B. PREZANS LEGLIZ KATOLIK WOMÈN AN AYITI

Legliz katolik womèn reponn prezan nan nèf depatman jewografik peyi d Ayiti, dapre yon antant bilateral ki te pase ant Leta ayisyen avèk Lesensyèj (Ròm). Chak depatman genyen yon Eveche ki dirije pa yon Evèk. Anlè tèt nèf Eveche yo ou jwenn yon Acheveche ki anba kontwòl yon Achevèk. Chak Echeve divize an pawas e chak pawas separe an chapèl. Nan tèt pawas yo, ou jwenn yon kire ak yon vikè pou chapèl yo. Dènye chanjman ki sot fèt nan tèt Legliz Katolik la divize peyi d Ayiti an 2 Pwovens Eklezyastik ou Achidyosèz. Dyosèz Depatman Nò vin yon Achidyosèz oswa Pwovens eklezyastik tankou Lwès. Kididonk, Pwovens eklezyastik Nò k ap dirije pa Monseyè Franswa Gayo genyen anba l Eveche Kap Ayisyen, Fòlibète, Pòdpè ak Gonayiv. Kanta Pwovens eklezystik Lwès la li chapote Eveche Pòtoprens, Okay, Jeremi, Jakmèl ak Ench. Konferans Episkopal la gen alatèt li yon prezidan ki se Monseyè Ibè Konstan, evèk dyosèz Fòlibète. Lè yon kretyen vivan konsakre pè osnon evèk li gen pou l rete pè oswa evèk pandan tout vi li. Afè revokasyon an pa gen sa pyès.


Reprezantasyon Legliz katolik womèn ak kalandriye fèt patronal ki nan Dyosèz nèf depatman jewografik peyi d Ayiti






















[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.