AkÒ SOU DWA TIMOUN

KONVANSYON NASYONZINI SOU DWA TIMOUN


PREZANTASYON

Men sa Peyi ki te syen Akò sa a te di jou sa a:

Lè nou konsidere prensip ki vle pou fondasyon libète, jistis ak kè poze sou latè chita sou rekonesans diyite tout moun tankou moun nan gwo fanmi lèzòm sou latè ak rekonesans yo tout gen menm dwa, dwa pesonn pa ka derefize yo, dapre deklarazyon yo fè nan Manman kontra Nasyonzini yo;

Lè nou kenbe nan tèt nou tout peyi ki manm Nasyonzini yo te deklare yon lòt fwa nan Manman kontra a, yo kwè nan dwa fondamantal tout moun, nan diyite ak valè chak moun, lèfini yo pran angajman pou yo ankouraje pwogrè nan sosyete a, epi pou yo tabli bon kondisyon lavi ak plis libète;
Lè nou rekonèt Nasyonzini te fè konnen, nan Dekla-rasyon Dwa tout Moun ak nan lòt kontra Entènasyonal ki gen rapòyo pou chak moun dwe kapab reklame dwa yo ansanm ak tout libète yo, jan sa di nan dokiman sa yo, san ankenn patipri ki ta chita sou ras, sou koulè po, sou ki moun yo ye (fanm ou gason) sou lang yo pale, sou relijyon y ap sevi, sou lide yon moun genyen sou zafè politik osnon sou nenpòt lòt koze, sou peyi kote yo moun, osinon sou pozisyon sosyal yo, sou byen ak richès yo genyen, sou kondisyon nesans yo, osinon sou nenpòt lòt sitirasyon;

Lè nou chonje, jan nan Deklarasyon Dwa moun lan, Nasyonzini (ONI/-ONU) te deklare timoun gen dwa pou yo jwenn swen ak yon lasistans espesyal, dapre konviksyon nou genyen ki vle fanmi se gwoup ki baz fondasyon tout sosyete, se la dapre sa lèzòm ye, pou moun yo grandi, se la pou yo jwenn bonjan lavi, sitou timoun yo kifè chak fanmi fèt pou yo resevwa pwoteksyon ak lasistans yo bezwen pou yo ka pran reskonsablite yo nan kominote a;

Lè nou rekonèt verite ki vle si pou timoun ta rive louvri tankou flè nan solèy san ankenn antrav, yo fèt pou yo grandi nan yon fanmi kote ki gen kè kontan, remen, ak konprann youn ak lòt;

Lè nou konsidere tout timoun te fèt pou yo te byen pare pou yo viv lavi yo nan sosyete a, pou yo grandi dapre vizyon lavi yo bay nan Manman Kontra Nasyonzini yo, sitou nan prensip kè poze, diyite, tolerans, libète, egalite ak solidarite;

Lè nou kenbe nan tèt sou nesesite pou nou bay timoun yo yon swen espesyal, jan sa te di nan Deklarasyon lavil Jenèv la, nan lanne 1924 sou dwa timoun ak nan Akò sou dwa timoun yo te vote nan Asanble Jeneral Nasyozini an, jou ki te make 20 novanm 1959, ak jan sa te rekonèt nan Deklarasyon Inivèsèl sou dwa moun, nan kontra Entènasyonal sou dwa politik ak dwa sivil l tout moun (sitou nan Àtik 23 ak 24), nan Kontra Entènasyonal sou dwa ekonomik, dwa sosyal ak dwa lakilti tout moun (sitou nan Atik 10), ak nan regleman ak lòt dokiman sou menm koze an nan òganizasyon ki travay sou sa ase, ak lòt òganizasyon ki travay sou sa ase, ak lòt òganizasyon entènasyonal ki enterese anpil nan bonjan kondisyon lavi pou timoun yo.

Lè nou kenbe nan tèt nou jan yo di sa klè nan Deklarasyon sou dwa timoun yo, ki te vote nan Asanble Jeneral Nasyonzini jou ki te 20 novanm 1989 lan: ''Tout timoun wòtwòt ni nan kò yo ni nan lespri yo, se poutèt sa yo bezwen yon pwoteksyon ak anpil swen espesyal, tankou pwoteksyon devan lalwa ki bon pou yo, ni anvan yo fèt ni apre yo fèt''.

Lè nou chonje regleman yo bay nan Deklarasyon an sou prensip lavi an sosyete ak prensip lalwa ki gen rapò ak pwoteksyon ak bonjan kondisyon lavi pou timoun yo, sitou regleman yo bay sou jan pou yo fè adopsyon, osinon pou yo plase timoun nan yon fanmi, ni andedan yon peyi, ni soti nan yon peyi al nan yon lòt, (Asanble Jeneral, desizyon nimewo 41/35-3 desanm 1989)

Lè nou chonje tout regleman Nasyonzini (ONI) konsidere tankou pi piti egzijans nan jan pou yo jije timoun minè nan tribinal (Regleman Beijing) (Asanble Jeneral, desizyon nimewo 46/33-29 novanm 1985), ak deklarasyon sou pwoteksyon fanm ak timoun nan sitirasyon danje ak nan lagè (Asanble Jeneral, desizyon nimewo 33/8 (XXIX), (14 desanm 1974);

Lè nou rekonèt gen timoun nan tout peyi sou latè k ap viv nan kondisyon ki difisil anpil, ki fè fòk nou bay timoun sa yo yon konsiderasyon espesyal;

Lè nou konsidere, jan sa dwe fèt, enpòtans pou nou bay lizay ak mès kilti chak pèp nan garanti pwoteksyon ak devlòpman tout timoun san antrav;

Lè nou rekonèt enpòtans koperasyon tout peyi youn ak lòt pou bay timoun yo pi bon kondisyon lavi nan tout peyi sou latè, sitou nan peyi ki fenk ap devlope yo;

Nou tonbe dakò sou deklarasyon sa yo:

PREMYE PATI
Atik Premye<br>
Nan dokiman Akò sa a, nou konsidere tout moun ki poko rive laj dizwit lanne tankou timoun minè, esepte si dapre lalwa peyi kote li ye a, yon moun majè anvan li rive laj sa a.

Atik 2

Peyi ki siyen Akò sa a pran angajman pou yo respekte dwa timoun yo, jan yo bay sa nan Akò sa a, pou yo garanti dwa tout timoun ki anba reskonsablite yo, san fè ankenn paspouki, san gade sou ras yo, sou koulè po yo, sou lang yo pale, sou relijyon yo, sou kimoun yo ye (tifi osinon tigason), sou lide yo menm yo genyen osinon lide papa ak manman yo osinon moun lalwa rekonèt pou reskonsab yo genyen sou zafè politik osinon sou nenpòt lòt kalite koze, san gade sou peyi kote yo moun sou ras yo osinon sou pozisyon sosyal yo, sou kantite byen richès yo genyen, sou enfimite yo, sou kondisyon nesans yo, osinon tout lòt sitirasyon.

2 Peyi ki siyen Akò sa a va pran tout kalite desizyon ki nesesè pou timoun yo jwenn pwoteksyon tout bon anba tout kalite patipri, osinon anba chatiman yo ka sibi akòz sitirasyon devan lalwa papa ak manman yo, moun lalwa rekonèt pou reskonsab yo, osinon lòt moun nan fanmi yo, poutèt aktivite yo, opinyon yo bay sou yon koze osinon konviksyon pèsonèl yo.

Atik 3

1 Pi bon enterè timoun yo fèt pou pase anvan tout bagay nan tout desizyon y ap pran anfavè timoun, kit se nan sant prive oswa nan sant leta kote y ap okipe timoun, kit se nan tribinal, kit se nan biwo leta, osinon nan biwo moun ki reskonsab pou fè lalwa.

2 Peyi ki siyen Akò sa a pran angajman pou yo garanti timoun pwoteksyon ak tout swen ki pi nesesè pou yo ka viv nan bon kondisyon san bliye dwa ak devwa manman ak papa timoun yo, moun k ap okipe yo adefo manman ak papa yo, osinon tout lòt moun lalwa rekonèt ki reskonsab yo genyen. Se konsa y ap pran tout kalite desizyon ki ale nan sans sa a nan lalwa ak nan sèvis leta.

3 Peyi ki siyen Akò sa a va seten tout sant, tout depatman ak tout òganizasyon ki reskonsab pou bay timoun yo swen ak pwoteksyon va respekte regleman otorite ki la pou sa va mete kanpe sitou nan sa ki gen rapò ak lasante, pwoteksyon, kantite moun k ap travay ladan yo al ladrès yo genyen, ansanm ak bon sistèm pou kontwole travay y ap fè.

Atik 4

Peyi ki siyen Àkò sa a pran angajman pou yo pran tout kalite desizyon nan lalwa, nan sèvis leta, ak tout lòt kalite desizyon ki nesesè pou fè respekte dwa timoun yo rekonèt nan Akò sa a. Nan sanki gen rapò ak dwa ekonomik, dwa sosyal ak dwa kiltirel moun, Peyi ki siyen Àkò sa a va pran tout desizyon nan limit posiblite yo genyen, epi, si gen nesesite, nan koperasyon entènasyonal peyi yo youn ak lòt.

Atik 5

Peyi ki siyen Akò sa a va respekte reskonsablite, dwa ak devwa papa ak manman timoun yo, osinon, kote se konsa sa ye, manm fanmi pre ak fanmi lwen timoun yo, moun ki nan kominote a, jan sa rekonèt nan bon lizay ak mès peyi a, moun ki okipe timoun yo adefo manman yo ak papa yo, osinon lòt moun lalwa rekonèt ki reskonsab timoun yo, paske se reskonsablite moun sa yo pou yo bay timoun konsèy ak bon prensip levasyon, yon jan ki koresponn ak devlòpman kapasite yo, pou yo ka jwi dwa Akò sa a rekonèt yo genyen.

Atik 6

1 Peyi ki siyen Akò sa a rekonèt tout timoun gen dwa pou yo viv depi yo fèt.

2 Peyi ki siyen Akò sa a pran angajman pou yo fè sa yo kapab pou garanti tout timoun bon kondisyon la vi ak evlòp-man.
Atik 7<br>
1 Timoun lan fèt pou gen non li kouche nan rejis leta a san pèdi tan apre li fèt. Depi jou li fèt la, li gen dwa pou li gen yon non, dwa pou li sitwayen yon peyi, epi dwa pou li konnen papa l ak manman l depi sa posib, lè fini dwa pou se yo ki pou elve li.

2 Peyi ki siiyen Akò sa a fèt pou yo veye pou yo ment dwa sa yo kanpe, san yo pa depatman ak sistèm lawa peyi a, dapre obligasyon dokiman entènasyonal yo siyen ki gen rapò ak sa, sitou nan ka kote timoun lan ta ka rete tankou moun ki pa sitwayen ankenn peyi, si yo pa respekte obligasyon sa yo.

Atik 8

1 Peyi ki siyen Akò sa a pran angajman pou yo respekte dwa timoun yo genyen pou yo pa pèdi idantite yo, nasyonalite yo, non yo ak relasyon fanmi yo jan lalwa rekonèt sa, san pa gen lòt egzijans ki depaman ak lalwa pou antrave yo nan sans sa a.

2 Lè yo pase lalwa anba pye pou yo fè yon timoun pèdi youn nan kondisyon sa yo ki di ki kalite moun li ye, se pou peyi ki siyen Akò sa a bay timoun lan tout lasistans ak tout pwoteksyon nesesè pou yo rebva li idantite li prese prese san mize.

Atik 9<br>
1 Peyi ki siyen Akò sa a pral veyi pou yo pa gen dwa separe yon timoun ak papa ak manman l san moun sa yo pa dakò, esepte lè otorite ki gen dwa fè sa va deklare se yon nesesite, dapre lalwa ak nan respè regleman lalwa a, pou yo fè sa nan pi bon enterè timoun lan. Men, menm nan ka sa a, fòk lajistis gen dwa revoke desizyon sa a. Gen ka kote se yon nesesite pou yo pran desizyon separe timoun lan ak papa l ak manman l, tankou lè papa ak manman an ap maltrete timoun lan, lè yo pa okipe li byen, osinon lè papa ak manman yo separe epi se devwa tribinal la pou l pran yon desizyon pou konnen ak kilès ladan yo timoun lan pral rete.
2 Lè va gen ka tankou sa ki bay nan paragraf nimewo en (1) ki vin anvan sa a, se pou tout moun ki enterese nan ka a jwenn chans pou yo pale, pou yo bay dizon pa yo nan diskisyon k ap fèt yo anvan yo pran dènye desizyon an.

3 Peyi ki siyen Akò sa a fèt pou respekte dwa timoun ki separe ak papa l ansanm ak manman l, osinon ak youn ladan yo, pou li ka toujou gen bon rapò ak yo, epi pou li toujou kenbe kontak ak tou lède chak lè, esepte si sa pa nan bon enterè timoun lan.

4 Lè se youn nan peyi ki siyen Akò sa a ki pran desizyon pou li separe timoun lan ak papa l ak manman l, tankoui nan ka lè yo arete youn osinon tou lède oswa timoun lan, pou mete yo nan prizon, fè yo kite peyi a, depòte yo osinon lè yo mouri (menm nan ka kote moun lan mouri antan l nan men leta san se pa leta ki touye l), Peyi ki siyen Akò yo fèt pou yo bay moun ki mande l, kit se papa ak manman yo, kit se timoun lan, osinon, si ka a prezante, nenpòt lòt moun nan fanmin an, nouvèl konsekan sou kote manm fanmi ki pa la a ye, depi sa pa mete yo nan obligasyon pou yo mete deyò enfòmasyon ki pa nan avantaj timoun lan. Peyi ki siyen Akò sa a pral garanti lè yon moun ta mande enfòmasyon sa yo, sa pa pral gen ankenn move konsekans pou moun ki konsènen an.

Atik 10

1 Dapre obligasyon Peyi ki siyen Akò sa a yo genyen, jan sa di nan premye paragraf Atik 9 lan, nenpòt lè yon timoun osinon papa l ak manman l ta mande pou yo antre nan yo n peyi ki siyen Akò a, osinon pou li kite l, pou fanmi an ka reyini, peyi sa yo fèt pou yo egzaminen demann sa a avèk yon lespri louvri, avèk san pèdi tan. Peyi ki siyen Akò sa a va garanti lè yon moun ta mande yo bagay konsa, sa pa pral gen ankenn move konsekans pou moun ki fè demann lan osinon pou lòt manm nan fanmi an.

2 Lè yon timoun gen papa l ak manman l k ap viv nan de peyi diferan, li fèt pèsonèl ak yo, pou li vizite yo tanzantan. Pou sa rive fèt dapre obligasyon Peyi ki siyen Akò sa a yo genyen, jan sa di nan premye paragraf Atik l9 lan, Peyi ki siyen Akò a fèt pou respekte dwa timoun yo ansanm ak dwa papa yo ak manman yo pou yo kapab vwayaje kite nenpòt peyi, menm peyi pa yo, lèfini pou yo tounen nan pwòp peyi yo. Men, gen sikonstans ki fè yo ka mete yon bòn nan dwa yon moun genyen pou l kite yon peyi. Se sikonstans kote lalwa wè nesesite pou li pa kite yo mete peyi a an danje, mete lasante moun an danje, osinon derespekte bon lizay nan sosyete a, osinon pou li pwoteje dwa ak libète lòt moun, depi sa pa depaman ak lòt dwa moun yo rekonèt nan Akò sa a.

Atik 11

1 Peyi ki siyen Akò a va pran tout desizyon pou anpecche yo deplase timoun voye ale ;nan peyi etranje, osinon pou anpeche yo tounen nan peyi yo pou rezon ki depanman ak lalwa.

2 Pou rive fè sa, Peyi ki siyen Akò a pral ankouraje yo siyen kontra nan sans sa a ant plizyè peyi osinon ant de peyi, osinon pou yo bay konsantman yo pou kontra ki la deja.

Atik 12

1 Peyi ki siyen Akò a pral garanti dwa chak timoun ki rive laj konprann, dwa pou yo bay lide yo sou tout koze ki gen rapò ak yo, san yo pa antrave yo ni yo pa fòse yo. Yo fèt pou yo tande timoun yo epi pou yo respekte lide yo, dapre laj yo ak degre konprann yo.

2 Pou rive fè sa, ya bay timoun yo posiblite pou yo di sa yo gen pou yo di nan tout koze y ap fè sou yo nan tribinal osinon nan lòt biwo leta. Timoun yo ka fè sa yomenm menm, osinon yo ka sèvi ak yon reprezantan, osinon ak yon òganizasyon ki bon pou sa, depi sa fèt jan regleman lalwa peyi a mande poun sa fèt.

Atik 13

1 Timoun yo gen dwa pou yo lib di sa yo vle. Dapre dwa sa a, yo fèt pou yo lib chache tout kalite enfòmasyon ak konesans sou tout bagay, pou yo resevwa yo, pou yo gaye yo, bouch an bouch, sou papye osinon nan liv, nan travay atis, osinon ak tout lòt mwayen timoun lan ka chwazi pou fè sa, san gade sou fwontyè ki separe peyi yo.
2 Tansèlman, yon timoun va gen limit nan dwa sa a dapre regleman lalwa va bay epi lè limit lan nesesè.

a Pou respekte dwa ak repitasyon lòt moun, osinon

b pou pa mete peyi a nan danje, pou pa mete dezòd nan mitan pèp la, poun pa mete lasante moun an danje, osinon pou pa respekte bon lizay nan sosyete a.

Atik 14

1 Peyi ki siyen Akò a va respekte dwa timoun yo genyen pou yo lib gen lide pa yo sou nenpòt bagay, pou yo aji dapre konsyans yo, epi pou yo sèvi nan relijyon yo vle.

2 Peyi ki siyen Akò a va respekte dwa ak reskonsablite papa ak manman pitit yo, osinon, lè sa a va prezante, reskonsablite moun lalwa va bay dwa kanpe pou timoun lan, pou yo bay timoun yo konsèy sou jan pou yo sèvi ak libète sa a, konsèy ki va koresponn ak devlòpman kapasite timoun lan.

3 Tansèlman, yo ka limite libète pou li sèvi nan relijyon li vle, osinon pou li viv daprè kwayans li, depi yo fè sa dapre regleman lalwa bay, regleman ki nesesè pou garanti sosyete a p ap nan danje, p ap gen dezòd nan mitan pèp la, pou garanti lasante moun ak respè bon lizay nan sosyete a osinon libète ak dwa fondamantal lòt moun.

Atik 15

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt dwa timoun yo genyen pou yo lib mete tèt yo ansanm pou fè yon asosyasyon ak pou yo reyini depi yo pa fè dezòd.

2 Libète sa yo pa gen lòt limit pase sa regleman lalwa a va bay epi ki va nesesè nan yon sosyete demokratik, nan enterè sekirite peyi a ak sekirite tout moun, pou sa pa mete dezòd nan mitan pèp la, osinon pou pwoteje lasante moun, osinon pou respekte bon lizay nan sosyete a, osinon dwa ak libète lòt moun.

Atik 16

1 Pesonn pa gen dwa antre ak fòs gwonèg li, osinon yon jan ki depaman ak lalwa, nan lavi prive li, osinon louvri lèt yo voye ba li, ni yo pa gen dwa atake lonè li ak repitasyon li yon jan ki pa dakò ak lalwa.

2 Timoun fèt pou jwenn pwoteksyon lalwa pou bagay konsa pa rive l.

Atik 17<br>
Peyi ki siyen Akò a rekonèt enpòtans travay jounal, radyo ak televizyon ap fè, epi y ap louvri je yo pou yo ka sèten timoun yo jwenn bon enfòmasyon ak lòt bon zouti konesans ki soti lakay yo ak nan lòt peyi, sitou sa ki ka ede yo jwi bonjan kondisyon lavi nan sosyete a, pou nanm yo ak konsyans yo, ansanm ak lasanate kò yo ak lespri yo. Se konsa, pou rive f``e sa, Peyi ki siyen Àkò sa yo:

a Y ap ankouraje radyo, jounal ak televizyon gaye tout kalite enfòmasyon ak konesans ki ka sèvi timoun yo nan lavi sosyal ak kiltirèl yo, dapre prensip nou jwenn nan Atik 29 lan.

b Y ap ankouraje koperasyon peyi yo yonn ak lòt pou bay tout kalite enfòmasyon ak tout zouti konesans ki soti nan òganizasyon kiltirèl, nasyonal osinon entènasyonal, pou separe yo youn bay lòt, lèfini pou yo gaye yo bay tout moun.

ch Y ap ankouraje moun ekri liv pou timoun, lèfini pou yo gaye liv yo toupatou.

d Y ap ankouraje radyo, jou-nal ak televizyon pou yo sèvi ak lang timoun ki natifnatal nan yon peyi osinon ki fè pati yon ti gwoup moun apa nan peyi a ki pale yon lòt lang.

e Y ap ede yo mete sou pye bon prensip ak regleman pou pwoteje timoun yo pou yo pa rsevwa enfòmasyon ak zouti konsenans ki ka yon nwizans pou la vi yo, depi yo respekte sa ki nan Atik 13 ak Atik 18.

Atik 18

1 Peyi ki siyen Akò a pral fè sa yo kapab pou yo garanti respè prensip ki vle pou ni papa ni manman gen yo sèl ak menm reskonsablite pou yo elve pitit yo, pou garanti devlòpman yo, Kidonk pre-mye moun ki gen reskonsablite pou elve timoun lèfini pou garanti devlòpman yo, se papa ak manman yo, osinon, adefo papa ak manman yo, se va moun lalwa va bay dwa okipe yo. Moun sa yo fèt pou yo kite enterè timoun yo pase anvan tout bagay nan tou sa y ap fè.

2 Pou garanti dwa timoun yo rekonèt nan Akò sa a, Peyi ki siyen Akò sa a va bay papa ak manman yo, osinon moun lalwa va bay dwa okipe timoun yo, tout kalite konkou pou ede yo nan reskonsablite yo genyen pou leve timoun yo. Se kpou yo mete soy pye òganizasyon, sant ak tout kalite sèvis pou okipe timoun.

3 Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizyon ki nesesè pou bay timoun ki gen papa ak manman yo k ap travay, garanti yo ka toujou jwenn sèvis ak sant pou okipe yo, depi sant sa yo nan kondisyon pou yo fè travay la jan sa dwe fèt.

Atik 19

1 Peyi ki siyen Akò a va pran tout kalite desizyon nan lalwa, nan sèvis leta, nan sèvis sosyal ak nan edikasyon pou pwoteje timoun yo, antan yo nan men papa yo ak manman yo, osinon nan men moun lalwa bay dwa okipe yo a, osinon nenpòt moun ki gen reskonsablite pou okipe yo, pou yo pa sibi ankenn mechanste, britalite ak move chòk nan lespri, pou yo pa bandonnen yo, osinon pote yo neglijans, ba yo move tretman ak fè yo sibi abi, menm abi kadejak.

2 Nan desizyon y ap pran pou pwoteje timoun yo, men sa nou jwenn ki merite fèt, dapre chak ka ak sikonstans: se tabli yon bon sistèm pou mete kanpe pwogram sèvis sosyal ki va bay timoun yo ansanm ak moun ki reskonsab okipe yo a, konkou y ap bezwen, ansanm ak lòt desizyon pou evite timoun yo tonbe nan sitirasyon nou pale piwo a. Se pou yo rive konnen tout ka move tretman timoun yo ap sibi, fè rapo sou yo, voye yo devan tribinal fouye chache konnen plis detay sou ka yo, bay posiblite pou yo trete timoun lan, lèfini pou yo swiv yo apre sa. Lè y ap pran desizyon sa yo, pou chak ka, se pou yo bay jan lalwa ka antre nan koze a pou regle sa.

Atik 20

1 Lè yon timoun nan yon sitirasyon kote li sètoblije kite fanmi li, kit pou yon ti tan osinon pou tout tan, osinon lè leta pran desizyon nan enterè timoun lan pou yo pa kite l rete nan fanmi an, leta fèt pou ba li yon pwoteksyon ak yon lasistan espesyal.

2 Peyi ki siyen Akò a va garanti timoun konsa pou yo jwenn lòt moun ki ka ranplase fanmi yo pèdi a, pou pwoteje yo, yon jan ki pa depaman ak lalwa peyi a.

3 Men kalite pwoteksyon yo ka bay timoun yo pou ranplase fanmi yo pèdi a: (a) mete yo nan yon lòt fanmi, (b) swiv sistèm kafala a, dapre lalwa mizilman yo, (ch) adoposyon, (d) osinon, si sa nesesè, mete yo nan sant kote yo okipe timoun. Lè y ap chache kilès nan bagay sa yo ki pi bon, se pou yo toujou chache jan pou levasyon timoun lan pa deranje, lèfini se pou yo respektei orijin li, ras li, relijyon li, kilti li ak lang li pale.

Atik 21

Peyi ki siyen Akò a, kote yo rekonèt osinon yo admèt sistèm adopsyon an, va veye pou pi bon enterè timoun lan pase anvan tout bagay nan koze sa a. Se pou yo :

a sèten lè yon moun ap adopte yon timoun, se pou li gen otorizasyon otorite ki plase pou sa, epi k ap pran desizyon, dapre reglemen ak prensip lalwa ki gen rapò ak keksyon an, ak sou baz tout bon kalite enfòmasyon yo ka fè konfyans, si wi si non adopsyon an ka fèt dapre sitirasyon timoun lan pa rapò ak papa l ak manman l, fanmi l, ak lòt moun lalwa bay dwa okipe li, lèfini si sa nesesè, si moun ki enterese yo bay konsantman yo pou adopsyon an ak tout bon konprann yo sou yo, apre yo fin resevwa tout konsèy yo ta ka bezwen.

b rekonèt yon lòt mwayen pou garanti timoun lan swen li bezwen, se ka adopsyon nan yon fanmi nan yon lòt peyi, depi timoun lan pa kapab jwenn nan pwòp peyi l yon fanmi pou okipe l osinon pou adopte l, osinon yon kote yo ka okipe l jan sa dwe fèt.

ch veye, lè se moun lòt peyi k apl fè adopsyon an, pou timoun lan jwenn menm garanti ak menm regleman ak sa li ta jwenn si se te yon moun nan peyi pa li ki te adopte l.

d pran tout kalite desizyon ki bon pou sèten, lè se yon moun lòt peyi ki adopte yon timoun, fòk li pa sèvi ak timoun lan pou l fè lajan nan move kondisyon pou tèt pa l.

e travay pou rive jwenn rezilta nou di n ap chache nan Atik sa a. Se pou Peyi yo siyen akò ak yon lòt peyi osinon ak anpil lòt peyi, osinon, dapre jan yo wè sa ye, pou yo fè aranjman ak yo, lèfini pou yo fè sa yo kapab pou se moun ki gen otorite pou sa, osinon òganizasyon ki gen bon otorizasyon, ki pou regle adopsyon k ap fèt nan fanmi lòt peyi yo.

Atik 22

1 Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizyon ki bon pou yon timoun k ap chache refij nan lòt peyi, osinon yo konsedere tankou yon refijye dapre prensip ak regelman lalwa nan yon peyi osinon pou tout peyi kit li pou kont li , kit li gen papa l ak manman l avè l, osinon nenpòt lòt moun. Yon timoun konsa fèt pou li resevwa pwoteksyon ak konkou yo dew bay tout moun pou penmèt li reve jwi tout dwa li, jan yo di sa nan Akò sa a Peyi yo te siyen, ansanm ak nan lòt regleman entènasyonal ki gen rapò ak dwa moun osinon ak janyo dwe trete moun.

2 Pou rive fè sa, Peyi ki siyen Akò a va travay ansanm ak Nasyonzini (ONI), ansanm ak òganizasyon kote anpil gouvènman ap travay ansanm, osinon ak lòt òganizasyon prive men k ap travay men nan men ak ONI jan yo wè yo dwe fè l, nan jefò y ap fè pou pwoteje timoun, pou ba yo tout lasistans yo bezwen, pou yo fè rechèch pou rive jwenn papa yo ak manm, an yo osinon lòt manm fanmi timoun ki refijye a, pou yo jwenn tout kalite enfòmasyon ki pou penmèt yo al viv ak fanmi ankò. Si yo pa rive jwenn papa ak manman yo osinon lòt moun nan fanmi yo, ya bay timoun yo menm kalite pwoteksyon, dapre regleman nou jwenn nan Akò sa a, tankou tout timoun ki, pou nenpòt ki rezon, ta rive separe ak fanmi yo pou yon ti tan osinon pou tout tan.

Atik 23

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt yon timoun ki enfim osinon ki donmaje nan lespri li fèt pou nennen yon bonjan lavi, nan kondisyon ki garanti li respè diyite li, k ap ede l gen konfyans nan tèt li, epi k ap ba li fasilite pou l patisipe nan lavi kominote a.

2 Peyi ki siyen Akò a reko-nèt dwa timoun enfim yo pou yo jwenn swen espesyal. Se pou yo ankouraje epi pou yo garanti, mezi yo kapab dapre mwayen yo genyen, y ap bay timoun enfim ki nan kondisyon pou resevwa lasistans ak moun ki reskonsab yo, lasistans y ap bezwen, dapre eta timoun lan ak sitirasyon papa l ak manman l, osinon sitirasyon moun ki genyen l sou kont yo.

3 Lè nou fin rekonnèt timoun enfim yo gen bezwen pa yo, nou rekonèt tou yo fèt pou resevwa lisistans y ap ba yo, dapre sa ki di nan paragraf 2 Atik 23 sa a, gratis, chak fwa sa ka fèt, dapre mwayen papa ak manman l osinon moun ki reskonsab li. Y ap bay lasistans sa a yon jan pou garanti timoun enfim yo ap jwenn edikasyon ki garanti li respè diyite li, k ap ede l gen konfyans nan tèt li, epi k ap ba li fasilite pou l patisipe nan lavi kominote a.

4 Peyi ki siyen Akò a, nan lide pou yo gen bonjan koperasyon entènasyonal, va separe youn ak lòt enfòmasyon ki gen rapò ak swen lasante timoun enfim, ki esplike kouman pou evite maladi ak kouman pou trete maladi kò, lesplri, ak maladik ki antrave mouvman kò yo. Fòk yo pa bliye gaye tout kalite enfòmasyon sou metòd pou moutre timoun enfim yo jan ka mennen yon vi nòmal nan sosyete a, ak metòd pou moutre yo metye. Se kpou Peyi ki siyen Akò sa a gen fasilite pou yo jwenn tout konesans sa yo pou ede yo rive gen pi bon kapasite, plis ladrès, ak pi plis esperyans nan zafè timoun enfim. Pou rive fè sa, se pou yo bay bezwen peyi ki fenk ap devlope yo yon plas apa nan pwogram sa a.

Atik 24

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt dwa timoun yo genyen pou yo jwi pi bon kondisyon lasante, ak tout chans pou yo jwenn swen lasante, ak sèvis pou moutre yo jan yo kapab sèvi ak kò yo osinon ak lespri yo ankò mezi yo kapab. Ya fè sa yo kapab pou garanti ankenn timoun p ap pèdi dwa li genyen pou li jwenn swen sa yo.

2 Peyi ki siyen Akò a pral fè sa yo kapab pou yo garanti y ap respekte dwa sa a nèt ale, sitou pou yo pran bonjan desizyon ki daplon, pou:

a bese kantite tibebe ak timoun piti k ap mouri,

b garanti tout timoun ap jwenn lasistans doktè ak swen lasante, antan yo soti pou yo mete kanpe sèvis lasante ki pi nesesè yo,

ch goumen ak tout kalite maladi ak pwoblèm mal-manje, menm nan pwogram swen lasante ki pi nesesè yo, gremesi sitou mwayen teknik ki fasil pou jwenn, ak pwogram daplon pou fè yo jwenn bon manje nourisan ak bon dlo pwòp, san nou pa bliye danje ki genyen nan teknik sa yo pou gade zòn kote n ap viv sou tè a,

d garanti tout manman pitit ap jwenn swen lasante ni anvan ni apre yo akouche,

e garanti tout gwoup moun nan sosyete a, sitou papa, manman ak pitit yo ap rive gen bon konesans sou lasante, sou manje pou yo bay timoun, sou avantaj lèt manman, sou ijyèn ak pwòpte kote y ap viv la, sou jan pou moun ka evite aksidan, lèfini pou yo jwenn bon lasistans pou penmèt yo sèvi ak konesans sa yo,

f mete kanpe pwogram lasante pou evite maladi, bay papa ak manman yo bonjan konsèy, fè ediksyon yo sou zafè planing familyal, mete sèvis pou ede yo nan sans sa a.

3 Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizyon ki bon epi k ap bay bon rannman pou yo ka rive aboli mès ak abitid granmoun lontan ki pa bon pou lasante timoun yo.

4 Peyi ki siyen Akò a pran angajman pou yo bay koperasyon entènasyonal lan bourad ak ankourajman pou rive garanti chak jou pi plis respè pou dwa moun yo rekonèt nan Atik sa a. Pou rive fè sa, se pou yo bay bezwen peyi ki fenk ap devlope yo yon plas apa nan pwogram sa a.

Atik 25<br>
Peyi ki siyen Akò sa a rekonèt lèt yon otorite sa gade rive mete yon timoun yon kote pou l resevwa swen, timoun sa a fèt pou li jwenn pwoteksyon osinon tetman pou kò li osinon pou lespri li. Chak lè, se pou yo kontwole kalite tretman y ap ba li a, epi pou yo gade si yo respekte tout lòt kondisyonki gen rapò ak desizyon yo te pran pou mete timoun lan nan kote sa a.

Atik 26

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt tou timoun gen dwa pou yo resevwa yon lasistans sosyal, san bliye tout kalite asirans sosyete a fèt pou ba li. Lè fini, yo rekonèt se pou yo pran tout kalite desizyon nesesè pou garanti y ap respekte dwa sa a dapre regleman lalwa peyi a.

2 Lè y ap bay timoun yo yon lasistans, si sa nesesè, yo fèt pou yo kalkile lasistans sa a dapre mwayen ak sitirasyon timoun lan ansanm ak sitirasyon moun ki reskonsab pran swen li, ansanm ak tout lòt konsiderasyon pou yo fè lè timoun lan fè demann lan, osinon lè yon lòt moun f``e demann lan pou li.

Atik 27

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt dwa tout timoun genyen pou yo viv nan bon kondisyon ki pou penmèt kò yo, lespri yo ak konsyans yo devlope, antan y ap pran plas yo nan sosyete a.
2 Premye moun ki gen reskonsablite pou garanti timoun yo bon kondisyoin lavi ki nesesè pou devlòpman yo, se papa yo ak manman yo, osinon nenpòt lòt moun ki reskonsab yon timoun, mezi yo kapab ak dapre mwayen yo.

3 Peyi ki siyen Akò a va pran desizyon ki nesesè, mezi posiblite peyi a ak nan limit mwayen yo, pou bay papa ak manman pitit osinon tout lòt moun reskonsab timoun lasistans pou yo ka fè sa ki dwe fèt pou respekte dwa sa a. Lèfini, kote se yon nesesite, se pou yo ofri yo lasistans materyèl ak pwogram pou soutni yo, sitou nan koze manje, rad ak kay pou timoun yo.

4 Peyi ki siyen Akò a va pran desizyon ki nesesè pou garanti yo ka jwenn lajan pou manje timoun lan, swa nan men papa l ak manman l, swa nan men tout lòt moun ki reskonsab pou bay lajan pou okipe timoun lan yo te mèt andedan peyi a osinon man lòt peyi. Lè moun ki reskonsab pou bay lajan pou okipe timoun lan p ap viv nan menm peyi ak timoun lan, Peyi ki siyen Akò a pral ankouraje lòt peyi yo pou yo siyen Akò entènasyonal yo, osinon pou yo rive mete kanpe antant nan sans sa a, antan yap fè lòt aranjman nan menm sans lan.

Atik 28

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt dwa timoun yo genyen pou yo resevwa edikasyon. Men, pou yo ka rive respekte dwa sa a chak jou pi plis, antan y ap garanti y ap bay tout timoun menm chans lan, yo pral pran desizyon sa yo :

a Yo pral fè edikasyon primè a obligatwa ak gratis pou tout moun.

b Yo pral fè ankouraje yo mete sou pye divès metòd edikasyon segondè, san bliye edikasyon jeneral ak pwofesyonèl, ak lekòl k ap louvri pòt yo toupatou pou tout timoun san patipri ka antre ladan yo, lèfini pou yo pran desizyon ki nesesè pou sa rive fèt, tankou mete lekòl gratis ak bay lasistans lajan pou timoun ki ta bezwen sa.

ch Yo pral garanti tout moun ka rantre nan lekòl segondè yo, dapre posiblite ak ladrès chak moun, ak dapre mwayen ki bon pou sa.

d Yo pral mete sou pye biwo kote tout timoun ka jwenn enfòmasyon ak bonjan konsèy sou kalite lekòl ak sant fòmasyon pwofesyonèl ki ta bon pou yo.

e Yo pral pran tout kalite desizyon pou ankouraje timoun yo al lekòl san sote jou, epi pou yo bese kantite timoun ki kite lekòl anvan lè.

2 Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizyon pou garanti yo mete bon disiplin nan lekòl yo yon jan ki respekte diyite timoun yo tankou noun, dapre sa ki di nan Akò sa a.

3 Peyi ki siyen Akò a pral bay tout fasilite ak tout ankourajman pou tabli koperasyon entènasyonal nan tout bagay ki gen rapò ak edikasyon, sitou pou ede yo fè disparèt iyorans ak pa-konnli toupatou sou latè, pou yo fasilite moun jwenn bon konsesans lasyans ak teknik ak bon metòd edikasyon medèn, Sou pwen sa a, se pou yo bay bezwen peyi ki fenk ap devlope yo yon plas apa nan pwogram lasistans yo.

Atik 29<br>
1 Peyi ki siyen Akò a dakò pou edikasyon timoun fèt pou fèt yon jan pou yo jwenn rezilta sa yo:

a mete kondisyon k ap penmèt timoun yo devlope karaktè yo, don yo genyen, ladrès ak kapasite lespri yo ansanm ak kò yo, mezi yo kapab,

b moutre timoun yo pou yo respekte dwa moun ak lòt libète fondamantal ansanm ak tout lòt prensip yo bay nan Manman kontra Nasyonzini yo

ch moutre timoun yo pou yo respekte papa yo ak manman yo, kilti ak lizay lakay yo, lang yo ak lòt gwo kide konsekan ki fè yo pa fin menm ak moun lòt kote yo, konsa tou pou yo respekte lizay ak lide konsekan peyi kote y ap viv la, peyi kote yo soti a, ansanm ak tout lòt mès ak lizay ki pa menm ak pa yo;

d pare timoun yo pou yo pran reskonsablite yo nan yon sosyete kote yo respekte libète tout moun antan gen bon konprann youn ak lòt, kè poze, tolerans, yon sosyete kote fi ak gason sou menm pye, kote gen bon zanmitay ant moun tout pèp, tout ras, san gade sou nasyonalite yo osinon relijyon yo, ata ak moun ki natifnatal peyi a,

e moutre timoun yo jan pou yo respekte latè ansanm ak tout sa yo jwenn ladan li.

2 Piga yo pran anyen nan sa nou di nan Atik sa a, osinon nan Atik 28 lan, pou sèvi tankou yon antrav osinon yon derespektan ou libète moun osinon gwoup moun ki ta vle mete kanpe yon lekòl osinon dirije yon lekòl, depi yo respekte plrensip ki nan premye paragraf Atik sa a ak egzijans ki vle pou edikasyon yo bay nan lekòl sa yo koresponn ak regleman leta mande pou moun respekte pou pi piti nan zafè fè lekòl.

Atik 30

Nan peyi kote gen ti gwoup moun ki pa menm ras, ki gen relijyon pa yo osinon ki pale lang pa yo, osinon moun ki natifnatal peyi a, yo fèt pou yo respekte dwa yon timoun ki fè pati youn nan gwoup moun sa yo, ansanm ak lòt moun nan gwoup lan, pou yo viv dapre kilti ak mès pa yo, pou yo deklare relijyon yo epi pou yo swiv prensip relijyon pa yo, osinon pou yo pale lang pa yo.

Atik 31

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt timoun gen dwa pou yo poze kò yo epi pou yo pran plezi yo, pou yo jwe, pou yo fè tout kalite jwèt ki koresponn ak laj yo, pou yo patisipe san pwoblèm nan aktivite kiltirèl ak tout kalite travay atis yo.

2 Peyi ki siyen Akò a va respekte dwa timoun yo genyen pou yo patisipe nan aktivikte kiltirèl ak tout lalite travay atis, y a ankouraje pwogram ki va ba yo chans ki koresponn ak laj yo san paspouki, pou yo patisipe nan tout kalite aktivite ki gen rapò ak kilti, rravay atis, jwèt ak plezi.

Atik 32

Peyi ki siyen Akò a rekonèt dwa timoun yo genyen pou yo resevwa pwoteksyon pou yo pa tonbe anba moun k ap esplwate yo pou fè lajan sou tèt yo, pou yo pa sètoblije fè ankenn travay ki gen danje ladan l, osinon ki ka deranje edikasyon yo osinon tounen yon nwizans pou lasante yo, pou devlòp-man kò yo, lespri yo, nanm yo, konsyans yo, osinon yon antrav pou yo jwenn plas yo nan sosyete a.

2 Peyi ki siyen Akò a pral pran desizyon pou mete kanpe regleman nan lalwa, nan sèvis leta, nan lavi sosyete a ak nan edikasyon pou yo garanti sa ki di nan Atik sa a pa rete bèl pawòl anlè. Pou rive fè sa, epi dapre prensip y a jwenn nan lòt dokiman entènasyonal, Peyi ki siyen Akò a va pran desizyon sa yo sitou:

a fikse laj pi piti yon moun dwe genyen anvan pou yo koumanse travay. Yo ka fikse divès laj pou divès kalite travay;

b bay regleman sou lè ak kondisyon travay;

ch bay regleman pou fè moun peye amann, osinon pou ba yo lòt pinisyon pou garanti y ap respekte sa ki di nan Atik sa a.

Atik 33

Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizyon plou mete kanpe regleman nan lalwa, nan sèvis leta, nan lavi sosyete a ak nan edikasyon pou yo garanti timoun yo pwoteksyon pou yo pa bonte nan sèvi ak dwòg ak lòt kalite medikaman fò k ap aji sou lespri yo, jan sa di nan kontra entènasyonal ki pale sou sa, ak pou enpeche yo sèvi ak ti moun pou fè dwòg ak lòt kalite medikaman sa yo, osinon pou fè trafik bagay sa yo.

Atik 34

Peyi ki siyen Akò a pran angajman pou yo pwoteje tout timoun anba tout kalite esplwatasyon ak abi ti kò yo. Pou rive fè sa, Peyi ki siyen Akò a pral pran tout kalite desizon ki gen rapò ak sa ni andedan lakay yo, ni nan kontra y apa pase ak yon lòt peyi osinon ak anpil lòt peyi pou anpeche:

a yo pran tèt timoun yo, osinon fòse yo al lage kò yo nan aktivite lachè lalwa pa penmèt,

b yo esplwate timoun yo nan fè yo fè jennès ak lòt aktivite lachè lalwa pa penmèt,

ch yo esplwate timoun yo nan aktivite ki gen rapò ak teyat sou plezi lachè ak lòt bagay menm kalite.

Atik 35

Peyi ki siyen Akò a va pran tout kalite desizyon ki gen rapò ak sa ni andedan lakay yo, ni nan kontra y ap pase ak yon lòt peyi osinon ak anpil lòt peyi, pou anpeche yo volè timoun, vann yo osinon fè trafik ak yo pou nenpòt ki rezon osinon nan menpòt ki kondisyon.

Atik 36

Peyi ki siyen Akò a va pwoteje timoun anba tout kalite esplwatasyon ki ka antrave nenpòt jan lavi yo.

Atik 37

Peyi ki siyen Akò a pral garanti :

a pou timoun yo pa sibi ankenn kraze zo, ankenn move tretman ak pinisyon san pitye k ap fè yo soufri osinon k ap avili yo. Yo pa gen dwa kondennen amò yon timoun ki poko rive laj dizwit lanne, ni mete l nan prizon pou lavi diran, pou bagay mal li ta fè, san ankenn chans pou li ka jwenn liberasyon li,

b pou yo pa gen dwa antrave libète yon timoun andeyò lalwa osinon san rezon. Lè y ap arete yon timoun, mete nan prizon osinon kenbe l na prizon sa dwa fèt jan lalwa vle sa fèt la. Si se pou yo mete l nan prizon, se apre y a wè pa gen lòt jan yo ka regle ak timoun lan, lèfini sa dwe fèt pou yon ti tan ki pa twò long,
ch pou yo trete tout timoun ki pa gen libète yo tankou moun, pou yo respekte diyite moun yo, yon jan ki rekonèt bezwen yo genyen pou laj yo, Nan sans sa a, gen yon bagay ki konsekan anpil pou tout timoun ki pa gen libète yo: yo pa fèt pou yo mete yo menm kote ak granmoun esepte si yo kondidere sa ta pi bon pou yo. Lèfini, se pou timoun yo gen dwa kenbe kontak ak fanmi yo, pou yo ka ekri yo, epi pou fanmi yo ka vizite yo, esepte nan sikonstans espesyal,

d pou timoun ki pa gen libète yo gen dwa pou yo resevwa asistans tribinal osinon tout lòt asistans yo ka bezwen . Yo menm gen dwa ale nan tribinal, osinon parèt devan tout lòt otorite ki tabli pou sa, ki pa sou kont pesonn epi ki pa nan patipri, pou yo denonse rezon ki fè yo pèdi libète yo tankou yon desizyon ki depaman ak lalwa, lèfini pou yo mande po yo pran yon desizyon rapid rapid sou sa.

Atik 38

1 Peyi ki siyen Akò a pran angajman non sèlman pou yo respekte, men tou pou yo fè fesplekte, regleman lalwa entènasyonal sou asistans yo dwe tout moun lè gen ka lagè, epi ki garanti pwoteksyon timoun tou.

2 Peyi ki siyen Akò a va pran tout kalite disizyon posib pou timoun ki poko rive laj kenz (15) an pa antre nan aktivite lagè.
3 Peyi ki siyen Akò a pa fèt pou yo anwole timoun ki poko gen laj kenz an nan lame yo. Lè y ap anwole moun ki deja gen laj kenz lanne men ki poli rive laj dizwit (18) an, Peyi ki siyen Akò a va fè sa yo kapab pou yo anwole sa ki pi gran yo an premye.

4 Dapre egzijans yo mete nan regleman laalwa entènasyonal sou lasistans ak pwoteksyon yo dwe moun ki pa nan lame lè gen lagè, Peyi ki siyen Akò a va pran tout kalite desizyon pou garanti pwoteksyon ak swen pou timoun k ap viv nan zòn kote lagè ap fèt.

Atik 39

Peyi ki siyen Akò a va pran tout kalite desizyon ki nesesè pou ede timoun ki viktim yo jwenn gerizon fasil pou kò yo ak pou lespri yo, lèfini pou yo reprann plas yo nan sosyete a. Sa va fèt pou tout timoun ki ta viktim nenpòt ki kalite neglijans, esplwatasyon, abi kraze zo, osinon nenpòt lòt move tretman san pitye k ap fè yo soufri anpil, osinon k ap avili yo, osinon pou timoun ki ta viktim lagè. Se pou peyi yo travay pou fasilite timoun sa yo jwenn gerizon, osinon pou ede yo reprann plas yo nan sosyete a, nan bon kondisyon pou garanti lasante respè ak diyite timoun yo.

Atik 40

1 Peyi ki siyen Akò a rekonèt tout timoun yo sispèk, osinon yuo denonse, osinon yo rekonèt ki koupab dèske yo te derespekte lalwa sosyete a, timoun konsa gen dwa egzije pou yo trete yo yon jan ki respektei diyite moun yo ak valè yo tankou moun. Konsa, sa va ranfòse lakay timoun yo respè yomenm tou yo fèt pou yo genyen pou dwa lòt moun ak libète fondamantal tout moun. Lefini, se pou yo konsidere laj tomoun lan ak nesisite pou yo fasilite li reprann plas li nan sosyete a, epi pou li pran reskonsablite travay pou ede bati sosyete a.

2 Pou rive fè sa, epi lè nou konsidere tout desizyon ki pran nan kontra entènasyonal sou keksyon sa a, men kèk bagay peyi ki siyen Akò a va garanti:

a Yo pa fèt pou yo sispèk pou yo denonse, osinon pou yo rekonèt yon timoun koupab devan lalwa sosyete a paske li fè yon bagay lalwa peyi li, osinon lalwa entènasyonal la, pa ta defann fè lè li te fè l la, osinon paske li pa fè yon bagay lalwa pat mande fè lè li pat fè-l la.

b Lè yo sispèk, osinon denonse rekonèt yon timoun koupab devan lalwa sosyete a, yo fèt pou yo garanti li dwa sa yo pou pi piti:

i Y ap konsidere timoun lan inosan jouk y a rive pwou-ve li koupab vre dapre lalwa.

ii Se pou yo fè l konnen limenm pèsonèlman san reta akzasyon yo fè sou do l. Osinon, si se yon ka ki mande sa, y a pale ak papa ak manman l, osinon ak moun ki reskonsab li devan lalwa, pou fè l konn sa. Se pou li jwenn lasistans avoka osinon lòt moun ki gen otorite pou sa ki ka ede l pare defans li, epi k ap kanpe pou pran defans l.

iii Se Pou yo mennen l san reta nan tribinal ki gen otorite pou deside sou ka a, tribinal ki p ap sou kont pesonn, ki pa nan patipri, epi k ap mennen pwose a byen nan respè lalwa, Lè sa a, se pou avoka timoun lan osinon lòt moun ki ka bay timoun lan lasistans li bezwen nanka sa yo la tou. Men, si yo konsidere se pa nan pi bon enterè timoun lan, poutèt laj li, osinon sitirasyon li, yo ka anpeche papa l ak manman l, osinon moun ki reskonsab li dapre lalwa parèt nan tribinal la,

iv Yo pa fèt pou fòse l fè ankenn deposzisyon ki ka antrave l, osinon pou li rekonèt li koupab; fèfini se pou yo bay ni moun k ap depoze kont li yo, ni lòt moun k ap depoze anfavè li yo, menm chans pou yo konparèt devan tribinal la, epi pou yo keksyonnen yo san paspouki,

v Si tribinal la rekonèt li te derespekte lalwa sosyete a, timoun lan gen dwa mande pou yon lòt tribinal ki pi wo, osinon yon otorite lalwa ki gen bon dwa pou fè sa, ki pa sou kont pesonn epi ki san patipri, rekonsidere tout desizyyon jij yo te pran nan premye tribinal la, depi yo fè l nan respè lalwa,

vi Si li pa konprann osinon si li pa konnen lang yo pale nan tribinal la, li fèt pou li jwenn moun pou esplike tout bagay ba li pandan tout aktivite pwose a, san li pa peye senk kòb.

vii Se pou yo pa antre nan lavi prive li pandan tout pwose a.

3 Peyi ki siyen Akò a va fè jefò pou yo ankouraje yo mete kanpe lalwa ak regleman, pou yo tabli sèvis otorize, ak lòt òganizasyon ki la toutespre pou regle pwoblèm timoun yo sispèk, yo denonse osinon yo rekonèt koupab devan lalwa sosyete a. Men kèk nan prensip ki pi konsekan yo:

a fikse ki laj yon timoun fèt pou genyen anvan yo ka di li derespekte lalwa sosyete a,
b pran desizyon, chak fwa sa posib osinon chak lè sa ta pi bon, pou yo regle ak tomoun lan san yo pa bwzwen ale nan tribinal, depi yo respekte dwa moun ak tout garanti pwoteksyon lalwa bay.

4 Men yon seri desizyon yo ka pran pou garanti timoun yo bon tretnman ki koresponn ak kondisyon lavi yo, dapre sitirasyon yo, antan y ap peye pou sa yo fè a: se ba yo bon swen ak bonjan konsèy, ede yo jwenn chemen yo nan lavi, kontwole aktivite yo, mete yo nan yon fanmi ki pa fanmi pa yo, ba yo chans pou yo swiv pwogram edikasyon jeneral ak pwofesyonèl, ak lò posiblite ki ka ranplase swen pou yo ta jwenn nan yon sant.

Atik 41

Pa gen ankenn prensip ak regleman ki nan Akò sa a ki ka antrave lòt desizyon ki ta pi bon pou garanti respè dwa timoun yo jan nou ka jwenn sa:

a nan lalwa yon peyi ki siyen Akò a,

b nan lalwa entènasyonal peyi a rekonèt.

DEZYÈM PATI

Atik 42<br>
Peyi ki siyen Akò a pran angajman pou yo fè tou sa yo kapab pou yo sèvi ak tout kalite mwayen ki bon pou gaye tout prensip ak tout regleman ki nan Akò a yon jan pou tout moun, granmoun kou timoun, ka konnen yo.

Atik 43

1 Pou yo ka rive egzaminen jan chak Peyi ap fè travay la jwenn rezilta yo te pran obligasyon fè nan Akò sa a, se pou yo mete sou peyi yon Komite pou dwa timoun ki va reskonsab fè sa nou pral di la a.

2 Komite a va gen dis moun ladan l, moun ki gen bon moralite, moun tout moun rekonèt ki gen bonjan konesans ak ladrès sou koze n ap fè nan Akò sa a. Manm Komite sa a, se Peyi ki siyen Akò a ki va chwazi yo nan mitan sitwayen yo, men se nan pwòp non pa yo moun sa yo ap sèvi nan komite a, Se pou yo fè yon jan pou yo garanti manm yo ap soti nan divès peyi ak divès nasyon toupatou sou latè, lèfini pou yo respekte sistèm lalwa ki pi konsekan yo.

3 Se va nan eleksyon ak bilten sekrè y a chwazi manm komite sa a nan yon lis moun Peyi ki siyen Akò sa a va bay. Chak peyi ki siyen Akò a ka bay non youn nan sitwayen li yo pou kandida.

4 Y a fè premye eleksyon an sis (6) mwa apre dat Akò sa a va gen fòs lalwa. Apre sa, y a fè eleksyon chak dezan. Pou pi piti kat mwa anvan dat chak eleksyon, Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an va ekri peyi ki siyen Akò a pou mande yo voye nan yon dele de (2) mwa non kandida yo ta remen bay la. Sekretè Jeneral la va fè yon lis non tout kandida sa yo dapre lòd alfabetik, an tan l ap bay ki Peyi ki voye chak non, lèfini la voye lis sa a bay tout Peyi ki siyen Akò sa a.

5 Eleksyon an va fèt nan reyinyon k ap fèt nan Katye Jeneral Nasyonzini (ONI) an, kote tout Peyi ki siyen Akò a va la, apre konvokasyon Sekretè Jeneral la. Nan reyinyon sa a, fòk gen pou pi piti de (2) sou chak twa (3) nan tout Peyi ki siyen Akò a ki reprezante. Kandida ki va pase yo, se va kandida ki va gen plis kantite moun ki vote pou yo, depi yo rive jwenn pou pi piti mwatye plis youn nan kantite delege Peyi ki siyen Akò a ki la epi ki gen dwa vote.

6 Manm Komite yo va sèvi pandan kat (4) lanne. Uyo gen dwa repedale pou uon lòt kat lanne ankò si non yo parèt yon dezyèm fwa nan lis kandida yo. Nan premye eleksyon an, senk (5) manm nan dis (10) manm Komite a va sèvi pou dezan (2 an) ase. Apre premye eleksyon an san pèdi tan, prezidan reyinyon an va tire osò pou konnen non senk (5) manm sa yo.

7 Si youn nan manm Komite a ta rive mouri, osinon ta bay demisyon li, osinon, si pou uon lòt rezon, yon manm ta deklare li pa ka sèvi ankò nan Komite a, Peyi ki te chwazi l la va nonmen yon lòt moun ki gen bonjan konesans sou koze a nan mitan sitwayen li yo pou pran plas li pou rès tan li te gen pou li sèvi a, depi Komite a dakò ak non an.

8 Komite a va mete kanpe regleman travay li.

9 Komite a va nonmen moun ki pou dirije li pou dezan (2).

10 Nòmalman, Komite a va reyini nan Katye Jeneral Nasyonzini (ONI) an, men komite a gen dwa chwazi nenpòt lòt kote pou li reyini depi kote sa a bon pou yo tout. Nòmalman, Komite a va reyini yon (1) fwa chak lanne. Peyi ki siyen Akò sa a va reyini pou deside konbyen tan chak reyinyon va pran. Ya gen dwa chanje tan an, si sa nesesè. Men, fòk yo gen dizon Asanble Jeneral la pou sa.

11 sekretè Jeneral Nasyozini (ONI) an va bay Komite a anplwaye ak materyèl li ka bezwen pou li fè travay yo ba li fè a byen, dapre sa ki nan Akò sa a.

12 Manm Komite yo mete kanpe dapre sa ki nan Akò sa a va resevwa yon kòb y a pran nan kès Nasyonzini (ONI) an, avèk otorizasyon Asanble Jeneral la, dapre kondisyon ak regleman Asanble Jeneral la va fikse.

Atik 44<br>
1 Peyi ki siyen Akò a pran angajman pou yo voye yon rapò bay Komite a, sou adrès Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an, rapò kote y a bay tout desizyon yo pran pou kanpe dwa yo rekonèt nan Akò sa a, ak rezilta yo jwenn nan travay fè respekte dwa sa yo.

a Peyi ki siyen Akò sa a va voye premye rapò yo nan yon dele dezan (2 an) apre Akò a va tounen yon lwa lakay yo.

b Apre sa, se va chak senk an (5 an) y a gen pou voye rapò yo.

Nan rapò y a fè dapre sa Atik sa a di, y a bay, si sa nesesè, kondisyon ak difikilte ki te anpeche yo rive fè sa yo te dwe fè dapre Akò sa a. Nan menm rapò sa yo, y a bay tout kalite enfòmasyon ki va penmèt Komite a konprann jan travay pou fè respekte Akò a ap mache nan Peyi yo.

3 Lè yon peyi ki siyen Akò a voye bay Komite a premye rapò a ansanm ak tout enfòmasyon ki nesesè yuo, li pa bezwen, nan lòt rapò l ap voye nan apre dapre paragraf 1-b Atik sa a, repete enfòmasyon fondamantal li te deja bay yo.

4 Komite a gen dwa mande Peyi ki siyen Akò a tout lòt kalite enfòmasyon ki gen rapò ak travay l ap fè pou rive fè respekte Akò sa a.

5 Chak dezan (2 an), Komite a va voye bay Komite Ekonomik ak Sosyal Nasyonzini (ONI) an yon rapò sou travay li pou renmèt Asanble Jeneral la.

6 Peyi ki siyen Akò a va fè sikile rapò travay yo andedan peyi yo pou tout moun ka konnen sa ki ladan l.

Atik 45

Men lòt aktivite yo ka fè pou fè respekte pwogram Akò a pi byen, lèfini pou ankouraje koperasyon entènasyonal nan pwogram yo bay nan Akò a:

a Oganizasyon k ap travay toutespre sou koze a, UNICEF ak lòt depatman Nasyonzini (ONI) yo, va gen dwa voye delege osinon reprezantan lè y ap egzaminen travay k ap fèt pou mete kanpe pwogram yo pale nan Akò a, depi sa rantre nan reskonsablite yo. Komite a ka envite òganizasyon k ap travay touespre sou koze timoun yo UNICEF ak nenpòt lòt asosyasyon ki gen esperyans ak ladrès sou koze a, pou yo vin ba li bonjan konsèy ak lide pou pouse pwogram Akò a pi devan depi se aktivite ki rantre nan reskonsablite yo chak. Komite a gen dwa mande òganizasyon k ap travay sou koze timoun yo, UNICEF ak lòt depatman Nasyonzini (ONI) yo pou yo voye ba li rapò sou aktivite k ap fèt pou mete Akò a kanpe, depi se aktivite kirantre nan reskonsablite travay yo.

b Komite a va voye bay òganizasyon k ap travay toutespre sou koze a, UNICEF ak tout lòt asosyasyon ki gen esperyans ak ladrès sou koze a, si li wè sa nesesè, tout rapò ki va soit nan Peyi ki siyen Akò a, kote Peyi yo di sa yo bezwen osinon mnde konsèy ak lasistans teknik yo ta bezwen. Nan ka sa yo, Komite a va voye ba yo konsèy pa la ak lide pa l sou demann sa yo ak bezwen sa yo.

ch Komite a ka mande Asanble Jeneral la pou li mande Sekretè Jeneral la pou li fè rechèch pou li sou kèk keksyon ki gen rapò ak dwa timoun yo.

d Komite a ka voye kèk konsèy ak kèk lide sou sa li wè ki pou ta fèt, dapre enfèomasyon ki va rive jwenn li, jan yo egzije poou sa fèt nan Atik 44 ak nan Atik 45 Akò sa a. Y a voye lide sa yo ak konsèy sa yo bay nenpòt Peyi ki siyen Akò a epi ki te fè demann lan. Lèfini, y a fè rapò voyue bay Asanble Jeneral la, ansanm ak remak lòt Peyi ki siyen Àkò a va fè sou koze a tou, si genyen.

TWAZYÈM PATI

Atik 46

Akò sa a la pou tout peyi ki ta vle siyen l.

Atik 47

Gouvènmen tout Peyi ki siyen Akò sa a fèt pou yo vote l lakay yo apre sa. Lèfini, y a depoze dokiman ofisyèl ki va bay kote yo te vote l andedan peyi a nan biwo Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an.

Atik 48

Nenpòt Peyi ki ta vle vote pou li rantre nan Akò sa a gen dwa fè sa. Lêfini, l a depoze dokiman ofisyèl ki va bay kote yo te pran desizyon sa a nan biwo Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an.

Atik 49

1 Akò sa a va tounen yon lwa andedan Peyi a trant (30) jou apre dat y a fin depoze nan Biwo Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an dokiman nimewo ven (20) ki sèvi poun fè konnen Peyi a vote Akò a lakay li, osinon li deside rantre nan Akò a.

Nan chak Peyi ki va vote Akò a, osinon ki va pran desizyon rantre ladan li, apre y a fin depoze nan Biwo Sekretè jeneral la dokiman nimewo ven (20) ki sèvi pou fè konn sa a, Akò a va tounen yon lwa pou Peyi a trant (30) jou apre Peyi a va fin depoze dokiman ofisyèl ki fè konnen li vote Akò a lakay li, osinon li rantre ladan l.

Atik 50

1 Nenpòt Peyi nan tout Peyi ki siyen Akò a gen dwa soumèt yon chanjman nan Akò a. Lè sa a, l a voye kopi lchanjman an bay Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an. Sekretè Jeneral la bò pa l va voye kopi chanjman an bay tout lòt Peyi ki te siyen Akò a ansanm ak yon lèt kote l ap mande yo si y ap dakò pou yo fè yon reyinyon ak tout Peyi ki te siyen Akò a poou yo diskite epi pou yo vote sou chanjman yo mete devan yo a. Si, nan yon dele kat (4) mwa apre dat Sekrtè Jeneral la te voye lèt li a, yon tyè pou pi piti nan Peyi ki siyen Akò a dakò pou yo fè reyinyon an, Sekretè Jeneral al va reyini tout peyi yo anba labanyè Nasyonzini (ONI) an. Lè pifò nan Peyi ki siyen Akò a epi ki prezan nan reyinyon anva vote yon chanjman, y a voye chanjman an bay Asanble Jeneral la pou li bay dizon pali.

2 Tout chanjman Peyi yo va dakò pou yo fè nan Akò sa a, dapre jan sa di nan premye paragraf Atik sa a, va tounen yon lwa lè Asanble Jeneral Nasyonzini an va vote anfavè li, epi lè de (2) sou chak twa (3) Peyi ki siyen Akò a va aseplte li lakay yo.

3 Lè yon chanjman nan Akò a va tounen yon lwa, se va yon obligasyon pou tout Peyi ki va asepte l. Pou lòt peyi ki te siyen premye Akò a, se sèlman Akò sa a ansanm ak lòt chanjman ki te fèt anvan epi yo te asepte yo, y a gen pou yo respekte.

Atik 51

1 Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an va resevwa tout ti keksyon ak tout eklèsisman yon Peyi ka mande, lè l ap vote Akò a andedan lakay li osinon lè l ap rantre ladan l, epi la voye yo bay tut lòt Peyi yo pou yo bay dizon yo sou yo.

2 Yo p ap asepte ankenn keksyon ak eklèsisman ki depaman ak koze kifè nan Akò a, osinon ak rezon ki dèyè Akò sa a.

3 Yon Peyi ki te poze yon keksyon osinon te mande yon eklèsisman gen dwa wete l nenpòt kilè. Lè sa a, la fè Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an konnen sa. Epi, Sekretè a bò pa l va voye nouvèl la bay tout lòt Peyi ki te siyen Akò a. Depi lèt la rive jwenn Sekretè jeneral la, Peyi a pa ka fè bak sou desizyon l ankò.

Atik 52

Yon Peyi ki te siyen Akò sa a gen dwa deklare ofisyèlman li pa rekonèt Akò sa a ankò nan yon lèt la voye bay Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an. Peyi a p ap gen ankenn obligasyon devan Akò a ankò yon lanne aplrae Sekretè Jeneral la va resevwa lèt deklarasyon an.

Atik 53

Se Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an ki gen reskonsablite pou kenbe dokiman orijinal Akò sa a an deplo nan biwo li.

Atik 54

Tèks orijinal Akò sa a, jan yo jwenn li nan lang arab, angle, chinwa, franse, panyòl ak ris, va rete an depo nan biwo Sekretè Jeneral Nasyonzini (ONI) an.

Se konsa, noumenm reprezantan ofisyèl Peyi nou yo, avèk bonjan otorizasyon

gouvènman nou yo ban nou, nou deklrar nou dakò pou nou siyen Akò sa a.

Fèt nan Palè Lejislatif
23 desanm 1994
Pibliye nan Monitè.<
br>

TEXTE DU DÉCRET RATIFIANT
LA CONVENTION RELATIVE AUX DROITS DE L'ENFANT


Vu la Convention relative aux Droits de l'enfant adoptée par l'Assemblée Générale des Nations-Unies le 20 novembre, entrée en vigueur le 2 septembre 1990 et signée par l'État haïtien le 26 janvier 1990;
Considérant qu'il convient de ratifier ladite convention pour qu'elle puisse produire son plein et entier effet;
Sur le rapport des Ministres des Affaires Sociales, de l'Éducation Nationale, de la Jeunesse et des Sport, de la Santé Publique et de la Population, de la Justice, de la Planification et de la Coopération Externe et après délibération en Conseil des Ministres,

LE POUVOIR EXÉCUTIF A PROPOSÉ
ET
L'ASSEMBLÉE NATIONALE A ADOPTÉ LE DÉCRET SUIVANT:

Article 1. - est et demeure ratifiée pour sortir son plein et entier effet, la Convention aux Droits de l'Enfant adoptée par l'Assenblée Générale des Nations-Unies le 20 novembre 1989 et signée par l'État Haïtien le 26 janvier 1990.

Article 2.- Le présent Décret auquel est annexé le texte de ladite Convention abroge toutes les lois ou dispositions de lois, tous Décrets ou dispoositions de Décrets, tous Décrets-lois ou disposition de Décrets-lois qui lui sont contraires et sera plublié et exécuté à la diligence du Premier Ministre, des Ministres de la Santé Publique et de la Population, de l'Éducation Nationale, de la Jeunesse et des Sports, chacun en ce qui le concerne.
Donné au Palais Législatif à Port-au-Prince, le 23 décembre 1994, An 191ème de l'Indépendance

(signé) Firmin JEAN-LOUIS (signé) Frantz Robert MONDE (signé) Jean Robert MATINEZ
Président de l'Assemblée Nationale Vice-Président de l'Assemblée Nationale Secrétaire

(Signé) Emmanuel REMY (signé) Yvon GHISLAIN (signé) Gabriel A CLERVAL
Secrétaire Secrétaire Secrétaire

AU NOM DE LA RÉPUBLIQUE

LE PRÉSIDENT DE LA RÉPUBLIQUE ORDONNE QUE LE DÉCRET CI-DESSUS DU CORPS LÉGISLATIF SOIT REVÊTU DU SCEAU DE LA RÉPUBLIQUE, PUBLIÉ ET PROMULGUÉ DANS LE MONITEUR, JOURNAL OFFICIEL DE LA RÉPUBLIQUE D'HAÏTI, PUIS EXÉCUTÉ

Donné au Palais NationaL, à Port-au-Prince, le 30 décembre 1994, an 191 ème de l'Indépendance

Par le Président: Jean-Bertrand ARISTIDE
Le Prenier Ministre: Smarck MICHEL
Le Ministre de la Santé Publique et de la population: Jean Joseph MOLIÈRE
Le Ministre de l'Éducation Nationale: Emmanuel BUTEAU
Le Ministre des Affaires Sociales: Enold JOSEPH
Le Ministre du Plan et de la Coopération Externe: Jean Marie CHERESTAL


Rechèch ak kreyatè premye vèsyon elektronik pou entènèt: Prophète Joseph

Koutwazi Edisyon Konbit Ayisyen

Kontak kouryèl: josephprof@hotmail.com