Chapit 1
Konsèy elektoral ki la nèt la
Nimewo
191:
Konsèy elektoral ki la nèt la anchaje òganize tout afè
eleksyon, e li anchaje kontwole tout afè eleksyon nan tout peyi a, jis jou
yo bay rezilta vòt la, san li pa sou zòd pèsonn.
Nimewo
191-1:
Se li ki prepare pwojè-lwa pou eleksyon. Lè fini li remèt
moun ki gen pouvwa dirije peyi a, pwojè-lwa a, pou yo fè tout sa ki
nesesè.
Nimewo 191-2:
Li kontwole si lis non moun ki gen dwa
vote yo, toujou anfòm.
Nimewo 192:
Konsèy elektoral ki la
nèt la fòme ak nèf (9) manm, yo chwazi nan yon lis twa (3) non, chak
asanble depatman yo prezante.
Moun ki gen dwa dirije peiyi a,
chwazi twa (3) nan yo.
Tribinal kasasyon chwazi twa (3) nan
yo.
Asanble nasyonal la chwazi twa (3) nan yo.
Twa gwoup
moun sa yo dwe fè yon jan, pou chak depatman gen moun nan konsèy elektoral
ki la nèt la.
Nimewo 193:
Men nan ki kondisyon yon moun gen
dwa cvin manm konsèy elektoral ki la nèt la:
1) Fòk li Ayisyen
natif natal. Epi, fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja
gen karant (40) ane pou pi piti.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak
tout dwa politik li. E, fòk li pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen
okenn pinisyon pou l ta wont, nan men jij ki jije krim dwa
komen.
4) Fòk li gen papye ofisyèl li, komkwa li an règ ak Leta, si
li te reskonsab lajan Leta.
5) Fòk li te rete omwen twa (3) ane nan
peyi a, anvan jou yuo nonmen l manm konsèy elektoral ki la nèt
la.
Nimewo 194:
Tan sèvis manm konsèy elektoral ki la nèt
la, se nèf (9) ane. Yo pa gen dwa double, ni yo pa gen dwa manyen
yo.
Nimewo 194-1:
Chak twa (3) ane, yo fèt pou yo chanje twa
(3) nan nèf (9) manm konsèy elektoral ki la nèt la, apre tan sèvis yo
fini. Yo chawazi presidan konsèy elektoral ki la nèt la, an pami manm
konsèy la.
Nimewo 194-2:
Men pawòl manm konsèy elektoral ki
la nèt la pale, lè yo leve lamen, devan tribinal kasasyon an, anvan yo
rantre nan travay yo:
''Mwen sèmante m ap respekte Konstitisyon an,
ansanm ak sa lwa elektoral la prevwa. Mwen sèmante m ap fè travay mwen an
moun debyen, an moun ki pa sou zòd moun, an moun ki pa nan moun pa, an
moun ki renmen peyi l''.
Nimewo 195:
Sizanka yon manm konsèy
elekoral ki la nèt la, fè yon fòt ki grav, nan pye travay li, se gwo
tribinal espesyal la ki dwe jije l pou sa.
Nimewo
195-1:
Konsèy elektoral ki la nèt la chita nan kapital la. Men, se
tout peyi a ki sou kont li, li pou afè eleksyon.
Nimewo
196:
Plas manm konsèy elektoral ki la nèt la, pa ale ak okenn lòt
plas Leta. Pandan tout tan sèvis yo, yo pa gen dwa kandida pou okenn plas
Leta ki mande eleksyon. Yo fèt pou yo tann twa (3) ane, apre yo bay
demisyon yo, anvan pou yo ta kandida pou yon plas Leta ki mande
eleksyon.
Nimewo 197:
Konsèy elektoral ki la nèt dwe regle
tout diskisyon ki leve, ni nan afè eleksyon, ni nan jan yo aplike lwa
eleksyon an, ni nan jan yo pa aplike lwa eleksyon an. Sapa anpeche yo gen
dwa ale devan lòt tribinal ki gen dwa jije yon moun oubyen plizyè moun ki
ta koupab, pou yo pini yo.
Nimewo 198:
Sizanka plas yon manm
konsèy elektoral ki la nèt la vin vid, poutèt lanmò, poutèt demisyon,
oubyen pou yon lòt rezon, se pou yo ranplase manm sa a, pou rès tan sèvis
li. Se gwoup moun ki te chwazi manm ki pa la ankò a, ki dwe ranplase l,
jan sa make nan nimewo 192 la.
Nimewo 199:
Lalwa deside
kouman konsèy elektoral ki la nèt la, òganize ak kouman pou li
mache.
Chapit 2
Tribinal ki kontwole tout lajan
Leta
e ki regle tout kòz anplwaye Leta
Nimewo
200:
Tribinal ki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz
anplwaye Leta, se yon tribinal ki endepandan e ki mèt tèt li. L okipe tout
afè lajan Leta ak tout afè administrasyon Leta. Li anchaje kontwole si yo
administre resèt ak depans Leta yo, legal. Li dwe kontwole liv kontabilite
biznis Leta ak biznis ki pou zòn nan peyi a.
Nimewo
200-1:
Men ki sa tribinal ki kontwole tout lajan Leta e ki regle
tout kòz anplwqaye leta yo gen dwa jije:
Tout kòz ki mele ak Leta,
ak zòn peyi a, ak administrasyon piblik, ak anplwaye Leta, ak sèvis Leta,
ak moun ki resevwa sèvis nan men Leta.
Nimewo 200-2:
Anwetan
tribinal kasasyon, yo pa kapab parèt devan okenn lòt tribinal, pou yo kase
yon desizyon tribinalki kontwole tout lajan Leta e ki regle tout kòz
anplwaye Leta.
Nimewo 200-3:
Tribinal ki kontwole tout lajan
Leta e ki regle tout kòz anplwaye leta, gen de (2) branch:
1) Yon
branch pou kontwole lajan
2) Yon branch pou pwoblèm
administrasyon.
Nimewo 200-4:
Tribinal ki kontwole tout
lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, bay konkou l pou yo fè
bidjè Leta a. Yo dwe mande l sa l panse, anvan pou yo fè nenpòt lwa sou
lajan Leta anvan pou yo siyen nenpòt kontra, nenpòt regleman nenpòt papye
pou Leta, sou afè lajan oubyen sou komès. Li gen dwa kontwole liv
kontabilite tout sèvis Leta yo.
Nimewo 200-5:
Men nan ki
kondisyon yon moun gen dwa vin manm tribinal ki kontwole tout lajan Leta,
e ki regle tout kòz anplwaye leta:
1) Fòk li Ayisyen, e fòk li pa
te janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen trannsenk (35)
ane.
3) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li
te reskonsab lajan
Leta
4) Fòk li gen yon lisans an dwa
oubyen fòk li gen yon diplòm kontab ofisyèl, oubyen yon diplòm inivèsite,
ann administrasyon piblik, ousinon ann ekonomi, osinon nan finans
piblik.
5) Fòk li travay pandan senk (5) ane nan yon sèvis Leta
oubyen nan sèvis prive.
6) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa
politik li.
Nimewo 200-6:
Moun ki vle kandida pou plas manm
tribinal sa a, fèt pou yo enskri non yo, yo menm, nan biwo lachanm senatè
yo. Lachanm senatè yo va chwazi dis (10) manm tribinal sa a. Se dis (10)
manm yo ki chwazi yon prezidan ak yon vis-prezidan an, pami
yo.
Nimewo 201:
Tan sèvis manm tribinal sa a, se dis (10)
ane. Ni yo pa gen dwa manyen yo.
Nimewo 202:
Men pawòl manm
tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta,
pale, lè yo leve lamen devan yon branch tribinal kasasyon an, anvan yo
rantre nan travay yo:
''Mwen sèmante m ap respekte Konstitisyon an,
ansanm ak lwa peyi a. Mwen sèmante m ap fè travay mwen korèk, san mank, an
moun debyen''.
Nimewo 203:
Sizanka yon manm tribinal ki
kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, fè de fòt
grav nan pye travay li, se gwo tribinal espesyal la ki dwe jije l pou
sa.
Nimewo 204:
Chak ane, anvan trant jou pase, apre premye
peryòd travay lachanm konmanse, tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki
regle tout kòz anplwaye Leta, dwe fè lachanm jwenn yon rapò sou tout
sitiyasyon lajan peyi a, epi sou tout depans ki fèt ak lajan Leta
bay.
Nimewo 205:
Lalwa deside kouman tribinal sa a òganize,
kouman li mache, epi ki wòl ak ki dwa manm li yo genyen.
Chapit
3
Komite pou mete antant
Nimewo 206:
Gen yon kimite
pou mete antant ant gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a ak gwoup moun
ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, lè pa gen antant. Menm jan tou, ant
lachanm senatè ak lachanm depite, lè pa gen antant. Men ki moun ki nan
komite sa a:
1) Prezidan tribinal kasasyon an. Se li ki prezidan
komite a.
2) Prezidan lachanm senatè. Se li ki vis-prezidan komite
a.
3) Prezidan lachanm depite. Li manm komite a.
4) Prezidan
konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.
5) Vis-prezidan
konsèy elektoral ki la nèt la. Li manm komite a.
6) De (2) minis,
prezidan Repiblik la chwazi. Yo manm komite a.
Nimewo
206-1:
Lalwa deside kouman komite pou mete antant lan
mache.
Chapit 4
Biwo pou pwoteje sitwayen
Nimewo
207:
Yo mete yon biwo yo rele: Biwo pou pwoteje sitwayen. Biwo sa a
la, pou li pwoteje tout moun, kont tout kalite abi yo ta fè yo, nan sèvis
Leta yo.
Nimewo 207-1:
Sitwayen ki alatèt biwo sa a, poute
non: moun ki pwoteje sitwayen. Prezidan Repiblik la antann li, ni ak
prezidan lachanm depite, pou yo chwazi l. Tan sèvis li, se sèt (7) ane. Pa
gen double.
Nimewo 207-2:
Li mèt nan nenpòt tribinal, al
defann yon moun ki poute plent nan biwo a, sa toujou fèt
gratis.
Nimewo 207-3:
Yon lwa regle nan ki kondisyon biwo
pou pouwoteje sitwayen an mache, epi ak ki regleman.
Chapit
5
Inivèsite. Akademi. Richès ki nan sèvo pèp la
Nimewo
208:
Lekòl ki fèt pou moun jwenn degre konesans ki vin apre lekòl
segondè dwe lib. Degre konesans siperyè sa a, yo jwenn li, nan inivèsite
deta d Ayiti, nan lekòl siperyè Leta, oubyen nan lekòl siperyè prive, Leta
bay pèmisyon louvri. Inivèsite deta d Ayiti mèt tèt li.
Nimewo
209:
Leta fèt pou l bay, ni inivèsite deta d Ayiti a, ni lekòl
siperyè Leta yo, lajan yo bezwen pou yo mache epi pou yo fè bon jan
pwogrè. Kote yo mete yo, ak jan pou yo òganize yo, tou sa dwe fèt yon
fason pou tout yon zòn mache nan wout pwogrè tout bon.
Nimewo
210:
Yo dwe ankouraje moun fòme sant pou y chèche tout mwayen pou
lasyans fè pwogrè.
Nimewo 211:
Anvan pou inivèsite ak lekòl
siperyè prive konsmanse mache nan peyi a, fòk yo jwenn pèmisyon pou sa nan
men konsèy inivèsite deta a. Men lòt kondisyon toujou: se Ayisyen ki dwe
Ayisyen. Pi fò kou yo, dwe fèt nan lang ofisyèl peyi a.
Nimewo
211-1:
Sa yo moutre ni nan inivèsite, ni nan lekòl siperyè prive ni
nan lekòl siperyè Leta, dwe soti dakò ak sa peyi a bezwen pou li vanse nan
bon wout pwogrè.
Nimewo 212:
Yon lwa espesyal regle nan ki
kondisyon ak ki kote nan peyi a, yo gen dwa mete inivèsite, lekòl siperyè
prive. Menm lwa sa a, va deside kouman pou yo mache.
Nimewo
213:
Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou
li fè l kaplab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip
lasyans.
Nimewo 213-1:
Yo kapab mete lòt akademi
toujou.
Nimewo 214:
Poute non: manm akademi, se yon
dekorasyon.
Nimewo 214-1:
Lalwa deside kouman akademi yo
òganize ak kouman pou yo mache.
Nimewo 215:
Tout bèl bagay
ki nan peyi d Ayiti depi tan lontan, tout kote istwa d Ayiti fè n konnen
poutèt mèvèy moun lontan nou yo te fè la, tout richès ki soti nan sèvo ak
nan lespri pèp Ayisyen, tout bèl batisman tan lontan yo, dwe sèvi pèp
Ayisyen temwen, kòmkwa li te toujou yon gran pèp. Tout richès sa yo, se
byen peyi a yo ye. Se pou sa, Leta reskonsab pwoteje:
1) Tout
batisman lontan yo, ak sa ki rete nan yo.
2) Tout kote, san moun
lontan nou yo te koule, nan goumen ak lènmi nou yo.
3) Tout kote yo
abitye sèvi selon kwayans lafrik moun lontan nou yo.
4) Tout sa ki
kapab fè nou sonje mèvèy yo te konn fè yo.
Nimewo 216:
Lalwa
va detaye ki jan, ak nan ki kondisyon, yo va pwoteje tout richès sa yo.
[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.