Konsèy Elektoral Pwovizwa
AVRIL 2000
Pwosedi pou vòt, pou depouyman ak pou
Konpilasyon rezilta yo nan BED yo ak BEK yo
Chapit I : Kèk definisyon
Tout kote, nanpwosedi sa yo, nou itilize mo sa yo, y ap genyen sans Lwa eleksyon la ba yo oubyen sans KEP la ba yo.
Tout kote, nan pwosedi sa yo, lè nou ekri ''Lwa'', nou vle pale de Lwa elektoral Prezidan Repiblik la te pibiye 19 jiyè 1999.
KEP vle di Konsèy Elektoral Pwovizwa ki genyen nèf (9) manm. An fransè yo ekri CEP, an kreyòl yo ekri KEP dapre atik l ak 3 Lwa a:
BED vle di Biwo Elektoral Depatmantal ki genyen twa (3) manm. Yo rele li BED dapre atik ak 7 Lwa.
BEK vle di Biwo Elektoral Kominal ki genyen twa (3) manm. Yo rele li BEK dapre atik 6 ak 8 Lwa a
Sipèvizè elektora la se yon anplwaye KEP la chwazi nan yon seksyon kominal dapre atik 14 Lwa a pou li suiv dewoulman enskripsyon elektè yo ak vòt la.
Biwo enskripsyon an se yon biwo, yon zòn, yon kote yo mete yon biwo pou enskri elektè yo. Biwo enskripsyon an kapab genyen plizyè biwo vòt dapre atik 25 Lwa a;
Biwo enskripsyon yo rele BI nan pwosedi sa yo.
Biwo vòt la se yon anplasman oubyen yon kote ki la pou resevwa vòt 400 elektè pou piplis ki enskri nan yon rejis ki genyen menm nimewo ak BV a, dapre atik 37 ak 125 Lwa a;
Biwo vòt yo rele ''BV'' nan pwosedi sa yo.
Manm BV yo se twa moun KEP la nonmen pou fòme BV a, Prezidan an, Visprezidan an ak Sekretè a.
Ajan administratif pou Sekretè elektoral la se yon moun KEP la nonmen pou mete lòd nan yon BV dapre atik 128 Lwa a.
Rejis la se youn nan kaye ki genyen nimewo sòti nan l pou rive nan 12000 ki genyen kopi kat elektoral 400 elektè pou piplis ak foto yo ak lis elektoral la. Nou pa konsidere rejis ki boule oubyen ki disparèt KEP la anile nimewo yo.
Kat elektoral la se yon kat KEP la (BI a) bay yon moun nan peryòd enskripsyon elektè yo ki genyen ladan foto elektè a, non li, siyati li sèks li, laj li oubyen dat li fèt, adrès li, kòd jeyografik BV a dat enskripsyon an fèt, siyati Prezidan ak Sekretè BI a ak yon nimewo nou rele nimewo kat elektoral la.
Mandatè a se yon moun yon kandida, yon katèl, yon pati gwoupman oubyen regwoupman pati politik chwazi pou reprezante l nan BV a, nan BED la oubyen nan BEK la pandan vòt la, depouyman an oubyen konpilasyon rezilta yo.
Obsèvatè a se yon moun ki mande epi ki jwenn otorizasyon KEP la kòm obsèvatè nasyonal oubyen obsèvatè entènasyonal; sa ki pèmèt li suiv dewoulman pwosesis elektoral la dapre atik 171 rive nan 178 Lwa a.
Konsèy Minisipal la (KM) se yon Katèl, ki genyen twa (3) manm ki pase nan eleksyon, k ap jere yon vil oubyen yon komin dapre atik 75 Lwa a.
Delege Lavil la se youn oubyen plizyè moun ki sòti nan plizyè katye oubyen zòn nan yon vil yo chwazi nan eleksyon pou vin manm Asanble Minisipal la.
KASEK la se Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal la ki genyen twa (3) manm dapre atik 71 Lwa a.
ASEK la se Asanble Seksyon Kominal la, ki genyen 7, 9 oubyen 11 manm, sa depann de kantite moun ki abite nan seksyon an dapre atik 67 Lwa a.
Bilten vòt se yon fèy papye kote yo ekri non, ak foto kandida a pou Sena ak Chanm Depite a; oubyen non tèt katèl la pou ASEK, KASEK, DV, ak KM. Tout bilten vòt yo genyen non ak anblèm pati, gwoupman oubyen regwoupman politik kandida a sou yo.
Bwat vòt la se yon bwat katon elektè yo pral itilize pou lage bilten vòt yo jou eleksyon an.
Lank ki pa efase fasil la : se yon lank èspesyal ki pa efase fasilman. Manm BV yo pral itilize l pou make pous men dwat chak elektè ki fin vote.
Izolwa a se yon ekran kote elektè a ale pou make bilten li yo lè li pral chwazi kandida li yo jou vòt la.
Sele a, pou sa ki konsènen vòt la, se yon papye otokolan ki genyen yon nimewo, yo pral mete anwo ak anba chak bwat vòt yo pou anpeche yo louvri yo.
Sekrè vòt la se dwa yon elektè pou li vote san pèsonn pa konnen pou ki kandida oubyen ki katèl li vote.
Pwosèvèbal la yon dokiman kote manm BV yo ekri tout sa ki pase nan jounen vòt la, nan depouyman an, nan konpilasyon rezilta yo, kantite materyèl manm yo resevwa, sa k pa kòrèk, kontestasyon yo ak ensidan yo.
Ansèy BV a se yon katon oubyen yon papye kote yo ekri nimewo rejis BV a ki pèmèt elektè yo rekonèt Biwo vòt la dapre atik 140 Lwa a.
Pwopagann politik se tout pwopagann ki fèt anfavè yon kandida oubyen yon katèl, yon pati politik ak ansèy, afich, grafiti, jounal, trak, mizik, kanaval, diskou, rad ki ekri, kaskèt, chapo, otokolan, pyès teyat oubyen tout lòt bagay pou fè piblisite.
Konpilasyon rezilta a se travay BEK la fè lè li rasanble rezilta Depouyman ki te fèt nan BV yo epi travay BED la fè lè li rasanble rezilta BEK yo Voye bay li pou eleksyon Senatè ak Depite yo.
Verifikasyon rezilta se travay BED la ak BEK la fè lè yo verifie rezilta ki make nan pwosèvèbal BV yo oubyen BEK yo.
Chèf ekip : se yon moun BED la oubyen BEK la chwazi pou dirije yon ekip ki pral fè verifikasyon oubyen konpilasyon rezilta yo.
Biwo kontansye Elektoral Depatmantal (BKED) se twa (3) manm BED yo ak yon konseye jiridik ki tande an dènye tou pwoblèm administratif ki konsènen konsèy Minisipal yo, ki tande an premye pwoblèm ki konsènen Depite ak senatè
Biwo Kontansye Elektoral Santral (BKES), li etidye an dènye tout pwoblèm administratif BKED a te etidye epi tout lòt pwoblèm ki rive pandan operasyon elektoral yo. BKES la fòme ak manm KEKP la ak de (2) avoka pou ba yo konsèy.
CHAPIT II : FASON BIWO VÒT (BV) YO FÒME AK DEVWA CHAK MANM Y O
Biwo vòt yo plase nan menm zòn, nan menm lokal kote biwo enskripsyon yo te ye
Men, KEP la kapab bay BED ak BEK yo otorizasyon pou yo plase lòt BV nenpòt kote depi sa nesesè.
Lè yo deplase BV oubyen ouvè lòt BV, yo dwe plase yo nan yon distans ki pèmèt elektè a gen posiblite wè BV a depi li nan anplasman BI kote li te enskri a;
Nan Vil yo, lòt anplasman an dwe nan menm ri ak BI a.
BV a dwe gen yon ansèy pou idantifye l epi nimewo rejis la dwe ekri sou ansèy la dapre atik 140 Lwa elektoral la.
BV a fòme ak twa manm : Prezidan an, Vis-prezidan an ak Sekretè a.
Prezidan an, se KEP la ki nonmen l, li gen reskonsablite pou l jere dewoulman vòt la ak depouyman an san paspouki; pou l kenbe tout dokiman elektoral BV a. Pou plis presizyon, prezidan an dwe:
Resevwa materyèl BV a pou l mete yo an sekirite. Nou vle pale de : bilten vòt, twous pou BV a ak divès fòmilè;
Chache konnen si lòt manm BV yo ak ajan administratif pou sekirite a ap disponib nan jou vòt la.
Ranplase manm BV yo, si yo absan.
Chache konnen si lokal oubyen anplasman BV a pare pou vòt la, sa vle di : si l disponib, si l pwòp, si l gen mèb y ap bezwen yo.
Ranje BV a jou vòt la dapre jan KEP la mande sa nan liv BV a.
Dirije operasyon vòt la ak depouyman an dapre jan KEP la di pou fè sa.
Gade si Sekretè a verifye non elektè a nan rejis la, si l gen kat elektoral li epi si l pa vote deja.
Remèt elektè yo bilten vòt yo.
Verifye lèt otorizasyon yo epi aksepte mandatè, obsèvatè ak jounalis ki gen otorizasyon KEP la pou antre nan BV a.
Aksepte moun k ap travay pou KEP la, BED la, BEK la, sipèvizè elektoral seksyon an ak asistans teknik KEP la ansanm ak asistans teknik BED la nan BV a.
Veye pou pwosèvèbal yo byen ranpli epi pou yo afiche nan BV a.
Di chak vòt byen fò.
Gade si mandatè ak obsèvatè yo jwenn fèy papye ki gen rezilta yo.
Mete pwosèvèbal ak tout dokiman ki mache ansanm avè l yo an sekirite annatandan li remèt yo nan BEK la.
Remèt nan BEK la pwosèvèbal BV a, tout dokiman ki mache avèk yo ansanm ak materyèl vòt ki rete yo.
Vis-prezidan BV a gen reskonsablite pou l ede prezidan an epi pou l ranplase l si l absan oubyen si l pa kapab. Travay li se :
Siveye bwat vòt yo.
Gade si elektè a depoze bilten an nan bwat ki koresponn ak koulè bilten an.
Tranpe dwèt pous men dwat elektè a nan lank.
Fè elektè a siy pou l al jwenn Sekretè a pou l remèt li kat elektoral li apre li fin vote kòrèkteman.
Ekri sou fèy kontaj la vwa chak katèl obyen kandida fè.
Syen pwosèvèbal yo ak fèy rezilta yo ansanm ak prezidan an ak sekretè a.
Ede prezidan an ranje materyèl la epi ede l mete l an sekirite apre depouyman vòt la.
Pase nuit lan ak prezidan an nan kay kote pwosèvèbal yo ye a pandan lannuit.
Akonpaye prezidan an lè l pral remèt pwosèvèbal yo nan BEK la
Sekretè a reskonsab pou l ekri tout sa k gen pou ekri nan BV a. Devwa l se :
Kòmanse ranpli pwosèvèbal la lè BV a ouvè nan maten epi note tout sa k pase pandan tout jounen an.
Verifye dwèt pous men dwat elektè a pou l kab sèten si li pa t deja tranpe nan lank oubyen grès.
Sou lòd prezidan an, verifye si nimewo ak foto ki nan kat elektè a bay la koresponn ak sa ki nan rejis la.
Si sa nesesè, pran lis elektoral ki jis dèyè nan rejis la, fè yon mak bò kote nimewo kat elektè prezidan an remèt bilten vòt.
Konplete pwosèvèbal pou fèmen BV a.
Ouvè pwosèvèbal pou ouvèti depouyman an epi konplete l.
Konplete fèy rezilta yo.
Byen ekri nimewo rejis la, adrès BV a ak pòs yo sou chak anvlòp ki genyen bilten ak pwosèvèbal.
Ede prezidan an mete tout dokiman vòt yo ansanm ak pwosèvèbal yo nan anvlòp ki la pou sa epi ede l fèmen yo.
Ede prezidan an pote pwosèvèbal yo ak tout lòt dokiman yo epi mete yo an sekirite.
Pase nuit lan ak prezidan an ak vis-prezidan an nan lokal kote pwosèvèbal yo ak dokiman elektoral yo ye a annatandan yo remèt yo nan BEK la.
Akonpaye prezidan an lè l pral remèt pwosèvèbal ak lòt dokiman yo nan BEK la.
BV a genyen yon ajan administratif pou sekirite elektoral, se KEP la ki nonmen l Travay li se:
Ede fè lòd blayi nan BV a epi nan alantou BV a.
Anpeche moun fè tout kalite presyon sou elektè a.
Ede elektè yo jwenn BV kote yo dwe al vote a pandan l ap verifye si 5 chif nimewo ki sou kat elektè a koresponn ak nimewo ki ekri nan rejis BV a.
Fè elektè yo antre youn apre lòt nan BV a.
Veye pou elektè ki resevwa kat li nan men Sekretè a sòti kite BV a.
Kanpe nan pòt antre BV a pandan depouyman an dekwa pou pèsonn pa antre oubyen pou pèsonn pa soti san otorizasyon prezidan an
Ede BV a pote materyèl yo epi ede l mete yo an sekirite.
Rete nan kay kote pwosèvèbal ak dokiman elektoral yo ye a annatandan livrezon yo remèt nan BEK la.
Akonpaye manm BV yo lè yo pral remèt pwosèvèbal yo nan BEK la, si Prezidan an mande l sa.
CHAPIT III : OPERASYON VÒT YO
Jounen anvan vòt la, prezidan BV a ap rele lòt manm BV yo ak ajan administratif pou sekirite elektoral la, pou l fè yo sonje pote liv BV yo genyen an. Si prezidan an pa prezan, se vis-prezidan an k ap fè sa.
Prezidan an ap verifye si tout manm BV yo ap prezan jou vòt la.
Si tout manm yo pa prezan, prezidan an ap chache konnen rezon ki fè yo absan epi l ap pran mwayen pou l ranplase tout moun ki pa dosponib pou jou vòt la.
Prezidan an ap chwazi lòt manm BV yo pami delege pati politik gwoupman oubyen regwoupman ki pa t reprezante nan BV a.
Si pa genyen mandatè oubyen delege pati politik, gwoupman oubyen regwoupman pati politik, kandida oubyen katèl ki pa t reprezante yo, prezidan an chèche, nan tèt kole avèk lòt manm ki prezan yo, youn oubyen de (2) moun nan zòn lan ki konn li ak ekri pou ranplase nanm BV ki absan yo.
Prezidan an ap montre nouvo manm BV yo liv BV a, l ap fè yo konnen kouman vòt la ap dewoule, dewoulman operasyon kontaj vòt yo epi l ap di yo chak ki travay yo gen pou yo fè.
Se sèlman jou vòt la Prezidan an kapab nonmen moun yo pale de yo nan nimewo 3.1.2.1, 3.1.2.2. ak 3.1.2.3.
Si tout manm yo disponib, prezidan an ap sèvi ak liv BV a pou l revize ansanm avèk yo dewoulman travay vòt la ak dewoulman depouyman an, an menm tan l ap fè chak moun sonje devwa yo
Apre sa, prezidan an ap verifye materyèl li resevwa pou vòt la epi l ap montre chak manm BV a li: bwat tou fèmen ki gen bilten yo, twous BV a, epi anvlòp ki gen fòmilè yo ak ansèy BV a.
Bwat ki gen bilten yo dwe rete fèmen jouk jis jou vòt la nan maten. Se lè sa a pou yo louvri l nan BV a.
Prezidan an verifye si nimewo ak adrès ki sou kouvèti rejis la koresponn ak nimewo BV a.
Men tou, twous BV a ak sachè ki gen fòmilè yo ap ouvè epi y ap kontwole materyèl la pandan y ap sèvi ak lis anbalaj ki anndan twous la.
Chak twous genyen :
bwat pou lage bilten
2 izolwa
40 sele (10 fèy, chak fèy gen 4 sele)
bann otokolan koulè
1 flakon lank
sachè blan
1 sachè ti materyèl
Lòt materyèl y ap jwenn se :
Yon envlòp ki genyen rejis BV
6 pwosèvèval pou ouvèti, fèmti ak depouyman bilten yo.
10 fèy pou konte vòt
1 ansèy BV
Si gen materyèl enpòtan ki manke tankou bwat vòt oubyen lank, prezidan an dwe fè sipèvizè seksyon an konn sa tousuit.
Manm BV yo ak liv BV yo nan men yo ap vizite anplasman BV a epi yi ap prepare lokal la pou vòt la.
Manm BV yo ap chache gen asirans, anplasman oubyen lokal la ase pwòp pou yo resevwa elektè yo.
Manm BV yo ap chache gen asirans pa gen okenn anblèm foto kandida oubyen katèl oubyen lòt siy pwopagann politik anndan BV a ak alantou BV a.
Y ap pran tout dispozisyon pou yo genyen yon kantite mèb ki ka pèmèt BV a fonksyone, tankou l tab, 3 chèz ak yon ban oubyen mèb pou yo mete izolwa yo chita.
Manm BV yo ap desinen plan sou jan pou yo ranje BV a sou yon paj nan liv BV a ki rezève pou sa pandan y ap sonje konsèy yo te ba yo sitou sou sa ki konsène pedeplasman elektè yo nan BV a.
Manm BV yo dwe byen ranje tab ki genyen rejis la ak bilten yo, izolwa yo, bwat vòt yo ak lank la.
Ansanm ak ajan administratif pou sekirite elektoral la, nanm BV yo ap gade si gen dispozisyon espesyal ki merite pran pou bay BV a sekirite epi pou kontwole foul elektè yo
Jou vòt la, manm BV yo ak ajan sekirite a pral lakay prezidan an a 5 è nan maten epi y ap ede l transpòte bwat ki gen bilten yo, twous BV ak sachè ki gen divès pwosèvèbal ak fòmilè nan lokal BV a.
Y ap ranje BV a dapre jan yo te fè plan an lavèy epi y ap fè enspeksyon nan alantou anplasman an pou yo wè si pa gen okenn pwopagann sou li.
Prezidan an ap ouvè twous BV a, ladan l, l ap retire bwat pou lage bilten yo, izolwa yo lank ak lòt materyèl ki nesesè pou vòt la.
L ap fè menm jan an ak sachè ki gen pwosèvèbal yo epi l ap retire pwosèvèbal pou ouvèti ak fèmti BV a.
Y ap rasanble bwat bilten yo, y ap idantifye yo ak yon bann koulè epi y ap plase yo kote yo ye sou plan ki esplike kouman y ap ranje BV a pandan y ap kòmanse ak SENATE, epi y ap mete DEPITE, ASEK, KAZEK, DV epi Konsèy Minisipal, fèy ki gen 4 sele ki gen nimewo epi y ap depoze yo sou kouvèti a.
Y ap monte izolwa yo (gade esplikasyon yo nan liv BV a) epi plase do yo nan yon mi oubyen nan yon panno dekwa pou pèsonn pa kab wè pou kilès elektè a vote.
Youn nan 4 fisèl BEK la bay nan sachè ti materyèl la gen yon plim mare ladan 1;
Sèvi ak yon plim oubyen yon sizo pou fè yon twou nan izolwa a pou nou mare fisèl la.
Rejis BV a ak kaye ki genyen pwosèvèbal pou ouvèti a ap sou tab kote prezidan an ak sekretè a ye a.
Manm yo dwe itilize BV a avèk swen paske yo pral sèvi avèk li nan dezyèm tou eleksyon an, si ap genyen.
Rès materyèl ki pral sèvi nan depouyman an ap rete nan twous la ki ap tou pre prezidan an ak sekretè a.
Prezisan ap ouvè bwat ki gen bilten yo, epi an prezans lòt manm BV yo, mandatè yo ak obsèvatè yo, l ap konte pendan l ap kòmanse ak Senatè, epi apre l ap pran Depite, KM, DV, ASEK, KASEK.
Pou kontaj bilten yo fèt pi fasil, l ap fè plizyè pil 50 bilten.
Si kantite bilten yo resevwa a pa koresponn ak kantite yo te dwe bay la prezidan an ap rekonte yo ankò; si l jwenn menm kantite li te jwenn anvan an, l ap ekri sa nan pwosèvèbal la.
Sekretè a ap make kantite bilten yo jwenn pou chak pòs.
A 6 è tapan nan maten, apre prezidan an fin deklare vòt la ouvri, l ap ouvè chak bwat bilten, l ap fè tout moun wè anndan chak, l ap fèmen yo epi l ap plake 4 sele nimewote yo sou yo dapre jan liv BV yo esplike sa, sa vle di l ap mete 2 sele sou kouvèti bwat bilten an epi 2 nan fon l.
Sekretè a ap ekri nimewo sele yo sou chak bwat nan pwosèvèbal la.
Prezidan an ap bay sekretè a kat elektoral li pou sekretè a verifye si l koresponn ak kopi ki nan rejis la epi l ap pran yon bilten pou chak pòs
Y ap pliye chak bilten an de (2) oubyen an twa (3) anvan yo remèt elektè a yo. Yon fason pou pèmet elektè a itilize yo pi fasilman lè yo sòti nan izolwa a epi sa ap pèmèt yo pwoteje sekrè vòt la.
Nan premye tou vòt yo, Sekrètè a ap fè yon ti mak (yon kwa oubyen yon kwochèt) adwat nimewo kat elektè a ki sou lis elektoral la, dèyè rejis la.
Nan dezyèm tou a, Sekretè a ap trase yon liy sou non ak siyati elektè a ki sou lis elektoral la.
Lè Prezidan an fin vote epi yo fin make pous li ak lank, l ap verifye kat elektoral Sekretè a; sil koresponn ak sa ki nan rejis la, Prezidan an ap remèt li yon bilten pou chak pòs epi li fè yon mak adwat nimewo kat elektoral sekretè a.
Pou dezyèm tou a, li trase yon liy sou non ak siyati Sekretè a ki sou lis elektoral la.
Prezidan an ak sekretè a ap fè menm jan an pou fè vis-prezidan an, ajan
Sekiite elektoral la ak mandatè yo vote (atik 146).
Obsèvatè nasyonal yo ki enskri nan rejis BV a epi ki genyen kat elektoral yo kapab vote.
Sekretè a ap ekri non, siyati ak nimewo kat elektoral mandatè ak manm BV yo ki pa t enskri nan BV a men ki vote ladan. L ap ekri sa nan do dènye fèy lis elektoral la. L ap ekri sa nan pwosèvèbal la.
3.2.17 Apre, Manm BV yo ap mande elektè ki an ran devan pòt BV a antre pou yo vote youn apre lòt.
Si liy lan gen travayè eleksyon (Manm KEP, BED, BEK oubyen sipèvizè) fanm ansent, granmoun ki antre nan laj oubyen moun ki kokobe, ajan sekirite elektoral la ap fè yo pase anvan.
Ajan sekirite elektoral la ap mande elektè ki nan ran an pou yo verifye si kat yo a genyen menm nimewo ak BV sa a dekwa pou yo pa rete ap pèdi tan man fo BV.
Y ap mande elektè a pou l antre nan BV a, pase bò tab prezidan an ak sekretè a kote l ap lonje kat elektoral li.
Lè Sekretè a fin verifye elektè a enskri nan rejis la, prezidan an ap remèt li bilten poun chak pòs yo epi sekretè a ap fè yon mak adwat nimewo kat elektè a ki sou lis elektoral la.
Menmsi foto elektè a disparèt nan rerjis la, si tout enfòmasyon ki sou kat la konresponn ak sa ki nan rejis la, y ap asepte l vote.
Prezidan an plye bilten yo anvan li remèt yo bay elektè a.
Elektè a dwe pran tout bilten prezidan an ba li yo menm si se pou yon sèl pòs oubyen de (2) pòs li vle vote.
Konsa, elektè a kapab depoze nan bwat vòt pa yo youn oubyen plizyè bilten san li pa ekri anyen sou yo.
Prezidan an esplike elektè a jan pou l vote epi l mande l pou l ale dèyè izolwa.
Pwogram elektoral se bagay ki entèdi jou vòt la ni an BV a, ni nan alantou BV a.
Si yon elektè prezante nan BV a ak yon rad ki gen non yon pati politik oubyen yon katèl, ajan sekirite a dwe avèti l poul kite BV a epi al wete rad ki sou li a.
Prezidan BV pa dwe kite moun sa a antre nan BV a toutotan l pa ranplase rad k ap fè pwopagann pou yon kandida oubyen pou yon katèl la.
Si elektè a gen yon pwoblèm nan kò l ki anpeche l vote pou kò l, li gen dwa pou l fè yon moun li va chwazi akonpaye l pou ede l.
Moun li chwazi a dwe enskri nan menm rejis ak li.
Elektè a pral dèyè izolwa a ansanm ak moun li chwazi a pou ede l fè chwa pou chak pòs yo.
Yon manm BV, yon mandatè oubyen yon obsèvatè k ap travay nan BV a pa kab akonpaye yon moun ki kokobe pou l ede l vote.
Tout manm BV, tout mandatè oubyen obssèvatè pa dwe mande yon elektè pou l vote pou moun, sou nenpòt ki fòm, yo pa dwe eseye fè sa.
Si yon mandatè, yon obsèvatè oubyen yon manm BV oubyen yon lòt menm nan aparèy elektoral la ap komitinye fè aksyon oubyen di pawòl pou fè elektè yo konnen pou kilès pou yo vote malgre avètismen Prezidan an, Prezidan an kapab fè mete li deyò nan BV a. Y ap ekri sa nan pwosèvèbal la.
Vis-prezidan an ap siveye bwat bilten yo dekwa pou l veye pou bilten yo al nan bwat ki gen menm koulè bann ak yo anvan li tranpe pous elektè a nan lank.
Si rejis yon BV disparèt ak tout kopi li anvan yo voye yo nan BEK la, y ap ouvè BV a kanmenm pou pèmèt elektè ki te enskri nan rejis sa yo vote.
Si nimewo kat elektè a koresponn ak nimewo BV a, y ap pèmèt li vote dapre sa pwosedi yo di na 3.2.17.
Sekretè BV a ekri nimewo rejis ki sou kat elektoral la, non ak siyati elektè a sou lis elektoral èspesyal KEP la prepare pou sa.
Si elektè a pa gen dwèt pous, l ap make yon lòt dwèt nan men dwat la ak lank.
Si elektè a pa gen dwèt nan men dwat oubyen si l pa gen men dwat, vis-prezidan an ap fè menm bagay la nan men goch.
Si elektè a pa gen men ditou, ……
Si yon elektè refize yo tranpe men l nan lank lan, y ap sezi kat li a, y ap fè l konnen ni sa lalwa di sou sa ni konsekans sa kab genyen.
Si elektè a kontinye refize yo tranpe dwèt il nan lank, Prezidan BV a ap pran tout mezi pou fè arete l epi mete l nan prizon jou vòt la annatandan yo voye l nan tribinal (Atik 198 lwa elektoral la).
Y ap ekri sa nan pwosèvèval la.
Chak demi èdtan, vis-prezidan an ap fèmen flakon lank lan epi l ap sekwe l dekwa pou lank lan kab byen dilye nan flakon an.
Si kantite elektè yo anpil, vis-prezidan an ap fèmen flakon lank lan dekwa pou l pa seche.
Tanzantan, lè pa gen pèsonn dèyè izolwa a, vis-prezidan an ap verifye si plim nan toujou kole nan izolwa a epi si l toujou gen lank.
Si plim nan pa genyen lank, Visprezidan an ap mande Prezidan an yon lòt pou ranplase li.
Si gen boulvès nan operasyon vòt la ki anpeche elektè yo vote lib, san presyon, Prezidan an ap sispann operasyon vòt la, l ap mete bwat bilten yo ak bilten ki poko sèvi yo an sekirite epi l ap pran dispozisyon pou mete lòd.
L ap mande PNH pou l pouse do tout moun oubyen tout gwoup k ap twouble vòt la, si PNH pa prezan, l ap mande ajan sekirite elektoral la ak lòt sitwayen ki prezan pou yo fè sa.
Operasyon vòt yo ap rekòmanse sèl si yo rive mete lòd
Operasyon vòt la ap fin depi nou ta konstate tout elektè ki enskri nan BV a fin vote anvan 5 è oubyen si pa gen okenn elektè ki kanpe nan ran nan lè sa a.
Si elektè nan ran toujou a 5 è, prezidan an ap mande ajan sekirite elektoral la pou l ramase kat elektoral yo pandan l ap kòmanse sou dènyè elektè a; ya ap rele yo youn apre lòt nan lòd yo ye nan ran an.
Men, pyès lòt nouvo elektè ki pa t la anvan 5 è p ap kab vote apre lè sa a.
Apre sa, sekretè a ap konplete pwosèvèval ouvèti ak fèmti vòt yo.
Tout manm BV yo ap siyen pwosèvèbal yo, apre sa y ap mande mandatè ak obsèvatè yo siyen tou.
3.6.1.1 Yo konplete tousuit senk (5) lòt kopi pwosèvèbal la.
CHAPIT IV : SOU DEPOUYMAN AN
Depouyman an ap kòmanse depi vòt la fini epi l ap kontinye san rete an prezans mandatè ak obsèvatè nasyonal ak entènasyonal yo.
Anvan prezidan an ouvè bwat bilten yo, l ap konte bilten ki pa sèvi pou chak pòs epi l ap depoze yo nan anvlòp ki prevwa pou sa.
Sekretè a ekri nan rektang ki sou sachè a nimewo BV a ak adrès li.
Y ap ekri kantite bilten ki pa sèvi yo tout nan pwosèvèbal kontaj la.
Depi operasyon sa a fini, Prezidan an ap fè ranje sal la pou operasyon kontaj la.
Prezisan an ap mete bwat bilten yo tou pre l epi l ap fè yo mete fòmilè pwosèvèbal yo, fèy pou kontaj la, fèy rezilta yo ak limyè sou tab la.
Genyen kat (4) bouji nan twous la men yo p ap kont pou tan depouyman an pral dire.
Prezidan BV a dwe pran tout dispozisyon pou rezoud pwoblèm sa a.
Visprezidan an ap chita nan pwent tab la, vis-prezidan an ak sekretè a ap chita youn anfas lòt ak fèy kontaj yo.
Prezidan an ap retire sele ki sou bwat bilten pou senatè yo, l ap ouvè l epi l ap depoze bilten yo sou tab la.
Prezidan an ap pran bilten yo youn pa youn, l ap depiye yo, l ap gade si elektè a byen vote, epi l ap leve vwa l byen fò pou l di ki dandida ki gen vòt sa a.
Si yon bilten genyen koulè yon lòt bwat vòt, y ap mete l akote pou yo konte l avèk parèy li yo.
Si yo jwenn yon bilten pou yon pòs yo deja konte, ap mete l avèk parèy li yo epi y ap korije erè yo.
Vis-prezidan an ak Sekretè a ap make vòt chak kandida oubyen katèl sou fèy kontaj prezidan an anonse a.
Si gen yon vòt ki pa valab, prezidan an ap di rezon ki fè l pa valab epi l ap montre manm BV yo li se sa nesesè, l ap montre mandatè yo ak obsèvatè yo li tou.
Gen kat (4) kategori bilten ki pa valab :
Bilten ki pa pèmèt prezidan an wè entansyon elektè a oubyen volonte politik li.
Bilten ki pa respekte sekrè vòt la.
Bilten ki pa ofisyèl (fo bilten ).
Men bilten ki pa pèmèt prezidan an wè entasyon oubyen volonte politik elektè a :
Bilten ki gen plis pase yon kwa, plis pase yon X oubyen lòt siy nan espas ki rezève pou sa (wonn, foto, anblèm).
Bilten blan, sa vle di bilten ki pa gen okenn kwa, okenn X oubyen lòt siy nan espas ki rezève pou sa (wonn, foto, anblèm).
Men bilten ki pa respekte sekrè vòt la :
Bilten ki gen kèk ekriti, mesaj, siyati oswa tout lòt siy ki kab pèmèt yo rekonèt moun ki vote a;
Bilten ki pa make nan espas ki fèt pou sa a (wonn, foto anblèm).
Bilten ki dechire nèt oubyen bilten ki dechire oswa dekoupe nan yon bout;
Bilten ki gen yon senbòl, lajan oswa yon otokolan tache sou li.
Men bilten ki pa ofisyèl:
Bilten ki enprime sou papye ki pa menm ak pa KEP la;
Bilten ki gen pi plis oswa pi piti kantite kandida pase sa ki nan lis kandida KEP la te pibliye a;
Bilten ki gen kandida oubyen katèl ki pa menm ak sa KEP la te asepte epi pibliye pou vil la, seksyon kominal la, sikonskripsyon oswa depatman an.
Bilten yo fotokopye oubyen yo refè nan magouy.
Prezidan an ap fè yon pil pou bilten nil yo epi pou bilten ki bon yo, l ap fè plizyè pil dapre kantite kandida oswa katèl ki genyen.
Lè Vis-Prezidan an ak Sekretè a fin konte vòt yo, yo fè total fèy kontaj yo epi yo anonse rezilta a.
Prezidan an rekonte pil bilten chak kandida, chak katèl, pou l kab sèten pil bilten yo koresponn ak rezilta Vis-Prezidan ak Sekretè a te jwenn nan.
Si de rezilta yo koresponn, Sekretè a ap enskri yo nan pwosèvèbal la.
Prezidan an ap mete bilten vòt ki valab yo nan yon seri anvlòp epi li mete bilten nil yo nan yon lòt seri anvlòp.
Yo idantifye anvlòp la ak nimewo BV a, adrès li;
Y ap kite anvlòp yo ouvè jouktan depouyman an fini pou tout pòs yon fason pou yo mete ladan yo bilten ki te tonbe nan lòt bwat vòt pa erè.
Prezidan an ap refè menm demach la pou chak bwat vòt.
Lè yo fin konte bilten ki nan chak bwat, Sekretè a ap konplete pwosèvèbal operasyon kontaj bilten an kote l ap mete :
Kantite bilten li te resevwa;
Kantite bilten ki sèvi;
Kantite vòt valab ki anfavè kandida yo oswa katèl yo ak chif epi ak lèt;
Kantite vòt ki nil;
Kantite bilten vòt ki pa sèvi;
Kontestasyon mandatè yo ak desizyon BV a;
Tout ensidan ki merite pou yo mete nan pwosèvèbal la. Y ap mete akote pwosèvèbal la tout fèy kontaj yo ak kat elektoral yo sezi yo.
Manm BV yo siyen pwose-vèbal la epi yo mande mandatè yo fè menm jan;
Menm si yon mandatè ta refize siyen pwosèvèbal la, sa p ap gen okenn konsekans sou operasyon elektoral la;
Y ap afiche yon kopi pwosèvèbal la nan pòt BV a;
Y ap mete yon kopi nan anvlòp pou voye nan BEK la;
Y ap mete yon kopi nan anvlòp pou voye nan BED la;
Y ap mete yon kopi nan anvlòp pou voye nan KEP la;
De (2) lòt kopi yo se pou reprezantan de kandida oubyen katèl ki fè plis vwa yo.
Si reprezantan kandida oubyen katèl ki fè plis vwa yo pa prezan, de (2) lòt kopi yo se pou reprezantan de kandida oubyen katèl ki fè plis vwa yo pami sa ki prezan nan moman depouyman an.
Prezidan an kapap bay reprezantan kandida ak katèl yo fèy blanch pou si yo vle kopye rezilta ki nan kopi te afiche nan pòt BV a.
Manm BV yo verifye pou wè si rezilta reprezantan pati oubyen kandida yo ekri a konfòm ak sa ki afiche nan pòt la epi yo siyen kopi yo.
Lè yo fin fè depouyman tout bilten yo, lot manm BV yo ede Sekretè a prepare senk (5) lòt kopi pwosèvèbal depouyman an pou chak pòs.
Manm BV yo ak mandatè yo siyen kopi sa yo tou.
Si yon mandatè ta konteste yon zak oubyen yon desizyon BV a pandan kontaj bilten yo, manm BV yo dwe koute rezon kontestasyon an, egzamine l, pran yon desizyon tousuit. Yo dwe fè mandatè a konn desizyon an san pèdi tan.
Si mandatè ki fè kontestasyon an pa dakò ak desizyon BV a, li kapab fè yo mete kontestasyon l lan nan pwosèvèbal la epi pote desizyon BV a devan BEK la.
Manm BV yo ap rasanble anvlòp sele pou chak pòs, y ap mete chak anvlòp nan bwat pa l esepte sa k gen pwosèvèbal yo pral voye nan BEK la ak nan BED la.
Si tout anvlòp ki genyen bilten yo kapab antre nan yon sèl bwat vòt, y ap mete yo ladan, si se pa sa, y ap itilize plizyè bwat vòt.
Apre sa y ap sele chak bwat bilten ak 4 dènye sele ki gen nimewo sou yo a yo te bay pou sa.
Prezidan fè mandatè yo ak obsèvatè yo konnen ki kote yo pral depoze bwat bilten yo, anvlòp ki gen pwosèvèbal yo ak rès materyèl yo pou nwit lan epi a ki lè y ap pote yo nan BEK la nan demen, si kondisyon yo pa pèmèt yo pote rezilta yo tousuit nan BEK la.
Tout manm BV a avèk ajan sekirite a dwe pase nwit lan nan menm kay ak materyèl yo.
Si manm BV yo pa te gen tan remèt BEK la pwosèvèbal yo menm jou vòt la, nan jou apre a, y ap verifye si bwat bilten yo ak anvlòp yo rete nan menm eta yo te depoze yo a epi ajan sekirite elektoral al akonpaye yo pote tout bagay nan BEK la pa t pran dispozisyon pou vin chèche rezilta yo.
Manm BV yo dwe remèt BEK la rès materyèl yo tou.
BEK la ekri nan yon rejis, nimewo BV a, materyèl yo resevwa epi li bay BV a yon resi.
Sipèvizè yo pa gen otorizasyon pou pran pwosèvèbal yo pou pote yo nan BEK la.
Manm BV yo responsab sekirite pwosèvèbal yo jouktan yo remèt yo nan BED la. Yo pa gen dwa bay pèsonn pote pwosèvèbal yo pou yo.
Chapit V : Konpilasyon rezilta yo nan BEK la
BEK la responsab pou resevwa pwosèvèbal depouyman BV ki nan komin pa yo (Atik 160 ak 161), verifye yo epi rasanble rezilta yo.
Pou li fè travay sa a, BEK la prepare ak anpil swen kontwòl ak konpilasyon rezilta yo.
Pou sa, yon semenn anvan jou vòt la, li chwazi pi bon sipèvizè yo, youn pou chak karant (40) BV, epi li fè yon fòmasyon èspesyal pou yo pandan fòmasyon manm BV yo. Pou sa, li dwe suiv konsiy KEP la epi itilize materyèl yo ba li.
BEK la chèche yon sal ki gran ki kapab kenbe yon kantite bwat vòt ki egal ak senk (5) fwa kantite BV ki genyen nan komin nan.
Si biwo BEK la pa genyen èspas pou mete tout bwat vòt sa yo, fòk manm yo twouve yon lòt èspas yo kapab bay sekirite epi li fè aranjman ak soukomisarya a pou zafè sekirite a (gade nan aneks la pwosedi èspesyal pou 6 BEK Pòtoprens yo).
Sekretè BEK la fè pati politik yo ak òganizasyon k ap fè obsèvasyon pwosèvèbal yo ak konpilasyon rezilta pou Senatè ak Depite yo.
Mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la kapab antre nan sal kote y ap fè konpilasyon an.
Mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la kapab mache nan sal la pou gade kijan konpilasyon an ap dewoule.
Men mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la pa gen dwa fè entèvansyon ki kapab deranje manm BEK yo nan travay yo.
Pou rezon tout moun kapab konprann, fòk tout moun fè silans anndan sal konpilasyon an, esepte si y ap mande chèf ekip la oubyen manm BEK yo kèk esplikasyon.
BEK la pran dispozisyon pou bay pèsonèl la dlo ak manje.
Pou yo kabap byen ranje bwat vòt yo, epi pou yo kapab jwenn yon BV fasilman, BEK la prepare yon plan ki separe atè a yon fason pou chak Seksyon kominal oubyen chak vil genyen yon kawo. Y ap itilize pou sa enfòmasyon KEP la bay sou kantite èspas bwat vòt yo okipe nan chak seksyon kominal.
BEK la bay chak ekip ki genyen de (2) sipèvizè youn oubyen plizyè seksyon (40 BV pou piplis).
Lè yon BV remèt bwat vòt li yo, Sipèvizè k ap travay nan seksyon an oubyen nan vil la ede BEK la resevwa anvlòp ki genyen pwosèvèbal pou BEK la rejis BV a, ak kopi pwosèvèbal pou BED la ak KEP la.
Ekip sipèvìzè a remèt Sekretè BEK la rejis BV a epi li verifye pwosèvèbal la jan nou pral esplike a.
Ekip la verifye si kantite bilten BV a resevwa a ki ekri nan kolòn adwat nan nimewo 5 nan paj 5 la koresponn ak sa ki ekri nan nimewo 5 nan paj 3 a.
Ekip la verifye kalkil bilten ki pa itilize yo, sa ki anile yo ak sa ki valab yo pou chak pòs ki nan nimewo 5 nan paj 6 la pou yo verifye si pa genyen erè nan adisyon yo.
Apre sa, ekip la verifye si kantite bilten valab, anile ki ekri nan nimewo 3 ak 4 nan paj 6 koresponn ak rezilta pou chak pòs yo ki ekri soti nan paj 10 rive nan paj 15.
Ekip la gade nan paj 6 pwosèvèbal BV a-KEP 1126 - pou wè si kantite bilten ki pa itilize, ki anile oubyen ki valab ki ekri nan nimewo 5 la koresponn ak sa ki ekri nan nimewo 2, 3 ak 4 nan menm paj la.
Si yo wè yon erè kalkil, ekip la ap fè BEK la konn sa epi li mande otorizasyon pou korije.
Si lè yo fin verifye rezilta yo, pa gen okenn diferans, ekip la ekri rezilta BV sa a nan fèy konpilasyon KEP 1129A BEK.
Lè verifikasyon an fini, yo depoze bwat vòt BV sa a nan èspas ki rezève pou seksyon an oubyen vil la.
Si BEK la wè genyen erè lè yo fin gade pwosèvèbal yo oubyen lè yo fin verifye rezilta yo, manm BEK yo refè total pou chak kandida oubyen katèl pou pòs ki gen erè yo.
Si erè a toujou la, li mande manm BV yo esplikasyon sou sa. Pou sa, li kapab konvoke yo.
Si manm BV yo pa kapab esplike kote diferans la sòti, BEK la ap ouvè bwat vòt yo nan prezans mandatè ki sòti nan de (2) pati politik pou pi piti. Fòk genyen obsèvatè.
Si okenn mendatè pa prezan, BEK la pa gen otorizasyon pou li rekonte vòt yo pou BV ki genyen erè yo.
Si BEK la ap rekonte vòt yo, l ap retire sachè ki genyen bilten pou chak kandida oubyen katèl, sachè ki genyen bilten ki anile yo ak sachè ki genyen bilten ki pa t itilize yo.
Nan prezans lòt manm BEK yo ak manm BV yo, prezidan an konte bilten ki pa itilize yo.
Yo ekri rezilta a nan pwosèvèbal la.
Prezidan BEK la konte kantite vòt chak kandida fè.
Prezidan an konte bilten ki anile yo.
Si rezilta yo pa menm aksa ki ekri nan pwosèvèbal BV a te prepare a, BEK la prepare yon lòt pwosèvèbal pou BV sa a. Li fè twa (3) lòt kopi pwosèvèbal la.
Manm BEK yo voye yon kopi pwosèvèbal sa a nan KASEK la pou yo afiche li.
BEK la kenbe yon kopi pou dosye li epi li mete de (2) nan lo pwosèvèbal BV a t ap voye pou BED la ak KEP la.
Si yo jwenn esplikasyon pou erè yo epi lè yo fin korije yo, yo ekri sa nan pwosèvèbal BEK la.
Manm BV yo dwe siyen dokiman BEK la prepare a ki konstate erè yo epi ki korije yo.
Sipèvizè a ekri nouvo rezilta yo nan fèy BEK la te bay pou konpilasyon rezilta yo - KEP 1129 BEK.
Lè yo fin rasanble rezilta tout BV nan yon seksyon kominal oubyen nan yon vil, ekip konpilasyon an remèt fèy KEP 1129 BEK la bay BEK la.
BEK la ranpli fèy rezilta DV yo, KASEK yo ak ASEK yo.
Apre sa, BEK la ekri rezilta fèy KEP 1129 yo sou fèy konpilasyon KEP 1130 pou Konsèy Minisipal, Depite ak Senatè.
Lè li fin verifye epi rasanble rezilta tout BV li reskonsab yo, BEK la afiche rezilta yo epi li ekri pwosèvèbal konpilasyon KEP 1131 la. Fòk genyen twa (3) kopi pwosèvèbal sa a.
BEK la kenbe youn nan pwosèvèbal depouyman BV a KEP 1131 an pou dosye li yo, li mete youn nan anvlòp pou BED la ak fèy konpilasyon KEP 1129 ak KEP 1130 la epi yon lòt pou KEP la.
Li voye rès dokiman yo pou BED la avèk pwosèvèbal konpilasyon an anvan 48 è pa pase.
Dokiman yo dwe voye nan BED la se :
Pwosèvèbal depouyman an BV a prepare pou BED la ak KEP la.
Bwat vòt ki genyen bilten yo.
BEK la mete rejis BV yo nan twous yo te itilize pou enskripsyon yo epi yo mete yo nan soukomisarya PNH yo pou yo itilize yo nan dezyèm tou eleksyon yo, si ap genyen.
BEK Pòtoprens 1, 2 ak 3 yo dwe reyini pou yo mete ansanm rezilta yo jwenn pou Senatè, Depite, Konsèy Minisipal ak Delege Lavil yo.
BEK la mete rejis BV yo nan twous yo te itilize pou enskripsyon yo epi yo mete yo nan soukomisarya PNH yo pou yo itilize yo nan dezyèm tou eleksyon yo, si ap genyen.
BEK Pòtoprens 1, 2 ak 3 yo dwe reyini pou yo mete ansanm rezilta yo jwenn pou Senatè, Depite, Konsèy Minisipal ak Delege Lavil yo.
Yo prepare uit (8) pwosèvèbal ki menmjan pou chak pòs nou sot site la yo.
Yo afiche youn nan biwo chak BEK yo.
Yo voye yon kopi pou BED la ak yon lòt pou KEP la. Yo mete chak kopi nan anvlòp pa yo.
Chak BEK kenbe yon kopi pou dosye pa yo.
Chapit VI : Verifikasyon rezilta BEK yo rasanble ak konpilasyon rezilta pou Senatè ak Depite yo
BED reskonsab pou li verifye pwosèvèbal ak rapò BEK yo (Atik 162), rasanble rezilta pou Senatè ak Depite yo, pibliye yo epi fè rapò pou KEP la anvan 48 è pa pase.
Pou BED la fè travay sa a, li byen prepare verifikasyon pwosèvèbal yo ak rapò BEK yo, yo prepare tou konpilasyon rezilta pou senatè ak depite yo.
Si BED la pa genyen èspas pou resevwa tout kantite bwat vòt yo pral voye yo, li dwe chèche yon lòt lokal yo kapab bay sekirite.
Yo dwe kòmanse fè travay sa a tousuit apre yo fin resevwa pwosèvèbal BEK yo epi yo dwe kontinye depi 6 è 30 nan maten jouk 5 è 30 nan apremidi.
BED la pran dispozisyon pou bay pèsonèl yo dlo ak manje.
Chak BED dwe prepare plan lojistik pou yo ranmase pwosèvèbal BEK yo ak lòt dokiman ki akonpaye pwosèvèbal sa yo.
Yo voye plan an ak kantite lajan li konte a bay KEP la pou li aprouve li.
Pou sa, yon semenn anvan jou vòt la, li fòme plizyè ekip. Kantite ekip
la se twa (3) kantite BEK ki genyen nan depatman an. Li itilize enfòmasyon ak materyèl KEP la bay pou li fè yon fòmasyon èspesyal pou yo.
Sekretè BED la fè pati politik yo ak òganizasyon k ap fè obsèvasyon yo konnen ki lè ak ki kote BED la pral fè verifikasyon pwosèvèbal BEK yo ak konpilasyon rezilta pou Senatè ak Depite yo.
Mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la kapab rantre nan sal kote y ap fè konpilasyon an.
Mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la kapab mache nan sal la pou gade kijan konpilasyon an ap dewoule.
Men mandatè yo, obsèvatè yo, jounalis yo ak kandida ki genyen otorizasyon KEP la pa gen dwa fè entèvansyon ki kapab deranje manm BED yo nan travay yo.
Pou rezon tout moun kapab konprann, fòk tout moun fè silans anndan sal konpilasyon an, esepte si y ap mande chèf ekip la oubyen manm DED yo Kèk esplikasyon.
Pou yo byen ranje chak pwosèvèbal ak rapò BEK yo voye pou li, BED la mande kèk nan ekip yo pou yo resevwa epi verifye rapò chak BEK.
BED la mande yon ekipe pou pi piti pou li verifye rapò yon BEK.
Lè rapò ak pwosèvèbal yon BEK rive nan BED la, ekip ki reskonsab BEK sa a ede BED l fè verifikasyon pwosèvèbal la.
Ekip la verifye total rezilta ki ekri nan fèy konpilasyon Bek la epi ki kontwole si kantite bilten BEK la te resevwa yo menm ak kantite yo pa itilize plis kantite ki valab plis kantite ki anile yo.
Menm si total yo bon, BED la fè yon verifikasyon kanmenm :
Li kòmanse nan senkyèm liy nan, li konpare rezilta ki ekri nan pwosèvèbal BV a ak sa BEK la ekri, li fè menm verifikasyon an pou dizyèm liy apre sa li te verifye a. Li kontinye fè sa jouktan pa genyen liy ankò.
Se verifikasyon sa yo pa montre genyen diferans nan sa ki ekri nan pwosèvèbal BV yo ak nan Pwosèvèbal BEK yo, BED la asepte rezilta konpilasyon an.
BED la voye tousuit kopi pwosèvèbal BV yo li resevwa pou KEP la.
Si BED la wè pwosèvèbal konpilasyon BEK la genyen kèk erè apre verifikasyon an. Li verifye si se erè kalkil BEK la fè oubyen si se bagay dwòl.
Si se erè kakil, BED la fè koreksyon yo epi li ekri sa nan pwosèvèbal la.
Si se rezilta yo, yo te eseye chanje oubyen si se lòt bagay dwòl BEK la pa t ekri nan pwosèvèbal li a, BED la konvoke BEK la pou li konnen poukisa genyen bagay dwòl sa yo.
BED la, ak konkou BEK la ap eseye twouve nan ki BV bagay dwòl yo pase. Yo verifye pwosèvèbal BV sa yo.
Si verifikasyon sa a pa pèmèt BED la jwenn nan ki BV bagay dwòl yo te pase, BED la dwe rekonte tout bilten ki sòti nan BEK sa a, yon BV apre lòt.
Si yo jwenn kèk erè kalkil, BED la korije pwosèvèbal BV a epi li ekri sa nan pwosèvèbal BED la.
Lè yo fin rekonte bilten yo pou tout BV yo epi yo jwenn erè yo, BED la korije pwosèvèbal BEK.
Lè yo fè anpil kopi pwosèvèbal BEK la yon fason pou chak pati politik ki konsène nan komin nan kapab jwenn yon kopi.. Fòk yo afiche yon kopi nan BEK la ak yon lòt nan BED la.
Si erè yo montre se rezilta yo, yo eseye chanje konseye jiridik BED la ekri yon pwosèvèbal èspesyal epi li mande jijdepè a pou li fè sa lalwa prevwa.
Yo voye yon kopi pwosèvèbal sa a bay manm komisyoin ki okipe l de zafè lajistis ak reskonsab kontansye nan KEP la.
Lè yo fin verifye pwosèvèbal ak rapò BEK yo pou Konsèy Minisipal, DV, KASEK ak ASEK, BED la afiche rezilta yo nan pòt biwo a.
Si BED la fè kèk koreksyon nan pwosèvèbal BEK la, li ekri yon lòt pwosèvèbal epi li voye de (2) kopi nan BEK la dwe afiche youn nan kopi sa yo.
BED la fè verifikasyon ak konpilasyon rezilta yo poun Senatè yo ak Depite yo.
Lè konpilasyon an fini, BED la fè twa (3) kopi pwosèvèbal konpilasyon an pou Senatè yo ak pou Depite nan chak sikonskripsyon ki nan depatman an. Fòk yo voye pwosèvèbal yo pou KEP la anvan 48 è pa pase.
BED Grandans ak Nip, BED Lwès 1 ak 2, dwe rankontre poun yo mete ansanm rezilta yo jwenn pou Senatè ak depite yo tousuit apre yo fin fè konpilasyon rezilta pou BED pa yo.
Yo fè yon sèl pwosèvèbal pou de (2) BED yo. Yo mete pwosèvèbal sa a menm kote ak pwosèvèbal de (2) BED yo.
BED la kole rezilta yo nan pòt yo.
BED la ekri yon fèy rezilta po chak pòs epi li fè kopi pati politik yo, katèl yo ak kandida yo.
Chapit VII : Kontestasyon pandan konpilasyon rezilta yo / kontestasyon rezilta yo
Kontestasyon pandan konpilasyon rezilta yo
Si li wè kèk bagay dwòl oubyen kèk zak ki pa respekte pwosedi yo pandan depouyman an pou li di li pa dakò epi pou li montre aklè sa li kwè ki pa korèk epi ki pa kadre ak pwosedi yo.
Pou yo asepte kontestasyon an, fòk li di aklè ki zak dwòl ki te fèt epi ki atik Lwa a oubyen pwosedi yo ki pa respekte.
Si yo bay enfòmasyon yo mande yo nan nimewo 7.1.1,BV a, BEK la oubyen BED la kanpe depouyman an oubyen konpilasyon an tousuit nan moman kontestasyon an fèt, epi yo tande afè a.
Si rezon kontestasyon an valab, BV a, BEK la oubyen BED la asepte kontestasyon an epi yo pran tout desizyon pou korije sa k pa dwat yo epi yo ekri sa nan pwosèvèbal la.
Si BV a, BEK la oubyen BED la kwè rezon yon pa valab epi pa genyen okenn atik nan Lwa a oubyen nan pwosedi yo ki pa respekte, y ap rejte kontestasyon an epi y ap ekri sa nan pwosèvèbal la.
Si mandatè a pa dakò ak desizyon an, li kapab pote plent devan otorite ki vini annapre a.
Otorite ki vini annapre a se BEK la, si se yon BV; se BED la si se yon BEK epi se KEP la si se yon BEK.
Mandatè a dwe asepte tousuit desizyon an epi li pa dwe deranje operasyon elektoral yo.
Kontestasyon rezilta yo
Twa jou apre BED la fin afiche rezilta yo, yon kadida oubyen mandatè li kapab konteste rezilta yo si li wè kèk bagay ki pa korèk oubyen kèk magouy nan vòt la, depouyman an oubyen konpilasyon rezilta yo. Li dwe ekri kontestasyon an (Atik 166-170).
Kandida a oubyen mandatè li dwe vini avèk prèv ki montre te genyen bagay ki pa kòrèk oubyen magouy.
Kandida a oubyen mandatè li dwe montre sa yo konteste a ap aji sou rezilta eleksyoin kandida ki genyen eleksyon yo.
Pou yo konnen si sa pa genyen konsekans sou eleksyon kandida ki genyen an, fòk kantite vòt anfavè kandida ki genyen an pi piti oubyen menm ak kantite vòt ki konsène nan kontestasyon an.
BKES la resevwa Ak kontestasyon an epi li gade prèv yo.
Pou sa, li gade si te genyen bagay ki pa kòrèk oubyen magouy.
Si genyen moun ki konsène nan kontestasyon an, BKES la konvoke yo pou yo vin di sa yo konnen sou zafè a.
Si kontestasyon fèt akòz magouy ki konsène bilten yo, BKES la voye chèche pwosèvèbal BV, BEK oubyen BED ki konsène a ak tout bwat vòt ki genyen bilten yo.
Apre yo fin tande deklarasyon temwen yo, epi apre yo fin verifye pwosèvèbal yo oubyen rekonte bilten yo si sa nesesè, BKES la asepte oubyen rejte kontestasyon an.
Si kontestatasyon an pa valab BKES la rejte l epi li bay moun ki konteste a yon kopi desizyon an, y ap afiche yon kopi nan KEP la, y ap voye de (2) kopi pou BED la; Li dwe afiche youn ladan yo.
Si kontestasyon an valab, KEP la deside ki desizyon l ap pran epi li deside ki suit l ap bay ak dosye a si yo vyole Lwa a.
Si kontestasyon ki valab la kapab chanje rezilta eleksyon kandida ki genyen yo, KEP la ap deside si l ap anile eleksyon an nan BV ki konsène yo.
Pou konnen si pou yo anile eleksyon an, fòk kantite bilten ki konsène nan kontestasyon an pi plis oubyen menm ak kantite vòt ki separe premye ak dezyèm kandida a oubyen katèl la pou Depite yo, Konsèy Minisipal yo, DV, KASEK ak ASEK yo.
Pou Senatè yo fòk kantite vòt ki separe premye ak dezyèm Senatè yo, oubyen kantite vòt ki separe dezyèm ak twazyèm kandida Senatè a.
Nan depatman Sant, Fòk kantite bilten ki konsène yo piplis oubyen menm ak kantite vòt ki separe premye ak dezyèm Senatè yo deklare ki genyen eleksyon yo, oubyen kantite vòt ki separe dezyèm ak twazyèm Senatè ki genyen eleksyon an oubyen kantite vòt ki separe twazyèm kandida a ak katriyèm nan.
Chapit VIII : Verifikasyon epi mete sou konnpitè rezilta DED yo bay
KEP la pran tout dispozisyon pou mete sou òdinatè rezilta BED yo bay.
Chèf Sèvis enfòmatik nan KEP la responsab pou trete done yo lè Komisyon Sèvis Jiridik la, Komisyon Operasyon Elektoral la ak Sekretarya Jeneral la fin verifye yo.
Chak Komisyon ak Sekretarya a chwzi yon moun pou fè travay la pou li.
Twa moun sa yo fòme Komite validasyon rezilta yo
Komite sa a responsab pou li verifye rezilta yo epi pou prezante rapò ki gen rezilta yo bay KEP la.
Lè yo fin verifye epi mete rezilta yo nan òdinatè, Komite a pa bay Komisyon yo ak Sekretarya a rapò.
Twa (3) òganis sa yo prezante rapò a bay KEP la pou li valide l.
KEP la prepare yon sal ki genyen èspas pou pwosèvèbal chak BED yo.
Komite nou te pale de li a nan 8.1.1.1 an fòme uit ekip; chak ekip dwe genyen twa (3) moun : Lwès 1 (2 ekip), Lwès 2, Atibonit, Nò Nòdès ak Nòdwès, Sant Grandans ak Nip, Sid ak Sidès.
Chak ekip resevwa pwosèvèbal pa li, verifye yo epi li depoze yo nan èspas ki la pou depatman an anvan li remèt Ekip enfòmatik la.
Mandatè akobsèvatè ki gen otorizasyon KEP la kapab siveye epi obsève operasyon sa a.
Ekip enfòmatik la rantre rezilta yo nan òdinatè yo.
Chèf Ekip enfòmatik la responsab pou li fè yon plan pou trete rezilta yo. Li bay komite validasyon an plan sa a pou aprobasyon.
Nan finisman chak jounen, Chèf Ekip enfòmatik la fè yon rapò kote li ekri rezilta li trete yo pou chak pòs epi li remèt li bay komite validasyon an.
Lè tout rezilta pou yon depatman rentre nan òdinatè, y ap fè yon rapò pou chak pòs pou remèt Komite validasyon rezilta yo.
Komite a voye rapò a bay twa (3) òganis yo pou validasyon. Lè twa òganis yo fin verifye rezilta yo, yo remèt yo bay KEP la pou li valide yo.
Lè yo fin mete rezilta yo nan òdinatè, yo dwe depoze pwosèvèbal yo nan sal kote yo te resevwa yo a. Se la yo pral rete.
KEP la plibliye rezilta yo pou chak BV, pou chak pòs nan chak seksyon kominal, komin, sikonskripsyon ak depatman.
ANEKS 1
Pwosedi èspesyal pou konpilasyon pou BED Lwès 1 an
BED la, sipèvize dirèkteman konpilasyon rezilta sis (6) BEK yo nan depo KEP la.
Chèf lojistik la, ansanm avèk BED la, fè Direktè SONAPI a konnen kilè yo pral fè konpilasyon an pou yo pran desizyon pou sekirite pak endistrièl la.
Pou jounen avèk lannuit apre jou vòt la, Bek yo, Sipèvizè yo, madantè yo, obsèvatè yo, chofè kamyon k ap ranmase pwosèvèbal yo ap genyen yon lesepase èspesyal pou rantre nan pak endistriyèl la.
Y ap pran kèk mezi èspesyal, avèk direksyon SONAPI a, pou kontwole moun k ap rantre nan pak la. Pou sa, y ap fèmen pòt ki mennen nan pak la epi yo p ap kite rantre moun ki pa gen otorizasyon.
Pou Lwès, BEK Dèlma, Petyonvil, Pòtyonvil, Pòtoprens 1, 2,3, ak BEK kafou a ap pran dispozisyon èpesyal pou ranmase pwosèvèbal BV yo epi pou pote yo nan depo KEP la nan pak endistryèl la pou konpilasyon rezilta yo, an prezans BED la.
Chak BEK sa yo prepare yon plan lojistik kote yo ekri ki wout yo pral suiv pou ranmase pwosèvèbal yo.
Fòk yo di konbyen sa pral koute pou ranmase pwosèvèbal yo pou chak wout. BEK la ap itilize enfòmasyon sa a pou prepare bidjè pou li voye nan BED la.
Lè plan an fin fèt nèt, epil BED la ak KEP la dakò avèk li, BEK la prezante plan an bay soukomisarya a pou li fè plan sekirite a.
Y ap voye yon kopi plan an bay ajan lyezon KEP/PNH la ak yon lòt bay komisyon sekirite a.
BEK la mande BED la lesepase èspesyal pou rantre nan pak endistrièl la.
Chèf lojistik la ak chèf depo a prepare depo a jan nou pral di a epi jan Direksyon operasyon elektoral la ak BED la di yo sa.
Yo dwe make atè a, pou bay chak BEK yo yon èspas ki koresponn ak kantite BV li genyen. Fòk yo prevwa kantite bwat vòt yo pral resevwa ki se senk (5) fwa kantite BV yo.
Fòf chak ekip verifikasyon ak konpilasyon genyen yon tab devan èspas ki rezève pou BEK la.
Lè yon BEK livre pwosèvèbal ak lòt dokiman BV yo nan depo a oubyen lè yon kamyon fè yon livrezon, yo mennen l nan èspas ki rezève pou BEK la, epi ekip yo verifye si tout dokiman yo la.
Dokiman ak materyèl yo dwe remèt BEK la se:
Pou chak BV, 4 oubyen 5 bwat vòt sele ki genyen tout bilten yo;
Yon anvlòp ki genyen pwosèvèbal depouyman an pou BEK la ak yon anvlòp ki genyen de (2) kopi pwosèvèval pou BED la;
Yon anvlòp ki genyen rejis BV a.
Ekip ki resevwa livrezon an kontwole pwosèvèbal po BEK la pou wè si si kalkil yo te fèt kòrèkteman.
Lè yo fin fè verifikasyon an, ekip la ekri yon resepise kote yo di yo resevwa pwosèvèbal yo ak lòt materyèl BV a.
Yo mete bwat vòt yo nan èspas ki rezève pou seksyon an, vil la oubyen zòn an annatandan kontwòl la ak konpilasyon rezilta yo.
Lè BV a remèt tout dokiman li yo, BEK la remèt prezidan BV a yon resepise.
Si BEK la wè genyen erè lè yo fin gade pwosèvèbal yo oubyen lè yo fin verifye rezilta yo manm BEK yo refè total pou chak kandida oubyen katèl pou pòs ki gen erè yo.
Si erè a toujou la, li mande manm BV yo esplikasyon sou sa. Pou sa, li kapab konvoke yo.
Si manm BV yo pa kapab esplike kote diferans la sòti, BEK la ap ouvè bwat vòt yo.
L ap retire sachè ki genyen bilten pou chak kandida oubyen katèl, sachè ki genyen bilten ki anile yo ak sachè ki genyen bilten ki pa itilize yo.
Nan prezans lòt manm BEK yo ak manm BV yo, prezidan an konte bilten ki pa itilize yo epi l ap korije kopi pwosèvèbal BV a si sa nesesè.
Yo ekri rezilta a nan pwosèvèbal la BEK la.
Prezidan BEK la konte kantite vòt chak kandida fè epi li korije pwosèvèbal BV a si sa nesesè.
Prezidan an konte bilten ki anile yo epi li korije pwosèvèbal BV a si sa nesesè.
Lè BEK la fin korije erè yo, li ekri sa nan pwosèvèbal li prepare a. Li kenbe yon kopi pou dosye li epi li mete de (2) nan lo pwosèvèbal BV a t ap voye pou BED la ak KEP la.
Sipèvizè a dwe ekri sou fèy konpilasyon KEP la bay li rezilta pou chak kandida oubyen katèl.
Lè yo fin verifye epi rasanble rezilta tout BV li yo, BEK la afiche yo epi li ekri pwosèvèbal konpilasyon an.
BEK la kenbe yon kopi pwosèvèbal depouyman an, epi li remèt rès dokiman yo ak pwosèvèbal konpilasyon an bay BED la nan yon delè ki pa depase 48 è pou piplis.
Dokiman pou yo voye nan BED la se :
Rejis elektoral chak BV yo;
Tout dwa rezève
Edisyon Konbit, 2001