Chapit 3
Komite pou mete antant
Nimewo 206:
Gen yon kimite pou mete antant ant gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a ak
gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, lè pa gen antant. Menm jan tou,
ant lachanm senatè ak lachanm depite, lè pa gen antant. Men ki moun ki nan
komite sa a:
1) Prezidan tribinal kasasyon an. Se li ki prezidan komite a.
2) Prezidan lachanm senatè. Se li ki vis-prezidan komite a.
3) Prezidan lachanm depite. Li manm komite a.
4) Prezidan konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.
5) Vis-prezidan konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.
6) De (2) minis, prezidan Repiblik la chwazi. Yo manm komite a.
Nimewo 206-1:
Lalwa deside kouman komite pou mete antant lan mache.
[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.