Lagonav
Lagonav se youn nan 5 Awondisman department Lwès yo. Li gen 2 Komin (Pwentarakèt ak Ansagalè) epi 11 seksyon kominal. Lagonav mezire yon lajè 686,7 km2. Ansagalè 378.84km2, Pwentarakèt 306.23 km2. Genyen yon distans 60 km ant Pòtoprens ak Lagonav epi 15km ant Lagonav ak Kot Akaden. Ou jwenn plis pase 95 000 kretyen vivan k ap viv sou Zile Lagonav: Ansagalè gen 54 500 (57.4%), Pwentarakèt 40 500 (42.6%) popilasyon. Ou jwenn 2 lopital misyonnè sou Zile a.
[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.