KONSTITISYON 1801 

 

 


 Tousen Louvèti

Jeneral anchèf

Gouvènè Sen Domeng

 

 

 

 

 

Koleksyon Patrimwàn

Jiyè 2001

 

 

     KONSTITISYON

   

          Premye edisyon :

          Cap-Français : Chez P. Roux, imprimeur du Gouvernement,1801[24 p.]

          N ap jwenn liv sa a nan library of the Boston Athenaeum, Boston.

 

  

          Dezyèm edisyon :

          Cap-Français : De La Vve. Leroux, 1801 [8 p.]

          N ap jwenn liv sa a nan library of Congress, Washington, D. C.

 

 

          Twazyèm edisyon :

          Cap-Français : Chez P. Leroux, imprimeur du Gouvernement, 1802 [16 p.]

          N ap jwenn liv sa a nan Bibliothèque nationale de France, Paris.

 

 

          Tradiksyon: Près Nasyonaol d Ayiti

          Edisyon: Près Nasyonal d Ayiti

          Koleksyon Patrimwàn, Jen 2001

 

 

          Depo Legal : 01-06-184

          Bibliyotèk Nasyonal d Ayiti

  

          IBSN : 99935-37-06-3

 

 

          Enpreme nan Atelye

          Près Nasyonal d Ayiti

          Jen 2001

 

 

          Pwopriyete Près Nasyonal

          Gouvènman Repiblik d Ayiti

 

 

 

PREZANTASYON

 

 

Koleksyon Patrimwan Près Nasyonal d Ayiti montre enterè li ane sa a pou tout keksyon ki gen rapò ak sosyoloji epitou istwa peyi a.  Apre liv Jean Price Mars la Vocation de l'Élite, te genyen tou Pour que la Mémoire… yon epizòd sou arestasyon ak move tretman Lafrans kolonyalis te fè Toussaint sibi nan prizon, avan li te mouri.

 

Jodi a, pou desan (200) lane konstitisyon Toussaint an Koleksyon an ofri lektè tèks la nan de (2) lang ofisyèl nou yo kreyòl ak franse.  Konstitisyon sa a, lide General anchèf Toussaint Louverture, se yon dokiman ki gen anpil valè. Li trè modèn, sitou lè yo konsidere baz li ki byen djanm ak gwo prensip anfavè egalite tout sitwayen.  Yon kote konstitisyon sa a pote mak tout antrav epòk li ki te mare pye evolisyon Sen Domeng; men yon lòt kote tou, se siy yon konkennchenn pwogrè pa rapò a sistèm esklavaj la. Nan sans sa a, Konstitisyon 1801 an gen nannan pou li enspire tout polisyen, tout pwofesyonèl k ap travay sou konstitisyon e li kapab louvri wout rechèch pou tout inivèsitè oubyen lòt sitwayen ki enterese suiv, dapre listwa, evolisyon panse ayisyen.

 

       Kalite piblikasyon sa yo ouvè pòt pou gaye bon jan deba kont woutin ak prejije.

 

Mete lòd nan memwa nou pou nou ka konnen sa pou nou fè jounen jodi a, se yon pwogram ki fèt pou enterese       tout moun.

 

 

           Koleksyon Patrimwàn

           Jen 2001

 

 

 KONSTITISYON SEN DOMENG

 KONSTITISYON TOUSSAINT LOUVERTURE

 1801

 

DISKOU PRELIMINÈ

 

 Koloni Sen Domeng t ap fonksyone, depi tout tan, san pyès lwa, an favè li; pandan lontan, sou otorite bann chef anbisye ki t ap gouvènè li a, l Eta sila a t ap fini pa koule san jeni ak sajès Toussaint Louverture, jeneral anchèf lame a. Se yon peyi ki t ap pral tonbe toudrèt nan yon katastròf san parèy si Toussaint pa t vini ak kèk plan byen adapte, kèk aksyon dyanm pou sove koloni sa a, wete li nan enpas kote ennmi anndan tankou ennmi deyò t ap kondui li, byen vit.  Konkennchenn nèg sa a te rive atan pou reyalize pwojè restorasyon li te gen nan tèt li, rive mete fen nan gwo chirepit ki t ap divize abitan yo; konbat lamizè, mete travay pou moun aprann viv nan lonè ak respè. Jeneral la te rive frennen tout gè sivil ak tout zak malonèt ki te soti pou brasebil teritwa sa a; mete sekirite nan plas laterè, travay san rete pou koloni an garanti pwoteksyon li anba drapo Lafrans.  Revolisyon ki te fèt nan peyi sa a an 1789, te mete andanje, anba gwo zak vyolans, sistèm kolonyal ki te toujou anplas nan Sen Domeng nan.  Divès Asanble lejislatif nan Lafrans te pwopoze yo, akòz defo yo te gen nan nannan yo, akòz kontradiksyon, reskonsab ki te la pou aplike yo, se enterè pèsonèl pa yo, yo te konsidere sèlman, sètadi, sa k te nan avantaj yo pito. Se pou tèt sa, dezòd te gaye piplis ankò. Se poutèt sa tout, bann lwa sa yo, olye yo te òganize lavi sosyete a, yo te lakòz plis deblozay pete nan yon sitiyasyon ki te deja frajil, prèt pou eksploze.  Anpil moun te fini meprize lwa sa yo.

 

Reprezantan ki te travay mete sou papye konstitisyon anndan Lafrans nan lane 8, te pètèt santi nesesite pou anvizaje yon lòt sistèm apa, pou tout koloni ki lwen metropòl la.  E nan tout pwojè lwa ki te prevwa pou sa, yo te fin pa konprann fòk yo pran an konsiderasyon, koutim ak abitid abitan ki viv lwen metropòl la, san bliye bezwen blan franse ki abite kote yo tou Yo di ankò yo te konsidere anpil lòt sikonstans ki enfliyanse koloni an.  Men, travay sa a, eske yo te kapab fè li lè yo te si lwen teren an, epitou, lè tout enfòmasyon y ap resevwa yo pa t fin kòrèk nèt. Eske yo ta kapab reyalize travay sa a san yo pa janm mete pye yo sou tè moun yo. Konprann pwoblèm sosyete a pou pote bon jan amelyorasyon, sitou nan yon epòk kote lagè t ap fè ravaj, souke tout baz peyi a.

 

Atik 91

Konstitisyon Lafrans lan ta sipoze pou kont li otorize moun k ap viv nan Sen Domeng pwopoze gouvènman koloni Lafrans yo, lwa ki gen pou wè ak lavi yo, lavni yo nan koloni.  Si eksperyans pa t deja fè yo konsidere jès sa a tankou yon obligasyon; moman an sa a te bon anpil, la pè te tabli paske Toussaint LOUVERTURE te deja kòmanse mete lòd nan dezòd. Pasyon yo te kòmanse kalme : menm prejije yo te sanble fè yon bese toupiti.  Gen sikonstans nan lavi a ki prezante yon sèl fwa pou yon pèp, e, lé l pèdi l, li pa gen chans jwenn li ankò yon lòt fwa.

 

Eksperyans moun sou teren an ansanm ak evolisyon Toussaint LOUVERTURE te pwouve ke se moun teren an menm ki pou ekri konstitisyon Sen Domeng.  Desizyon sa a jwenn jistifikasyon li paske li konsidere enterè moun ki nan peyi a ak enterè Lafrans.  Konstitisyon sa a, dwe chita tou sou kèk kestyon enpòtan tankou:

 

Reklamasyon lejitim divès depatman koloni an ki t ap mande san rete pou tribinal lajistis yo pi pre sitwayen ki bezwen jistis.

 

Nesesite pou fè vini lòt kiltivatè pou ogmante rannman kilti latè nan plantasyon yo, mete plis aktivite nan komès, epitou remete manifakti yo sou pye.

 

Itilite pou fè de (2) pòsyon zile a tounen yon sèl, sou sèl otorite Lafrans.

 

Enposiblite Lafrans pou pote sekou, bay kokennchenn koloni sa a sitou nan zafè manje, sitou lè li lan langè ak sèten peyi ki kapab mete blokis maritim anpeche li navige lib et libè.

 

Nan sa ki gen arevwa ak administrasyon finans koloni an, mete sou pye you rejim senp menm jan toupatou nan koloni an, pou rive  frennen abi ak tout lòt abi.

 

Anfennkont, enpòtans ki genyen pou ranfòse e mentni lapè nan peyi a, pou pwosperite ka blayi, pèmèt moun viv byen, sitou apre move tan fi n pase.

 

Enpòtans tou pou fè tout moun konnen dwa yo ak devwa yo tou, touye jèm mefyans dapre lwa ki chita sou konpreyansyon youn pou lòt ak enterè chak moun nan chak gwoup.

 

Se tout rezon sa yo ki te pote jeneral anchèf la pran desizyon konvoke yon Asanble lejislatif pou pwopoze gouvènman franse a yon konstitisyon ki ta vremanvre nan enterè koloni an.  Zèv sa, se youn nan bèl inisyativ jeneral anchèf la.

 

Si Toussaint pa t mete twòp moun nan asanble sa a, se paske li pa t vle twòp diskisyon, twòp pasyon devlope, lò y ap ekri tèks lwa yo. Men anmenm tan, li te vle tande refleksyon tout save, tout moun ki okouran zafè lwa, pou yo rekonèt travay enpòtan sa a se konstitisyon tout moun nan koloni an. Si asanble sa a  pa t fè travay la jan tout sitwayen ta vle li, e si li pa t reponn  nèt ak tout lide nan tèt jeneral la; toudmèm li te prezante yon dokiman ki kenbe kont sitiyasyon koloni an ak kondisyon yo, ak posiblite li te gen nan men li. Se pa tout chanjman moun tap tann yo ki te jwen satisfaksyon.

 

Enpòtans tou pou fè tout moun konnen dwa yo ak devwa yo tou, touye jèm mefyans dapre lwa ki chita sou konpreyansyon youn pou lòt ak enterè chak moun nan chak gwoup.

 

Se tigout pa tigout, tou dousman, pwosperite koloni an t ap louvri zèl lil.  Li pa kapab ale twò vit.Pou yon bon bagay fèt e dire lontan, fòk li fèt tipatipa, fòk li pran tan l pou li byen mi. Fòk li suiv mouvman lanati ki pa janm prese, men ki bay bèl fwi mi ki bon nan bouch. Li ta bon anpil, si premye konstitisyon sa a te kapab pote yon ti amelyorasyon nan kondisyon lavi tout moun Sen Domeng ki, anmenmatan, ta jwenn rezon pou apresye li, aksepte l ak tout feblès franse a, menm si li pa yon dokiman pafè nèt.

 

Tout atik konstitisyon an te ekri apre diskisyon, nan konsètasyon, san pasyon, san prejije, san moun pa, jouk li te vin fòme yon dokiman ki te sèl sous lwa koloni Sen Domeng. Li te pèmèt gouvènman an dirije nan trankilite pou koloni an pwofite jwenn richès dantan li. Dayè, chak de (2) an, tout asanble santral k ap vin apre yo ap gen  dwa pote chanjman ki nesesè nan lwa yo, sou baz eksperyans lavi nan koloni an.

 

Asanble santral la pa t pretann soumèt pi bon konstitisyon koloni an ta kapab genyen. Men, sa li te kapab di, ak asirans, sèke tout manm ki te patisipe nan kreyasyon dokiman an te wè byen peyi a, te gen entasyon ranfòse lapè, trankilite, pou koloni an kontinye pwospere, ogmante richès li, pandan li ta rete sanpousan (100%) anba banyè gouvèman Lafrans.

 

 

********

******

****

**

  KONSTITISYON

 

Depite tout depatman koloni Sen Domeng yo, reyini nan yon sèl asanble santral, te poze baz konstitisyonèl koloni Lafrans gen nan Sen Domeng nan, kon sa :

 

 

TIT PREMIYE

ZAFÈ TERITWA A

 

Atik 1 

Zile Sen Domeng : gran tè a ak Samana, La Tortue, La Gonâve, les Cayemittes, la Saône, l'Île-a-vache ansanm ak tout lòt zile nan limit teritwa a, fòme teritwa yon sèl koloni, ki li menm fè pati Puisans kolonyal Lafrans.  Sepandan, teritwa sa a, ap gen pwòp lwa pa li.

 

Atik 2

Teritwa koloni an divize an depatman, awondisman ak pawas.

 

 

TIT II

ABITAN YO

Atik 3

Pa gen dwa esklav sou teritwa sa a. Esklavaj aboli pou tout tan. Tout moun zile a fèt, viv,  mouri lib kòm sitwayen franse.

 

Atik 4

Tout moun, kèlkanswa koulè yo, gen dwa pou yo aplike pou nenpòt ki travay.

 

Atik 5

Distenksyon ki pou genyen ant sitwayen yo se sèlman sa ki gen rapò ak kalite moral epi talan chak sitwayen. E gen lòt diferans la lwa kapab etabli dapre regleman fonksyon piblik. Lalwa se menm pou tout moun, nan pini osnon pwoteje sitwayen

 

TIT III

RELIJYON

 

Atik 6

Relijyon katolik, apostolik womèn, se sèl relijyon moun gen dwa pratike piblikman.

 

Atik 7

Fò chak pawas reskonsab tout depans anndan teritwa li. Se li ki pou kouvri frè legliz ki sou kont li, byen pawas la fèt pou peye mòd depans sa yo epitou lojman anplwaye li yo.

 

Atik 8

Gouvènè koloni an gen pou bay chak minis relijyon an (pè, kire, monsyè) limit administrasyon teritwa li. Minis sa yo pa janm gen dwa fòme yon kò endepandan nan peyi a, sou okenn pretèks.

 

TIT IV

ZAFÈ KONTIM YO

 

Atik 9

Maryaj selon rejim sivil oubyen relijye vize bòn mès ak bon konpòtman. Tout moun marye ki respekte règ maryaj, ap toujou jwenn ankourajman ak pwoteksyon espesyal bò kote gouvènman an.

 

Atik 10

Manman lwa koloni an pa aksepte moun divòse.

 

Atik 11

Lwa ki regle kondisyon vi ak dwa timoun ki fèt anndan lyen maryaj, chita sou moralite ak bon konpòtman. Yo fèt pou ankouraje e simante bon rapò anndan fanmi.

 

TIT V

ENDIVIDI ANNDAN SOSYETE A

 

Atik 12

Konstitisyon garanti libète ak sekirite chak moun anpatikilye. Yo pa pakab arete yon moun san yon lòd espre pou sa. Lòd sa a, fòk li sòti nan biwo yon fonksyonè. E li menm fonksyonè sa a, se fòs lalwa ki ba l dwa arete epi kenbe yon moun nan prizon nan yon espas piblik ki fèt pou sa.

 

Atik 13

Pwopriyete chak moun, se yon byen sakre. Se yon espas pèsonn pa dwe vyole. Pwopriyetè gen dwa dispoze epi administre byen li; tankou li gen dwa mete lòt moun administre pou li, depi tout prèv fèt se byen l tout bon vre. Nenpòt ki moun ki eseye vyole dwa sa a, pase pou kriminèl devan la sosyete; e li reskonsab devan moun ki sibi domaj la.

 

 

SA K GEN RAPÒ AK KILTI LATÈ EPI KOMÈS

 

Atik 14

Sèl gwo resous koloni an se agrikilti; se pou tèt sa, pèsonn moun pa gen dwa janm kanpe tavay kilti latè.

 

Atik 15

Chak abitasyon se yon manifakti kote se yon gwoup kiltivatè ak lòt ouvriye ki mete ansanm pou fè travay la. Se yon abitasyon trankil kote yon menm fanmi ap travay anpil  pou byennèt tout moun. Papa fanmi sa, se mèt pwopriyete a oubyen reprezantan li.

 

Atik 16

Chak grenn kiltivatè, chak grenn ouvriye, se manm fanmi an. Chak gen pòsyon pa li nan pataj benefis pwopriyete a. Depi yon kiltivatè abandone teren travay li, se tout kilti a menm ki deperi. Kidonk, pou pini zak kriminèl san parèye sa a, kontrè a lòd pliblik, gouvènè a prevwa règleman polis ki nesesè e ki konfòm ak baz Règleman Polis 20 Vendemaire, lane 9, e apre l, Pwoklamasyon 19 Pluviose Jeneral Toussain LOUVERTURE.

 

Atik 17

Sen Domeng ap toujou kontiniye fè vini epi anboche kiltivatè ki endispansab, pou l kapab remete abitasyon li yo kanpe, epi tou ogmente rannman. Konstitisyon an anchaje gouvènè a pran tout mezi itil pou li ankouraje e fasilite rekritman kategori moun sa yo, menaje tout bon vre enterè chak gwoup e veye pou okenn pati pa vyole angajman yo.

 

 

TIT VII

LEJISLASYON AK  OTORITE LEJISLATIF

 

Atik 19

Lwa ki kontwole rejim koloni an, se gouvènè a ki pwopoze yo. Lè gwoup sitwayen fin apwouve yo nan asanble. Asanble sa gen dat fiks pou l reyni nan koloni an, e li rele Asanble santral Sen Domeng.

 

Atik 20

Pyès lwa an rapò ak administrasyon koloni an, pap jwenn otorizasyon pou li pibliye lwa si li pa gen antèt sila a: Asanble santral Sen Domeng, dapre pwopozisyon gouvènè a deside lwa sa a.

 

Atik 21

Okenn lwa pa gen pouvwa egzekisyon si li pa pibliye kòmsadwa, sa vle di (parèt sou papye antèt) nan tout chèflye depatman yo.

 

Men ki jan pou piblikasyon an parèt: Nan non koloni fransè Sen Domeng, gouvènè a òdonne yo mete so sou lwa sa a, pibliye l pou l antre ann apliksyon nan tout koloni an.

 

Atik 22

Asanble santral Sen Domeng nan konte 2 depite pou chak depatman li yo. Depite sa yo, pou yo gen dwa kandida, fòk yo gen trant (30) an omwen e fòk yo t ap viv depi senk (5) lane nan  koloni an..

 

Atik 23

Mwatye nan Asanble a dwe chanje chak de (2) an. Pèsonn pa gen dwa rete mann pandan si (6) an san rete Men kijan pou eleksyon yo fèt: Administrasyon minisipal yo nonmen, chak de (2) an, 10 ventôse (1er mars), yo chak, yon deptie. Depite sa yo gen pou reyini di (10) jou apre, nan chèflye depatman yo, kote ya fòme asanble elektoral depatmantal ki, limenm, gen pou nonmen yon depite pou Asanble Santral la.

 

Pwochen eleksyon an dwe fèt 10 ventôse, lan onzyèm lane Repiblik Lafrans lan (premye mas 1803) Anka youn nan manm Asanble a mouri, plizyè lòt demisyone, se wòl Gouvènè a ki gen dwa ranplase yo. Se li menm tou ki pou nonmen nouvo manm Asanble santral lè moman an rive. Nouvo manm sa yo, lè manda yo fini gen dwa pase de (2) lòt lane nan pòs yo, si se premye renouvèlman yo.

 

Atik 24

Asanble santral la gen pou wòl adopte osnon rejte tout pwojè lwa Gouvènè a mete devan li. Li esprime sa l panse sou règleman ki deja la yo, sou jan yo aplike yo, sou koreksyon ki merite fèt, sa k merite amelyore, konsènan tout administrasyon ki anplas nan koloni an.

 

Atik 25

Sesyon Asanble a louvri chak ane, 1er germinal (22 mas) e li pa fèt pou dire plis pase twa (3) mwa. Gouvènè a gen pouvwa rele li pou sesyon ekstraòdinè. Sesyon yo pa fèt piblik.

 

Atik 26

Konsènan resèt ak depans gouvènè a prezante li, Asanble santral la gen pou konsidere, si gen pwodui anmass; ki pòsyon, ki kantite, ki fòm e pou konbyen tan pou pèsevwa taks (enpo!). Se li k pou deside si taiks yo twòp ou si yo pa ase. Desizyon sa yo, enprime sou papye.

 

TIT VIII

GOUVÈNMAN AN

 

Atik 27

Se yon gouvènè ki genyen tout reskonsablite administrasyon koloni an. Gouvènè sa a gen rapò dirèk avèk gouvènman metropòl la, pou tout bagay ki konsène enterè koloni an.

 

Atik 28

Konstitisyon an nonmen gouvènè, sitwayen Toussaint Louverture jeneral anchèf lame Sen Domeng, epi, poutèt gwo sèvis jeneral sa a rann koloni a nan epòk brital revolisyon an, ak konsantman abitan yo (ki gen jeneral la rekonesans), yo remèt li gouvènman koloni a jouk li mouri.

 

Atik 29

Nan lavni, se pou senk (5) lane yon gouvènè ap jwenn nominasyon li e la kapab kontinye apre chak senk (5) an, si li bay bon rannman nan administrasyon li.

 

Atik 30

Pou ranfòse lapè ak trankilite koloni an konnen, gras a fèmte, gwo efò epi devouman san limit ak lòt kalite pèsonel Toussaint Louverture, Konstitisyon an bay jeneral sa pouvwa pou li chwazi li menmmenm moun pou ranplase li, lan moman gran dèy lanmò jeneral la.  Chwa sa a, ap rete sekrè. Se nan yon anvlòp kachte non moun nan va ekri, e se sèl Asanble santral la ki kapab louvri li, an prezans tout jeneral lame Sen Domeng yo ak lot kòmandan anchèf tout depatman yo.

 

Jeneral Toussaint Louvertiure ap pran tout mezi ak prekonsyon nesesè, pou l di manm Asanble a, ki kote li sere anvlòp enpòtan sa a.

 

Atik 31

Sitwayen jeneral Toussaint Louverture chwazi a pou li pase pouvwa apre lanmò li, va prete sèman devan Asanble Santral la. Sitwayen sa a dwe fè sèman pou li respekte kontitisyon Sen Domeng nan e pou toujou rete fidèl a Lafrans. La rantre nan pòs toudsuit devan jeneral lame an aktivite yo ak devan kòmandan anchèf depatman yo. Tout jeneral ak tout kòmandan yo, san pèdi tan, dwe prete sèman devan gouvènè a pou uo resevwa lòd li.

 

Atik 32

Pa pita yon mwa anvan fen manda senk (5) an administrasyon yon gouvènè, li va konvoke yon Asanble Santral ak manm li yo, ansanm ak jeneral an sèvis yo epi tout kòmandan anchèf depatman yo, kote seyans Asanble santral la abitye fè la, pou nonmen, menn lè a, yon nouvo gouvènè oubyen renouvle manda gouvènè ki te deja la a.

 

Atik 33

Si gouvènè anplas la pa konvoke Asanble ki gen dwa pou li nonmen moun ki pral ranplase li a, se yon vyolasyon grav manman lwa a. Lan ka sa a, jeneral ki pi wo nan grad, ou pi ansyen an pami sa k gen menm grad, depi li an aktivite, se limenm ka pran anchaj administrasyon koloni an, pou ti bout tan.  Imedyantman, li dwe konvoke lòt jeneral an sèvis yo ansanm ak tout kòmandan anchèf depatman yo ansanm ak manm Asanble santral la (tout oblije reponn pozitif pou envitasyon an) pou nonmen apre deba ki dwe fèt nouvo gouvènè nan koloni an.

 

Lan ka gouvènè a mouri osnon si li demisyone oubyen pou tout lòt kòz li pa kapab egzèse, anvan manda li fini, se jeneral ki pi wo grade a oubyen nan sa k pi ansyen lan mitan sa ki gen plis grad yo, ka pran direksyon koloni an pou yon ti bout tan.  Lè sa a, la konvoke manm Asanble santral yo ansanm ak tout jeneral yo plis kòmandan anchèf depatman yo, pou chwazi ansanm yon lòt gouvènè.

 

Atik 34

Gouvènè a mete so e li fè pibiye lwa yo. Se limenm ki fèt pou fè nominasyon nan tout anplwa sivil e militè. Li kòmande fòs ame a e se li ki gen chaj pou òganize l. Tout batiman l Eta ki lan nenpòt ki pò koloni an respekte lòd li. Se li ki deside jan teritwa dwe divize, pou kapab gen amoni nan relasyon gwoup moun youn ak lòt. Se limenm ki veye e garanti, dapre lwa yo, sekirite piblik (pwoteksyon anndan ak deyò koloni an). E kòm sitiyasyon lagè se yon sitiyasyon tan mò, lese-grennen, tèt chaje,  dekourajman pou koloni an, gouvènè angen reskonsablite, lè gen lagè, pou l pran mezi li jije nesesè pou koloni an jwenn danre ak tout kalite pwovizyon nesesè pou li viv. Se li ki pou jwenn zam tou, pou defann teritwa a.

 

Atik 35

Li reskonsab fè lapolis sou abitasyon ak manifakti. Li dwe fè  respekte obligasyon pwopriyetè, fèmye ak reprezantan yo genyen, vizavi kilvatè ak ouvriye. Epitou, devwa kiltivatè ak ouvriye devan pwopriyetè yo, oubye, reprezantan yo.

 

Atik 36

Se li menm ki fè pwopozisyon tout lwa bay Asanble santral la e tout chanjman eksperyans montre nesesè nan Konstitisyon an.

 

Atik 37

Li dirije epi siveye resèt, depans, e nan ki kondisyon lajan l Eta a dwe depanse. E nan sans sa a, se li ki bay tout kalite lòd.

 

Atik 38

Chak de (2) an, li gen pou l prezante devan Asanble santral la, eta resèt yo ak depans yo, pou chak depatman, ane pa ane.

 

Atik 39

Li siveye e kontwole, ak konkou komisè nan sèvis li yo, tou sa k ap enprime nan zile Sen Domeng nan. Li fè siprime tout atik ki soti aletranje ak entasyon ankouraje move mès oubyen ankò trouble trankilite koloni an. Li fè pini tout otè vye atik oubyen konplis, k ap fè yo sikile selon enpòtans ka a.

 

Atik 40

Si gouvènè a jwenn enfòmasyon gen konspirasyon k ap nui trankilite koloni an, li dwe fè arete san pèdi tan, tout moun yo sipèk kòm otè, ansanm ak konplis zak sa yo, apre ankèt serye ak entèwogasyon, anvan jijman devan jij. Si ka a grav, li voye li devan yon tribinal konpetan (ki reskonsab mòd ka sa yo).

 

Atik 41

Salè gouvènè a, pou lè n ap pale a, fikse a 300 000 fran. Se l Eta kolonyal la ki pye gad pèsonèl gouvènè a.

 

 

TIT IX

TRIBINAL YO

 

Atik 42

Sitwayen gen dwa chwazi lòt sitwayen kòm abrit pou jije yon kòz san yo pa bezwen pase devan tribinal.

 

Atik 43

Pa gen okenn otorite ki kapab sispann ni bloke desizyon jijman yon tribinal fin pran.

 

Atik 44

Nan koloni an, se tribinal Premiyè Enstans ak tribinak Apèl ki rann jistis. Se lawa ki detèmine kijan chak tribinal sa yo fèt pou òganize: konbyen yo dwe ye, ki konpetans yo e ki jiridiksyon yo kouvri. Tribinal sa yo, selon teritwa kote yo egzèse pouvwa yo reponn pou tout afè sivil ak kriminèl.

 

Atik 45

Pou tout koloni an, gen yon Tribinal Kasasyon ki kapab,  si yo mande li sa, kase jijman tribinal Apèl. Li gen pouvwa bay dizon li sou tout lòt tribinal kote yo pa dakò. Tribinal sa a pa antre nan fon koze a, men l kase jijman ki te rann kote pwosedi a pa t respekte nète ki te an kontravansyon avèk lalwa. E, li voye pwosè a, pou fon koze a, nan tribinal ki gen konpetans pou ka a.

 

Atik 46

Jij tribinal sa yo nonmen avi. Sòf si yo kondane yo pou move zafè. Poutan, komisè gouvènman kapab sibi revokasyon.

 

Atik 47

Lè militè komèt zak malonèt, gen tribinal espesyal avèk fòm jijman (pwosedi) pou jije militè.

 

Tribinal espesyal sa yo, jije vòl tou, tout kalite anlèvman, vyolasyon domisil, asasina, ensandi, vyòl, konspirasyon ak rebelyon. Se gouvènè koloni an ki reskonsab kalite tribinal sa yo.

 

 

TIT X

ADMINISTRATÈ POU VIL OU BYEN PAWAS

 

Atik 48

Chak pawas koloni an gen yon administrasyon minisipal kote ki gen tribinal Depè. Men konspozisyon administrasyon an : Yon majistra epi kat (4) adminsitratè.

 

Komisè gouvènman nan sèvis tribinal la jwe tou wòl komisè nan administrasyon komin nan; men, li pa touche pou travay sa a.

 

Nan lòt pawas yo, se yon majistra ak de (2) administratè ki fòme administrasyon an. Kanta fonksyon komisè a, se sibstiti komisè yo ki kontwole pawas la ki fè dyòb sa, san yo pa touche pou sa.

 

Atik 49

Administratè vil yo (administratè kominal) gen yon manda de (2) an. Manda sa a kapab renouvle. Se gouvènè an ki gen pouvwa nonmen yo apati yon lis 16 moun pou pipiti, ke chak administrasyon kominal la mete devan. Li dwe chwazi moun ki parèt li pi abil, pi konpetan pou regle pwoblèm pawas la epi jere li.

 

 

Atik 50

Wòl konsèy vil yo (administrasyon kominal la) se egzèse (ranpli) wòl lapolis nan vil ak nan bouk, administre resèt ak depans, byen pawas la, ak lòt taks sitwayen peye.

 

Se yo tou ki gen anchaj prepare e konsève rejis, batistè dokiman maryaj ak dokiman desè.

 

Atik 51

Se lalwa ki pote presizyon  sou tout travay espesyal majistra yo gen pou fè an rapò ak fonksyon yo.

 

 

TIT XI

FÒS LAME

 

Atik 52

Fòs lame a pa mèt tèt li. Li pa kapab aji jan li pito ni pran desizyon pou tèt pa li. Fòs lame a resevwa lòd gouvènè a ki se sèl moun ki kapab mete li ann aksyon pou garanti lòd piblik, pou pwoteksyon tout sitwayen ak defans koloni an.

 

Atik 53

Fòs lame a gen de (2) kò. Yon kò gad (ki sou bidjè), e ki resevwa yon salè. E yon lòt kò san bidjè kote gad yo pa touche. Kidonk, pa gen bidjè ki prevwa pou peye sila yo.

 

Atik 54

Kò gad ki pa resevwa salè, gen dwa opere andeyò pawas la, sèlman si gen yon gwo danje ki menase lapè pawas la. E li kapab fè l sèlman lè li resevwa lòd kòmandan militè la plas la, ki pran tèt kòmannman an li menm.

 

Depi l kite fwontyè pawas la, kò gad la resevwa yon apwentman lajan pou travay li. Men, lè sa a, li anba otorite règleman militè. Lan tout lòt ka, yo dwe respekte lalwa tankou tout moun.

 

Atik 55

Jandamri koloni an se yon kò anndan fòs lame a tou; ou jwenn ladan l, jandamri sou cheval (kavalye) ak jandam apye.

 

Jandamri sou cheval gen pou devwa asire travay polis ak lapè andeyò. Se byen ak richès koloni ki pran yo anchaj, antreteni yo.

 

Jansdamri apye a la pou asire lapè lan vil ak lan bouk. Se vil ak bouk kote yo bay sèvis la ki gen reskonsablite pran yo anchaj, ba yo antretyen.

 

Atik 56.

Pou nonmen manm lame, gouvènè a fè yon pwopozisyon bay Asanble santral la, dapre sa lalwa di sou sa.

 

 

TIT XII

FINANS, PWOPRIYETE LETA SEZI

OU BYEN KI SAN MÈT

 

Atik 57

Finans koloni an chita :

 

1-     Sou taks, sou machandiz ki sot lòt bò dlo. Pèz ak kapasite.

 

2-     Enpo lokatif sou kay nan vil ak kay nan bouk. Dwa sou pwodui manifakti, depi se pa pwodui latè; epi min sèl

 

3-     Resèt sou dwadpasaj (Bak ak Pòs)

 

4-     Amann sou byen sezi, sou byen abandone (epav).

 

5-     Asirans pou nofraj

 

6-     Tout sa tè ak byen l Eta rapòte.

 

Atik 58

Resèt sou fèm patikilye l Eta sezi paske pwoprietè yo pa prezen nan peyi a oubyen pa rete sou fèm nan, tounen pou yon bout tan byen l Eta. Yo rantre kareman nan bidjè administrasyon piblik.

 

Lwa ki aplike nan sitiasyon sa, pou dèt areyere ak fèmaj tè adminis-trasyon an te sezi, touche pou li swa anvan swa apre konstitisyon an, kapab jwenn dedomajman lan en (1) an apre yo leve sezi a.

 

Atik 59

Resèt vant byen mobilye ak fèm abandone yo, depi sou gouvènman franse ki la depi 1789 la, ap rantre nan yon kès apa, e lajan sa a, yo pa p ka sèvi ak li. Kay ak lòt etablisman ki rantre nan domèn kolonyal tou, se de (2) an apre piblikasyon lapè sou zile a, ant Lafrans ak lòt Puisans maritim ke yo kapab disponib. Se pou keksyon eritaj sèlman ki depann de lwa 1781 (si li pa anvigè ankò); e kanta byen menm jan avè yo ki rantre nan domèn kolonyal la nan peryòd lapè, fò k yo tann sèt (7) an anvan yo kapab rasanble yo epi dispoze de yo.

 

Atik 60

Tout etranje ki eritye paran yo an Frans, kit paran yo te etranje, kit yo te Franse, y ap erityie tou nan Sen Domeng. La, y ap kapab siyen kontra, achte, resevwa byen lan koloni an, konpòte yo tankou Franse, dapre sa lalwa di.

 

Atik 61

Se lalwa ki pou di kijan pou prelve taks epi administre resèt sou fèm san mèt (l Eta sezi).

 

Atik 62

Gen yon konsèy kontab pwovizwa ki kontwole epi verifye tout resèt ak depans koloni an fè; gen twa (3) manm nan  konsèy sa a. Se gouvènè a ki chwazi epi nonmen yo.

 

 

TIT XIII

DISPOZISYON JENERAL

 

Atik 63

Pwopriyete prive tout moun, se limit pèson lòt moun pa gen dwa pile, san otorizasyon.  Lan nuit tou, pèson pa gen dwa antre, sof si dife pran. Oubyen si gen inondasyon. Oubyen si  moun anndan kay la mande èd. Kanta lajounen menm, ou kapab antre kay moun pou rezon espesyal lalwa rekonèt oubyen apre yon lòd ki soti nan men otorite piblik.

 

Atik 64

Pou yo arete yon moun,

 

1-     Fòk papye yo prezante l la, di klèman rezon ki fè y ap arete l se sou ki lwa yo chita pou yo arete l.

 

2-     Fòk moun ki siyen papye sa a,  gen otorite pou sa.

 

3-     Lè yo fin li papye a, fòk yo kite yon kopi lan men prevni an.

 

Atik 65

Tout moun ki fè arete, oubyen bay lòd, oubyen siyen, oubyen ankò egzekite ou fè egzekite lòd pou arete yon moun san l pa gen pouvwa fè sa, ap tonbe anba otorite lalwa kòm moun ki aji an gwo ponyèt. E lè sa a, lalwa ap pini l tankou kriminèl pou detansyon abitrè, ilegal.

 

Atik 66

Tout moun gen dwa voye petisyon bay nenpòt ki otorite etabli, sitou gouvènè a.

 

Atik 67

Okenn gwoup ni asosiyasyon k ap aji kont lòd piblik, pa gen dwa opere nan koloni an. Okenn gwoup sitwayen, menm si l òganize, pa ka fè tèt pase pou popilasyon an. Se pou yo kouri dèyè tout moun ki mete tèt yo ansanm pou destabilize, twouble lapè piblik. E si lòd pa rive fè yo gaye, se pou yo rele gad ame ki gen otorizasyon pou sa, vin fè yo gaye.

 

Atik 68

Nenpòt moun ka fè lekòl espesyal osnon sant fòmasyon pou fòme jenès la. Men se sou otorizasyon ak siveyans lameri.

 

Atik 69

Lalwa dwe gen je l louvri sou tout metye ki gen arevwa ak bònmès sosyete a, ak sekirite sitwayen, sante ak byennèt tout moun.

 

Atik 70

Lalwa dwe ede tout moun ki envante machin agrikòl jwenn rekonpans; e li dwe pwoteje tout dekouvèt moun fè. Dekouvèt sa yo rete byen plrive moun ki fè li yo.

 

Atik 71

Tout moun tou patou anndan koloni an dwe  itilize menm pwa ak menm mezi.

 

Atik 72

Gouvènè a gen pou l rekonpanse tout defansè ki ran koloni an gwo sèvis nan lite pou defann li lè lagè.

 

Atik 73

Mèt byen ki pa la yo, pou kèlkanswa rezon an, toujou gen dwa sou byen yo kite anndan koloni an . Si l Eta sezi yo, depi yo vini ak papye tè oubyen nenpòt ki lòt papye ki kapab pwouve, byen sa yo se pou yo, y ap remèt yo sa ki pou yo. Men, lwa sa a, li pa aplike pou moun ki enskri non yo nan lis moun ki pati pou al rete an Frans. L Eta ap kontinye administre byen sa yo jiskaske l Eta pran yon lwa, pou l di, li  pa rekionèt  moun sa yo gen okenn dwa sou byen sa yo ankò.

 

Atik 74

Lalwa nan koloni an bay tout moun ki anfème byen moun ki pa la yo, garanti; menm si yo leve sezi a pou mèt byen sa yo, yo p ap ka mete yo deyò, tou tan fèm yo pa bout.

 

Atik 75

Lalwa nan koloni an fè tout moun konnen travay latè, bon jan pwodiksyon, bon jan travay nan lapè nan mitan sosyete a chita sou respè moun ak respè pwopriyete yo.

 

Atik 76

Lalwa nan koloni an fè tout sitwayen konnen yo dwe toujou pre pou yo defann tè k ap ba yo manje a, e kote yo te fèt la. Yo dwe goumen pou garanti libète legalite ak dwa pwopriyete chak fwa koloni an rele yo pou sa.

 

Atik 77

Jeneral anchèf, Toussaint LOUVERTURE, se sèl moun ki reskonsab pou voye Konstitisyon sa a bay gouvènman franse a pou ratifye l. Sepandan, tout moun nan koloni Sen Domeng nan bay Jeneral anchèf la plen pouvwa pou l fè egzekite Konstitisyon sa a, depi jodi a, nan tout koloni an, pou evite tout malè pandye sou tèt koloni an. E pou l ka etabli bonjan lwa pou manifakti rekòmanse travay, san pèdi tan.

 

Travay sa a te fin fèt nan Pò Replibiken, 8 me 1801, 19 Floréal, nan 9yèm ane Repiblik franse ki se yon sèl, e ki pa fèt pou divize.

 

Men moun ki siyen: Borgella, Prezidan, Raymond, Collet, Gaston, Nogerée, Lacour, Roxas, Mugnos, Mancebo, E. Viard, Sekretè.

 

Mwen te fin li konstitisyon, mwen dakò ak tou sa ki di ladan l. Mwen aksepte tankou yon lòd misyion Asanble santral la ban mwen an; kidonk, m ap voye Konstitisyon sa a bay gouvènman franse a, pou l ratifyie l, epitou, m pran angajman pou m fè egzekite l nan koloni an, kòmsadwa, dapre desizyon Asanble santral la.

 

Dokiman sa a soti Okap franse, 3 jiyè 1801, 14 messidor, nan nevyèm ane Repiblik Franse a ki se yon sèl ki pa fèt pou divize.

 

 

                                                                            Se Toussaint LOUVERTURE ki siyen Konstitisyon sila.

 

 

OPINYON  SOU KONSTITISON 1801 AN

 

*   Prémié travay l éta nan youn sosiété se travay vèvè. Léta ralé tout kontradiksion sosiété-a, li kondansé yo andédan-l, li inskri yo ak tout dominans yo, li ékri pakou yo tankou vèvè-a inskri pakou loua yo ak pakou sérémoni an. Lè nou pran paròl fondalmatal Léta Sindoming la (konstitisyon 1801 an) nou jouinn kontradiksion sosiété-a inskri andédan Konstitision an kankou loua yo ak stasion yo inskri nan mitan youn vèvè

 

     […]  Nan finisman lané 1801, kòkd jouinti ki té maré mas yo ak òganizasion an té kasé. *- (Otagraf otè)

 

     Michel Rolph Trouillot. Ti difé boulé sou Istoua Ayiti. - New-York : Koleksion Lakansiel, 1977. p 177 et 184.

 

 

**.- Premye travay l Eta nan yon sosyete se travay vèvè. L Eta rale tout kontradiksyon sosyete a, li kondanse yo andedan n, li enskri yo ak tout dominans yo, li ekri pakou yo tankou vèvè a enskri pakou lwa yo ak pakou seremoni an. Lè nou pran pawòl fondalnatal l Eta Sen Domeng lan (Konstitisyon 1801 an) nou jwenn kontradiksyon sosyete a enskri andedan Konstitisyon an tankou lwa yo an estasyon yo enskri nan mitan yon vèvè.

 

     […] Nan finisman lane 1801, kòd jwenti ki te mare mas yo ak òganizasyon an te kase. **.- (Òtograf ofisyèl)

 

 

 

******

****

**

 

 

     

 

                                                                           

 

Rechèch ak kreyatè premye vèsyon elektronik pou entènèt: Prophète Joseph

Koutwazi Edisyon Konbit Ayisyen, 2001

Kontak kouryèl: josephprof@hotmail.com.