WÒL MINISTÈ AK ÒGANIS LETA AYISYEN NAN
DEVLOPMAN PEYI A :
I. Sou Kesyon
administrasyon (Kons. 1987, Atik..?)
Wòl Ministè Finans:
- Fiske ansanm ak
KASEK yo taks, enpo, dwa espesyal ki pou seksyon
an
(atik 218 Konstitisyon 1987)
-
Voye regilyèman bourad lajan Leta santral la ki pou seksyon an ak nan
Depatman an.
Wòl DGI:
- Mete yon sistèm
ranmase lajan pour resèt fèt rapid epi rete sou seksyon an.
Wòl Ministè Planifikasyon ak Amenajman Tèritwa:
-
Kòdone tout
aktivite administrasyon santral ak KASEK yo
-
Fè zouti
planifikasyon ki chita sou bezwen ak priyote
-
Kòdone tout seminè fòmasyon administrasyon santral
pour KASEK
-
Akonpaye KASEK yo
nan preparasyon plan devlòpman
-
Seminè fòmasyon
sou kesyon planifikassyon
-
Planifye tout
kalte resous pou soutni plan devlòpman seksyon kominal yo
-
Fiske limit
jiridiksyon teritwa KASEK yo
Wòl IHSI (BIWO
ESTATISTIK) :
Bay zouti
planifikasyon pour ranmase enfòmasyon
Wòl
Biwo popilasyon:
Defini
oryantasyon politik popilasyon peyi a
Wòl
Kou siperyè dè kont (KSKKA) :
-
Fè kontwol
jesyon lajan
-
Gade jan
administrasyon an mache
-
Bay konsèy pou
administrasyon KASEK la mache byen.
Wòl
ak Reskonsabilite KASEK yo :
-
Oganize biwo li
-
Fè plan
devlòpman pou mete kanpe estrikti pou sèvis popilasyon an epi veye si sa ki la
deja yo ap mache byen; kenbe yo nan bon eta
-
Jere kòmsadwa
domèn prive Leta ak tout lòt byen piblik sou kesyon an.
-
Jere lajan,
bidjè, pwogram
-
Ankouraje moun pou peye taks
-
Kontwole ranmase
taks
-
Monte dosye,
òganize achiv
-
Jere teritwa
seksyon an
-
Kenbe dwa
granmoun ak diyite peyi a
-
Ranmase enfòmasyon
Sous :
Lalwa 4 avril 1996 :
Atik
4; 4.24; 19.2; 19.12; 19.17; 19.19; 25.1; 25.4; 25.5; 25.8; 25.9
Konstitisyon :
Atik 1; 1.8
II.
Sou kesyon
pwodiksyon ak devlopman resous ak byen kiltirel
Wòl
Ministè Agrikilti:
-
Mete sistèm
irigasyon
-
Mete sitèn
-
Mete bank zouti
-
Mete bank semans
-
Mete sistèm
konsèvasyon pwodui agrikòl
-
Mete teknisyen
pou ankadreman
-
Mete fon pou
kredi agrikòl nan bank yo
-
Fè fomasyon moun
k ap fè travay agrikilti an pasanpa biwo planifikasyon/edikasyon
-
Ede gadinaj,
lapèch
-
Mete pwoteksyon
tè
Wòl INARA
-
Fè peyizan jwenn
tè pou travay
-
Ede identifye tè
Leta nan seksyon an
-
Bay dizon li sou demand fèmaj tè Leta
-
Fiske kantite tè pou moun genyen pou pwodi (Atik 248.1
Konstitisyon 1987)
-
Bay enfòmasyon sou jan moun òganize pou travay tè
Wòl
Ministè Kilti
Ankouraje, kore
devlòpman resous ak byen kiltirèl kòm potomitan
Anviwonman
-
Veye epi evite
move konsekans pwogram yo sou lanati, sou popilasyon an
-
Lite kont
debwazman
Wòl Ministè Planifikasyon
-
Etidye, kòdone
pwojè ak aktivite pwodiksyon
-
Planifye tout kalte resous pou egzekite plan devlopman
Wòl
Ministè Finans
-
Voye regilyèman bourad lajan Leta santral ki pou
seksyon an nan direksyon depatmantal yo
-
Fè bank Leta mete yon sistèm nan komin yo pou pèmèt la
bank bay kredi
Wòl DGI
(Kontribisyon)
- Fiske dwa espesyal sou lajan esplwatasyon resous (min, touris, dwàn, ayeropò, elatriye)
Wòl
Ministè Komès ak indistri:
-
Ede mete
antrepiz atizanal
-
Ede mete
lòt entrepiz
-
Devlope sistèm
komès nan avantaj pwodiktè yo
Wòl CNC
Ankouraje
e devlope kooperativ
Wòl
Biwo min (TPTC)
-
Bay enfòmasyon sou pwojè esplwatasyon min ak resous natirèl
Wòl Ministè Edikasyon
-
Mete sou pye yon lòt sistèm ansèyman teknik ak pwofesyonel pou fòme kad,
teknisyen, ajan pou soutni devlòpman
Wòl
Ministè Touris
- Devlope baz
pou touris
Wòl
ak Reskonsabilite KASEK yo
-
Veye an jeneral sou ankadreman agrikòl, irigasyon
-
Pouse atizana, ankouraje endistri, touris ak
pwodiksyon byen kiltirel (gwòt, so-dlo, moniman istorik, lakou, elatriye)
-
Mete ansanm ak
sektè prive, oganizasyon pou kreye antrepiz
-
Mennen refleksyon sou òganizasyon tè pou travay
-
Voye je sou apantaj, kadas
-
Siveye fason
fèmye yo sèvi ak tè Leta
-
Pouse gadinaj,
lapèch
-
Devlope sikwi ak
mwayen pou distribye pwodiksyon seksyon an
-
Voye je sou esplwatasyon min ak lòt resous natirèl
-
Monte ekip travay sou kesyon pwodiksyon ki chita sou
devlòpman resous kiltirel
Sous : Lalwa 4 avril
1996 :
Atik 19.2;
19.9; 19.10
III. Sou Kesyon estrikti pou pwodiksyon ak devlopman
Wòl
Ministè Travo piblik
-
Bay sipò teknik
pou trase ak repare wout, fè plan sitèn
-
Bay bourad nan
devlope mwayen transpò
Wòl SNEP
-
Bay komin nan
sipò pou gwo kaptaj fèt pou separe ak seksyon yo
-
Ede KASEK la :
- Fè apantaj sous sou seksyon an oubyen ak
lòt seksyon
- Konstwi sitèn ak fontèn
Wòl Teleko
- Mete mwayen
kominikasyon nan komin nan pou li kapab sèvi seksyon yo
Wòl
EDH/ ELA
- Mete nan
komin yo sistèm pwodiksyon kouran ak dlo, solèy, elelatriye, pou separe ak
seksyon yo (Atik 255 Konstitisyon 1987)
Wòl
Ministè Planifikasyon :
- Ede ministè
yo kodòne aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlopman
Wòl
ak Reskonsabilite KASEK yo
- Reklame epi
veye sou estrikti ki la pou fè popilasyon an jwen :
-
dlo pou tout sèvis
-
elektrisite
- telekominikasyon
- wout
- sistèm irigasyon
Sous : Lalwa
4 avril 1996 :
Atik 19.2;
19.4; 25.4
IV. Sou kesyon lajistis ak dwa moun
Wòl
Ministè Jistis:
Mete
mwayen pou KASEK yo konnen lalwa penal ak dwa moun
Wòl Polis nasyonal:
-
Ede KASEK la
kore brigad sekirite oubyen komite defans sivil òganizasyon yo mete sou pye
-
Ede jij yo fè
lalwa respekte nan zòn nan
Wòl Opdes
(ministè lenteryè) :
-
Fè prevansyon dezas ak ministè Anviwònman, ministè
Lasante an seksyon an
-
Pote koukou lè general dezas
-
Prepare refij ak estòk materyèl sekou anvan dezas
-
Pare estrateji deplasman popilasyon an lè general
dezas
-
Makonnen travay sa yo ak Lakwa Wouj
Wòl ak Reskonsabilite KASEK yo:
-
Veye pou gen lòd, sekirite piblik sou seksyon an
-
Veye pou lalwa respekte
-
Veye pou dwa moun respekte
-
Prepare lis jire
-
Mete antant nan mitan moun ki gen pwoblèm
-
Veye pou yo pa vann jistis
-
Ede popilasyon sivil la pwoteje tèt li lè gen dezas
natirèl oubyen social
-
Reprezante seksyon an devan lajistis
Sous : Lalwa
4 avril 1996 :
Atik
11.9, 19.5, 19.7, 19.8, 19.13, 19.16
V. Sou kesyon
edikasyon
Wòl Ministè Edikasyon:
-
Bay bourad nan konstwi lekòl ak remanbre sa ki la deja
yo
-
Siveye jan lekòl
yo ap mache
-
Bay materyèl ak
ekipman gratis
-
Fè fomasyon ajan
k ap travay deja nan ledikasyon anpasan pa biwo planifikasyon
-
Devlope bon jan
lekòl peofesyonèl
-
Devlope bon jan
ledikasyon « non fòmèl »
Wòl Sekreteri Deta Jenès, Espo, Sèvis
sivik:
-
Ede devlope estrikti pou espò
-
Fè jwenn ekipman pou espò
-
Fè fòmasyon pou monitè espò ak lòt resous
-
Deplòtonnen fòmasyon sivik
-
Ede jèn yo kreye travay pou pwòp tèt yo
Wòl
Ministè Kilti:
-
Devlope estrikti pou pwodiksyon kiltirèl
-
Ankouraje amizman ak aktivite kiltirèl
Wòl
Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon:
-
Mete estrikti pou alphabetizasyon moun
-
Tradwi an kreyòl tout dokimn ki gen arevwa ak
kolektivite seksyon kominal yo
Wòl
Ministè Planifikasyon:
-
Ede ministè yo kòdone aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
Wòl
ak Reskonsabilite KASEK yo:
-
Travay ak biwo ledikasyon depatman an, pou li mete
lekòl fondamental gratis pou tout timoun
-
Veye pou tout timoun jwenn liv ak materyèl lekòl
gratis
-
Remanbre lekòl ak sant alfa ki la deja
-
Ede nan
òganizasyon kanpay alfabetizasyon
-
Monte ekip
travay pou prepare plan ak bidjè ledikasyon pou seksyon an epi veye pou lekòl
yo byen mache
-
Kreye estrikti
pou espò nan seksyon an
-
Ankouraje espò
nan seksyon an
-
Fè pwogram
fòmasyon sivik pou jèn ak nan lekòl yo
-
Mete kantin pou
timoun yo
-
Kreye kondisyon
pou tout timoun apati 6 an ale lekòl
-
Ankouraje
fòmasyon pwofesyonèl jèn yo
VI.
Sou kesyon
Sante
Wòl Ministè Sante:
-
Kore pwogram lijyèn piblik ak sante kominotè
-
Mete mwayen pou kreye sant sante ak sipèvizyon travay
yo
-
Mete pwogram pou devlope resous natif-natal nan geri
ak pran swen devan maladi
-
Bay materyèl ak
ekipman
-
Fè fomasyon moun
kap fè travay lasante anpasan pa biwo planifikasyon
-
Fè konnen regleman sou aktivite distribisyon lasante
-
Garanti asirans sante pou tou moun
Wòl
Ministè Anviwonman:
-
Ede jere koze
fatra
-
Apiya pwogram pou proteje lanati, anpeche debwazman
-
Fè fòmasyon an
pasan pa biwo planifakasyon ak lediksyon
-
Egzamine pwogram
devlòpman yo pou evite move konsekans sou lasante popilasyon an
Wòl Ministè Agrikilti:
Ede
garanti lamanjay
Wòl Ministè Edikasyon:
Mete
sou pye yon lòt sistèm ansèyman teknik ak pwofesyonèl lo pèmet jwenn kad,
teknisyen, elatriye… Pou travay lasante
Wòl
Ministè Planifikasyon:
- Ede ministè
yo kodòne aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
Wòl SNEP (TPTC)
:
-Bourad pou
mete dlo potab, sitou fè tiyo rive andedan lakou moun
Wòl ak Reskonsabilite KASEK yo:
-
Veye pou ministè Sante Piblik ranpli obligasyon li nan
kreye sant sante
-
Pouse devlòpman tout resous pou popilasyon an jwenn
lasante san tèt chaje (doktè, mis, medikaman, medsen fèy, remèd fèy…)
-
Ede rekonsab lasante sou seksyon an mobilize tout moun
pour patisipe nan pwogram sante yo, espesyalman nan kanpay yo
-
Chache tout bourad pou fè li lijèn piblik
devlope :
nan
mache, labatwa, simityè, lekòl, …
- Konstwi dispoziti pou latrin, dlo potab,
fatra…
-
Monte ekip travay sou kesyon lasante pou prepare plan
ak bidjè pou seksyon an epi siveye pou pwogram yo byen mache
-
Veye si pwojè devlòpman yo pa gen move konsekans sou
lasante popilasyon an
Sous : Lalwa
4 avril 1996 :
Atik 19.2;
19.6; 19.11
Konstisyon
1987 : Atik 23
VII. Sou kesyon
sosyal
Wòl
Ministè Ministè Afè sosyal:
-
Mete mwayen pou sèvis sosyal yo mache, pou ranfòse
òganizayon yo
-
Fè konnen lalwa ki garanti bon mach òganizayon
-
Ankouraje apliksyon lwa nasyonal ak entènasyonal sou
travay
-
Fè konnen lalwa ki bay enfòmasyon sou kouman pou tabli
izin, sou fonksyonman yo
-
Fè konnen Kòd Travay la
Wòl
Ministè Ministè Sante:
Etidye, mete
sou pye sistèm asirans sante pou kouvri tout moun nan seksyon yo
Wòl
Ministè Ministè Planikasyon:
Ede ministè yo
kòdone aktivite yo ak pa KASEK yo pou yon bon jan plan devlòpman
Wòl Ministè
CNC:
.Ankouraje
ak devlope koperativ
.Reskonsabilite
KASEK la
- Cheche kreye sèvis sosyal kouwè :
- krèch (pou ti moun piti)
- òfelina (pou timoun)
-
Kès asistans (asistans pou pò, fanm san mari, èn fi ki manman pitit bonè,
grandèt san fanmi)
-
Resevwa demand
enrejistreman òganizasyon yo epi voye yo lakomin
-
Ankouraje epi
ranfòse òganizasyon (sendika, regwoupman, koperativ…) nan sektè :
- pwodiksyon
- edikasyon
- kilti
- pwofesyonèl
-
fanm …
-
Monte ekip travay pou prepare plan ak bidjè pou sèvis sosyal
Sous :
1.
Konstitisyon 1987,
2. KOUT JE
SOU LWA 4 AVRIL 1996,
GRIEAL, Bibliyotèk Fanm ak Gason Peyi d Ayiti
Seri Sekrè demokrasi patisipativ
Premye kreyatè vèsyon
elektronik pou entènèt: Prophète Joseph /Edisyon Konbit
Kontak: josephprof@hotmail.com