DEKLARASYON ENDEPANDANS AYITI

 

Jou 18 novanm 1803, nan gwo kokenn chenn Batay gason pa kanpe nan Vètyè, rejiman lame endijèn jeneral Jan Jak Desalin yo te mache krabinen pozisyon militè blan franse Fò Breda ak Fò Vètyè yo nan yon atak chaje ak malè pandye ofosye Kapwa Lamò te mennen sou yon atiyri zam ak kanon fann fwa jeneral Rochanbo te enstale sou Bit Charye. Lame kolon franse yo te sètoblije fè bèk atè epi kite san pèdi tan vil Okap bay lame endijèn yo. Jou ki te 4 desanm nan, lame endijèn yo te rive libere Mòl Sen Nikola ki te dènye vil kolon franse yo te gen anba men yo.

 Jeneral Desalin ki te vle fete deklarasyon endepandans la yon fason espesyal apre laviktwa Vètyè a, te deside elimine non Sen Domeng kolon franse yo te bay zile a sou sistèm kolonyal ak esklavaj peze souse a. Se konsa zile a te reprann non Ayiti jan endyen yo te rele li a anvan kolonizasyon espayòl ak blan franse yo.  

 Jou ki te 31 desanm nan, tout Jeneral yo te reyini nan Gonayiv pou tande lekti Deklarasyon Endepandans la Jan Jak Desalin te mande mesye Bwawon Tonnè prepare. Nan okasyon istorik sila, Bwawon Tonnè te gen manda pou li esprime bay pèp ayisyen santiman li vizavi kolon blan franse yo.

 Nan moman sa Bwawon Tonnè deklare : « Pou m ekri Deklarasyon Endepandans sila, fò nou ta genyen yon po kolon blan kòm papye, zo bra tèt li pou ekritwa, san li pou lank ak yon bagèt pikèt pou plim. »

 Se konsa, jou 1e janvye 1804, yon katafal moun ak militè chaje ak emosyon lajwa ak chalè kontantman delivrans nan kè yo te reyini sou Plas Dam, nan Gonayiv, otou Lotèl peyi a pou fete Endepandans Ayiti. Pou okazyon sila Lotèl peyi a, nan Gonayiv, te gen sou tèt li yon pyepalmis kòm senbòl Libète.

 Desalin ki te antoure avèk yon latriye jeneral lame bay yon diskou istorik. Lè l ap fini diskou a li di : « Nou sèmante 7 fwa 77 fwa pou kontinye batay jouk nou mouri pou defann Endepandans peyi a!»  Jeneral yo reponn Desalin : « Nou vle dezòmè Viv Lib ou Mouri! »

 Bwawon Tonnè ki te kanpe kote Desalin,  li Deklarasyon Endepandans la Ofisye yo te deja siyen.

 

 

 

 

DEKLARASYON

 

 

Libète ou Lanmò

 Gonayiv, premye janvye 1804, 1e  lane endepandans

 

Lame Endijèn :

 

Jodi a, 1e janvye 1804, Jeneral lame endijèn nan ansanm  ak lòt jeneral lame yo te konvoke pou vini pran bon jan mezi pou asire lapè, sekirite ak Endepandans Ayiti.

 Apre Desalin, Jeneral an chèf la, ki te reyini avèk lòt jeneral yo te fin fè konnen devan tout endijèn yo epitou alentansyon tout pisans etranje yo veritab entansyon li pou asire, pou byennèt ak libète tout Ayisyen, yon peyi ak yon gouvènman estab nan diskou li; apre li te fin remèsye e glorifye tout pèp la pou san yo te vèse pou kreye nasyon sila; apre li te fin pran dizon tout moun, Desalin mande lòt jeneral yo youn pa youn pou pwononse sèman renonsyasyon a Lafrans, pou yo asepte mouri pito viv sou ladepandans ak dominasyon, pou yo batay jouk dènye gout san pou defann lonè ak Endepandans Ayiti;

 Apre rekèyman ak meditasyon sou pawòl gwo prensip granmoun sot di la yo, apre yo te fin reponn ansanm epi manifeste dezi ak detèminasyon yo pou viv lib e endepandan, Jeneral yo sèmante devan limanite antye pou travay pou fè Ayiti vanse vè laposperite e renonse a Lafrans ak tout lòt fòm dominasyon etranje. Yo fini avèk nou pito mouri olye viv sou dominasyon Lafrans.

 Fèt nan Gonayiv, jou 1e janvye 1804, epi 1e Endepandans Ayiti.

 

Siyati :

 Desalin, Jeneral an chèf;

 Kristòf, Petyon, Klèvo, Jefra, Vènè, Gaba, Jeneral Divizyon yo;

 P. Romen, E. Jeren, F. Kapwa, Do, J. L. Franswa, Ferou, Kanje, L. Bazlè, Maglwa Anbwaz, J.J. Èn, Tousen Brav, Yayou, Jeneral Brigad yo;

 Bonè, F. Papalye, Moreli, Chevalye, Maryon, Adjidan-jeneral; Mayi, Rou, Chèf Brigad;

 Chareron, B. Loret, Kenez, Makajou, Dipui, Kabòn, Dyakwa Ene, Rafayèl, Mayè, Derankou, Ofisye Lame

 Epi Bwawon Tonnè, Sekretè

 

Tradiksyon, Prophète Joseph