yon kominike oubyen yon avi pou prezidan KASEK la mete deyò an kreyòl sèlman pou li fè tout moun konnen tout desizyon administrativ KASEK la pran. Li fe otorite ki la pou sipevize a konnen desizyon sa yo. Yo li desizyon sa yo epi yo kole papye ki genyen dezisyon sa yo kote anpil moun konn rasanble.
Atik 27
Se pou pwosè vèbal reyinyon yo ekri nan yon kaye ki la espesyalman pou sa, selon dat reyinyon yo fet epi youn apre lòt. Fòk manm yo siyen yo.
Atik 28
Prezidan Konsèy la ka mande tout anplwaye Leta nan Komin nan èd, pwoteksyon ak konkou, lè sa nesesè, apre li fin diskite sou sa ak rès manm Konsèy la. L ap fe sa chak fwa li nesesè pou enterè Seksyon Kominal la men dapre jan lalwa mande pou sa fèt.
Twazyem pati : Premye chapit
Kondisyon pou yo eli yon moun manm KASEK oubyen manm ASEK
Atik 29
Pou yo eli yon moun manm Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal, fòk :
1. Li Ayisyen epi li deja genyen 25 lane pou pi piti
2-li genyen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li, epi jij tribinal ki jije krim yo rele krim dwa komen pa jamè ba li yon pinisyon pou li ta wont lasosyete
3. Li te rete 2 lane pou pi piti nan Seksyon Kominal la anvan elesksyon an epi li kontinye rete la toujou.
4. Li respekte tout regleman ki nan konstitisyon an ak nan lwa elektoral la.
Atik 29-1
Pou yo eli yon moun manm Asanble Kominal fòk :
1. Li te fet Ayisyen pandanstan li vle vini manm Asanble a epi tou, li genyen 18 lane deja pou pi piti
2. Li genyen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li, epî jij tribinal ki jije krim yo rele krim dwa komen pa jamé ba li yon pinisyon pou li ta wont lasosyete
3. Li te rete 2 lane pou pi piti nan Seksyon Kominal la anvan eleksyon an, epi li kontinye rete la toujou
4. Li respekte tout regleman ki nan konstitisyon an ak nan lwa elektoral la.
Atik 30
Moun ki manm Asanble Seksyon Kominal la, pa kapab anmenmtan manm Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal, ni manm Konsèy Minisipal, ni lapolis, ni jij, ni delege, ni vis-delege, ni depite ak senatè.
Atik 31
Moun ki manm KASEK la pa kapab anmenmtan manm ASEK, ni manm Asanble Minisipal, ni lapolis, ni jij, ni delege, ni vis-delege, ni depite ak senatè.
Atik 32
Se lalwa elektoral la ki di kijan pou moun deklare yo kandida. Li di tou, kijan pou resevwa dokiman kandidati moun ki vle vin manm Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal oubyen manm Asanble Seksyon Kominal.
Atik 33
Pou kanpe Asanble Seksyon Kominal la (ASEK), chak bitasyon oubyen chak gwoup bitasyon ki nan seksyon an eli yon delege.
Atik 34
Anvan yo kòmanse travay, men ki pawòl manm KASEK ak manm ASEK ki eli yo genyen pou yo di lè y ap prete sèman, nan yon tribinal depè ki nan komin nan :
« Mwen sèmante m ap respekte dwa pèp la, m ap travay pou Seksyon Kominal mwen an fè pwogrè, m ap obeyi tou sa ki nan Konstitisyon an ak tou sa ki nan lalwa peyi a epi m ap mennen bak mwen tankou yon sitwayen ki serye epi ki onèt nan tou sa m ap fè ».
Katryèm pati :
Koze ki la annatandan Sou Asanble Seksyon Kominal yo
Atik 35
Annatandan lalwa sou fason pou òganize tout tè peyi a parèt (amenajman), annatandan Leta fè lis bitasyon ofisyèl ki genyen nan chak Seksyon Kominal, kantite moun y ap eli pou fòme Asanble Seksyon Kominal la ap depann de kantite moun Seksyon Kominal la genyen. Annatandan, men kouman sa ap fèt :
Pou Seksyon Kominal ki genyen :
1) Pi piti pase 5,000 moun=7 delege
2) Ant 5,000 moun ak 14,999 moun=
9 delege
3) Plis pase 15, 000 moun=11 delege
Atik 35-1
Kantite moun y ap eli pou fòme Asanble Minispal la ap depann de kantite moun ki rete nan chak. Komin. Annatandan, men kouman sa ap fèt :
Pou Komin ki genyen :
1) Pi piti pase 10,000 moun=11 delege
2) Ant 10,000 moun ak 19,999 moun= 13 delege
3) Ant 20,000 moun ak 29,999 moun= 5 delege
4) Ant 30,000 moun ak 49,999 moun=
17 delege
5) Ant 50,000 moun ak 79,999 moun=
19 delege
6) Ant 80,000 moun ak 199,999 moun=
21 delege
7) Ant 200,000 moun ak 499,000 moun=
23 delege
8) Plis pase 500,000 moun=
25 delege
Atik 35-2
Annatandan lalwa sou fason pou òganize tout tè peyi a parèt, kantite reprezantan lavil ak kantite reprezantan chak Seksyon Kominal nan Ansanble Minisipal yo ap depann de kantite moun ki rete lavil oubyen nan Seksyon Kominal la.
Atik 36
Divès manm yon Asanble Seksyon Kominal dwe soti nan divès bitasyon oubyen nan divès gwoup bitasyon nan menm Seksyon Kominal la.
Atik 36-1
Moun ki gen laj pou yo vote nan chak bitasyon oswa nan chak gwoup bitasyon ap eli delege pou reprezante yo nan Asanble Seksyon Kominal la. Moun ki vle vin delege yo ap fòme yon katèl k ap genyen yon delege prensipal alatèt li. Se pou tout manm yon katèl, moun yo ap vote nan tout biwo vòt ki la pou sa sou Seksyon an.
Atik 37
8 jou apre manm ASEK yo fini prete sèman, epi yo fini enstale yo nan djòb yo, BEK la ap chwazi yon jou ak yon lè tout moun konnen pou l mande ASEK la reyini sou plas piblik. Lè sa a, ASEK la tounen Asanble Elektoral pou li eli youn oubyen plizyè delege pou al reprezante Seksyon Kominal la nan Asanble Minispal la. Se moun ki genyen pi plis vòt k ap pase nan eleksyon an (majorite senp). (Ale wè atik 35.1)
Atik 38
Lè ASEK la ap fe eleksyon pou li chwazi delege ki pou al reprezante Seksyon Kominal la nan Asanble Minisipal la, menm jan tou lè Asanble Minisipal la ap fe eleksyon pou li chwazi delege ki pou al reprezante li nan Asanble Depatmantal la, yo kapab chwazi reprezante sa yo nan mitan manm Asanble a oubyen pami moun ki pa nan Asanble a. Si yo pa chwazi reprezantan sa yo nan mitan manm Asanble a, yo dwe fe sa jan atik 29.1 lalwa sa a mande l la.
Atik 39
Delege vil k ap reprezante pati lavil la nan Asanble Minispal la dwe soti nan divès zòn ki fòme pati lavil komin nan. Y ap eli delege sa yo anmenmtan y ap eli manm Asanble Seksyon Kominal yo jan atik 29.1 ak atik 36.1 lalwa sa a mande li a.
Atik 40
8 jou apre manm Asanble Minisipal yo fini prete sèman epi yo fini enstale yo nan djòb yo, biwo elektoral Komin nan ap chwazi yon jou ak yon lè tout moun konnen pou l mande Asanble Minisipal la reyini sou plas piblik. Lè sa a, Asanble Minispal la tounen yon Asanble Elektoral pou li eli reprezantan Komin nan, nan Asanble Depatmantal la. Se reprezantan ki genyen pi plis vòt la k ap nan eleksyon an (majorite senp).
Atik 41
Nan yon dèle ki pa depase 4 mwa apre yo fin pibliye lwa sa a, Ministè ekonomi ak finans ap prepare yon seri nouvo lwa sou zafe taks ak enpo, pou tout kolektivite teritoryal yo. Lè sa a, y ap kalkile ki pati lajan ki prale nan bidjè Seksyon Kominal la. Men lalwa sa yo dwe fèt jan Kontitisyon an mande l nan atik 217 ak 218 li.
Atik 41-1
Leta genyen senkan (5 an), ki kòmanse depi jou yo pibliye lwa sa a, pou li bay tout Konsèy Seksyon Kominal yo mwayen ki nesesè pou yo fe travay yo kòmasadwa.
Atik 41-2
Annatandan lalwa tou nèf yo sou zafè taks ak enpo pou tout kolektivite tèritoryal yo pase, depi ane fiskal 95-96 la kòmanse, pouvwa egzektif la ap di ki kantite bourad lajan kolektivite teritoryal yo ap jwenn. Yon pati nan lajan sa a ap la espesyalman pou pwogram fòmasyon sou jesyon administratif ak sou jesyon pwojè ki genyen rapò ak pwodiksyon epi k ap itil tout moun.
Senkyèm pati: Koze espesyal
Atik 42
Gouvènman an dwe itilize tout mwayen ki nesesè pou li pibliye lalwa sa a an kreyòl kou an franse. Apre yo fini pibliye lalwa a, y ap renmèt manm KASEK yo ak manm ASEK yo yon kopi.
Sizyem pati: Dènye koze
Atik 43
Lalwa sa a anile tout lalwa ak tou sa yo regle, tout dekrè-lwa ak tou sa yo regle ki kontrè ak lalwa sa a. Se Minis Enteryè, Minis Ekonomi ak Finans, Minis Planifikasyon ak Koperasyon, Minis Administrasyon ak Fonksyon Piblik k ap pibliye lalwa sa a, epi se yo menm tou ki gen responsabilite fè moun respekte li.
Lalwa sa a fèt nan Lachanm Sena nan Pòtoprens, jou ki 28 mas 1996, lane ki fè peyi a 193 lane an depi li endepandan.
RELASYON TRAVAY KASEK LA AK ADMINISTRASYON SANTRAL LA : Wòl ak Responsabilite chak palye nan Devlopman peyi a
1. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou Kesyon administrasyon (Atik 1 9. 1, 20)
Ministè Enteryè
Dwe tranfere pouvwa sou kolektivite yo bay « Planifikasyon ak Amenajman Teritwa »
Ministè Finans
-Fiske ansanm ak KASEK yo taks, enpo, dwa espesyal ki pou seksyon an (atik 218 Konstitisyon 1987)
-Voye regilyèman bourad lajan Leta santral ki pou seksyon an ak nan Depatman an.
DGI
Mete yon sistèm ranmase lajan pour resèt fèt rapid epi rete sou seksyon an.
Ministè Planifikasyon ak Amenajman Tèritwa
Kòdone tout aktivite administrasyon santral ak KASEK yo
Fè zouti planifikasyon ki chita sou bezwen ak priyote
Kòdone tout seminè fòmasyon administrasyon santral pour KASEK
Akonpaye KASEK yo nan preparasyon plan devlòpman
Seminè fòmasyon sou kesyon planifikassyon
Planifye tout kalte resous pou soutni plan devlòpman seksyon kominal yo
Fiske limit jiridiksyon teritwa KASEK yo
IHSI (BIWO ESTATISTIK)
Bay zouti planifikasyon pour ranmase enfòmasyon
Biwo popilasyon
Defini oryantasyon politik popilasyon peyi a
Kou siperyè dè kont (KSKKA)
Fè kontwol jesyon lajan
Gade jan administrasyon an mache
Bay konsèy pou administrasyon KASEK la mache byen.
Reskonsabilite KASEK la
Oganize biwo li
Fè plan devlòpman pou mete kanpe estrikti pou sèvis popilasyon an epi veye si sa ki la deja yo ap mache byen; kenbe yo nan bon eta
Jere kòmsadwa domèn prive Leta ak tout lòt byen piblik sou kesyon an.
Jere lajan, bidjè, pwogram
Ankouraje moun pou peye taks
Kontwole ranmase taks
Monte dosye, òganize achiv
Jere teritwa seksyon an
Kenbe dwa granmoun ak diyite peyi a
Ranmase enfòmasyon
GADE :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik 4; 4.24; 19.2; 19.12; 19.17; 19.19; 25.1; 25.4; 25.5; 25.8; 25.9
Konstitisyon :
Atik 1; 1.8
2. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou Kesyon pwodiksyon ak devlopman resous ak byen kiltirel
Ministè Agrikilti
Mete sistèm irigasyon
Mete sitèn
Mete bank zouti
Mete bank semans
Mete sistèm konsèvasyon pwodui agrikòl
Mete teknisyen pou ankadreman
Mete fon pou kredi agrikòl nan bank yo
Fè fomasyon moun k ap fè travay agrikilti an pasanpa biwo planifikasyon/edikasyon
Ede gadinaj, lapèch
Mete pwoteksyon tè
INARA
Fè peyizan jwenn tè pou travay
Ede identifye tè Leta nan seksyon an
Bay dizon li sou demand fèmaj tè Leta
Fiske kantite tè pou moun genyen pou pwodi (Atik 248.1 Konstitisyon 1987)
Bay enfòmasyon sou jan moun òganize pou travay tè
Ministè Kilti
Ankouraje, kore devlòpman resous ak byen kiltirèl kòm potomitan
Anviwonman
Veye epi evite move konsekans pwogram yo sou lanati, sou popilasyon an
Lite kont debwazman
Ministè Planifikasyon
Etidye, kòdone pwojè ak aktivite pwodiksyon
Planifye tout kalte resous pou egzekite plan devlopman
Ministè Finans
Voye regilyèman bourad lajan Leta santral ki pou seksyon an nan direksyon depatmantal yo
Fè bank Leta mete yon sistèm nan komin yo pou pèmèt la bank bay kredi
DGI (Kontribisyon)
Fiske dwa espesyal sou lajan esplwatasyon resous (min, touris, dwàn, ayeropò, elatriye)
Ministè Komès ak indistri:
Ede mete antrepiz atizanal
Ede mete lòt entrepriz
Devlope sistèm komès nan avantaj pwodiktè yo
CNC
Ankouraje e devlope kowoperativ
Biwo min (TPTC)
Bay enfòmasyon sou pwojè esplwatasyon min ak resous natirèl
Ministè Edikasyon
Mete sou pye yon lòt sistèm ansèyman teknik ak pwofesyonel pou fòme kad, teknisyen, ajan pou soutni devlòpman
Ministè Touris
Devlope baz pou touris
Reskonsabilite KASEK la
Veye an jeneral sou ankadreman agrikòl, irigasyon
Pouse atizana, ankouraje endistri, touris ak pwodiksyon byen kiltirel (gwòt, so-dlo, moniman istorik, lakou, elatriye)
Mete ansanm ak sektè prive, oganizasyon pou kreye antrepriz
Mennen refleksyon sou òganizasyon tè pou travay
Voye je sou apantaj, kadas
Siveye fason fèmye yo sèvi ak tè Leta
Pouse gadinaj, lapèch
Devlope sikwi ak mwayen pou distribye pwodiksyon seksyon an
Voye je sou esplwatasyon min ak lòt resous natirèl
Monte ekip travay sou kesyon pwodiksyon ki chita sou devlòpman resous kiltirèl
GADE :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik 19.2; 19.9; 19.10
3. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou Kesyon estrikti pou pwodiksyon ak devlopman
Ministè Travo piblik
Bay sipò teknik pou trase ak repare wout, fè plan sitèn
Bay bourad nan devlope mwayen transpò
SNEP<br>
Bay komin nan sipò pou gwo kaptaj fèt pou separe ak seksyon yo
Ede KASEK la :
- Fè apantaj sous sou seksyon an oubyen ak lòt seksyon
- Konstwi sitèn ak fontèn
Teleko
Mete mwayen kominikasyon nan komin nan pou li kapab sèvi seksyon yo
EDH
Mete nan komin yo sistèm pwodiksyon kouran ak dlo, solèy, elatriye, pou separe ak seksyon yo (Atik 255 Konstitisyon 1987)
Ministè Planifikasyon
Ede ministè yo kodòne aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlopman
Reskonsabilite KASEK la
- Reklame e pi veye sou estrikti ki la pou fè popilasyon an jwen :
- dlo pou tout sèvis
- elektrisite
- telekominikasyon
- wout
- sistèm irigasyon
GADE :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik 19.2; 19.4; 25.4
4. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou Kesyon lajistis ak dwa moun
Ministè Jistis
Mete mwayen pou KASEK yo konnen lalwa penal ak dwa moun
Polis nasyonal
Ede KASEK la kore brigad sekirite oubyen komite defans sivil òganizasyon yo mete sou pye
Ede jij yo fè lalwa respekte nan zòn nan
Opdes (ministè lenteryè)
Fè prevansyon dezas ak ministè Anviwònman, ministè Lasante an seksyon an
Pote koukou lè general dezas
Prepare refij ak estòk materyèl sekou anvan dezas
Pare estrateji deplasman popilasyon an lè jeneral dezas
Makonnen travay sa yo ak Lakwa Wouj
Reskonsabilite KASEK la
Veye pou gen lòd, sekirite piblik sou seksyon an
Veye pou lalwa respekte
Veye pou dwa moun respekte
Prepare lis jire
Mete antant nan mitan moun ki gen pwoblèm
Veye pou yo pa vann jistis
Ede popilasyon sivil la pwoteje tèt li lè gen dezas natirèl oubyen sosyal
Reprezante seksyon an devan lajistis
GADE :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik 11.9, 19.5, 19.7, 19.8, 19.13, 19.16
5. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou kesyon Ledikasyon
Ministè Edikasyon<br>
Bay bourad nan konstwi lekòl ak remanbre sa ki la deja yo
Siveye jan lekòl yo ap mache
Bay materyèl ak ekipman gratis
Fè fomasyon ajan k ap travay deja nan ledikasyon anpasan pa biwo planifikasyon
Devlope bon jan lekòl peofesyonèl
Devlope bon jan ledikasyon « non fòmèl »
Sekreteri Deta Jenès, Espo, Sèvis sivik
Ede devlope estrikti pou espò
Fè jwenn ekipman pou espò
Fè fòmasyon pou monitè espò ak lòt resous
Deplòtonnen fòmasyon sivik
Ede jèn yo kreye travay pou pwòp tèt yo
Ministè Kilti<br>
Devlope estrikti pou pwodiksyon kiltirèl
Ankouraje amizman ak aktivite kiltirèl
Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon
Mete estrikti pou alphabetizasyon moun
Tradwi an kreyòl tout dokimn ki gen arevwa ak kolektivite seksyon kominal
Ministè Planifikasyon<br>
Ede ministè yo kòdone aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
Reskonsabilite KASEK la
Travay ak biwo ledikasyon depatman an, pou li mete lekòl fondamental gratis pou tout timoun
Veye pou tout timoun jwenn liv ak materyèl lekòl gratis
Remanbre lekòl ak sant alfa ki la deja
Ede nan òganizasyon kanpay alfabetizasyon
Monte ekip travay pou prepare plan ak bidjè ledikasyon pou seksyon an epi veye pou lekòl yo byen mache
Kreye estrikti pou espò nan seksyon an
Ankouraje espò nan seksyon an
Fè pwogram fòmasyon sivik pou jèn ak nan lekòl yo
Mete kantin pou timoun yo
Kreye kondisyon pou tout timoun apati 6 an ale lekòl
Ankouraje fòmasyon pwofesyonèl jèn yo
6. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou kesyon Sante
Ministè Sante<br>
Kore pwogram lijyèn piblik ak sante kominotè
Mete mwayen pou kreye sant sante ak sipèvizyon travay yo
Mete pwogram pou devlope resous natif-natal nan geri ak pran swen devan maladi
Bay materyèl ak ekipman
Fè fomasyon moun kap fè travay lasante anpasan pa biwo planifikasyon
Fè konnen regleman sou aktivite distribisyon lasante
Garanti asirans sante pou tou moun
Ministè Anviwonman<br>
Ede jere koze fatra
Apiya pwogram pou proteje lanati, anpeche debwazman
Fè fòmasyon an pasan pa biwo planifakasyon ak lediksyon
Egzamine pwogram devlòpman yo pou evite move konsekans sou lasante popilasyon an
Ministè Agrikilti
Ede garanti lamanjay
Ministè Edikasyon<br>
Mete sou pye yon lòt sistèm ansèyman teknik ak pwofesyonèl lo pèmet jwenn kad, teknisyen, elatriye Pou travay lasante
Planifikasyon<br>
Ede ministè yo kodòne aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
SNEP (TPTC)
Bourad pou mete dlo potab, sitou fè tiyo rive andedan lakou moun
Reskonsabilite KASEK la
Veye pou ministè Sante Piblik ranpli obligasyon li nan kreye sant sante
Pouse devlòpman tout resous pou popilasyon an jwenn lasante san tèt chaje (doktè, mis, medikaman, medsen fèy, remèd fèy…)
Ede rekonsab lasante sou seksyon an mobilize tout moun pour patisipe nan pwogram sante yo, espesyalman nan kanpay yo
Chache tout bourad pou fè li lijèn piblik devlope :
nan mache, labatwa, simityè, lekòl
- Konstwi dispoziti pou latrin, dlo potab, fatra, elatiye
Monte ekip travay sou kesyon lasante pou prepare plan ak bidjè pou seksyon an epi siveye pou pwogram yo byen mache
Veye si pwojè devlòpman yo pa gen move konsekans sou lasante popilasyon an
GADE :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik 19.2; 19.6; 19.11
Konstisyon 1987 :
Atik 23
7. Wòl chak Ministè ak Òganis Leta sou kesyon sosyal
Ministè Afè sosyal<br>
Mete mwayen pou sèvis sosyal yo mache, pou ranfòse òganizayon yo
Fè konnen lalwa ki garanti bon mach òganizayon
Ankouraje apliksyon lwa nasyonal ak entènasyonal sou travay
Fè konnen lalwa ki bay enfòmasyon sou kouman pou tabli izin, sou fonksyonman yo
Fè konnen Kòd Travay la
Ministè Sante
Etidye, mete sou pye sistèm asirans sante pou kouvri tout moun nan seksyon yo
Ministè Planikasyon
Ede ministè yo kòdone aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
CNC
.Ankouraje ak devlope koperativ
.Reskonsabilite KASEK la
- Cheche kreye sèvis sosyal kouwè :
- krèch (pou ti moun piti)
- òfelina (pou timoun)
- Kès asistans (asistans pou pò, fanm san mari, èn fi ki manman pitit bonè, grandèt san fanmi)
Resevwa demand enrejistreman òganizasyon yo epi voye yo lakomin
Ankouraje epi ranfòse òganizasyon (sendika, regwoupman, koperativ…) nan sektè :
- pwodiksyon
- edikasyon
- kilti
- pwofesyonèl
- fanm
Monte ekip travay pou prepare plan ak bidjè pou sèvis sosyal
Sous :
1. Konstitisyon 1987,
2. KOUT JE SOU LWA 4 AVRIL 1996,
GRIEAL, Bibliyotèk Fanm ak Gason Peyi d Ayiti
Seri Sekrè demokrasi patisipativ
[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.