TI TANYEN PA KONN ANYEN

Ti Tanyen se yon bout tè

Yo awoze ak san venn kò .

Lapli tonbe

Li pa mouye l

Loray gronde

Tonnè boule l .

Ti Tanyen pouse mayi

Yon pati jwenn

Yon pati pa jwenn .

Ti Tanyen pouse diri

Adye ri dan tout peyizan .

Ti Tanyen pouse mango

Mango yo si ak sant lanmò .

Ti Tanyen vekse pou danri

Li sèmante l pa nan anyen .

Ti Tanyen pa konn anyen

Se mèt lanfè ki mèt afè

Ti Tanyen pa konn anyen

Se mèt afè k foure met la .

Laba anba yon pousyè tè

Detwa Sanba antre rete

Laba anba detwa pil tè

Anpil nègpa fè bèk atè.

Ti Tanyen pa konn anyen

Granmoun dòmi timoun kouche

Ti Tanyen pa konn anyen

Yo tout blayi dòmi mò rèd .

Ti Tanyen pa konn anyen

Zèb pa pouse gason pa kanpe

Ti Tanyen pa konn anyen

Se Fò Dimanch ki di l twò plen .


VWAYAJ MWEN PARADI

Lespri malen madichonnen m

Li fè m ap pale depaman .

Lespri Bondye di m Bondye bon

Li fè m kwè lespwa dèyè

Li voye m devan

Devan Dye

Devan nasyon an

Dèyè lavi

Devan lanmò.

M al miyami

M tounen m pran zafra

Lè m retounen

Yo pran m nan pran .

S.O.S souple !

Fò m ka sove !

Vant ap kòde

Pye m pran tranble

Si mwen tonbe

Y ap pran m nan pran .

S.O.S Jeneral !

Lopital gen moun pa !

La vi a pa anyen

Yo vle lanmò m kichòy .

Yo vle san yo vann san

Yo fè komès sou do m

San tou wouj ap koule

Lakwa yo tout devan

Sanmanman yo dèyè m .

Ant satan e Bondye

Yo pran mwen yo mete m

Mesye yo pran m nan pran

Paradi ou lanfè.

Fredi frèt paradi

Chalè cho nan lanfè

Nouyòk ak Pòtoprens

Se ti trip ak gwo trip.

Nan you bout paradi

Mwen pral chache peyi m .

Tout Sen yo sou travay

Sen Jak limen balèn

Sen Pyè dakò pou pran

Detwa biswit leta

Pou voye sou leta .

Sen Toma di se bon

Pou Ayiti Toma .

Tout Sen yo sou travay

Sendenden ap ranse.

Mirak pa fèt ankò

Vyèj Mirak ap blofe m

Vyèj la sanble l pa sen

Tout Sen yo sou travay

Sendenden yo pa Sen

Yo mete m nan chomaj .

Mikèlanj ap priye

Makennsonn vi-n gwo nèg

Danyèl ak Jan wobè

Fè m jwenn dlo pou m fè bè !

Grann Senta-n se bon grann

Nan bèl chanm paradi

Manman m pat ban m tete

Se pou mwen tete grann !

Se priye m vi-n priye

Nan kay pa m paradi

Yo deja pran m nan pran

Ki Sen k ap pran priyè m ?

Granmèt tanpri souple

Fè m rete paradi !

Sendenden pa bon Sen

Flanke sa nan lanfè !


Jacques Pascal


NOSTALJI LAKAY

Lan bouske kot lavi fè kwen
Nesesite lage m, byen lwen
Kou yon bato san gouvènay
Lespwa vann swèt banm sabotay

Tout malè pandye li pote
Lè sa-a motè kè m’ pran sote
Bat fò lè m’ sonje jeremi
Chèdepoul fè tout kò m’ fremi.

Mwen sonje randevou lakay
Randevou tout pitit zantray
Lekòl fèmen nou fin bat nay
Vakans louvri chanpèt fè chay

Jounen nan rivyè plenn jebo
Machann tout kalite mango
Fritay vlope nan fèy bannann
Bwè boubouy kowosòl ji kann

Ak rafrechi dlo kokoye
Bèl moman mwen pap janm bliye
Chak swa renn solèy chavire
N’anvi wè mwa dawou rive

Bon briz lanmè soufle lapwent
Kote nou fè lanmou san krent
Mwen santi nostalji lakay
Tanzantan lè pou m’al travay.

Chakfwa m’ branche sou Tèt ansanm
Melankoli tresayi sanm
Yon bouche tonmtonm literè
Anba kalalou lapriyè

M’ vale nan kafou romantik
Apre bri nouvèl politik
Mèsi Granmèt pou zèv piyay
Ki flanke m’ douvan pòt lakay.

Jean M. Brunel Mentor



Ay ! Ti Cheri

 

Ti cheri,

Men mwen wi

Dat m pa wè w !

Dat ou pa tande m !

Se menm mwenmenm nan wi

Mwen kwè w toujou Ayiti !

Ayiti Cheri,

Yo di m ou te renmen m

Men se mwen k pa pot atansyon a sa

Kòman ou ye Toutou ?

E tout tan ou pase san w pa wè m

Pou m ta fè bèl ti karès avè w ?

Ayiti

Kòman frè m ak sè m yo ye, Manman Cheri mwen ?

Bri kouri genyen k al koupe kann Sendomeng yo pa tounen

Gen lòt reken manje nan pran kanntè pou Mayami.

Men Man, ki lè mouchwa pòch mwen

Ap sispann siye dlo nan je w ?

Ki lè tonè ap sispann boule moun anba lakay ?

Lapli tonbe, sava-n dezole

Pa vre Man ?

Tè Dayiti pa sa plen vant pitit li.

Twòp pye bwa al bwa chat

Pa gen dlo pou fè bè

Pa gen pou woze tè

Yo vle kolboso Ayiti

Yo vle grizonnen Ayiti

Men pa gen pwoblèm

Mwen renmen l konsa.

Ayiti Cheri mwen,

Ou bèl kou lakansyèl;

Ayiti bèl fanm mwen,

Mwen anvi monte w;

Lè m di w sa a pitit fi mwen,

Mwen anvi pote w sou do m

Pou vagabon pa ranse avè w;

Ayiti mwen,

Se wou ki tout mwen,

Se wou ki tout pou mwen;

Mwen gen zye sou wou.

N ap fiyanse 14 out

N ap marye premye janvye

N ap remarye chak 7 fevrye.

 

   Jacques Pascal

   1e out 2002

 

 















[Konbitayisyen.com]
Copyright ©1999-2002 Konbit Ayisyen. All rights reserved. Tout dwa rezève.