Ekri ayisyen fasil


Òtograf Ofisyèl Lang Kreyòl Ayisyen an
Selon lalwa septanm 1979 ki parèt nan janvye 1980 anba siyati Sekretè Deta Edikasyon Nasyonal Dayiti, M. Jozèf Bèna.

Konstitisyon 1987 la sou zafè lang kreyòl ayisyen an
Kontitisyon 1987 di nan atik 5 kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Se sèl lang ki fè inite an Ayiti

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo:

Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo
Prensip 2: Chak son ekri menm jan.
Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil.

Men Alfabè ofisyèl kreyòl la:
a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z

1. 18 konsòn
b nan : bal, debat, kapab
ch nan : chat, rache, rach
d nan : daso, kadna, gad
f nan : fal, rafal, saf
g nan : garaj, bagay, bag
h nan : hay, hany, hinghang
j nan : jalou, kajou, raj
k nan : kad, makawon, avèk
l nan : lavi, pale, fasil
m nan : malad, enfimite, dam
n nan : nas, zepina, medsin
ng nan : ling, touhing, zing
p nan : poto, rapadou, pap
r nan : rat, marasa
s nan : sik, dousi, sous
t nan : taso, titato, tèt
v nan : vakabon, lave, rèv
z nan : zafè, razè, raz

2. 7 Vwayèl bouch
a : ase, latè, leta
e : elèv, redi, rale
è : ès-ès, kèk, ankè
i : istwa, pit, ]]anasi
o :ochan, foli, mato
ò :òfèv , gòl , gadò
ou :ouvriye , goud , kalfou

3. 4 vwayèl bouch-nen
an : anlè , zandolit , devan
en : enbesil , pentad , lapen
on : onz , ponpe , pantalon
oun: ounsi , mazounbèl, youn, ounfò, oungan

4. Vwayèl-konsòn: W
wa : watè , lakwa
wan : wanga , lakwann
wete: wete , fwete , dwe
wen : kwen , pwen
wi : kwi , piwili
wo : wotè , gwo
wò : wòl , bwòs
won : wont , fwonte
wou : woule, kwout

5. Atansyon
wo , wò, won kapab ekri konsa tou: ro, rò, ron
Egzanp: rotè, gro, ròl, bròs, ront, fronte, roule, krout

6. Y
ya : faya, pyas
yan: yanvalou, pyan, yanm
ye : peye, katye
yè : ayè, soupyè
yen: anyen, kretyen
yo : koyo, konfyolo
yò : miyò, dyòl, biyòt
yon: pyon, bouyon
you: you, pyou, fyou

7. ui/wi
Egzanp : luil, lwil, nuit, nwit, uit, wit, zuit/zwit

8. Tirè
Nou kapab sèvi ou pa sèvi avèk tirè, si nou vle, pou makonnen, yon mo ak kèk fòm gramè ki vini apre, li, tankou nan:
Fòm atik defini yo:
Fi-a, nèg-la, mouche-a, fanm-nan.
Fi a, nèg la, mouche a, fanm nan
Fòm adjektif posesif yo :
Papa-li, pitit-mwen…
Papa li, pitit mwen
Pwonon konpleman retresi yo :
Nèg-la di m li te wè m yè…
Nèg la di m li te wè m yè

9. Apwostwòf
Nou kapab sèvi ou pa sèvi avèk apwostwòf pou pwonon sijè yo:
1. M’ te vini rele ou, men m’ pa te jwenn ou.
M te vini rele ou, men m pa te jwenn ou
2. Jèda pa la, l’ al lekòl.
Jèda pa la, l al lekòl…
M’, n’, l’, se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre yo

10. Aksan
Nou sèvi ak aksan fòs ( ` ) pou fè
e tounen è
o tounen ò
a devan n tounen àn
Egzanp: lèd, fò, Antwàn, an pàn

Pou konnen plis sou gramè lang ayisyen an, achte Diksyonè Lang Ayisyen Prophète Joseph la rapidman.

Diksyonè Sinonim Lang Ayisyen
►Edisyon ane 2001
►557 paj
►12 000 antre,
►80 000 mo ak ekspresyon
►Lis 500 vèb popilè nan lang ayisyen
►Tablo alfabè ofisyèl Depatman Edikasyon Nasyonal avèk egzanp
►Eksplikasyon sou pilye fraz yo
►Tablo konjigezon (tranzisyon fransè-ayisyen/ayisyen-fransè)
►Tablo sentèz kolektivite tèritoryal d Ayiti
►Referans etid disponib sou lang ayisyen
►ISBN 2-9806592-2-3
►Etazini: $ 40,00 US; Kanada: 40,00 $kan; Ann Ayiti: 500,00 goud


[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.