Kaye egzèsis 4 chemen konnen
Kaye egzèsis lekti ak ekriti
ki mache ak liv
koute, pale, li, ekri
4 chemen konnen
Biwo Lang kreyòl
Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon
Mwa avril 1997
De mo silvouplè
Moun k ap aprann li, se mache y ap mache nan yon wout. Tanzantan yo fè yon ti rete pou yo kalkile kote yo rive. Moun k ap mache avèk yo epi k ap montre yo li ak ekri ap mezire chemen an ansanm avèk yo. Kaye egzèsis lekti ak ekriti a ap ede yo wè kote yo rive nan etidye, ki pogrè yo fè nan konprann sa yo li epi nan ekri pawòl pa yo.
Lè yo fini etidye leson 6, y ap li yon seri ti koze. Si yo konprann yo byen, sa vle di yo vanse nan chemen lekti. Yo rive fè sa 6 premye leson yo t ap montre yo fè a. Yo ankouraje. Moun k ap montre yo a ankouraje tou.
Y ap li yon seri ti pawòl k ap mande yo ekri kichòy ki nan tèt yo. Si yo ekri sa pou yo ekri a, sa vle di yo vanse nan chemen ekriti tou.
Y ap fè yon lòt ti rete lè yo fin etidye leson 12 la. Y ap mezire ki pogrè yo fè. Menm jan apre leson 15 epi nan fen liv la, apre leson 26.
Lè yo rive la vre, se kòm si yo nan tèt yon eskalye oubyen sou do yon ti mòn. Kounye a se li nan ti liv, nan jounal, nan fèy papye chak jou k ap fè yo rive konn li pi fen. Se ekri ti pawòl ki nan tèt yo sou papye tanzantan k ap fè yo ekri pi byen.
Pa janm lage aktivite li ak ekri. Nou fèk antre nan 2 nouvo chemen konnen. Mache ladan yo nèt, san rete.
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 6 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Si tout moun se moun, tout moun egalego tou.
Tout moun se moun, konsa se pou tout moun konn li,
Se pou tout moun konn ekri.
Nou kòmanse li anpil ti koze.
Nou kòmanse ekri tou.
Nou ka li, nou ka ekri.
Di ki nimewo ki la a:
8 2 11 13 14 16
Egzèsis ekriti<
Ekri non w ___________________________________________
Ekri non 3 jou nan semenn nan ___________________________
Ki manje yo konn bay poul_______________________________
Ki bèt ki chante koukouyoukou____________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 6 nan liv
4 chemen konnen
Egzèsis lekti<
Leta fèt pou li poteje tout moun.
Moun pa fèt pou pale tout pawòl.
Liv 4 chemen konnen an gen anpil bèl pawòl.
Nou gen sèvo, nou gen men, nou gen tèt.
Nou ka li, nou ka ekri.
Li tout nimewo ou rekonèt.
3 5 8 6 13 4 7 12
15 8 3 17 19 20 2 1 3
Egzèsis ekriti
Ekri non w____________________________________________
Ekri ti koze pa w_______________________________________
Youn ap gen mo pawòl__________________________________
Yon lòt ap gen mo liv___________________________________
Yon lòt ap gen mo tibebe_________________________________
Yon lòt ap gen mo manman______________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 6 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Li ak ekri se pou tout moun
Nou li anpil bon koze nan liv nou an
Pezape n a li tout kalite koze
Benyen nan lanmè bon pou lasante
Egzèsis ekriti
Ekri non w_________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak mo bèt_________________
Ekri yon lòt ak mo pip_________________________
Ekri yon lòt ak mo nennen_____________________
Ekri yon lòt ak mo jij__________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 6 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Lèt manman se pi bon manje pou tibebe.
Nou li anpil koze nan liv 4 chemen konnen an.
Ala bèl sa va bèl lè tout moun rive konn li.
Lè yon moun ap fè chapo li sèvi ak men l.
Lè yon moun ap fè chapo li sèvi ak sèvo l tou.
Lè yon moun malere sa pa di li pa gen valè pou sa.
Egzèsis ekriti
Ekri non w____________________________________________
Ekri non yon bèt ki renmen manje rat ak sourit________________
Ekri non yon bèt ki konn jape_____________________________
Sou ki sa moun konn chita_______________________________
Ak kisa yo fè akasan____________________________________
Ekri non de manje ou konn manje__________________________
Ak kisa moun konn lave_________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 12 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Ann pale bon pawòl, ann pale pawòl ki nesesè.
Gen bon nouvèl, gen move nouvèl.
Bon nouvèl fè kè moun kontan.
Move nouvèl fè kè moun kase.
Lè nou met kouraj nou ansanm nou ka rive konbat lamizè.
Manje legim ak fèy bon pou lasante.
Yo gen anpil vitamin.
Egzèsis ekriti
Ekri non w____________________________________________
Ekri ti koze pa w ak non yon bèt volay ki konn ponn ze___________________________________________________
Ekri ti koze pa w ak non yon bèt ki konn chase rat
____________________________________________________
Di kisa moun ki batize w ye pou ou________________________
Ekri ti koze pa w ak non yon bagay moun konn chita sou li
___________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 12 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Malere
Ann Ayiti malere redi anpil
pou yo leve pitit yo,
Pou yo manje.
Yo Mennen tout kalite aktivite.
Genyen ki degaje yo nan lari nan vann,
Nan dyòb.
Genyen ki vann moun kouray yo pou yon ti monnen.
Lavi a tèlman chè.
Ti monnen an pa ka fè anyen pou yo.
Yo pa menm ka manje kont manje avè l.
Tout moun merite fè efò pou sa chanje yon jou.
Egzèsis ekriti<
Ekri non w____________________________________________
Di ki jan yo rele yon ti moun ki fenk fèt
____________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 12 nan liv
4 chemen konnen an
Ekri non 3 legim ou konnen
____________________________________________________
Ak kisa ou sèvi pou met manje nan bouch ou
____________________________________________________
Di sa sè manman w ye pou ou
____________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 12 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis leki
Ayiti<
Lontan Ayiti te rele Sendomeng
Se te yon bèl ti peyi
Yon peyi mòn
Yon peyi ki bò lanmè
Yon peyi ki bay bon ti van
Ayiti te bèl e li te gen anpil richès
Ayiti te gen anpil kann
Ayiti te gen anpil kafe
Ayiti te gen anpil koton
Ayiti te gen anpil lò tou
Anpil lòt peyi te jalou
Pou jan Ayiti te rich
Poutèt sa yo vini ann Ayiti
Yo fè moun peyi a pase mizè
Yo touye yo
Yo maspinen yo
Yo piye peyi a
Ayiti tounen youn nan peyi ki pi pòv sou latè
Egzèsis ekriti
Ekri non w____________________________________________
Ekri kèk chif ou konnen_________________________________
____________________________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak chak mo ou wè la yo
Peyi_________________________________________________
Mizè________________________________________________
Richès_______________________________________________
Maspinen_____________________________________________
Jistis________________________________________________
Ansanm______________________________________________
Latè_________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 12 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Manman pitit ak papa pitit fèt pou yo veye sante pitit yo.
Manman pitit ak papa pitit voye pitit yo lekòl pou yo konnen anpil bagay nesesè.
Li ak ekri se yon bon zouti pou moun genyen nan men yo.
Lasante se youn nan pi bon kalite richès yon moun kapab genyen.
Moun ki malad chache wè doktè.
Egzèsis ekriti
Ekri non w____________________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak chak mo ou wè la yo
Tèt ________________________________________________
Kreyòl______________________________________________
Malere _____________________________________________
Kawoutchou_________________________________________
Fanmchay___________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 16 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Mwen vle konn li ak ekri fen.
Tout fèy se fèy, men tout fèy pa itil menm jan.
Se pa tout moun ki jwenn bon dlo pou yo bwè nan peyi a.
Pèsonn pa ka regle anyen nan kraze brize.
Timoun granmoun respekte, respekte pi fasil lòt moun lè yo vinn gran.
Lalwa fèt pou pwoteje dwa ak enterè tout sitwayen san patipri.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w___________________________________
Ekri non 3 fwi ki fè bon ji________________________________
____________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 15 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis ekriti
Ekri non twa bèt de pye ou konnen.
__________________________________________
Ekri non 4 pyebwa ou konnen
__________________________________________
__________________________________________
Ekri non twa kalite mango ou konn manje
__________________________________________
__________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 15 nan liv
4 chemen konnen an<
Egzèsis lekti<
Mwa janvye se premye mwa nan ane a.
Moun pa ta dwe bwè nenpòt kalite dlo.
Pa bati kay ni bò ravin, ni bò rivyè.
Pwa se manje ki bay kò moun vitamin.
Tout Ayisyen dwe zanmi.
Lè nou koupe yon pyebwa se pou nou plante 5 lòt.
Se nan pyebwa yo zwazo jwenn kote pou yo fè nich.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w_________________________________
Ekri non twa zouti moun konn sèvi ak yo lè y ap travay tè.
___________________________________________________
___________________________________________________
Ekri non twa pwa ou konnen
_____________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 15 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti<
Ekri yon koze pa w ak mo plim.
__________________________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak mo manje.
___________________________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak mo zam.
___________________________________________________
Ekri yon ti koze pa w ak mo dega.
____________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 16 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Tibebe ki fenk fèt bezwen chalè kò manman yo ak lèt manman yo pou yo grandi.
Lyann panye ak kreson bon nan soup.
Pa dwe gen diferens ant ti fi ak ti gason.
Nou dwe fè edikasyon yo.
Nou dwe renmen yo.
Nou dwe respekte yo menm jan.
Pou chak pyebwa koupe, nou dwe plante dis lòt pou ranplase l.
Krab ak kribich pa menm.
Timoun pa Tibèt. Yo se moun menm jan ak tout moun.
Yo dwe respekte yo menm jan ak tout moun.
Egzèsis ekrit
Ekri non w ak siyati w___________________________________
Ekri non chif ou wè yo
4__________________ 40______________________________
0__________________ 16______________________________
15_________________ 5______________________________
20_________________ 17_____________________________
Ekri non kat koulè ou konnen
________________________________________________________________________________________________________
Ekri non 3 kalite mango ou konnen
______________________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 16 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Anpil moun bwè grenn tetrasiklin ak anpisilin pou tout kalite doulè.
Bwè yon sèl nan grenn sa yo se gwo danje.
Yon sèl grenn pa ka konbat maladi.
Lè kò nou fin abitye ak grenn nan li p ap fè anyen pou nou lè nou bezwen trete vye maladi.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w___________________________________
Ekri non 3 bèt ou konnen ki manje zèb.
____________________________________________________
Ekri non dezyèm mwa ane a______________________________
Ekri non 4 fèy ou konnen ki bon pou fè te
____________________________________________________
____________________________________________________
Ekri non 3 pati nan kò w.
_______________________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 26 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti<
Kèk bagay tout moun dwe konnen.
Moun lave men yo byen lave lè yo sot nan twalèt, pou yo pa trape mikwòb ak maladi, pou yo pa bay lòt moun mikwòb ak maladi.
Moun kraze manje byen kraze pou manje a ka fè yo byen.
Moun dwe bwose dan yo apre yo fin manje pou dan yo pa gate.
Dlo rivyè pa bon pou moun bwè.
Yo lave rad nan larivyè.
Moun benyen nan larivyè.
Bèt bwè nan larivyè.
Ata poupou yo poupou nan larivyè.
Moun lave fwi ak bon dlo pwòp.
Moun lave legim ak bon dlo pwòp anvan yo manje yo.
Anpil bon koze sa yo nou jwenn yo nan liv nou li.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w__________________________________
Ekri non kèk fwi ak legim ou renmen manje_________________
____________________________________________________
____________________________________________________
Di pou kisa moun pa dwe bwè dlo rivyè.
____________________________________________________
Di pou kisa moun dwe bwose dan yo lè yo fin manje.
____________________________________________________
____________________________________________________
Di nan ki sa anpil moun trape mikwòb ak maladi.
_________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 26 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Kreyòl<
Kreyòl se lang tout Ayisyen pale, kit yo pase sou ban lekòl, kit yo pa janm al lekòl. Kreyòl se lang tout Ayisyen, kit yo malere, kit yo se boujwa. Lang franse se lang yon ti ponyen Ayisyen ki fè yon bon tan lekòl pale. Pi fò Ayisyen ki pase lekòl pa konn pale franse. Konsa, lè yon moun ap pale franse nan radyo ak nan televizyon se pou yon ti ponyen moun ki konprann franse sèlman li pale.
Konstitisyon 1987 la di peyi a gen de lang ofisyèl: kreyòl ak franse. Men, tout sa k ap fèt nan avantaj pèp la dwe fèt an kreyòl, paske se lang sa a sèlman pi fò moun nan mas pèp la pale. Moun ki vle pale ak tout moun sèvi ak lang kreyòl paske se lang tout moun. Lè w angaje ou konn non bèf ou. Lè Ayisyen angaje se kreyòl yo pale.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w__________________________________
Ekri twa ti kont ou konn tire lè ou di timtim.
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 26 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Leta
Moun ki travay nan leta dwe kalkile yon pawòl ki di:
Se anplwaye leta mwen ye, men leta pa chwal papa m.
Vòlò leta se vòlò pèp la.
Sa yo rele lajan leta, se lajan tout moun k ap redi travay renmèt leta nan peye enpo, pou leta mete lekòl pou timoun, pou leta fè wout nan tout mòn ak nan tout plenn, pou leta gaye dispansè, klinik al lopital nan tout peyi a.
Fè wout se travay leta. Men kenbe wout anfòm se travay leta tou.
Leta bezwen anpil aktivite pou byen tout moun.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w___________________________________
Ekri non zòn bò lakay ou_________________________________
Kisa manman manman w ye pou wou?
____________________________________________________
Ekri yon zanmi w yon ti lèt pou w di l jan ou kontan poutèt ou konn li.
____________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 26 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Tout moun se elèv, tout moun se pwofesè.
Nanpwen kretyen vivan ki konn tout bagay ni ki fèt tou konnen.
Se nan etidye, se nan koute pawòl lòt moun, se nan fouye pawòl ki ekri nan liv, moun devlope plis konesans chak jou. Timoun piti aprann anpil bagay paske yo toujou ap poze kesyon. Yo toujou ap mande pou kisa. Lè nou li yon pawòl nan jounal oswa nan liv, kalkile sa nou li a byen. Pa kouri repete pawòl la san nou pa konprann li, san nou pa vire l, san nou pa chache si se vre, si se pa vre.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w___________________________________
Pale twa bagay ou konn fè byen
____________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Ekri yon moun yon ti lèt pou w mande l yon sèvis.
____________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Egzèsis pou moun ki rive nan leson 26 nan liv
4 chemen konnen an
Egzèsis lekti
Timoun kou granmoun, fi kou gason, bezwen bon dlo pwòp pou yo bwè, pou yo benyen, pou yo lave veso, pou yo lave rad.
Fòk leta fè kaptaj sous. Fòk leta mete tiyo. Tout moun bezwen bon swen sante pou yo pa malad. Tout moun dwe jwenn bon remèd pou yo trete si yo vin malad. Se pou sa, leta fè tout moun k ap travay ak tout moun k ap Mennen yon aktivite ki rapòte lajan peye taks. Leta bezwen anpil kòb pou li fè gwo travay sa yo.
Moun k ap travay peye taks sou kòb yo touche. Moun ki gen kay peye taks sou kay la. Se sa yo rele enpo lokatif. Moun ki fè komès peye taks sou lajan komès la rapòte. Gen divès lòt kalite taks leta pran sou moun ankò.
Egzèsis ekriti
Ekri non w ak siyati w__________________________________
Ekri yon ti koze pa w sou 2 moun ou pi renmen.
____________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Ekri yon fanmi w yon ti lèt pou w ba li nouvèl ou.
____________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Biwo Lang kreyòl
Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon
Mwa avril 1997